2
KONDISYON MIGRATWA Kondisyon ou trouvew nan peyi a parapò ak rezidans. Tout timoun ki fèt nan chili se chilyen, kèlkeswa kondisyon migratwa manmanl ak papal. Tout moun dwe gen nasyonalite kote li fèt la si li pa gen lòt Pou tout enfòmasyon sou sa ki gen pou wè ak devlopman timoun, ale sou sit wèb sa a “chile crece contigo” e tande pwogram radio sa a “creciendo juntos” oubyen chèche nangwoup zanmi non sou. Pierre fèt Chili, manmanl ak papal se etranje e yo nan sitiyasyon iregilye nan peyi a. Tout moun ki fèt sou tèritwa nasyonal lase chilyen, eksepte pitit etranje ki Chili kap sèvi gouvenmam peyi yo, ak pitit etranje ki pa gen rezidans yo. Yo te entèprete paran Pierre yo kòm pasajè, paske sitiyasyon migratwa yo pat regilarize, sa ki koz yo pat gen posibilite pou genyen rezidans Chili. Pierre fèt Chili manmanl ak papa li se etranje, ak sitiyasyon migratwa iregilye nan peyi a (Yo pa gen papye). Tout moun ki fèt sou tèritwa nasyonal lase chilyen, eksepte pitit etranje ki Chili nan sèvis gouvènmam peyi yo, ak pitit etranje pasaje nan peyi a tankou yon moun ki vin ranpli yon misyon spesyal ak touris. Yo pa konsidere tankou yon eksepsyon nan prensip konstityonèl la “ius solis”, paske kelkeswa sitiyasyon migratwa paran yo, depi yo te pran desizyon rete a yo rezide nan peyi a pwovizwaman, donk yo pa kapab konsidere yo kom pasajè. Pierre pa chilyen, potèt sa, yo trete li tankou etranje, e li dwe mande viza pou li genyen kat idantite chilyen. Sa vin koz li komansman yon peryòd difisil ki ka bal difikilte nan edikasyon li e aksè nan lasante, e anpil lòt bagay ankò. Pierre se chilyen, depi nonl enskri nan rejis sivil, li gen “Run” donk li gen tout dwa menm jan ak nenpòt chilyen. Pitit etranje ki pa genyen rezidans nan peyi Ann repare yon erè Koman yo te konn konsidere pitit etranje ki pa gen rezidans. Koman yo konsidere pitit etranje ki pa gen rezidans yo. ANVAN KOUNYEYA Pou sa ki gen pou wè an santè rele nou nan: PWOFESYONEL SANTÉ YO, AP TANN TOUT DOUT OU 24 SOU 24, 7 JOU SOU 7 Pou pale ak yon sikològ espesyalis pou timoun rele gratis nan Fonoinfancia Sipò sikolojik gratis pou timoun Depatman Etranje e Migrasyon Ministè Enteriyè Konsèy Nasyonal pou Kindergarten www.junji.cl Ministè Edikasyon Chili www.ayudamineduc.cl MINISTÈ DEVLOPMAN SOSYAL Dwa fanm ansent ak timoun imigran yo Gouvènman Chili www.ministeriodesarrollosocial.cl Chile Crece Contigo angajel nan pwoteksyon ak devlopman timoun. Pwoteksyon entegral po timoun yo Se yon inisyativ Gouvènman Chili a pran pwomote egalite depi lè timoun yo fet.

Dwa fanm ansent ak timoun imigran yo - Chile Crece Contigo€¦ · Alokasyon Familial Pou benefisye èd sa a, fòk papa oubyen manman timoun nan rekònet ke li responsab chaj li,

  • Upload
    others

  • View
    6

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Dwa fanm ansent ak timoun imigran yo - Chile Crece Contigo€¦ · Alokasyon Familial Pou benefisye èd sa a, fòk papa oubyen manman timoun nan rekònet ke li responsab chaj li,

KONDISYON MIGRATWAKondisyon ou trouvew nan peyi a parapò ak rezidans.

Tout timoun ki fèt nan chili se chilyen, kèlkeswa kondisyon migratwa manmanl ak papal. Tout moun dwe gen nasyonalite kote li fèt la si li pa gen lòt

Pou tout enfòmasyon sou sa ki gen pou wè ak devlopman timoun, ale sou sit wèb sa a “chile crece contigo” e tande

pwogram radio sa a “creciendo juntos” oubyen chèche nangwoup zanmi non sou.

Pierre fèt Chili, manmanl ak papal se etranje e yo nan sitiyasyon iregilye nan peyi a.

Tout moun ki fèt sou tèritwa nasyonal lase chilyen, eksepte pitit etranje ki Chili kap sèvi gouvenmam peyi yo, ak pitit etranje ki pa gen rezidans yo.

Yo te entèprete paran Pierre yo kòm pasajè, paske sitiyasyon migratwa yo pat regilarize, sa ki koz yo pat gen posibilite pou genyen rezidans Chili.

Pierre fèt Chili manmanl ak papa li se etranje, ak sitiyasyon migratwa iregilye nan peyi a (Yo pa gen papye).

Tout moun ki fèt sou tèritwa nasyonal lase chilyen, eksepte pitit etranje ki Chili nan sèvis gouvènmam peyi yo, ak pitit etranje pasaje nan peyi a tankou yon moun ki vin ranpli yon misyon spesyal ak touris.

Yo pa konsidere tankou yon eksepsyon nan prensip konstityonèl la “ius solis”, paske kelkeswa sitiyasyon migratwa paran yo, depi yo te pran desizyon rete a yo rezide nan peyi a pwovizwaman, donk yo pa kapab konsidere yo kom pasajè.

Pierre pa chilyen, potèt sa, yo trete li tankou etranje, e li dwe mande viza pou li genyen kat idantite chilyen.Sa vin koz li komansman yon peryòd difisil ki ka bal difikilte nan edikasyon li e aksè nan lasante, e anpil lòt bagay ankò.

Pierre se chilyen, depi nonl enskri nan rejis sivil, li gen “Run” donk li gen tout dwa menm jan ak nenpòt chilyen.

Pitit etranje ki pa genyenrezidans nan peyiAnn repare yon erè

Koman yo te konn konsidere pitit

etranje ki pa genrezidans.

Koman yo konsiderepitit etranje ki pagen rezidans yo.

ANVAN KOUNYEYA Pou sa ki gen pou wè an santè rele nou nan:

PWOFESYONEL SANTÉ YO, AP TANN TOUT DOUT OU 24 SOU 24, 7 JOU SOU 7

Pou pale ak yon sikològ espesyalis poutimoun rele gratis nan Fonoinfancia

Sipò sikolojik gratis pou timoun

Depatman Etranje e MigrasyonMinistè Enteriyè

Konsèy Nasyonal pou Kindergartenwww.junji.cl

Ministè Edikasyon Chiliwww.ayudamineduc.cl

MINISTÈ DEVLOPMAN SOSYAL

Dwa fanmansent ak timounimigran yo

Gouvènman Chiliwww.ministeriodesarrollosocial.cl

Chile Crece Contigo angajel nan pwoteksyonak devlopman timoun.

Pwoteksyon entegral po timoun yo

Se yon inisyativ Gouvènman Chili a pran pwomoteegalite depi lè timoun yo fet.

Page 2: Dwa fanm ansent ak timoun imigran yo - Chile Crece Contigo€¦ · Alokasyon Familial Pou benefisye èd sa a, fòk papa oubyen manman timoun nan rekònet ke li responsab chaj li,

DWA NAN SWEN SANTE DWA BENEFIS SOSYAL

DWA POUW AL LEKÒL

Lopital piblik yo, ak sante yo (dispensè) paka pa bay swen ak moun ansent yo, kelkeswa sitiasyon migratwa yo, jiska yon ane nesans timoun nan.

Eske ou konnen siw se etranje ou ansent e sitiyasyone, migrasyon wiregilye (swa viza ou ekspire oubyen ou pa genyen) ou gen dwa pouw mande yon viza transporè paske ou ansent?

Imigran ki gen “Run” yo ka postile pou benefis sosyal yo, selon sitiasyon migratwa li nan peyi a, tankou.

Alokasyon Familial

Pou benefisye èd sa a, fòk papa oubyen manman timoun nan rekònet ke li responsab chaj li, yap fe demand èd saa nan biwo asirans yo asosye a (Caja de Compensación Los Andes oubyen Los Héroes elatriye), pou sa yap bezwen prezante tout dokiman yo mande yo.

Yo bay èd saa chak mwa, ak moun kipran retrèt, travayè ki afilye avek“Caja de Compensación”. Moun kaptravay ak pwòp tèt yo ap touche kobsaa yon fwa nan ane a.

Kantite kob la varye tou depannde kòb ou touche nan travay ou.

Sibvansyon Familial

Èd sa a se pou moun ki pa gen asistans familyal e ki soti nan 60% moun ki pi pòv selon rejis sosyal peyia, yap bezwen fè deman èd sa a nan“Dirección de Desarrollo Social”oubyen “Dirección de Desarrollo Comunitario” nan meri ki koresponnak kote yo rete a.

Tout timoun ki fet nan nenpòt peyi gen dwa pou ale lekòl, nan nenpòt kondisyon migratwa li ta twouvel la. Pitit etranje yo ki pa gen “Run” kapab enskri lekòl, pou sa yap fè demand yon nimewo idantifikasyon pwovizma (IPE) nan lekòl yo ye a.

Kibò? Ale nan depatman afè etranjè “Extranjería y Migración” ak yon sètifika ki di kew ansent ke ou ka mande nan lopital wap swiv la, papye a bezwen gen so e fòk li siyen oubyen ale ak sètifika yon profesyonèl ki nan pati gwosès la ba ou.

Pou plis enfòmasyon: www.extranjeria.gob.cl

Enskripsyon nan FONASA (Fondo Nacional de Salud)

Siw gentan fè demand rezidans oubyen viza, ou kapab enskri nan systèm sante piblik la pwovizwaman. Pou sa wap bezwen prezante kat yo ba ou nan depatman afè etranjè e imigrasyon nan nenpòt biwo Fonasa.

Siw se imigran epi ou te enskri deja nan Fonasa, epi viza ou rezidans ou ekspire wap renouvle li, wap toujou ka benefisye menm sèvis santè a menm si kat ou expire, wap jis prezante kat renouvelman an ak papye Fonasa ou genyen an.

Swen nan sant sante primè yo (Dispansè)

Si ou gen yon pèmi rezidans oswa yon pwosesis ki an mach, epi ou gen yon kontra travay aktyèl, ou ka patisipe nan asirans sante piblik la (Fonasa) oubyen nan yon asirans prive (Isapre).

Si ou se etranje epi viza ou ekspire oubuye ou pa gen viza, anplis ou pa gen mwayen ni asirans sante, ou ka mande enskri nan Fonasa tankou moun ki nan kategori A (endijan). Pou sa wap bezwen yon deklarasyon lajistis avèk sa yap ba ou yon nimewo idantifikasyon kap dire yon lane, pandan sitiyasyon migratwaou a an mach, wap ka resevwa swen san peye.

FANM GWO VANT

Aksè ak benefis Chile Crece Contigo

Yo gen garanti ak tout sèvis Chile Crece Contigo ofri yo, anplis yon systèm pwoteksyon konplè pou timoun yo, ki la pou kreye meyè kondisyon pou devlopman yo, depi lè yo nan vant jiskaske yo gen 9 lane.

Kek sèvis yo ap benefisye:Atansyon pèrsonalize lè timoun nan fèt.Atelye prenatal (Atansyon yo ba ou anvan timoun nan fèt).Materyèl edikatif.Pwogram sipò pou ti bebe ki fenk fèt.Aksè nan fason pou ranfòse devlopman entegral timoun nan.

Pou plis enfòmasyon, tape: www.chilecrececontigo.gob.cl

Dwa Timoun yo Genyen

Tou timoun etranje yo (imigran) jiska 18 ane nan nenpòt kondisyon migratwa yo ye oubyen pa paran yo, yo dwe gen aksè ak tout kalite sèvis sante ke yo bezwen, e yap benefisye sèvis Chile Crece Contigo yo tou.

Pèmi Rezidans Tanporè

Timoun piti ak jèn imigran yo ki pa al lekòl ka mande viza tanporè, yap bezwen prezante yon sètifika sante nan depatman etranje e migrasyon.

Timoun piti ak jèn imigran ki ale lekòl ki rekonèt pa leta peyi a ka mande viza tanporè, yap ka prezante kat etidyan yo nan depatman afè etranje ak migrasyon (DEM).