21
SISTÈM APLIKASYON MAGNET GID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

SISTÈM APLIKASYON MAGNET GID ENFMASYON …...SISTM APLIKASYON MAGNET GID ENFMASYON SO ENTNT 4 of 21 October 23, 2019 2:25 PM Akò sou Konpreyansyon DAT LIMIT POU RESEVWA APLIKASYON

  • Upload
    others

  • View
    38

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

SISTÈM APLIKASYON MAGNET GID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

2 of 2October 23, 2019 2:25 PM

Lekòl Magnet M-DCPS yo ofri pwogram inovatif soti nan klas matènèl rive 12èm ane eskolè ki konsantre sou enterè espesyal, talan, ak abilite elèv. Aplikasyon pou pwogram Magnet yo ouvè pou tout timoun ki nan laj pou ale lekòl ki deja prale oubyen ki elijib pou ale nan Lekòl Leta Miami-Dade County.

Nòt Enpòtan lè N ap Aplike

• Ranpli tout enfòmasyon nou mande yo• OU KA SELEKSYONE JISKA SENK (5) LEKÒL• SELEKSYONE SÈLMAN YON (1) PWOGRAM POU CHAK LEKÒL• Lekòl endividyèl ka mande plis dokimantasyon e/oubyen enfòmasyon• Kontakte lekòl la dirèkteman pou nenpòt pwosedi adisyonèl• Lekòl ki ofri pwogram Ar Vizyèl ak Pèfòmans gen kondisyon pou odisyon elèv, entèvyou, e/

oubyen dosye travay• M-Pwogram Magnet M-DCPS yo ap gen dispozisyon pou elèv ki gen andikap, oubyen bezwen

espesyal, e/oubyen fè akòmodasyon pou odisyon ak entèvyou pou Ar Vizyèl ak Pèfòmans • Règ frè/sè a pa aplike pou elèv ki ap aplike pou pwogram Ar Vizyèl ak Pèfòmans yo• Si yon elèv pa satisfè youn nan kondisyon sa yo, sa ap lakoz yo retire l nan pwosesis seleksyon an• Kèlkeswa egzamen oubyen odisyon an dwe pwograme ki revize avan 15 janvye• ASIRE W OU CHWAZI AVÈK ATANSYON

Nou pap aksepte okenn diplikasyon oubyen aplikasyon • OU PA DWE remèt aplikasyon sou Entènèt e alamen alafwa• OU DWE REMÈT APLIKASYON AK DOKIMAN SIPÒ YO VÈ 15 JANVYE

POU PLIS ENFÒMASYON, VIZITE: MIAMIMAGNETS.ORG

OUBYEN RELE 305-995-1922

ENSKRI SOU ENTÈNÈT NAN: MIAMIMAGNETS.ORG/MAGNET-APPLICATIONS

Si w ranpli aplikasyon sou papye, remèt li an pèson oubyen voye l pa lapòs nan:

MIAMI-DADE COUNTY PUBLIC SCHOOLSATTN: School Choice & Parental Options – Applications

1450 NE 2nd Avenue, Suite 352Miami, Florida 33132

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

3 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Tab Matyè

Akò sou Konpreyansyon ......................................................................................................................3-4

Gid Rapid pou Règ Elijibilite .................................................................................................................5-7

Konekte sou Sistèm Aplikasyon

• Paran an ........................................................................................................................................ 8

• Tablo Enfòmasyon / Kòmanse yon nouvo aplikasyon ............................................................... 9

• Enfòmasyon sou Elèv la ............................................................................................................. 10

• Enfòmasyon sou Fanmi an .........................................................................................................11

• Chwa Lekòl .................................................................................................................................. 12

• Frè/Sè / Plizyè Timoun ki Fèt nan menm dat ............................................................................13

• Vizyèl ak Pèfòmans oubyen Egzamen pou Konpetans Lang ...................................................14

• Telechaje Dokiman ..................................................................................................................... 15

• Sondaj sou Seleksyon Pwogram Lekòl .....................................................................................16

• Remiz Aplikasyon ....................................................................................................................... 17

Rezime sou Tablo Enfòmasyon pou Paran ......................................................................................18

Rezime sou Pwosesis Seleksyon sou Fòm Lotri a ..........................................................................19

Revizyon Mesaj .................................................................................................................................. 20

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

4 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Akò sou KonpreyansyonDAT LIMIT POU RESEVWA APLIKASYON MAGNET LA SE 15 JANVYE

• Paran ka aplike sou Entènèt oubyen dirèkteman alekri nan ‘School Choice & Parental Options’ nan itilize Fòm ofisyèl Aplikasyon Magnet la. Se sèlman yon (1) aplikasyon n ap aksepte pou chak elèv. Nou PAP aksepte diplikasyon oubyen revizyon.

• Nou ap trete tout aplikasyon yo nan biwo ‘School Choice & Parental Options’ sèlman. Si wap itilize aplikasyon papye a, silvouplè voye li dirèkteman nan adrès ki sou aplikasyon an.

• Silvouplè ranpli tout pati ki obligatwa yo. Si ou pa siyen/oubyen ranpli tout seksyon yo sa ka lakoz nou pa trete aplikasyon an.

• Elèv ka aplike pou yon maksimòm senk (5) lekòl (yon [1] PWOGRAM pa lekòl). Si ou chwazi plis pase senk (5) aplikasyon, n ap trete sèlman senk (5) e n ap rezève n dwa pou n anile aplikasyon sa a.

• Kèk lekòl endividyèl ka mande plis dokimantasyon. Ou dwe kontakte lekòl kote w ap aplike a. Ou dwe telechaje tout dokimantasyon yo mande yo avèk aplikasyon sou Entènèt la oubyen voye yo dirèkteman nan lekòl kote w ap aplike a avan dat limit pou aplikasyon an.

• Nou ap bay priyorite pou admisyon a aplikan ki gen frè/sè ki aktyèlman enskri nan e ki prale nan menm lekòl Magnet la pou ane lekòl w ap aplike a (yon minimòm yon ane ansanm). Akseptasyon yon elèv baze sou disponibilite plas nan nivo ane lekòl elèv la ap aplike pou li a. Priyorite sa a pa aplikab pou pwogram Magnet ki baze sou odisyon. Pou nou konsidere yon elèv pou Kondisyon Frè/sè, li dwe satisfè kondisyon ki ap suiv yo:

• prezante Nimewo Idantifikasyon Lekòl Leta Miami-Dade County ki korèk pou aplikan an ansanm ak frè/sè li,

• satisfè tout kondisyon admisyon yo,• frè/sè a dwe ap viv nan menm kay avèk elèv ki ap aplike a, oubyen ou dwe prezante

dokiman ki montre yo sou responsablite legal menm moun nan.• Aplikan ki soti nan yon nesans miltip (jimo, triplèt, kadriplèt, eks.) dwe remèt aplikasyon endividyèl

pou yo chak. Nou ap revize kondisyon admisyon yo pou chak aplikan endividyèlman. Paran/gadyen yo dwe fè lyen ant elèv nan seksyon nesans miltip la pou yo ka ale ansanm nan seleksyon sou fòm lotri a. Pa fè sa ap lakoz elèv yo ale separeman e rezilta akseptasyon yo ka diferan. Lyen nesans miltip la sèlman aplikab pou pwogram ki gen seleksyon sou fòm lotri, pa pou pwogram ki baze sou odisyon. Nou pap bay okenn konsiderasyon espesyal pou frè/sè nesans miltip (jimo, triplet, kadriplèt, eks.) ki pa lye ansanm ki pa pataje mwen rezilta seleksyon sou fòm lotri a.

• Si pitit ou a pa gen yon Nimewo Idantifikasyon Lekòl Leta Miami-Dade County ki valid, ou dwe ekri “NO ID” sou aplikasyon an nan zòn ki make ‘M-DCPS Student ID Number’ a (aplikasyon sou papye sèlman). Nou ka voye aplikasyon yo sou Entènèt tou pou elèv ki pa gen yon Nimewo Idantifikasyon M-DCPS.

• Tout notifikasyon ki ap soti nan lekòl yo prale nan adrès elektwonik ki sou aplikasyon an. Se responsablite paran/gadyen an pou asire enfòmasyon sou adrès elektwonik ak tout kontak yo ajou nan sistèm M-DCPS la.

• Pou kesyon, kontakte ‘School Choice & Parental Options nan 305-995-1922 oubyen vizite www.miamimagnets.org.

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

5 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Lè w voye aplikasyon an, ou rekonèt ou konprann kondisyon ki ap suiv yo pou aplikasyon sa a:

• Si w pa ranpli tout seksyon nou mande yo, sa ka lakoz nou rejte aplikasyon an.• Kèk lekòl ka mande enfòmasyon adisyonèl e ou dwe voye yo bay lekòl sa yo avan dat limit la kòm

yon pati nan pwosesis aplikasyon an.• Se faktè tankou ladrès, talan, pèfòmans akademik, konduit, ak enterè ki kapab detèmine elijibilite

yon elèv.• Lè kantite elèv ki elijib yo, eksepte pou Ar Vizyèl ak Pefòmans, depase kantite plas ki disponib, nou

ap itilize yon pwosesis seleksyon sou fòm lotri pou aksepte aplikan ki elijib yo.• Ou dwe pwograme kèlkeswa egzamen ki obligatwa a avan 15 janvye.• Si w pa reponn òf akseptasyon an avan dat limit la, nou ap entèprete sa kòm yon refi pou w aksepte

antre nan pwogram nan.• Aplikasyon nou resevwa soti 1ye oktòb rive 15 janvye, ap elijib pou konsiderasyon nan ane lekòl ki

ap vini an.• Aplikasyon PA garanti plasman nan yon pwogram.

Lè w aplike, ou bay pèmisyon pou nou evalye pitit ou a pou admisyon nan pwogram Magnet ou chwazi nan aplikasyon an. Si nou aksepte li, n ap enskri li e l ap rete kòm yon elèv a plentan nan lekòl yo aksepte li a. Disponibilite transpò limite e li ka pa disponib nan tout lekòl, paran ka bezwen fè aranjman transpò pou pitit yo ale nan lekòl la. Pitit ou dwe demontre pefòmans akseptab (jan yo demontre sa nan règ andwa lekòl la) pou l ka rete nan pwogram Magnet la.

Se responsablite paran yo pou kontakte lekòl la pou kondisyon ki espesifik a lekòl la (egz. egzamen sou konpetans, odisyon, eks.) e pou voye tout dokiman yo mande yo vè 15 janvye.

Akò sou Konpreyansyon (Kontinye)

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

6 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Gid Rapid pou Règ Elijibilite Se responsablite paran yo pou kontakte lekòl la pou kondisyon ki espesifik a lekòl la (egz. egzamen sou konpetans, odisyon, eks.) e pou voye tout dokiman yo mande yo vè 15 janvye.

A. Kritè Debaz pou Seleksyon sou Fòm Lotri nan Magnet • Yon minimòm Mwayèn Jeneral minimòm 2.0 nan chak sijè akademik debaz yo (egz. lekti/redkasyon,

matematik, syans, syans sosyal) pou ane avan an ak premye peryòd nòt ane aktyèl la konbine. • Yon Mwayèn Jeneral minimòm 2.0 nan konduit pou sijè akademik debaz yo (egz. lekti/redaksyon,

matematik, syans, syans sosyal) pou ane avan an ak premye peryòd nòt ane aktyèl la konbine. • Tout nòt pou efò nan klas akademik debaz yo dwe “2” oubyen pi wo pou ane avan an ak premye peryòd

nòt ane aktyèl la konbine. • Pa plis pase 10 absans ki pa eskize pou ane avan an ak 5 absans ki pa eskize pou ane aktyèl la.• Yo pap mande okenn rekòmandasyon pwofesè.• Paran dwe pwograme kèlkeswa egzamen lang obligatwa pou pwogram Etid Entènasyonal vè 15 janvye.• Yo ka revize nòt FSA yo sèlman kòm yon pati nan pwosesis elijibilite a nan sikonstans ki trè limite.

• Lekòl elemantè yo pa dwe revize nòt FSA yo.• Lekòl segondè ki gen yon pwogram sèt oubyen uit peryòd ka revize nòt FSA yo.• Lekòl segondè ki gen yon pwogram sis peryòd ka revize not FSA yo pou detèmine si yon elèv gen

omwen yon peryòd elektif pou l pran kou ki gen tèm magnet yo.

B. Kritè Amelyore pou Seleksyon sou Fòm Lotri nan Magnet

• Yon minimòm Mwayèn Jeneral minimòm 2.5 nan chak sijè akademik debaz yo (egz. lekti/redaksyon, matematik, syans, syans sosyal pou ane avan an ak premye peryòd nòt ane aktyèl la konbine.

• Yon Mwayèn Jeneral minimòm 2.0 nan konduit pou sijè akademik debaz yo (egz. lekti/redaksyon, matematik, syans, syans sosyal) pou ane avan an ak premye peryòd nòt ane aktyèl la konbine.

• Tout not pou efò nan klas akademik debaz yo dwe “2” oubyen pi wo pou ane avan an ak premye peryòd nòt ane aktyèl la.

• Pa plis pase 10 absans ki pa eskize pou ane avan an ak 5 absans ki pa eskize pou ane aktyèl la.• Yo ka mande pou elèv kou Onè Syans Fizik ak Aljèb I yo fini e resevwa kredi pou kou sa yo avan

kòmansman ane lekòl li ap aplike pou li a. Ou dwe bay prèv enskripsyon oubyen elèv la fini kou sa yo vè 15 janvye.

• Yo pap aksepte okenn rekòmandasyon pwofesè.• Paran dwe pwograme kèlkeswa egzamen lang obligatwa pou pwogram Etid Entènasyonal vè 15 janvye.

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

7 of 21October 23, 2019 2:25 PM

• Ou ka sèlman revize nòt FSA yo kòm yon pati pwosesis elijibilite nan sikonstans ki trè limite.• Lekòl elemantè yo pa ka revize nòt FSA yo.• Lekòl segondè avèk yon pwogram setyèm oubyen uityèm peryòd pa ka revize nòt FSA yo.• Lekòl segondè avèk yon pwogram sis peryòd pa ka revize nòt FSA yo pou detèmine si yon elèv

gen omwen yon peryòd elektif disponib pou pran kou Magnet ak tèm.

• Demand pou Kritè Amelyore aplike pou Pwogram/Lekòl Magnet ki ap suiv yo:• Pwogram ‘AP Capstone’ (Plasman Avanse) – 9èm-12èm Ane Eskolè• Pwogram ‘Cambridge International’ – 9èm-12èm Ane Eskolè• Pwogram “International Baccalaureate (IB)” (Bakalolreya Entènasyonal) – 9èm-12èm Ane Eskolè• Pwogram “International Studies (IS)” (Etid Entènasyonal – 9èm-12èm Ane Eskolè• Pwogram iPrep – 9èm-12èm Ane Eskolè• Pwogram iTech nan Miami Springs SHS• Academy Jose Marti Mast 6èm-12èm (9èm-12èm Ane Eskolè ), “Maritime & Science Technology

Academy (MAST Academy)” Akademi Maritim ak Syans [Akademi MAST]), MAST @ FIU Biscayne Bay Campus, “Medical Academy for Science and Technology (MAST @ Homestead)” (Akademi Medikal pou Syans ak Teknoloji [MAST nan Homestead]) , Akademi iPrep (9èm-12èm Ane Eskolè ), TERRA Environmental Research Institute, “Cutler Bay Senior High (COAST) Ocean Academy of Science & Technology” (Akademi Syans ak Teknololji Lekòl Segondè Cutler)

C. Magnet Ar Vizyèl ak Pèfòmans

• Paran dwe pwograme odisyon/entèvyou vè 15 janvye.• Yon minimòm “Grade Point Average” (Mwayèn) 2.0 nan chak matyè akademik debaz (egzanp, lekti/

redaksyon, matematik, syans, syans sosyal) pou ane ki sot pase a ak premye peryòd nòt ane aktyèl la konbine.

• Yon minimòm “Grade Point Average” (Mwayèn) 2.0 nan chak matyè akademik debaz (egzanp, lekti/redaksyon, matematik, syans, syans sosyal) pou ane ki sot pase a ak premye peryòd nòt ane aktyèl la konbine.

• Tout not pou efò nan klas akademik debaz yo dwe “2” oubyen pi wo pou ane avan an ak premye peryòd nòt ane aktyèl la.

• Pa plis pase 10 absans ki pa eskize pou ane avan an e 5 absans ki pa eskize pou premye semès ane aktyèl la.

• Plasman baze sou rezilta odisyon/Entèvyou.• Nou pap mande okenn rekòmandasyon pwofesè.• Nou ka revize nòt FSA yo sèlman kòm pati pwosesis elijibilite a nan sikonstans ki trè limite.

• Lekòl elemantè yo pa ka revize nòt FSA yo.• Lekòl segondè yo avèk yon pwogram setyèm oubyen uityèm peryòd pa ka revize nòt FSA yo.• Lekòl segondè yo avèk yon pwogram sis peryòd ka revize nòt FSA yo pou detèmine si yon elèv

gen omwen yon peryòd elektif disponib pou pran kou tèm Magnet yo.

Gid Rapid pou Règ Elijibilite (Kontinye)

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

8 of 21October 23, 2019 2:25 PM

D. Lekòl/Pwogram Magnet ki Baze sou Enterè:

• Admisyon baze sou enterè sèlman.• Okenn kondisyon alavans/rekòmandasyon pwofesè pa nesesè.• Admisyon ki baze sou enterè aplike sèlman pou Lekòl/Pwogram Magnet ki ap suiv yo:

• Pine Lake Elementary• STEM: Botany & Zoology

• Barbara Goleman Senior High• STEM: AP Capstone• Cybersecurity• Digital Marketing• Financial Technologies (FinTech)• Forensic Science• Information Systems Technology• Law Enforcement/Intelligence Studies• Conservation Biology

• iTech @ Thomas A. Edison Educational Center• Geospatial Information Systems(GIS)• Enterprise Resource Planning (ERP)• iCode (Microsoft Software Solutions)

• Miami Southridge Senior High• Business Innovation & Management• Gaming Design & Animation• Coding and Application Development

Kèk pwogram ka mande lot kalite elijibilite, kontakte lekòl la dirèkteman pou kèlkeswa nesesite pou chanjman distri a apwouve pou kondisyon alavans/elijibilite.

Gid Rapid pou Règ Elijibilite (Kontinye)

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

9 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Paran an kreye kont sa a avèk prenom ak non li, adrès elektwonik, ak modpas li. Paran ka itilize kont yo a pou konplete aplikasyon yo, tcheke pwogresyon aplikasyon an, ak plasman elèv.

Tout notifikasyon ki ap soti nan lekòl yo prale nan adrès elektwonik ki sou aplikasyon an ak kont la. Se responsablite paran/gadyen an pou asire enfòmasyon sou adrès elektwonik ak tout kontak yo ajou nan sistèm M-DCPS la.

Sistèm Aplikasyon pou Paran

KreyeKont la

Verifye

Kont la

1

2 Si w pa t verifye mesaj elektwonik ou, w ap ka wè mesaj la sou tablo afichaj la. Ou ka mete adrès elektwonik ou ajou oubyen voye mesaj elektwonik la ankò.

Kreye yonsèl kont pou siyen ki ap pèmèt yo voye aplikasyon pou tout timoun ki nan kay yo.

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

10 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Tablo Enfòmasyon pou Sistèm Aplikasyon pou Paran

Kòmanse yon nouvo aplikasyon oubyen edite youn ki deja egziste.

Avan ou kontinye ak aplikasyon an, y ap mande w pou w li e konfime ou te li kondisyon ak règ ki nan pwosesis aplikasyon an.

Si elèv la pa yon elèv M-DCPS, li ka kontinye avèk pwosesis la pou l ale nan kondisyon ak règ yo e klike “I Agree” (Mwen Dakò) avèk aplikasyon an.

Itilize sistèm rechèch pou elèv la pou w fè rechèch sou elèv ki pral fè pati baz enfòmasyon ki nan dosye M-DCPS yo.

Si elèv la aktyèlman enskri nan yon lekòl M-DCPS:

Kòmanse oubyen

Edite Aplikasyon an

Rechèch Elèv

3

4

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

11 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Enfòmasyon sou Elèv

5

BayEnfòmasyon

Si enfòmasyon ou wè anba a e ki deja sou aplikasyon an pa korèk, ou DWE ale nan lekòl kote elèv la ye kounye a pou w mete enfòmasyon sa a ajou. Se responsabilite paran an pou l kenbe enfòmasyon an ajou; si w pa fè sa, sa ka lakoz ou pa resevwa okenn notifikasyon.

*Silvouplè Note: Nou pap aksepte aplikasyon pou elèv ki ap antre nan 11èm ak 12èm ane eskolè. Pou tout demand pou 11èm ak 12èm ane eskolè ou dwe kontakte chak lekòl dirèkteman apre 15 avril konsènan plas ki disponib nan pwogram nan.

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

12 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Enfòmasyon Familyal

Aplikan ki militè: Priyorite pou militè aplikab pou fanmi militè ki nan asiyasyon aktif. Pou yo resevwa priyorite militè, yo dwe bay/telechaje domikantasyon ki apwopriye.

Plasman depann de plas ki disponib ak aplikan ki satisfè tout kondisyon admisyon yo.

6

Kondisyon Militè

(opsyonèl)

Etap enfòmasyon familyal ki nan aplikasyon an pèmèt paran mete enfòmasyon tankou sitiyasyon y ap viv, enfòmasyon sou paran an tankou non, adrès, ak enfòmasyon sou kontak. Enfòmasyon sou gadyen #1 an ka deja fè pati enfòmasyon ki te sèvi pou kreye kont paran an.

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

13 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Seleksyon Lekòl

Ou ka gen aksè sou sit Entènèt lekòl la nan klike sou senbòl ble “I” ki adwat chak lekòl ki nan lis la.

Yo pèmèt ou seleksyone jiska 5 pwogram (1 pwogram pa lekòl).

Yon fwa ou remèt aplikasyon an, w ap ka ajoute yon maksimòm jiska 5 pwogram men ou pap ka chanje seleksyon ki egziste yo.

Nòt Espesyal: Elèv ki ap aplike pou Pwogram Cambridge nan MAST Academy ki ap viv nan Key Biscayne dwe bay lekòl la de (2) prèv rezidans vè 15 janvye pou yo ka resevwa priyorite. Priyorite sa a pa garanti plasman, paske plasman an baze sou plas ki disponib.

Si yo aksepte elèv la sou baz priyorite sa a, paran an dwe kontinye bay prèv y ap viv nan Key Biscayne pandan tout peryòd elèv la nan MAST Academy, sa ka gen ladan vizit enprevi.

7Chwazi jiska5 lekòl

KEY

BISC

AYN

E

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

14 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Enfòmasyon sou Frè/Sè

8

9

Antre EnfòmasyonFrè/Sè (opsyonèl)

Si pitit nesans miltip (jimo, triplèt, elatriye) yo k ap aplike ak tout rankontre antre kondisyon yo, yo pral pataje oswa lyen menm seleksyon o aza rezilta yo nan pwosesis aplikasyon Magnet la. Tanpri note ke ki lye evlè yo nan inite nesans miltip pa fè sa aplike nan Art vizyèl & Performing pwogram ki baze sou odisyon yo.

Yo dwe soumèt yon aplikasyon pou chak evlè.

Se frè/sè ki nan menm lekòl Magnet oubyen ki pral nan menm lekòl la pou ane lekòl y ap aplike a y ap bay priyorite pou admisyon an (yon minimòm yon (1) ane ansanm).

Akseptasyon an baze sou plas ki disponib nan ane eskolè elèv la ap aplike a.

Priyorite a pa aplikab pou pwogram Magnet ki baze sou odisyon.

Pou yo konsidere elèv pou Kondisyon Frè/Sè, kondisyon sa yo dwe ranpli:• Bay Idantifikasyon Elèv Lekòl Leta

Miami-Dade County ki korèk pou toude aplikan yo ansanm ak frè/sè aplikan an

• Ranpli tout kondisyon admisyon yo.• Frè/sè a dwe nan menm fanmi

avèk elèv ki ap aplike a, oubyen yo dwe bay dokimantasyon ki montre yo sou responsablite legal menm moun nan.

Aplikasyon pou Jimo

Si WES chwazi, ou chwazi pou li konekte pitit ou yo (jimo, triple, elatriye) pou yo ka pataje menm rezilta yo nan menm seleksyon lekòl la. - Si yo chwazi NON, ou deklare ke ou pa gen plizyè evlè ki fèt (jimo, triple, elatriye) k ap aplike pou seleksyon o aza.

Antre Enfòmasyon Nesans Miltip (si ou vle)

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

15 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Demand pou Akomodasyon For Visual Performing Arts Audition or Language Proficiency Testing

Pwograme Randevou Pou Odisyon pou Ar Vizyèl ak Pèfòmans oubyen Pwograme Egzamen Konpetans nan Lekòl.

Kèk lekòl mande pou elèv yo pran egzamen oubyen fè yon odisyon kòm pati nan pwosesis aplikasyon an. Paran gen abilite pou seleksyone yon dat pou egzamen oubyen yon odisyon pou elèv la. Randevou a dwe pwograme pou vè 15 janvye.

Yo ka repwograme randevou w la jiskaske lekòl la konfime li. Yon fwa lekòl la konfime li, y ap bloke dat la.

Si elèv la pa ranpli kondisyon elijibilite yo, y ap retire li nan dat randevou a.

Kontakte lekòl ou seleksyone a pou nenpòt kesyon konsènan randevou a.

10

11

Akòmodasyon

Espesyal

(opsyonèl)

PwogrameRandevou Ou

ChwaziOdisyon ou

Ranpli seksyon sa a si elèv la bezwen akomodasyon pou satisfè yon plan 504 oubyen “Individualized Education Plan (IEP)” (Plan Ediaksyon Endividyalize).

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

16 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Telechaje Dokiman

Telechaje dokiman sipò, tankou relve nòt, nòt, oubyen prèv enskripsyon.

Si ou pa gen aksè ak yon eskanè oubyen yon vèsyon elektwonik dokiman yo bezwen yo, ou ka remèt dokiman yo alamen nan lekòl w ap aplike a.

1. Elèv ki Pa nan Lekòl Leta Miami-Dade CountyElèv ki ap antre nan 1ye ane eskolè jiska 10èm ane eskolè dwe remèt nòt/relve not pou ane lekòl aktyèl la ak ane avan an. Yo ka telechaje dokiman yo nan sèvi avèk fòm ki anba a oubyen yo ka livre yo dirèkteman nan lekòl y ap aplike a (yo).

Ou ap kapab kontinye avèk aplikasyon an san ou pa telechaje nòt/relve nòt yo, men se responsablite paran/gadyen an pou l bay tout dokimantasyon ki obligatwa yo vè 15 janvye pou yo ka revize aplikasyon an pou elijibilite. Silvouplè note si w pa bay tout dokiman yo, sa ka lakoz aplikasyon an vin pa elijib.

2. Elèv M-DCPSOu ka evite etap sa a si w gen yon elèv ki nan M-DCPS depi nan ane lekòl ki sot pase a e ou te aplike avèk Idantifikasyon elèv M-DCPS ou. Ou dwe telechaje oubyen remèt lekòl la nenpòt dosye travay elèv ki soti nan yon enstitisyon ki pa M-DCPS tankou “Florida Virtual School (FLVS)” (Lekòl Florid sou Entènèt) pou demontre ou te enskri oubyen fini tout kou ki obligatwa yo.

12

TelechajeDokiman

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

17 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Sondaj sou Seleksyon Pwogram nan Lekòl laYo itilize sondaj sa a pou mezire enterè paran nan Pwogram Magnet yo. Silvouplè klase lekòl Magnet/Chwa Pwogram ou sou baz preferans ou.

13 Fè yon klasman nan lòd preferans avèk 1ye kòm chwa ki pi enpòtan pou ou.

Sa PAP afekte rezilta plasman ou yo.

Klike e

Trennen pou

Klase Chwa

W yo

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

18 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Akò sou Konpreyansyon

KonfimasyonAvan ou voye aplikasyon an, y ap dirije w sou yon ekran konfimasyon, kote ou ka revize tout enfòmasyon yo pou wè si yo korèk. Ekran sa a pèmèt ou fè chanjman lè w klike sou bouton “Edit” la.

Ou pap ka fè okenn chanjman apre w fin voye aplikasyon an.

Ou ap ka ajoute pwogram apre w fin voye aplikasyon an si ou pa t seleksyone senk (5) opsyon. Se yon aplikasyon pa elèv sèlman ou ka voye. Si w voye de (2) aplikasyon, se premye a y ap itilize.

Siyen aplikasyon an elektwonikman e aksepte tèm aplikasyon yo.

15

14

Voye Aplikasyon an!

Li e Siyen ouPrèske Fini

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

19 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Rezime sou Tablo Enfòmasyon pou Paran anTablo Enfòmasyon pou Paran an prezante yon pwofil pou chak elèv avèk yon lis seleksyon lekòl/pwogram yo. Paran ka wè kondisyon chak aplikasyon nan tan reyèl e revize enfòmasyon ki sou aplikasyon an.

Edite/Revize Aplikasyon ki Deja EgzisteOu ka pwograme yon randevou pou yon egzamen oubyen yon odisyon apre w fin voye aplikasyon an. Yo aksepte randevou yo sou yon baz moun ki vin avan an, ap jwenn sèvis avan e li dwe pwograme vè 15 janvye.

Ou ka kontinye yon aplikasyon ki pa konplè, pwograme yon randevou, oubyen ajoute plis pwogram (jiska 5) nan aplikasyon an.

Telechaje DokimanLè w ap revize aplikasyon ou te voye a, anndan meni pwogrè aplikasyon an, w ap gen aksè ak dokiman ou te telechaje yo ansanm ak seksyon randevou yo.

• Ou dwe remèt/telechaje dokiman yo vè 15 janvye.• Ou dwe pwograme randevou a vè 15 janvye .

Ou ka telechaje dokiman yo apre w fin voye aplikasyon an, pou jiska 15 janvye.

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

20 of 21October 23, 2019 2:25 PM

Pwosesis Seleksyon sou Fòm Lotri Rezilta seleksyon ki fèt sou fòm lotri a ap disponib vè 15 mas. Ou ap gen opsyon pou w aksepte oubyen refize yon pwogram kote yo te aksepte elèv la.

SI YO AKSEPTE ELÈV LA:Konekte ankò sou sistèm aplikasyon Magnet la pou ou aksepte lekòl ou te chwazi a. Silvouplè note, yon fwa ou seleksyone yon lekòl/pwogram, lòt lekòl kote yo te aksepte elèv la ap dekline otomatikman. Yon fwa yon lekòl/pwogram dekline, li pa disponib pou seleksyon ankò. Elèv yo ap rete nan lis seleksyon sou fòm lotri a pou lekòl ki mete yo sou lis atant la.

NÒT ENPÒTAN POU ELÈV YO AKSEPTE YO:• Apre paran yo aksepte plas yo sou Entènèt, yo dwe kontakte lekòl ki aksepte yo a dirèkteman pou

dat limit enskripsyon/anwolman ansanm ak fòm e/oubyen enfòmasyon pou lekòl sa a.• Si yo pa ranpli kondisyon lekòl/pwogram nan yon tan ki apwopriye, sa ka lakoz yo pèdi plas yo.• Akseptasyon an pwovizwa e li depann de satisfaksyon ak mentyen kondisyon elijibilite pou

admisyon yo pou rès ane lekòl la. • Paran yo dwe aksepte dat limit ki poste nan lèt akseptasyon elèv la oubyen y ap pèdi plas la e

plas sa a pral jwenn pwochen elèv ki sou lis atant la. • Elèv yo aksepte yo dwe enskri e rete enskri kòm elèv a plentan nan lekòl/pwogram Magnet yo

aksepte li ladan li a.• Paran yo dwe kontakte lekòl yo dirèkteman pou mande enfòmasyon konsènan disponiblite transpò.

SI YO METE ELÈV LA SOU LIS ATANT:Yo ap seleksyone elèv nan lis atant pou seleksyon sou fòm lotri a lè plas yo vin disponib e y ap enfòme elèv yo elektwonikman. Kondisyon plasman an disponib tou nan kontakte lekòl la (yo) dirèkteman oubyen tcheke kont ou sou Sistèm Aplikasyon Magnet la. Ou ka chanje akseptasyon an pou yon pwogram ou prefere si sèlman kondisyon pitit ou a chanje soti nan Lis Atant rive nan Aksepte. Lis atant pou lekòl yo ka chanje chak jou.

SI YO AKSEPTE ELÈV LA:Konekte ankò sou sistèm aplikasyon Magnet la pou ou aksepte lekòl ou te chwazi a. Silvouplè note, yon fwa ou seleksyone yon lekòl/pwogram, lòt lekòl kote yo te aksepte elèv la ap dekline otomatikman. Yon fwa yon lekòl/pwogram dekline, li pa disponib pou seleksyon ankò. Elèv yo ap rete nan lis seleksyon sou fòm lotri a pou lekòl ki mete yo sou lis atant la.

SISTÈM APLIKASYON MAGNETGID ENFMASYON SOU ENTÈNÈT

21 of 21October 23, 2019 2:25 PM

MesajOu ka revize tout mesaj yo voye pou ou nan vizite seksyon Mesaj ki sou Tablo Enfòmasyon an.