5
Dat li Anvigè: 14 avril 2003; Modifikasyon ki pi Resan: 1ye septanm 2017 Avi sa a dekri fason nou ka itilize ak pataje enfòmasyon sante ou, epitou li dekri kijan ou kapab jwenn aksè nan enfòmasyon sa yo. Tanpri gade li ak anpil atansyon. Obligasyon nou Anvè ou Boca Raton Rejyonal Lopital, Inc. ak òganizasyon afilye ki kouvri li yo (“BRRH”) respekte enfòmasyon medikal prive ou yo kòm yon pati nan angajman nou pou bay pi bon nòm kalite ki egziste. Pwoteksyon enfòmasyon prive pasyan se yon pati esansyèl nan Kòd Kondwit nou epi tout anplwaye ak moun ki kouvri anba Avi sa a sipoze prezève ak kenbe enfòmasyon pasyan yo prive. Nou fè efò pou itilize sèlman kantite minimòm enfòmasyon sante ou ki nesesè pou rezon ki dekri nan Avi sa a. Lè nou kolekte enfòmasyon nan men ou, nou itilize li pou bay bon kalite swen ak konfòme avèk sèten egzijans jiridik. Nou gen obligasyon dapre lalwa pou kenbe enfòmasyon sante ou a prive ak pou nou ba ou Avi sa a ki konsènan responsablite jiridik nou, pratik nou sou pwoteksyon enfòmasyon prive, ak dwa ou yo. Nou kapab mete Avi Konsènan Pratik Pwoteksyon Enfòmasyon Prive sa a detanzantan epi nou oblije swiv kondisyon ki nan Avi ki pi resan nou an. Lè nou pataje enfòmasyon ak lòt moun ak konpayi pou fè sèvis pou nou, yo pral oblije pwoteje enfòmasyon prive ou. Gen lòt lwa nou pral swiv ki ka bay plis pwoteksyon, tankou lwa ki gen rapò ak sante mantal, abi alkòl ak lòt sibstans, maladi kontajye, oswa lòt pwoblèm sante. Avi sa a kouvri òganizasyon ak moun sa yo ki afilye ak nou: BRRH, ki gen ladan men pa limite a, Boca Raton Regional Hospital, Inc., BRRH Home Health Services, Inc., Boca Care, Inc., ak nenpòt ki afilye oswa filyal òganizasyon yo ki gen ladan chak nan pwofesyonèl swen sante k ap travay ak yo oswa ki afilye ak yo, anplwaye administratif, kontraktè, etidyan, ak benevòl ki otorize pou jwenn aksè, itilize, pataje oswa anrejistre enfòmasyon sante ki ka idantifye moun. Doktè ou oswa lòt pwofesyonèl sante ou resevwa swen nan men ka gen règleman oswa avi diferan sou pwoteksyon enfòmasyon sante ou yo te kreye nan biwo oswa klinik yo. A VI S OU P RATIK P WOTEKSYON E NF ò MASYON P RIVE

Avi Sou PrAtik P enfòmASyon Prive · swen nan kay, terapet, mezon retrèt, pastè/prèt, ak lòt moun. Nou ka bay enfòmasyon bay plan sante ou oswa yon lòt pwofesyonèl swen sante

  • Upload
    others

  • View
    1

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Avi Sou PrAtik P enfòmASyon Prive · swen nan kay, terapet, mezon retrèt, pastè/prèt, ak lòt moun. Nou ka bay enfòmasyon bay plan sante ou oswa yon lòt pwofesyonèl swen sante

Dat li Anvigè: 14 avril 2003; Modifikasyon ki pi Resan: 1ye septanm 2017

Avi sa a dekri fason nou ka itilize ak pataje enfòmasyon sante ou, epitou li dekri kijan ou kapab jwenn aksè nan enfòmasyon sa yo. Tanpri gade li ak anpil atansyon.

Obligasyon nou Anvè ou

Boca Raton Rejyonal Lopital, Inc. ak òganizasyon afilye ki kouvri li yo (“BRRH”) respekte enfòmasyon medikal prive ou yo kòm yon pati nan angajman nou pou bay pi bon nòm kalite ki egziste. Pwoteksyon enfòmasyon prive pasyan se yon pati esansyèl nan Kòd Kondwit nou epi tout anplwaye ak moun ki kouvri anba Avi sa a sipoze prezève ak kenbe enfòmasyon pasyan yo prive. Nou fè efò pou itilize sèlman kantite minimòm enfòmasyon sante ou ki nesesè pou rezon ki dekri nan Avi sa a.

Lè nou kolekte enfòmasyon nan men ou, nou itilize li pou bay bon kalite swen ak konfòme avèk sèten egzijans jiridik. Nou gen obligasyon dapre lalwa pou kenbe enfòmasyon sante ou a prive ak pou nou ba ou Avi sa a ki konsènan responsablite jiridik nou, pratik nou sou pwoteksyon enfòmasyon prive, ak dwa ou yo. Nou kapab mete Avi Konsènan Pratik Pwoteksyon Enfòmasyon Prive sa a detanzantan epi nou oblije swiv kondisyon ki nan Avi ki pi resan nou an. Lè nou pataje enfòmasyon ak lòt moun ak konpayi pou fè sèvis pou nou, yo pral oblije pwoteje enfòmasyon prive ou. Gen lòt lwa nou pral swiv ki ka bay plis pwoteksyon, tankou lwa ki gen rapò ak sante mantal, abi alkòl ak lòt sibstans, maladi kontajye, oswa lòt pwoblèm sante.

Avi sa a kouvri òganizasyon ak moun sa yo ki afilye ak nou:

BRRH, ki gen ladan men pa limite a, Boca Raton Regional Hospital, Inc., BRRH Home Health Services, Inc., Boca Care, Inc., ak nenpòt ki afilye oswa filyal òganizasyon yo ki gen ladan chak nan pwofesyonèl swen sante k ap travay ak yo oswa ki afilye ak yo, anplwaye administratif, kontraktè, etidyan, ak benevòl ki otorize pou jwenn aksè, itilize, pataje oswa anrejistre enfòmasyon sante ki ka idantifye moun. Doktè ou oswa lòt pwofesyonèl sante ou resevwa swen nan men ka gen règleman oswa avi diferan sou pwoteksyon enfòmasyon sante ou yo te kreye nan biwo oswa klinik yo.

Av i Sou Pr AtikPwotekSyon enfòm ASyon Pr i v e

Page 2: Avi Sou PrAtik P enfòmASyon Prive · swen nan kay, terapet, mezon retrèt, pastè/prèt, ak lòt moun. Nou ka bay enfòmasyon bay plan sante ou oswa yon lòt pwofesyonèl swen sante

Fason nou ka Itilize ak Pataje Enfòmasyon Sante

Tretman: Nou ka itilize ak pataje enfòmasyon sante ou pou bay tretman oswa sèvis, kowòdone oswa jere swen sante ou, oswa pou konsiltasyon medikal oswa referans. Nou ka itilize ak pataje enfòmasyon sante ou pami doktè, enfimyè, teknisyen, etidyan medsin ak lòt pèsonèl ki patisipe nan swen ou nan sant medikal nou yo oswa ak moun sa yo deyò sant medikal nou an. Nou ka itilize oswa pataje enfòmasyon sou ou pou kowòdone diferan sèvis ou bezwen, tankou preskripsyon, analiz nan laboratwa, ak radyografi. Nou ka pataje enfòmasyon sou ou ak moun ki deyò sant medikal nou an ki kapab patisipe nan swen ou apre ou soti, tankou fanmi, ajans swen nan kay, terapet, mezon retrèt, pastè/prèt, ak lòt moun. Nou ka bay enfòmasyon bay plan sante ou oswa yon lòt pwofesyonèl swen sante pou fè aranjman pou yon referans oswa konsiltasyon.

Peman: Nou ka itilize ak pataje enfòmasyon sante ou pou nou kapab resevwa peman pou tretman ak sèvis nou te ba ou. Nou ka pataje enfòmasyon sa yo avèk konpayi asirans ou oswa yon lòt konpayi yo itilize pou trete enfòmasyon bòdwo. Nou ka kontakte konpayi asirans ou pou verifye ki avantaj ou kalifye pou yo, pou jwenn Otorizasyon davans, ak pou di yo tretman w ap resevwa pou asire yo travay sou peman pou swen ou yon fason apwopriye. Si ou peye pou tout swen sante ou ak pwòp lajan ou, ou ka mande pou nou pa pataje enfòmasyon ou ak konpayi asirans ou. Nou ka pataje enfòmasyon bay lòt moun ki ka responsab pou peman, tankou fanmi ou, oswa pou voye bòdwo ba ou. Nou ka pataje enfòmasyon ak lòt konpayi ki trete peman nou yo, tankou konpayi ki prepare bòdwo, konpayi ki trete reklamasyon, ak konpayi koleksyon.

Operasyon Swen Sante: Nou ka itilize ak pataje enfòmasyon sante ou lè sa nesesè pou opere sant medikal nou an ak pou garanti tout pasyan nou yo resevwa bon kalite swen. Nou ka itilize enfòmasyon sante pou evalye kalite sèvis ou te resevwa, oswa si ekip nou an te travay byen lè yo t ap pran swen ou. Nou ka itilize enfòmasyon sante pou amelyore fason nou travay oswa pou nou jwenn pi bon fason pou nou bay swen. Nou ka itilize enfòmasyon sante pou bay ekip medikal la privilèj oswa pou evalye konpetans pwofesyonèl swen sante nou yo. Nou ka itilize enfòmasyon sante ou pou deside ki sèvis an plis nou ta dwe ofri ak si nouvo tretman yo efikas. Nou kapab pataje enfòmasyon ak etidyan ak pwofesyonèl pou yo egzaminen ak pou aprann. Nou ka mete enfòmasyon sante nou yo ak enfòmasyon ki soti nan lòt sant medikal pou konpare kijan nou ap travay ak wè ki kote nou ka fè amelyorasyon. Nou ka itilize enfòmasyon sante pou planifikasyon biznis, oswa pataje yo ak avoka, kontab, konsiltan ak lòt moun pou yo respekte lalwa. Nou ka retire enfòmasyon sante ki idantifye ou pou lòt moun ka itilize enfòmasyon san idantite moun yo pou etidye swen sante ak fason nou bay swen saante san yo pa konnen kiyès ou ye.

Kat ki gen Enfòmasyon Sante: Nou ka patisipe nan Echanj Enfòmasyon Sante (Health Information Exchanges, HIE), Òganizasyon Swen Responsab (Accountable Care Organizations, ACO), Rezo Klinik Entegre (Clinically Integrated Networks, CIN), ak lòt sistèm pou bay sante entegre pou rann li fasil pou pataje enfòmasyon sante elektwonik yo yon fason ki sekirize ak pati plizyè pwofesyonèl swen sante oswa lòt òganizasyon swen sante pou tretman ou, peman, oswa lòt afè operasyon swen sante. Sa vle di nou ka pataje enfòmasyon nou jwenn oswa kreye sou ou ak lòt òganizasyon BRRH ak òganizasyon deyò (tankou lopital, klinik doktè, famasi, oswa konpayi asirans) oswa nou ka resevwa enfòmasyon yo kreye oswa jwenn sou ou (tankou dosye medikaman, dosye medikal, oswa enfòmasyon asirans) pou nou chak kapab ba ou tretman pi byen ak kowòdone sèvis swen sante ou pi byen. Answit, si ou vizite nenpòt nan sant medikal nou yo, enfòmasyon sante ou kapab disponib pou lòt doktè ak manm pèsonèl ki kapab itilize li pou swen ou, pou kowòdone sèvis sante ou, oswa pou lòt rezon ki otorize.

Rapèl pou Randevou ak Enfòmasyon sou Sèvis: Nou ka itilize oswa pataje enfòmasyon sante ou pou kontakte ou pou raple ou randevou ou genyen, oswa pou fè w konnen lòt tretman oswa lòt sèvis sante oswa avantaj ki ka enterese ou.

Moun ki Patisipe nan Swen Sante Ou: Nou ka bay enfòmasyon sante ou ba moun ki patisipe nan swen ou, tankou fanmi oswa zanmi, sof si ou mande pou nou pa fè sa. Nou ka bay enfòmasyon bay yon moun ki ede peye pou swen ou. Nou ka pataje enfòmasyon ou yo ak lòt pwofesyonèl swen sante, reprezantan gouvènman oswa òganizasyon sekou pou katastwòf, tankou Lakwa Wouj, nan sitiyasyon ijan oswa sitiyasyon sekou pou katastwòf pou yo ka kontakte fanmi ou oswa zanmi ou pou kowòdone efò pou bay asistans pou katastwòf.

Aranjman Swen Sante Òganize (Organized Healthcare Arrangement, OHCA): BRRH, doktè ak lòt pwofesyonèl swen sante ki gen kontra ak li, ansanm ak manm kontra endepandan nan Ekip Medikal li a (tankou doktè ou a), te dakò, selon sa lalwa pèmèt, pou pataje enfòmasyon sante ou pami yo menm pou tretman ou, peman, oswa operasyon swen sante. Sa a pèmèt nou regle bezwen pou swen sante ou yo pi byen.

Anyè Pasyan yo: Nou ka kenbe non ou, kote ou ye nan sant medikal lan ak eta jeneral ou nan yon anyè yo ka bay nenpòt moun ki mande pou ou pa non. Manm klèje yo ka gen aksè nan enfòmasyon sa yo tou kòm afilyasyon relijye ou, menm si yo pa konnen non ou. Ou ka mande pou nou pa mete enfòmasyon ou nan anyè a, men ou dwe konnen si ou fè sa, moun ki vin vizite oswa pote flè yo p ap ka konnen nan ki chanm ou ye. Menm si ou mande pou nou pa mete enfòmasyon ou nan anyè a, nou ka pataje enfòmasyon ou pou efò pou bay asistans pou katastwòf oswa nan yon sitiyasyon yo deklare ijan.

Page 3: Avi Sou PrAtik P enfòmASyon Prive · swen nan kay, terapet, mezon retrèt, pastè/prèt, ak lòt moun. Nou ka bay enfòmasyon bay plan sante ou oswa yon lòt pwofesyonèl swen sante

Aktivite pou Kolekte Lajan: Nou depann anpil sou koleksyon lajan prive pou soutni misyon swen sante nou yo. Nou ka itilize ak pataje non, adrès, dat nesans, sèks, ak lòt enfòmasyon limite ak Fondasyon nou an pou kontakte ou, tankou dat ou te resevwa swen an, doktè ki te trete ou a, depatman sèvis la, enfòmasyon sou rezilta tretman ou a, ak si ou gen asirans (men nou pa pral bay enfòmasyon tretman espesifik) pou yo ba ou yon opòtinite pou bay yon don nan pwogram pou kolekte lajan nou yo. Si nou kontakte ou pou kolekte lajan, ou ka toujou chwazi pou nou pa kontakte ou pou sa ankò epi ou dwe konnen menm si ou mande pou nou pa kontakte ou sou sa, sa p ap gen okenn efè sou swen ou resevwa nan men pwofesyonèl swen sante nou yo. Si ou pa vle nou kontakte ou pou mande lajan (oswa si pita ou ta renmen nou kontakte ou pou sa) ou ka toujou kontakte Fondasyon Lopital la nan 561.955.4142 oswa [email protected].

Rechèch: Nou gen yon pwogram rechèch aktif ki fè etid yo kapab itilize swen w ap resevwa kounye a oswa evalye dosye medikal ou. Nan pifò ka nou mande Otorizasyon ekri ou avan nou itilize oswa pataje enfòmasyon medikal ou pou fè rechèch. Sepandan, nan sikonstans limite, jan lalwa pèmèt sa, nou ka itilize oswa pataje enfòmasyon sante ou san otorizasyon ou pou rechèch youn nan komite evalyasyon rechèch ofisyèl nou yo apwouve, epi li te evalye pwopozisyon rechèch la ak etabli estanda pou pwoteje enfòmasyon sante ou. Pa egzanp, nou ka pataje enfòmasyon sante ou ak yon chèchè k ap prepare pou fè yon pwojè rechèch pou chèche ka detèmine si ap gen ase moun pou patisipe nan rechèch la nan zòn nan, oswa pou yo ka kontakte ou pou detèmine si ou enterese patisipe nan yon pwojè rechèch. Nou ka itilize oswa pataje enfòmasyon sante ou nan yon etid rechèch kote yo ka egzaminen dosye ou pou konpare rezilta pou pasyan ki resevwa diferan kalite treman yo. Etid sa yo pa pral afekte tretman ou oswa byennèt ou.

Donasyon Ògàn ak Tisi: Nou ka itilize oswa pataje enfòmasyon sante ou pou donasyon ògàn, zye, oswa grèf zye oswa tisi oswa bank donasyon ògàn, jan li nesesè pou fasilite aktivite s ayo.

Aktivite Sante Piblik: Nou ka pataje enfòmasyon sante ou bay sante piblik oswa otorite legal ki gen aktivite ofisyèl yo genyen pou anpeche oswa pou kontwole maladi, chòk oswa andikap. Pa egzanp, nou dwe deklare sèten enfòmasyon sou nesans, lanmò, ak divès maladi bay ajans gouvènman an. Nou pataje enfòmasyon sante ak medsen lejis, egzaminatè medikal, ak direktè ponp finèb jan lalwa pèmèt pou fè travay yo. Nou ka itilize oswa pataje enfòmasyon sante ou pou fè konnen reyaksyon ak medikalman, pwoblèm ak pwodwi, ak pou notifye moun lè yo raple pwodwi yo kapab ap itilize. Nou ka itilize enfòmasyon sante pou notifye yon moun ki kapab te pran kontak ak yon maladi oswa ki ka gen risk pou li pran oswa pwopaje yon maladi.

Gwo Menas pou Sante ak Sekirite: Nou kapab itilize ak pataje enfòmasyon sante ou lè li nesesè pou evite yon gwo menas pou sante oswa sekirite ou oswa pou sante ak sekirite piblik la oswa yon lòt moun. Nou pral sèlman pataje enfòmasyon sante yon moun ki rezonableman kapab ede anpeche oswa diminye menas la, tankou lapolis oswa otorite gouvènman.

Sa Lalwa Egzije, Pwosedi Jidisyè, Aktivite Siveyans Sante, ak Aplikasyon Lalwa: Nou pral pataje enfòmasyon sante ou lè lwa federal, Eta, oswa lòt lwa egzije sa. Pa egzanp, nou ka oblije bay enfòmasyon sou viktim abi, neglijans oswa vyolans domestik, ak pasyan ki pran kout bal oswa ki gen lòt blesi tou. Nou pral pataje enfòmasyon sante ou lè yo mande li pou yon pwosè legal oswa administratif, tankou asiyasyon, demann dekouvèt, manda, sitasyon ak lòt pwosesis jiridik. Nou ka pataje enfòmasyon sante ak yon polis pou idantifye oswa jwenn moun yo sispèk pou yon krim, moun ki nan mawon, temwen, viktim krim, oswa moun ki disparèt. Nou ka pataje enfòmasyon sante ak lapolis sou yon moun nou panse ki mouri akoz yon zak kriminèl, oswa konsènan yon konpòtman kriminèl ki te rive nan sant medikal nou an. Nou kapab pataje enfòmasyon sante ou ak yon ajans siveyans sante pou aktivite lalwa otorize, tankou odit, ankèt, enspeksyon, ak lisans.

Fonksyon Gouvènman Espesyalize: Si ou nan militè oswa ou se yon veteran, nou ka pataje enfòmasyon sante ou jan otorite komandan egzije. Nou ka pataje enfòmasyon sante ak ofisyèl federal otorize pou rezon sekirite nasyonal, tankou pou pwoteje Prezidan Peyi Etazini nan operasyon ransèyman sekrè otorize. Nou ka pataje enfòmasyon sante pou fè detèminasyon pou satisfaksyon medikal pou Sèvis Etranje yo.

Prizon: Si ou se yon prizonye nan yon prizon oswa yon ajan lapolis gen responsabilite pou w, nou kapab pataje enfòmasyon sante ou ak prizon an oswa ajan lapolis la. Nou pa pataje enfòmasyon sante ou pou sante ak sekirite ou oswa sante ak sekirite lòt moun, oswa pou pwoteksyon ak sekirite prizon an.

Konpansasyon Travayè: Nou ka pataje enfòmasyon sante jan sa nesesè pou konpansasyon travayè oswa lòt kalite lwa konsa.

Otorizasyon Alekri ou: Lòt fason nou itilize ak pataje enfòmasyon sante ki pa kouvri nan avi sa a oswa lwa ki dirije nou pral fèt sèlman ak Otorizasyon alekri ou.

Ou kapab anile Otorizasyon alekri ou an nenpòt ki lè, epi nou pral sispann itilize ak pataje enfòmasyon sante pi devan pou rezon yo ki kouvri nan Otorizasyon ou a. Nou p ap ka anile okenn enfòmasyon nou te deja pataje ak Otorizasyon ou, epi nou oblije kenbe dosye swen nou te ba ou yo.

Page 4: Avi Sou PrAtik P enfòmASyon Prive · swen nan kay, terapet, mezon retrèt, pastè/prèt, ak lòt moun. Nou ka bay enfòmasyon bay plan sante ou oswa yon lòt pwofesyonèl swen sante

Enfòmasyon Pèsonèl ki Sansib: Answit, lwa nan nivo federal ak eta kapab egzije pou pwoteje enfòmasyon prive konsènan ou nan sèten kategori enfòmasyon pèsonèl ki sansib, tankou sèten gwoup enfòmasyon ou: (1) yo kenbe nan nòt sikoterapi; (2) konsènan sante mantal ak andikap devlòpmantal; (3) konsènan prevansyon, tretman ak referans pou abi alkòl ak dwòg; (4) konsènan tès, dyagnostik, oswa tretman pou VIH / SIDA; (5) konsènan tès jenetik; (6) konsènan abi ak neglijans timoun; (7) konsènan yon adilt ak yon andikap y ap abize nan kay la; oswa (8) konsènan vyòl (ki rele ansanm “Enfòmasyon Pèsonèl” ou). Pou nou kapab pataje Enfòmasyon Pèsonèl ou pou yon rezon ki pa nan sa lalwa pèmèt yo, fòk nou genyen Otorizasyon oswa konsantman ou menm oswa reprezantan pèsonèl ou. Nan sèten sikonstans, ou ka resevwa plis avi nan men nou konsènan Enfòmasyon Pèsonèl ou.

Piblisite: Nou pa gen dwa bay okenn lòt moun oswa konpayi enfòmasyon sante ou pou voye piblisite ba ou sou nenpòt pwodwi oswa sèvis san Otorizasyon ou. Answit, nou pa gen dwa touche pou voye piblisite sa yo ba ou san Otorizasyon ou. Men, nou gen dwa pou itilize enfòmasyon sante ou pou kominike ak ou pou raple w pou replen medikaman ou, oswa sou medikaman ak pwodwi biyolojik yo preskri ou, si nenpòt peman nou touche pou kominikasyon an rezonab epi li gen pou wè ak pri pou voye kominikasyon an. Answit, nou kapab itilize enfòmasyon sante ou pou kominike ak ou sou pwodwi ki gen pou wè ak lasante, sèvis nou bay (ak peman pou pwodwi oswa sèvis sa yo ladan) oswa patisipasyon nou nan yon rezo pwofesyonèl swen sante. Pou fini, nou ka itilize enfòmasyon sante ou pou kominike ak ou sou zafè tretman, ki gen ladan kowòdinasyon swen ak dosye, oswa nenpòt lòt tretman, terapi, pwofesyonèl swen sante, oswa etablisman swen.

Pou Vann Enfòmasyon Sante Pwoteje: Fòk nou gen Otorizasyon ou avan nou vann enfòmasyon sante ou epi Otorizasyon an fèt pou li di si ou vann enfòmasyon an, òganizasyon ki pataje enfòmasyon sante ou a ap touche yon peman.

Dwa Ou Konsènan Pwoteksyon Enfòmasyon Sante Ou

Dwa pou Resevwa yon Kopi Avi Konsènan Pratik Pwoteksyon Enfòmasyon Prive: N ap afiche yon kopi dènye Avi nou an nan lopital nou an ak sou sitwèb nou an. Yon kopi dènye Avi nou an ap disponib kote pou enskri nou yo ak lè yon moun mande li. Gade sa ki make anba la a pou pwosesis pou egzèse dwa ou pou pwoteje enfòmasyon sante prive ou.

Dwa pou Wè ak Kopye Dosye Medikal ou: Ou gen dwa pou gade nan dosye medikal ou ak dosye fakti ou, epi ou gen dwa pou resevwa yon kopi dosye sa yo. Si ou ta renmen jwenn yon kopi dosye medikal ou, w ap gen yon frè pou peye pou travay, papye, ak pri pou kopye ak poste dosye a ba ou. N ap bay dosye yo sou papye oswa fòm a elektwonik selon sa pasyan an mande. Pri ak frè yo ap varye selon metòd livrezon an. Nan sèten sitiyasyon, nou ka refize demann ou an. Si nou fè sa, n ap di ou, alekri, rezon nou refize demann ou a epi eksplike ou dwa ou genyen pou fè yo egzaminen refi a.

Dwa pou Mande Modifye Dosye Medikal ou sou Fòm yon Amannman: Si ou kwè gen yon enfòmasyon enpòtan ki manke nan dosye medikal ou oswa ki pa kòrèk, ou gen dwa pou mande nou modifye dosye ou. Demann ou an dwe fèt alekri, epi li dwe genyen rezon w ap fè demann lan ladan. Nou ka refize demann ou pou modifye dosye ou si se pa nou menm ki te kreye enfòmasyon w ap mande nou modifye a, si nou kwè enfòmasyon an deja kòrèk ak konplè, oswa si enfòmasyon an pa nan dosye lalwa t ap pèmèt ou wè ak kopye yo. Menm si nou aksepte demann ou pou fè modifikasyon an, nou kapab sèlman ajoute demann ou pou modifye dosye ou oswa mete yon lyen pou wè demann pou modifikasyon an, mwen nou p a pral efase okenn enfòmasyon ki deja nan dosye ou.

Dwa ou pou Jwenn yon Lis Enfòmasyon Nou te Pataje: Ou gen dwa pou mande yon lis enfòmasyon sante ou nou te pataje. Lis la pa p gen dosye medikal sou papye nou te pataje pou zafè tretman, peman, oswa operasyon swen sante. Li pa pral gen enfòmasyon nou te pataje ou te otorize, ak sèten enfòmasyon nou te pataje lalwa pa egzije. Lis la pa pral gen enfòmasyon nou te pataje avan 14 avril 2003. Si nou kenbe dosye ou nan dosye medikal elektwonik, lis enfòmasyon nou pataje yo ap gen sa yo nou te pataje pou zafè tretman, peman, ak operasyon swen sante, kòmanse ak tout enfòmasyon nou te pataje apre 1ye janvye 2014. Lis la ap gen sèlman enfòmasyon nou te pataje pandan twazan ki te pase avan dat demann ou a. Premye lis ou mande nan yon peryòd 12 mwa gratis. Si ou bezwen plis lis apre sa, nou ka mande ou peye, jan lalwa pèmèt sa.

Dwa pou Mande nou Limite Fason nou Itilize oswa Pataje Sèten Enfòmasyon: Ou gen dwa pou mande nou limite fason nou itilize ak pataje enfòmasyon sante ou. Nou gen yon obligasyon legal pou aksepte sèten demann pou pa pataje enfòmasyon sante ou ak plan sante ou pou peman oswa zafè operasyon swen sante si ou te peye pou tout pwodwi oswa sèvis la ak pwòp lajan ou. Nou pa gen obligasyon legal pou aksepte okenn lòt demann pou yon limit, men n ap konsidere demann ou a. Si nou aksepte demann ou a, n ap fè sa ou mande a, amwenske ou bezwen yon tretman ann ijans.

Dwa pou Chwazi Kijan Ou Resevwa Enfòmasyon Sante Ou: Ou gen dwa pou mande pou nou kominike avèk yon fason ou chwazi, tankou pa lapòs oswa faks, oswa kontake ou kote ou chwazi, tankou nan adrès lakay ou oswa yon bwat postal. Nou pral eseye fè sa ou mande a si nou kapab rezonableman. Demann ou a dwe fèt alekri, epi li dwe di egzakteman kijan ak ki kote ou vle nou kontakte ou.

Page 5: Avi Sou PrAtik P enfòmASyon Prive · swen nan kay, terapet, mezon retrèt, pastè/prèt, ak lòt moun. Nou ka bay enfòmasyon bay plan sante ou oswa yon lòt pwofesyonèl swen sante

Dwa pou Mete ou Okouran Vyolasyon Enfòmasyon Sante ou ki Pa Sekirize: Si nou detèmine yon moun ki pa gen otorizasyon te antre nan enfòmasyon sante ou ki pa sekirize, nou gen obligasyon pou mete ou okouran. Si yon moun ki pa gen pèmisyon itilize enfòmasyon sante pwoteje nou prezime sa a se yon vyolasyon amwenske BRRH oswa asosye biznis li yo, jan li apwopriye, demontre gen yon ti kras chans pou yo itilize enfòmasyon sante a selon yon evalyasyon risk yo te fè sou omwen faktè sa yo:

1. Nati enfòmasyon sante a ak nan ki pwen yo te itilize li, tankou kalite enfòmasyon pou idantifye moun nan ak pwobabilite ki genyen pou idantifye li ankò;

2. Yo konnen ki moun ki te itilize enfòmasyon sante pwoteje a oswa ki moun yo te bay li san otorizasyon an;

3. Si yo te pran oswa gade enfòmasyon sante pwoteje a vre; ak

4. Nan ki pwen yo te diminye risk pou enfòmasyon sante pwoteje a.

Nan ka ta gen yon vyolasyon enfòmasyon sante ou ki pa sekirize, menm sa se raman sa ta ka rive, n ap mete ou okouran sikonstans vyolasyon an avan 30 jou apre date nou okouran vyolasyon an. N ap mete Depatman Sèvis Sante ak Sèvis Sosyal Etazini, Biwo Dwa Sivik, okouran vyolasyon enfòmasyon sante pwoteje tou, selon egzijans lalwa.

Pwosesis pou Egzèse Dwa Ou Konsènan Pwoteksyon Enfòmasyon Sante ou

Pou egzèse nenpòt dwa pou pwoteje enfòmasyon sante prive ou ki dekri anwo a, tanpri voye demann ou alekri bay sant medikal ou te resevwa tretman an oswa si ou te resevwa tretman ou nan Boca Raton Regional Hospital, tanpri kontakte Manadjè Jesyon Enfòmasyon Sante a nan 561.955. 4662. Ou ka kontakte Ajan Responsab Konfòmite ak Konfidansyalite BRRH la nan telefòn tou nan 561.955.3553 oswa pa imèl nan [email protected] pou poze nenpòt kesyon oswa diskite nenpòt enkyetid ou genyen.

Dwa pou Depoze yon Plent

Si ou kwè yo te vyole dwa pou pwoteje enfòmasyon prive ou, ou ka depoze yon plent alekri bay Ajan Responsab Konfòmite ak Konfidansyalite a non li anba la, epi ou ka depoze yon plent ak Sekretè Depatman Sèvis Sante ak Sèvis Sosyal atravè Biwo Dwa Sivik la tou. Nou p ap pran okenn revanch kont ou si ou pale sou enkyetid konsènan enfòmasyon prive ou oswa si ou depoze yon plent konsènan pratik konfidansyalite nou.

Moun pou Kontakte

Si ou gen kesyon sou Avi sa a, oswa ou ta renmen egzèse Dwa ou Konsènan Enfòmasyon Prive, tanpri kontakte sant medikal ou te resevwa tretman an, oswa kontakte nou nan adrès ki anba la a:

Chief Compliance and Privacy OfficerBoca Raton Regional Hospital800 Meadows Road, Boca Raton, Florida [email protected] | 561.955.3553

Ou ka rele Liy Dirèk Aksyon BRRH la nan 866.338.2724 yon fason anonim pou pale sou enkyetid ou genyen.

Chanjman nan Avi Konsènan Pratik Pwoteksyon Enfòmasyon Prive sa a

Nou oblije respekte kondisyon ki nan Avi ki an vigè nan moman an. Sepandan, nou rezève dwa pou chanje pratik pwoteksyon enfòmasyon prive nou yo ak Avi sa a nenpòt kilè san nou pa bezwen bay plis avi ki konsistan ak lwa ki anvigè. Nou rezève dwa pou mete Avi revize a anvigè pou enfòmasyon sante nou deja genyen sou ou ansanm ak nenpòt enfòmasyon nou resevwa pi devan. Nenpòt Avi revize ap vin anvigè kou yo afiche li sou sitwèb Boca Raton Regional Hospital la nan BRRH.com epi w ap ka jwenn li si ou mande Ajan Responsab Konfòmite ak Konfidansyalite a.

Una copia de este Aviso de prácticas de privacidad está disponible en español si lo solicita.

Yon Kopi Avi sa a sou Pratik Enfòmasyon Prive disponib nan lang Kreyòl sou demann.

Boca Raton Regional Hospital ak òganizasyon ki afilye ak li yo, nan Boca Raton, Florida, se yon òganizasyon swen sante entegre ki pa la pou fè pwofi k ap sèvi rejyon Sid Florida a. Boca Raton Regional Hospital ak òganizasyon ki afilye ak li yo konsantre efò yo ak resous yo sou sante ak byennèt pasyan yo sèvi yo kote yo bay bon kalite swen ak teknoloji pi sofistike ki disponib pou avanse fontyè nan lamedsin yo. Pou Avi Konsènan Pratik Pwoteksyon Enfòmasyon Prive sa a, ak pou pwoteksyon enfòmasyon prive sèlman, Boca Raton Regional Hospital, Inc. òganizayson paran li, BRRH Corporation, ak chak òganizasyon kouvri ki afilye ak li yo òganize kòm Òganizasyon Afilye ki Kouvri (Affiliated Covered Entity, ACE), jan li dekri nan 45 CFR §164.105(b); òganizasyon kouvri ki separe legalman yo se afilye ki ka nome tèt yo kòm yon òganizasyon endividyèl ki kouvri epi yo ka adopte yon Avi Konsènan Pratik Pwoteksyon Enfòmasyon Prive pa yo.

800 Meadows Road • Boca Raton, FL 33486nimewo prensipal: 561.955.7100 | BRRH.com