2
KONEKSYON Yon Bilten pou Paran Lekòl Leta Miami-Dade County news.dadeschools.net Kenbe Paran yo Enfòme e Konekte SIPÈENTANDAN LEKÒL YO PRAL FÈ YON KONVÈSASYON SOU “TWITTER” Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pral fè yon Konvèsasyon Andirèk sou Twitter lendi 22 fevriye, 4 è pou 5è nan aprèmidi. Ou ka voye kesyon ou alavans oubyen patisipe nan konvèsasyon an, jou evènman an nan sèvi ak “hashtag” #AskMiamiSup. DAT LIMIT LA AP PWOCHE POU PWOGRAM ‘VOLUNTARY PREKINDERGARTEN (VPK)’ M-DCPS ap aksepte aplikasyon pou timoun ki gen katran vè 1ye septanm 2016 pou patisipe nan Pwogram VPK pou ane lekòl 2016- 2017 la. Peryòd ouvèti enskripsyon an ap fèt jiska 25 fevriye 2016 pou paran ki ta renmen bay non pitit yo pou lotri nan lekòl ki nan limit zòn prezans yo. Lotri Pwogram VPK a pral fèt vandredi 26 fevriye 2016 a 9è dimaten nan yon kote yo deziyen nan chak lekòl. Nou ankouraje fanmi pou kontakte lekòl nan zòn lokal yo pou demand enskripsyon e pou yo enskri bonè. Si non timoun nan pa soti nan lotri lekòl lokal la, paran yo ka kontakte Biwo Pwogram Kòmanse Edikasyon Timoun Anbazaj Bonè nan (305) 995-7632 pou enfòmasyon sou plas ki disponib nan lekòl ozalantou yo. Se eta a ki finanse Pwogram VPK, yon pwogram aprantisaj bonè ki sèvi timoun katran ak fanmi yo. Paran yo bezwen yon “State of Florida Certificate of Eligibility (COE)” (Sètifika Elijibilite Eta Florid) pou enskri yon timoun nan VPK. Ou ka jwenn COE a sou Entènèt nan www.vpkhelp.org. Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite, earlychildhood.dadeschools.net oubyen rele (305) 995-7632. DAT POU NOU SONJE 21 fevriye – Fwa Kolèj Nasyonal 21 – 25 mas – Vakans Prentan 8 avril – Jounen pou Pwofesè Fè Planifikasyon PWOCHEN REYINYON KOMISYON KONSÈY LEKÒL 9 mas 11:00 dimaten Reyinyon Regilye 13 avril 10:00 dimaten Sesyon Konferans: Zòn Prezans pou 2016-2017 11:00 dimaten Reyinyon Regilye (Lekti Inisyal - Zòn Prezans pou 2016-2017) M-DCPS ANONSE ORÈ GRADYASYON 2016 Lekòl Leta Miami-Dade County bay dat, lokasyon ak lè gradyasyon 2016 yo. Seremoni gradyasyon ane sa a ap fèt 1ye jen jiska 9 jen. Pou telechaje orè a, vizite http://pdfs.dadeschools.net/students/ grad_schd_16.pdf .

KONEKSYON - The Parent Academytheparentacademy.dadeschools.net/pdfs/60132_February...M-DCPS ap aksepte aplikasyon pou timoun ki gen katran vè 1ye septanm 2016 pou patisipe nan Pwogram

  • Upload
    others

  • View
    5

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

  • KONEKSYONYon Bilten pou Paran Lekòl Leta Miami-Dade County

    news.dadeschools.netKenbe Paran yo Enfòme e Konekte

    SIPÈENTANDAN LEKÒL YO PRAL FÈ YON KONVÈSASYON SOU “TWITTER”

    Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pral fè yon Konvèsasyon Andirèk sou Twitter lendi 22 fevriye, 4 è pou 5è nan aprèmidi. Ou ka voye kesyon ou alavans oubyen patisipe nan konvèsasyon an, jou evènman an nan sèvi ak “hashtag” #AskMiamiSup.

    DAT LIMIT LA AP PWOCHE POU PWOGRAM ‘VOLUNTARY PREKINDERGARTEN (VPK)’

    M-DCPS ap aksepte aplikasyon pou timoun ki gen katran vè 1ye septanm 2016 pou patisipe nan Pwogram VPK pou ane lekòl 2016-2017 la.

    Peryòd ouvèti enskripsyon an ap fèt jiska 25 fevriye 2016 pou paran ki ta renmen bay non pitit yo pou lotri nan lekòl ki nan limit zòn prezans yo. Lotri Pwogram VPK a pral fèt vandredi 26 fevriye 2016 a 9è dimaten nan yon kote yo deziyen nan chak lekòl. Nou ankouraje fanmi pou kontakte lekòl nan zòn lokal yo pou demand enskripsyon e pou yo enskri bonè. Si non timoun nan pa soti nan lotri lekòl lokal la, paran yo ka kontakte Biwo Pwogram Kòmanse Edikasyon Timoun Anbazaj Bonè nan (305) 995-7632 pou enfòmasyon sou plas ki disponib nan lekòl ozalantou yo.

    Se eta a ki finanse Pwogram VPK, yon pwogram aprantisaj bonè ki sèvi timoun katran ak fanmi yo. Paran yo bezwen yon “State of Florida Certificate of Eligibility (COE)” (Sètifika Elijibilite Eta Florid) pou enskri yon timoun nan VPK. Ou ka jwenn COE a sou Entènèt nan www.vpkhelp.org. Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite, earlychildhood.dadeschools.net oubyen rele (305) 995-7632.

    DAT POU NOU SONJE21 fevriye – Fwa Kolèj Nasyonal

    21 – 25 mas – Vakans Prentan

    8 avril – Jounen pou Pwofesè Fè Planifikasyon

    PWOCHEN REYINYON KOMISYON KONSÈY LEKÒL9 mas 11:00 dimaten Reyinyon Regilye

    13 avril 10:00 dimaten Sesyon Konferans: Zòn Prezans pou 2016-2017 11:00 dimaten Reyinyon Regilye (Lekti Inisyal - Zòn Prezans pou 2016-2017)

    M-DCPS ANONSE ORÈ GRADYASYON 2016Lekòl Leta Miami-Dade County bay dat, lokasyon ak lè gradyasyon 2016 yo. Seremoni gradyasyon ane sa a ap fèt 1ye jen jiska 9 jen. Pou telechaje orè a, vizite http://pdfs.dadeschools.net/students/grad_schd_16.pdf.

  • Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid

    Madan Perla Tabares Hantman, Chèmann Doktè Dorothy Bendross-Mindingall, Vis Chèmann

    Susie V. CastilloDoktè Lawrence S. Feldman

    Doktè Wilbert “Tee” HollowayDoktè Martin Karp

    Lubby NavarroRaquel A. Regalado

    Doktè Marta Pérez Wurtz

    Alberto M. CarvalhoSipèentandan Lekòl yo

    Logan Schroeder-Stephens Konseye Elèv nan Komisyon Konsèy Lekòl la

    Se Biwo Kominikasyon ki Pwodui Bilten sa aDaisy Gonzalez-Diego

    Ofisye Anchèf Kominikasyon

    Volim 7, Nimewo 21 Ivè 2016

    YO NONMEN PRECIOUS SYMONETTE MEYÈ PWOFESÈ M-DCPS POU ANE A, MIA ESPOSITO MEYÈ PWOFESÈ DEBITAN

    Yo nonmen Precious Symonette, yon pwofesè Redaksyon Kreyatif nan Lekòl Segondè Miami Norland Meyè Pwofesè Francisco R. Walker pou ane 2017 nan Miami-Dade County. Kat finalis te nan konpetisyon pou tit anpil moun dezire a, ki gen ladan yon pwofesè yo nonmen nan chak twa rejyon Distri a, ak youn nan Edikasyon Altènatif/Adilt.

    Symonette ap anseye elèv 10yèm ak 12yèm ane eskolè. Veteran an, ki gen dizan eksperyans, abitye resevwa gwo onè kòm anseyan. Yo nonmen li Meyè Pwofesè Miami Norland pandan dezan youn aprè lòt. Symonette renmen pwosesis jounalye travay la ki fè pati klas Redaksyon Kreyatif li a paske sa ba li yon opòtinite pou l aprann konsènan lajwa, laperèz ak sitiyasyon difisil elèv li yo ap travèse chak jou pandan l ap dekouvri ekriven ki egziste nan chak elèv li yo. Moun ki te pran dezyèm plas la se Lema Gilliard nan MAST @ Homestead.

    Yo rekonèt nan evènman an tou meyè pwofesè debitan yo. Yo nonmen Mia Esposito, yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Lenora B. Smith, Meyè Pwofesè Debitan pou Ane a. Moun ki pran dezyèm plas pou Meyè Pwofesè Debitan pou Ane a se Rachael Taryn Kraemer, yon pwofesè nan Sant Edikasyonèl Robert Morgan.

    Meyè Pwofesè Francisco R. Walker 2017 Precious Symonette, Sipeentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho, ak Meyè Pwofesè Debitan pou Ane a Mia Esposito.

    FONDASYON POU NOUVO INISYATIV NAN EDIKASYON, ENKÒPORE AP ÒGANIZE DEFI “5K” SIPÈENTANDAN AN – YON KOUS POU EDIKASYONDefi Sipèentandan an se yon kous/mach “5k” (apeprè 5 kilomèt) ki pwomote sante ak byennèt nan M-DCPS ak nan kominote a an jeneral. Kous la ap fèt samdi 2 avril 2016, 7:30 dimaten pou 12:00 nan aprèmidi, nan Museum Park, ki lokalize nan 1075 Biscayne Blvd. Nou ankouraje lekòl yo pou yo fòme ekip e pou yo kolekte lajan pou lekòl yo. Lekòl yo ap resevwa 80% lajan yo kolekte yo, e rès 20% an prale nan “Foundation for New Education Initiatives, Inc.” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon). Tout lajan biwo administratif yo kolekte pral finanse inisyativ Distri tankou Parent Academy, Cultural Passport, Project UP-START, ak acha aparèy elektwonik pòtab avèk aksè Entènèt pou elèv.

    Patisipan yo dwe enskri endividyèlman e yo dwe chwazi yon ekip pou yo reprezante. Frè patisipasyon yo se $30.00 (plis yon frè enskripsyon $2.64) pou adilt ak $10.00 (plis yon frè enskripsyon $1.54) pou elèv.

    Defi 5KSipèentandan an

    Ap BenefisyeFOUNDATION forNEWEDUCATIONINITIATIVES, Inc.

    Kòmande mayo “T-Shirt” 5K ou pandanenskripsyon an!

    Eskane pou enskri!Sipòte Lekòl Leta Miami-Dade County

    #MiamiSup5K

    Inogirasyon Defi Sipèentandan an se yon kous 5K Kouri/Mache pou pwomote bòn sante ak byennèt nan lekòl nou yo ak nan kominote nou an. Nou ankouraje lekòl yo pou enskri ekip yo. Yon pòsyon pwofi evènman an pral benefisye ekip lekòl ki enskri yo.

    Nou ap bay tòp fi, ak gason adilt, tòp elèv gason ak fi, tòp ekip lekòl e tòp ekip melanje prim.

    Chwazi yon Lekòl Leta Miami-Dade County,

    e kouri pou ekip li a!!

    ALE… ALE… ALE… ALE…

    Kous la ap kòmanse 7:30 dimaten

    Kous pou EdikasyonSamdi 2 avril 2016

    Museum Park 1075 Biscayne Blvd.

    Enskri sou Entènèt vè 25 mas 2016 http://alturl.com/kik5p

    $30 ($+2.64 frè pou sèvis) pou chak adilt manm ekip la

    $10 ($+1.54 frè pou sèvis) pou chak elèv manm ekip

    Tout ekip yo dwe idantifye yon kapitèn ekip la,e voye enfòmasyon kontak

    kapitèn nan atravè lèt elektwonik [email protected]

    Enskri kounye a nan: https://www.eventbrite.com/e/the-superintendents-5k-challenge-a-race-for-education-tickets-19020182879?aff=es2