28
Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon ht Kreyòl ayisyen

Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

  • Upload
    others

  • View
    6

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Yon g i d s ou Un i ve r s i t y Se r v i c e s

Plan Divèsite ak Entegrasyon

ht Kreyòl ayisyen

Page 2: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Princeton University devwe pou rekrite e otonomize anplwaye nan tout sektè

sosyete a ki gen talan, epi tou anbrase varyete pèspektiv nan pouswit ekselans

ak byen piblik nou an. University Services sipòte ansèyman fondamatal ansanm

ak misyon rechèch nou an nan yon manyè kritik, pou tou kominote kanpis nou an annantye

ka lajman benefisye apati dedikasyon w pou soutni yon plas travay ki divès e entegran.”

—Prezidan Princeton University an Christopher L. Eisgruber 1983

Page 3: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Bonjou Kolèg nan University Services:Nou fyè e eksite pou n prezante w gid sa a pou plan divèsite ak entegrasyon nou an.

An 2013, anba lidèchip Prezidan Christopher Eisgruber, inivèsite a lanse inisyativ nan toulède seksyon akade-

mik ak administratif pou kreye yon anviwònman ki pi entegran e pi divès. Chad Klaus lè sa a konvoke gwoup

nou an pou devlope yon plan pou sipòte yon anviwònman travay pou tout anplwaye ki pi entegre. Ak yon divi-

zyon ki laj tankou University Services, nou te konnen ke plan sa a ta dwe ranfème bi espesifik nan plizyè seksyon

pou tout nivo pèsonèl. Pandan ane 2014 la nou reyini souvan, ri anpil, fè diskisyon pafwa e finalman devlope yon

plan ke nou vrèman kwè va fè University Services pi fò e pi bon.

Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè

University Services yon plas travay ki pi entegre e divèsifye.

Avèk tout respè,

University Services Diversity Working Group ou an

Kim E. Jackson, co-chair, Transportation & Parking Services

Mary Lou Ortiz, co-chair, Finance & Resource Administration

Lisa DePaul, Housing & Real Estate Services

Jennifer Ealy, Housing & Real Estate Services

Nicole McLean, Campus Dining

Maureen McWhirter, Finance & Technology Administration

Tommy Parker, Mail Services

Raysa Ramirez, Campus Dining

Stanley Sieminski, Campus Dining

Antonio Torrence, Finance & Technology Administration

Page 4: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University
Page 5: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Rekritman akkonsepsyon anplRekrite anplwaye ki divès, ki gen talan e ki kalifye

Page 6: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

2 Rekritman ak konsepsyon anplwa I I I I

objektif iKreye deskripsyon djòb ki bay opòtinite pou yon gwoupman aplikan kalifye ki pi laj

Aktivite ak taktik yo•Egzamine e re-egzamine deskripsyon djòb yo, epi tou retire tout prejije ni alekri ni sa ki enplisit

•Kolabore ak fonksyonè sendika yo pou devlope yon pwosesis pou egzamine pozisyon sendike yo

•Devlope règleman ki asire tout afichaj ak plan rechèch pou pozisyon ki pa sendike yo Vis Prezidan University Services la egzamine epi bay rapò dirèk Enplemante an 2013

objektif iiTravay avèk Human Resources epi Employee Resource Groups (ERG*) pou sipòte siblaj yon gwoupman aplikan ki pi laj

Aktivite ak taktik yo• Tradwi afichaj djòb yo an plizyè lang

•Kolabore avèk Human Resources pou amelyore rekritman veteran yo

•Patisipe avèk Human Resources nan salon pou anplwa

•Patisipe nan reyinyon ERG e prezante opòtinite djòb ki disponib yo

objektif i - lis kontwòl

Egzamine tout pozisyon disponib yo, kontwole tou sila yo ki anba kontra sendika, pou aderans nan nouvo règleman egzamine a

objektif ii - lis kontwòl

Tout rechèch djòb pou genyen yon plan rechèch finalize ansanm ak yon orè

Asosye avèk Human Resources pou idantifye aderans pwofesyonèl yo ak òganizasyon metye kalifye yo pou apwovizyònman

Egzamine pwosesis rechèch la peryodikman e fè ajisteman, si nesesè

* Employee Resource Groups nan Princeton University (aprann plis nan www.princeton.edu/hr/progserv/diversity/erg)

Chinese Community at Princeton

International Employee Group at Princeton

Latino Princetonians

Lesbian, Gay, Bisexual and Transgender Group (LGBT)

Network of African American Male Administrators (NAAMA)

Princetonians of Color Network (PCN)

Princeton Social Professionals (PSP)

South Asian Affinity Group (SAAG)

University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon ht

Page 7: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

University Services rekonèt fòs divèsite nou a

e li devwe pou bati yon kominote ki pi entegre. Pèsonèl la va gen yon opòtinite pou l ka patisipan aktif nan jefò anplwaman ak rekritman nou yo. Tanpri jwenn ak nou pou ka vin yon anbasadè pou chanjman. Gen plis kè kontan k ap tann nou pi devan.”

TOMMY PARKER Print & Mail Services

Page 8: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

objektif iiiEtabli yon pwosesis antrevi pou chwazi yon komite devèsifye ki gen ladan l moun ki travay kole kole ak pozisyon an

Aktivite ak taktik yo•Enkli plan rechèch yo ki ekspoze pwosesis antrevi a e nome ekip ki pou chita fè antrevi yo

•Egzamine kritè pozisyon yo avèk komite seleksyon an ansanm ak kandida ki fin chita nan antrevi a

•Pou reskonsab anbochaj yo soumèt yon rapò ki eksplike aklè rezon yo pa t chwazi yon kandida ki te nan yon antrevi

objektif ivEgzamine pratik anbochaj ak oryantasyon

Aktivite ak taktik yo•Kreye yon sistèm fidbak ki pou angaje nouvo anplwaye yo ak sila yo ki te deja anndan

e ki pran pwomosyon nan University Services sou sis mwa oubyen plis tan pare dat yo te kòmanse travay

•Konsidere atribiye tach bay kolèg yo nan University Services pou yo rankontre ak nouvo anwole yo chak de semèm

•Etann pwosesis ak fòmasyon ki te deja egziste yo; sila yo ke inivèsite a te deja ap ofri

objektif iii - lis kontwòl

Travay ansanm avèk Human Resources pou devlope yon nivo referans pou mezire jefò rekritman

Kòmanse mezire siksè jefò rekritman yo parapò a nivo referans lan

Egzamine mezi yo ofilditan e ajiste jefò rekritman yo,kòm sa dwa

objektif iv - lis kontwòl

Kolekte e egzamine done retansyon ak tandans

Evalye siksè pwogram oryantasyon an

4 Rekritman ak konsepsyon anplwa I I I I

University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon ht

Page 9: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Jere pèfòmans ak devlope moun anndanAmelyore kominikasyon ant anplwaye yo ak manadjè yo pou ka pi byen kreye esperans pèfòmans ki pi reyalistik e sipòte plis opòtinite pou devlopman travayè

Page 10: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

objektif iDefini atribi oswa faktè presi ki va anba egzaminasyon nan yon evalyasyon pèfòmans

Aktivite ak taktik yo• Enfòme anplwaye yo sou esperans travay yo ak pwosesis pou evalye pèfòmans yo

•Evalye e fè rekòmandasyon pou amelyorasyon pwosesis evalyasyon aktyèl la

•Kolabore avèk Human Resources pou kreye fòmilè apwopriye

•Òganize seyans fòmasyon pou manadjè yo sou pwosesis evalyasyon anplwaye e ankouraje konvèsasyon a kontinye nan mitan manm ekip yo

objektif iiKreye opòtinite fòmasyon ak devlopman e ankouraje patisipasyon pèsonèl la

Aktivite ak taktik yo• Diskite avèk pèsonèl la fòmasyon sou kalifikasyon ak opòtinite lidèship

•Defini esperans pou manadjè yo kreye plan devlopman pou pèsonèl la pou ede anplwaye yo reyalize objektif yo

•Ede pèsonèl la evalye opòtinite nan lòt depatman nan inivèsite a lè opòtinite pou pwomosyon limite nan inite yo a

•Idantifye fason pou selebre siksè

objektif i - lis kontwòl

Fòmalize pwosesis evalyasyon pèfòmans alekri

Deplwaye pwosesis evalyasyon bay sipèvizè yo

6 I Jere pèfòmans ak devlope moun anndan I I I

objektif ii - lis kontwòl

Devlope lis zòn enterè yo pou aktivite fòmasyon

Aktivite fòmasyon pilòt ak devlope plan kominikasyon pou deplwaman

University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon ht

Page 11: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Youn nan rekonsabilite ki pi enpòtan pou manadjè yo se

devlope anplwaye e ede yo deverouye potansyèl yo genyen”

STANLEY SIEMINSKI Campus Dining

Page 12: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

objektif iiiDevlope opòtinite pou anplwaye yo pwogrese anndan University Services oswa anndan inivèsite a

Aktivite ak taktik yo•Kreye yon seksyon “objektif karyè” nan fòmilè evalyasyon anplwaye a

•Devlope yon pwosesis pou idantifye potansyèl ki korespòn ant objektif karyè ak pozisyon disponib yo

objektif iii - lis kontwòl

Aktyalize e aplike fòmilè evalyasyon anplwaye yo

Devlope e aplike pwosesis pou pwogresyon pèsonèl la

8 I Jere pèfòmans ak devlope moun anndan I I I

University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon ht

Page 13: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Fòmasyon ak devlopman konpetansKreye objektif fòmasyon ak devlopman akoutèm e alontèm; amelyore kominikasyon ak kliyan ansanm ak reseptivite; ofri plis ekip ak sèvis entegre; e responsabilize anplwaye yo pou siksè

Page 14: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

objektif iKreye opòtinite fòmasyon san dekoupay

Aktivite ak taktik yo•Kolabore avèk Human Resources pou adopte kalifikasyon manadjè

yo nan tout inivèsite a

•Eksplore opòtinite pou pwogram apranti ak estaj

•Devlope yon pwogram parennaj

objektif iiDefini kritè sèvis pou University Services

Aktivite ak taktik yo•Kominike kritè sèvis yo ke tout depatmant University Services dwe adopte

•Kreye opòtinite pou fòmasyon polivalan nan depatman yo

objektif ii - lis kontwòl

Devlope kritè sèvis yo ak nivo referans pou mezire

objektif i - lis kontwòl

Kòmanse pwogram fòmasyon ki ofri opòtinite pou fòmasyon polivalan

Idantifye opòtinite pou anplwaye yo travay nan lòt seksyon lè gen bezwen

10 I I Fòmasyon ak devlopman konpetans I I

University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon ht

Page 15: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Se ak kè kontan mwen aksepte opòtinite pou

elaji konesans ak eksperyans an fas nouvo defi.”

NICOLE McLEAN Campus Dining

Page 16: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

objektif iiiKominike ak pèsonèl la sou inisyativ divèsite a e kolekte sijesyon

Aktivite ak taktik yo• Diskite inisyativ divèsite a nan reyinyon pèsonèl ki fèt a nivo initè

objektif ivKolabore avèk Human Resources pou devlope seyans fòmasyon adapte pou manadjè ak pèsonèl University Services ki relate a konpetans kiltirèl e ak potansyèl pou prejije envolontè

Aktivite ak taktik yo• Devlope oswa idantifye opòtinite seyans fòmasyon pou reskonsab anbochaj

yo ansanm ak sila yo ki reskonsab pou ekri deskipsyon djòb yo

objektif iii - lis kontwòl

Rasanble e analize sijesyon

Devlope sijesyon yo an pwogram ki ka egzekite epi evalye

objektif iv - lis kontwòl

Devlope oswa idantifye fòmasyon

Kominike enfòmasyon sou fòmasyon e ankouraje moun pou patisipe

Etabli yon referans pou patisipasyon

12 I I Fòmasyon ak devlopman konpetans I I

University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon ht

Page 17: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Klima akkilti entegrasyonRedwi klwazònman administratif ant depatman l yo pou pèmèt pèsonèl la kolabore an sipò pou bay bon kalite sèvis kliyantèl

Page 18: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

objektif iOfri opòtinite pou pèsonal University Services travay ansanm sou pwojè entè-depatmantal enpòtan

Aktivite ak taktik yo• Òganize reyinyon ki dwe entèraktif e enplike tout pèsonel la, omwen chak ane

•Òganize lòt reyinyon ki konsantre sou tèm oswa sijè ki se objè enterè tout pèsonèl la

•Idantfye opòtinite pou anplwaye nenpòt nivo chita nan komite

objektif iiAmelyore kominikasyon alekri ki va ede nan devlopman yon kilti University Services ki komen

Aktivite ak taktik yo•Kreye kominikasyon pi elaji ki ankouraje angajman pèsonèl la

•Itilize zouti medya sosyal yo pou pèmèt plis prezans entè-aktiv sou entènèt

•Asire ke kominikasyon yo pibliye an plizyè lang

objektif iiiDevlope pèsepsyon sou kesyon sansiblite kitirèl ak divèsite

Aktivite ak taktik yo•Devlope seyans fòmasyon ki va mande pou travay ak yon popilasyon kliyan ki divès,

kolabore ak pèsonèl ki divès ak bati konpetans kiltirèl

•Travay ak Employee Resource Group (ERG) pou detèmine meyè pratik pou anplwaye yo patisipe

•Pataje avèk anplwaye yo enfòmasyon sou ERG

objektif i - lis kontwòl

Òganize yon seri reyinyon kote tout pèsonèl la ki va konsantre sou rekò-mandasyon Diversity Working Group (DWG), dirije pa manm ekip la ki pa nan pozisyon lidè nan DWG oswa nan University Services Employee Advisory Group (EAG)

Devlope yon machaswiv pou lòt reyinyon

objektif ii - lis kontwòl

Devlope yon fòma ak kalandriye pou yon bilten ki va genyen enfòmasyon sou University Services ak pèsonèl la, ansanm ak karakteristik sou diferan manm pèsonèl la

Idantifye, rekòmande epi enplemante yon fòma pou sit medya sosyal ak yon estrikti gouvènans pou jere l

objektif iii - lis kontwòl

Devlope oswa idantifye fòmasyon aplikab

Pataje enfòmasyon sou seyans fòmasyon e ankouraje patisipasyon

14 I I I Klima ak kilti entegrasyon I

University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon ht

Page 19: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Nou bezwen pataje bèl ide nou yo e ouvri lespri w sou

lòt moun Kreye yon anviwònman entegre kote anplwaye yo santi yo valorize, kredib e respekte se kle pou fè pati yon gran òganizasyon.”

RAYSA RAMIREZ Campus Dining

Page 20: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

objektif ivFè jefò pou kontinye amelyorasyon sondaj yo

Aktivite ak taktik yo• Devlope e deplwaye sondaj klima òganizsyon pou tout anplwaye

• Kreye yon plan aksyon pou adrese kesyon sondaj yo ki resevwa repons ki pa twò favorab

objektif vKontinye pou ranfòse relasyon ak Service Employees’ International Union (SEIU)

Aktivite ak taktik yo•Etabli yon dikisyon tab wonn ak ofisye SEIU yo sou kesyon kontra e yon echanj mesaj inifye

•Kreye reyinyon komite jesyon operasyon Campus Dining ki espesifk

• Adrese kesyon kle ki pèsistan ak Campus Dining e ak sendika a

objektif iv - lis kontwòl

Distribye sondaj klima bay anplwaye yo

Kreye yon plan aksyon ki baze sou rezilta yo e pataje l ak anplwaye yo

objektif v - lis kontwòl

Dokimante e kominike desizyon yo

Enkli kesyon yo nan sondaj la pou evalye relasyon ant manadjè ak anpwlaye yo

16 I I I Klima ak kilti entegrasyon I

University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon ht

Page 21: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Angaje lidè yo ak etabli jan pou mezire pwogrèDevlope yon endikatè ki va mezire pwogrè plan divèsite ak entegrasyon an

Page 22: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

objektif iDevlope yon asanblaj kritè ki konsistan pou mezire pwogrè sou mezi divèsite ak entegrasyon yo atravè tout University Services

Aktivite ak taktik yo•Kolabore avèk Human Resources pou egzamine endikatè pèfòmans yo pou chak depatman

nan òganizasyon an (egzanp: done demografik; fòmasyon ki fokis sou divèsite, ki enkli konpetans kiltirèl; lòt aktivite ki fè pati plan divèsite ak entegrasyon University Services)

•Pataje bay anplwaye yo done ak rapò sou pwogrè regilyèman (petèt chak trimès)

objektif iiMontre divèsite kòm youn nan valè kle University Services

Aktivite ak taktik yo• Nome gwoup travay divèsite kòm yon komite pilotaj pèmanan

ki va kowòdone jefò divèsite atravè òganizasyon an

objektif iiiEgzamine done demografik

Aktivite ak taktik yo• Ekip lidèchip la pou egzamine done demografik University Services la

objektif i - lis kontwòl

Chak inite nan University Services pou omwen genyen yon endikatè siksè ki relate a divèsite

Etabli yon sibl pou chak inite e fè konparezon pwogrè aktyèl la chak ane

objektif ii - lis kontwòl

Finalize afilyasyon manm komite pèmanan an, epi fè reyinyon regilyèman padan ane a pou diskite sou kesyon divèsite yo

Pataje siksè ak defi konstan ki poko leve ansanm ak ekip lidèchip la

18 I I I I Angaje lidè yo ak etabli jan pou mezire pwogrè

objektif iii - lis kontwòl

Konsilte Human Resources pou detèmine ki done mezi itil ki konsène nan reprezantasyon global anplwaye yo (anboche, pwomote, lisansye, elatriye)

University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon ht

Page 23: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Kòm lidè nou ta dwe rekonèt reyalite sa ki mennen nou

la a jodi a ka pa ka mennen n la ankò demen Si pou nou pran chemen siksè, nou bezwen aksepte diferans yo ki gen nan òganizasyon an e itilize talan nou yo kòm enstriman ansèyman, pataj ak epanwisman ansanm.”

ANTONIO TORRENCE Finance & Technology Administration Co-chair, Diversity & Inclusion Advisory Liasons for University Services (DIALUS)

Page 24: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University
Page 25: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

nòt

Page 26: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University
Page 27: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Alavan!Devlopman plan divèsite ak entegrasyon University Services la se jis yon kòmansman.

Diversity and Inclusion Advisory Liasons for University Services (DIALUS), yon nouvo gwoup ke ko-prezidan

Antonio Torrence ak Kim Jackson ap dirije, va kontinye jefò rantab Diversity Working Group la Gwoup la va

bati sou pwogrè nou yo e asire ke University Services kenbe wotè kritè ekselans la, sipòte misyon an ak

objektif Princeton University.

Page 28: Yon gid sou University Services Plan Divèsite ak Entegrasyon · Nou espere ou va kontan ak objektif yo ke nou ekspoze nan plan nou an. Ak sipò w, nou konfidan ke nou ka fè University

Yon g id sou Un i ve r s i t y Se r v i ces

P l an sou d i vès i t e ak enk l i z yon 2015–2017

Aprann. Angage. Kolabore. Enspire. Ansanm.Gade ki kote n prale e kouman ou ka ede n rive la.

Li tout plan sou divèsite ak enklizyon nou an an ling: www.princeton.edu/US-togetherOu gen fidbak? Kontakte nou! [email protected]