13
Lèt obsèvatwa Ayiti – n°4 Groupe URD Haïti Tel : (+ 509) 3170 7570 http://www.urd.org/haïti/ Lèt n°4 Oktob 2012 Editorial Nimewo Lèt Obsèvatwa a ki te soti avan yo te mete anpil aksan sou kan deplase yo ak kesyon ki gen pou wè ak rekonstriksyon. Si pwoblematik sa yo toujou rete tennfas, nimewo sa a desantre atansyon l yon moman sou lòt sijè ki parèt nou gen ase enpòtans pou yo atire atansyon. Twa atik yo pa fòseman lye antreyo sinon paske yo chak gen rasin yo plonje byen fon nan anseyman ki sòti nan katastwòf 12 janvye 2010 la. Lide a se louvri, atravè atik sa yo, refleksyon ki pi laj sou mwayen pou amelyore kalite entèvansyon yo nan kontèks ijans ak sòti kriz, pandan gen bonjan kondisyon ki kreye pou se popilasyon an ki pran yo anchaj, yon fason pou asire andirans yo. Si se vre se nan kontèks ayisyen an matyè a tire, sa pa anpeche kèk nan analiz ak rekòmandasyon yo kapab aplike nan lòt anviwonnman. Pandan esans Lèt sa a ki parèt chak de mwa a se pataje rezilta etid, travay rechèch oswa evalyasyon, li pwopoze tou yon seri referans bibliyografi ki kapab pèmèt apwofondi sijè ki abòde yo. Si ou swete pataje ak nou rezilta evalyasyon w oswa k`k etid espesifik, ou kapab transmèt nou yo nan adrès ki pi ba a. Annefè, lèt sa a difize atravè yon lis kontak ki genyen plis pase 900 adrès ladan, epitou atravè sit entènèt nou. Kontak nan Pòtoprens : Caroline Broudic - [email protected] -Tel : +509 3170 7570 Site Internet : www.urd.org/haiti Plan Nouvèl Obsèvatwa Ayiti pote pou nou Erreur ! Signet non défini. Leson nou aprann ............................................ 3 Ki asenisman dirab pou Ayiti?................................ ................................ ................................ ................................................................ ................................ ................................ ................................................................ ................................ ................................ ..................................................... ..................... ..................... ..................... 3 Sekirite an Ayiti: yon dyalòg enposib? ................................ ................................ ................................ ................................................................ ................................ ................................ ................................................................ ................................ ................................ ...................................... ...... ...... ...... 5 Pwoblematik estati legal kominote yo nan jesyon teritwa iben an ................................ ................................ ................................ ..................................................... ..................... ..................... ..................... 10 10 10 10

Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n°4

Groupe URD Haïti Tel : (+ 509) 3170 7570 http://www.urd.org/haïti/

Lèt n°4 Oktob 2012

Editorial

Nimewo Lèt Obsèvatwa a ki te soti avan yo te mete anpil aksan sou kan deplase yo ak kesyon ki gen pou wè ak rekonstriksyon. Si pwoblematik sa yo toujou rete tennfas, nimewo sa a desantre atansyon l yon moman sou lòt sijè ki parèt nou gen ase enpòtans pou yo atire atansyon. Twa atik yo pa fòseman lye antreyo sinon paske yo chak gen rasin yo plonje byen fon nan anseyman ki sòti nan katastwòf 12 janvye 2010 la.

Lide a se louvri, atravè atik sa yo, refleksyon ki pi laj sou mwayen pou amelyore kalite entèvansyon yo nan kontèks ijans ak sòti kriz, pandan gen bonjan kondisyon ki kreye

pou se popilasyon an ki pran yo anchaj, yon fason pou asire andirans yo. Si se vre se nan kontèks ayisyen an matyè a tire, sa pa anpeche kèk nan analiz ak rekòmandasyon yo kapab aplike nan lòt anviwonnman.

Pandan esans Lèt sa a ki parèt chak de mwa a se pataje rezilta etid, travay rechèch oswa evalyasyon, li pwopoze tou yon seri referans bibliyografi ki kapab pèmèt apwofondi sijè ki abòde yo. Si ou swete pataje ak nou rezilta evalyasyon w oswa k`k etid espesifik, ou kapab transmèt nou yo nan adrès ki pi ba a. Annefè, lèt sa a difize atravè yon lis kontak ki genyen plis pase 900 adrès ladan, epitou atravè sit entènèt nou. Kontak nan Pòtoprens : Caroline Broudic - [email protected] -Tel : +509 3170 7570

Site Internet : www.urd.org/haiti

Plan

Nouvèl Obsèvatwa Ayiti pote pou nou Erreur ! Signet non défini.

Leson nou aprann .................................. .......... 3

•••• Ki asenisman dirab pou Ayiti? .................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................... 3333

•••• Sekirite an Ayiti: yon dyalòg enposib? ........................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................................ 5555

•••• Pwoblematik estati legal kominote yo nan jesyon ter itwa iben an .................................................................................................................................................................................................................... 10101010

Page 2: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n° 4 2

Nouvèl Obsèvatwa Ayiti pote pou nou

• Atelye sou etid « Anviwonnman ak Rekonstriksyon » a n Yon atelye travay te reyini nan biwo Gwoup URD a, Pako, jou ki te vandredi 17 out la, sou pwoblematik « Anviwonnman ak Rekonstriksyon: ka Bristou Boben an». Atelye travay sa a enskri nan kad etid gwoup URD a te mennen sou tematik anviwonnman ak rekonstriksyon nan rejyon metwopoliten Pòtoprens la. Twa etid ka te seleksyone (Bristou-Boben, Mòn Lopital, Kanaan/Koray) ki ta dwe pèmèt yon pi bon apresyasyon danje anviwonnman yo epi bay yon atansyon espesyal ak lyen ki genyen ant abri moun yo konstwi poukont yo ak fason yo ekspoze tèt yo nan danje. Espas diskisyon sa yo fè pati entegran travay rechèch la, paske sa atelye sa yo vize se rekeyi opinyon/analiz espesyalis yo sou sijè a epi pataje premye konklizyon ekip URD a abouti yo. Kidonk li enskri nan yon metodoloji pi laj ki genyen tou ladan yon revi bibliyografi, vizit sou plas, kòlèk enfòmasyon bò kote enstitisyon yo ak popilasyon an epi patisipasyon nan plizyè reyinyon.Travay sa a ap abouti nan redaksyon yon rapò 20 paj konsa sou katye Bristou-Boben an ak yon atik nan Lèt Obsèvatwa gwoup URD a.

• Atelye sou etid « Nosyon apwòch kominotè a nan mily e iben : ka Pòtoprens la »

Yon atelye travay anrelasyon ak etid gwoup URD a te mennen sou apwòch kominotè a te reyalize 14 septanm 2012 la. Se te yon fason pou pwofite prezans yon konsiltan antwopològ, Alice Corbet, ki te rekrite nan kad etid sa a pou fè echanj sou nosyon « kominotè » a an Ayiti.Travay sa a ap debouche sou yon rapò ki ta dwe pibliye nan kouran mwa oktòb 2012 la.

• Atelye retou sou fòmasyon « Evalyasyon Kalite pwojè yo » Patisipan nan de sesyon fòmasyon sou evalyasyon kalite pwojè imanitè yo te jwenn envitasyon nan yon ½ jounen pataj eksperyans. Objektif yo se te, twa mwa apre fòmasyon an, 1) retounen sou konsèp ak zouti kip a t fin byen asimile yo, 2) fè echanj sou aplikasyon pratik metodoloji a (pataje eksperyans) epi 3) reyafime prezans gwoup URD a nan apui metodolojik lè sa nesesè. Atant sa yo pa t rive jwenn repons yo kòmsadwa paske te gen yon fèb patisipasyon nan atelye sa a. Yon dezyèm atelye ta dwe òganize nan mwa desanm k ap vini an.

• Etid sou fonsye Rapò « Mawon reyalite a : pwopriyete fonsyè, enstitisyon ak aksyon imanitè apre tranbleman tè a an Ayiti » a, fwi yon kolaborasyon Humanitarian Policy Group ak Gwoup URD a, ta dwe pibliye nan semenn k ap vini la yo. Otè l yo se : Simon Levine, chaje rechèch nan Humanitarian Policy Group (HPG) ki fè pati Overseas Development Institute (ODI). Sarah Bailey, chaje rechèch nan HPG, Béatrice Boyer, chèchè pou Gwoup URD a, Cassandra Mehu, konsiltan pou Gwoup URD a.

Page 3: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n° 4 3

Leçons apprises

• Ki asenisman dirab pou Ayiti? Rekòmandasyon ak leson ki soti nan Konferans Nasyon al sou asenisman dirab la, mwa jen 2012, Pòtoprens

Julie PATINET, Septanm 2012 (Enfòmasyon ki nan atik sa a jwenn sous prensipal yo nan kontrandi 11 prezantasyon oral konferans la nou kapab jwenn sou sit SOIL la ki site nan tèks la, yo baze tou sou konesans otè a genyen sou sijè a) Apre tranbleman tè a, divès pwojè asenisman ekolojik (EcoSan) tout kalite te reyalize nan kad repons imanitè a. Majorite pwojè sa yo te rankontre gwo difikilte, nou kapab menm di te echwe akòz aktè yo pa t ase konpetan, akòz yo te manke sèvi ak apwòch patisipatif la, akòz pa t gen pwojè pilòt ki te kapab sèvi pou teste pwojè yo sou yon ti echantiyon avan yo reyalize yo nan yon pi gran nechèl, san konte yon estimasyon bidjè ki te twò raz pou volè « soft » la (akonpayman) nan kategori pwojè sa yo. Paralèlman, DINEPA, jenn antrepriz leta sa a ki te wè tout enterè l nan apwòch EcoSan an, te genyen gwo difikilte pou l jwenn enfòmasyon sou pwojè sa yo ki pa t janm evalye, ni kapitalize. Nan mwa jen 2012, SOIL ak UNICEF te reyalize premye konferans nasyonal sou asenisman dirab la Pòtoprens. Plis pase san senkant moun ki te reprezante senkant senk òganizasyon (DINEPA, ONG, Inivèsite, Espesyalis nan rechèch, konsiltan endepandan 1) te patisipe nan konferans la. Konferans sa a se te okazyon yon premye pataj eksperyans sou diferan aspè pwojè EcoSan yo (teknoloji tankou konpostaj, biyodijestè; volè sosyal/mentnans; agwonomi, rechèch ki egziste sou eliminasyon patojèn yo) nan kan deplase yo, nan katye iben yo, nan milye riral yo, sou nechèl yon moun oswa yon kominote, nan kèk mache, nan kèk lekòl. SuSanA (Sustainable Sanitation Alliance) defini asenisman dirab la tankou yon sistèm ki dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman an ak resous natirèl yo.

1 Al gade non entèvenan yo ak kontni entèvansyon yo

sou sit wèb SOIL la

Asenisman ekolojik la se yon manm nan fanmi asenisman dirab la ki responsab travay resikle ak valorize dlo sal ak dechè pou fè tè yo donnen, lè nou konsidere « dechè « moun » (poupou ak pipi) pou sa yo ye nan tout ekosistèm latè : resous ki kapab valorize. Asenisman ekolojik la (n ap rele l EcoSan nan tèks sa a) se yon apwòch transvèsal ki twouve l nan kafou sektè WasH la, ak lasante epi sekirite alimantè. Si l kapab dekonpoze an teknik, EcoSan an, se poutan, avantou, yon prensip global konpreyansyon ak respè sik natirèl nitriman yo ak matyè yo. Sistèm EkoSan yo, anplis yo prezève sante moun lè yo stoke epi ijyenize2 patojèn ki nan matyè fekal yo (tankou tout bon sistèm asenisman), resikle nan menm tan an nitriman dechè yo ak dlo izaje yo genyen. Nan lanati, dechè ki soti nan moun, bèt ak dlo izaje yo jwe yon wòl esansyèl nan konstriksyon bon tè ak pwodiksyon nitriman ki itil pou nouri plant yo. Nan kontèks ayisyen an kote anviwonnman an sitèlman degrade, tout sa ki kapab kontribiye nan remanbre sòl yo ta merite ankouraje. Depi 2006, SOIL se ONG ki pi aktif an Ayiti nan domèn asenisman ekolojik epi li se youn nan premye ki devlope yon apwòch EcoSan ki byen mache kòm repons ak tranbleman tè a : twalèt ki separe pipi yo ak pran responsablite konpòs poupou yo nan ti kan Pòtoprens yo, fòmasyon3 pou montre moun konstwi sistèm ki kapab separe pipi yo, konstriksyon ak jesyon yon valè sit konpostaj matyèfekal vidanje4. Nan moman li te nan pik li, SOIL t ap jere 200 twalèt piblik nan 31 kan pou 20 000 moun. 2 Ijyenize dechè yo se detwi oswa dezaktive jèm

patojèn ak parazit (responsab maladi dyare yo) yo genyen yo pa mwayen yon tretman adapte. 3 Anpatikilye pou mason yo

4 Twa sit konpostaj apre tranbleman tè a (Dèlma 33, Site Solèy, Pènye) ; Kounyeya SOIL ap jere yon sèl sit konpostaj, zòn Twitye, anplis sit Limonad la k ap fonksyone depi 2009

Page 4: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n° 4 4

Goudougoudou a revele aklè absans yon filyè pou asenisman likid an Ayiti (kad enstitisyonèl, espas pou vidanj, fòmalizasyon pozisyon bayakou yo ak ranfòsman kapasite). Akonpaye kreyasyon filyè sa a se premye etap nan yon pwosesis devlopman. Anparalèl, tranzisyon sou chemen asenisman dirab la pase nan kore pwojè asenisman katye yo ki mare ak kad enstitisyonèl k ap mete anplas la. Travay valorizasyon an nan nivo fanmi yo ak gwoup yo nan katye yo an koneksyon ak aktè espesyalize nan agwonomi ak sekirite alimantè yo se yon kle ki garanti pou pwojè yo rete dirab. Men prensipal leson ki aprann ak rekòmandasyon ki soti nan konferans la: Leson ki aprann: Antretyen twalèt yo souvan poze pwoblèm, youn nan sa ki lakòz difikilte sa yo se koze peye a alòske avan se te gratis. Anpatikilye, pri vidanj lan ale kite, depase nèt sa popilasyon a ta kapab peye (nesesite yon sibvansyon). Pèmèt kominote a pase pou mèt pwojè a epi kreye espas pou l patisipe ladan depi nan kòmansman se eleman esansyèl pou asire dirablite twalèt yo. Yon lòt kote, fòmasyon moun ki pral sèvi nan twalèt yo dwe fèt pou chak kominote apa paske pa gen kominote ki menm. Rekòmandasyon : Pou ONG yo: - Konsantre efò yo nan katye retou yo («

resettlement sites »). - Anrejistre nan DINEPA (Akò kad), epi rete

proaktif, bay enfòmasyon Pou DINEPA: - Asire yon lidèchip fò pou sektè asenisman an. Pou bayè yo: - Asepte echeyansye fleksib pou pwojè pilot yo

pou kapab garanti rezilta ki gen kalite. Rekòmandasyon metodolojik ak teknik valab pou tout aktè yo: - Favorize yon patisipasyon aktif kominote a nan

desizyon k ap pran yo odepa ak nan reyalizasyon pwojè yo; sa mande pou enfòme popilasyon an san manti sou avantaj ak traka opsyon teknolojik yo pandan tout tan tretman an ap fèt la.

- Ankouraje sektè prive a- ti antreprenè yo anpatikilye- devlope pwodui/sèvis pou

asenisman, ak yon atansyon espesyal pou sèvis yo (vidanj anpatikilye).

- Adapte entèvansyon yo yon fason pou yo trete chak ka yo apa paske pa gen okenn teknoloji ki apwopriye pou tout sitiyasyon.

- Devlope materiel ak sèvis ayisyen yo ap asepte peye.

- Desantralize diferan opsyon tretman dechè yo an Ayiti (pa rapò ak pri enèji a epi konplikasyon lojistik transpò matyè yo pa kamyon oswa tiyo pote).

- Asire gen analiz mikwobyolojik ki fèt an Ayiti avan pou fè gwo lavant konpòs ki reyalize ak twalèt yo, sitou paske youn nan faktè ki te bloke itilizasyon konpòs la se te aparisyon kolera a.

- Fè yon dezyèm tretman matyè ki nan twalèt doub kivèt yo si gen lòt moun, andeyò fanmi an, ki konn sèvi ak yo.

- Envesti nan Rechèch ak Devlopman ki ta dwe fè pati tout pwojè serye asenisman dirab, vin jwenn EcoSan an pa gen lontan depi l an Ayiti: Genyen anpil rechèch aladispozisyon sou EcoSan an atravè tout monn lan, men pa ase ki espesifik pou Ayiti. Suivi ak evalyasyon pwojè yo montre tout limit efikasite yo.

Pou fini, nou ka regrèt, premyèman, pwojè ki te prezante pandan konferans la rete souvan santre sou faz kolekte a (twalèt) alòske volè tretman an (destinasyon final matyè vidanj yo) genyen menm enpòtans la, si se pa plis menm. Dezyèmman, pa janm genyen yon evalyasyon ekstèn divès pwojè EcoSan reyalize yo kit se avan kit se apre tranbleman tè a. Epoutan, yon travay konsa t ap pèmèt nou benefisye leson ki te aprann nan divès eksperyans EkoSan yo (yon apwòch plizoumwen tounèf an Ayiti) epi ranfòse refleksyon an sou plan enstitisyonèl sou estrateji « asenisman » an pou peyi a.

Page 5: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n° 4 5

Pour en savoir plus sur le sujet :

• Compte-rendu de la conference: http://www.oursoil.org/sustainable-sanitation-conference-2012-summary-and-overview/

• The SOIL Guide to Ecological Sanitation: http://www.oursoil.org/soils-ecosan-education-resources/

Released in February 2011, this 144-page document is based on SOIL’s findings from over six years of ecological sanitation

experience in Haiti. Truly revolutionary, the Guide covers topics such as toilet designs, management strategies, composting techniques and lessons learned. The SOIL Guide is available in English and Haitian Creole with the Spanish language version coming soon.

• Alliance pour l’Assainissement Durable (SuSanA): http://www.susana.org/lang-fr/sustainable-sanitation

• Sekirite an Ayiti: yon dyalòg enposib? Caroline BROUDIC, Septanm 2012 Dènye etid ki reyalize pa twò lontan an Ayiti yo revele yon bon ogmantasyon kriminalite a depi yon lane. Konsa, kantite zak sasinay nan rejyon metwopoliten Pòtoprens la monte soti 15,2%5 nan mwa novanm 2011 rive 76,2% 6 nan mwa jiyè 2012 7. Si pousantaj zak sasinay sa yo rete enferyè ak pa pi fò gran vil yo nan rejyon an, sa pa anpeche li se pi gwo ogmantasyon ki anrejistre depi 2004. Ant 2006 ak 2009, Ayiti te pwofite annefè yon kalmi politik 8, sa ki fè kriminalite a te rete nan yon ba nivo ankonparezon ak lòt peyi nan rejyon an. Depi tranbleman tè a sitiyasyon an vin degrade men vyolans sa a pa touche totalite popilasyon ayisyen an menmjan an. Konsidere diferan fòm vyolans yo ak moun ki pi ekspoze yo pèmèt nou alafwa rekonèt prezans ensekirite a nan peyi a san nou pa oblije ap konstwi lejann sou li nan tèt nou. Vyolans lan dwe analize nan tout konplikasyon l yo pou l pa riske tounen yon zouti enstrimantalizasyon, e nou pa dwe restrenn li nonplis tankou yon senp lekti

5 Kantite krim pou san mil abitan nan Pòtoprens. 6 Pou 100 000 abitan 7 Enfòmasyon IGARAPE : novanm 2011, 15,2%; desanm 2011, 30,47%; janvye 2012, 45,7%; fevriye 2012, 60,9% 8 ICG : Kèk aktè entènasyonal te salye yon gran siksè manda René Préval la (2006-2010) : aparèy leta a pa t janm kòmandite yon fason dirèk okenn vyolans oswa pèsekisyon politik, epi laprès te jwi yon sèten libète.

evennman ak chif. Premye pati atik sa a pral apiye l sou rezilta yon seri etid resan pou l abòde relasyon ant estabilite sosyal ak kriminalite. Demach la, apresa, se pral konfwonte analiz sa a ak kèk apwòch sekirite plizyè gwo òganizasyon entènasyonal te reyalize. Demantibilizasyon sosyal la kòm vektè vyolans Rezilta ankèt LAPOP9 yo revele pousantaj viktimizasyon kriminèl10 la kapab konsidere tankou « mwayen » an Ayiti ankonparezon ak lòt peyi Amerik laten an ak Karayib yo. Moun ki deklare yo te viktim yon zak kriminèl reprezante annefè 19% nan popilasyon peyi a kont prèske yon tyè nan peyi Perou ak Ekwatè. Sepandan, menm ankèt LAPOP sa a revele kriminalite a ak vyolans lan ogmante depi 2010 nan komin tranbleman tè a te frape yo. Konsa, pousantaj viktim yo te monte nan zòn sa yo, ant lane 2008

9 Latin Public Opinion Project (Vanderbilt University) ;

LAPOP la reyalize chak dezan diferan ankèt opinyon nan 26 peyi soukontinan ameriken an ak Karayib yo (an Ayiti tou) / http://www.vanderbilt.edu/lapop/haiti/2010-Haiti-in-Distress-French-v2.pdf 10

Sondaj victimizasyon yo pi apwopriye pase pousantaj kriminalite yo nan peyi kote soudeklarasyon an enpòtan. Men kesyon ki te regade viktimizasyon kriminèl la : « Èske ou viktim vòl déjà oswa yo kase kay ou, agresyon, rakèt, chantaj, dappiyanp, menas vyolan oswa tout lòt kalite zak kriminèl pandan 12 dènye mwa sa yo? ».

Page 6: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n° 4 6

ak 2010 yo, soti nan 15% pou rive nan 26%11, sa ki bay yon pousantaj de fwa pi plis pase pa komin ki pa t viktim tranbleman tè a (12,1%). Konsa, remonte kriminalite a pa yon fenomèn ki manifeste menmjan nan tout peyi a, ni nan zòn ki te viktim goudougoudou a pa rapò ak lòt yo. Li varye annefè yon fason ki pa ka neglije anfonksyon kondisyon lojman moun yo. Plizyè etid montre kijan fanm k ap viv nan kan deplase yo plis ekspoze pou yo viktim agresyon seksyèl ak lòt kalite zak kriminèl, anpatikilye nan premye mwa yo apre katastwòf la. Absans pwoteksyon sa a jwenn yon pati esplikasyon l nan fason moun sa yo ap viv pil sou pil epitou nan fason deplasman yo pwovoke demantibilizasyon fanmi yo ak rezo sosyal yo. Eklatman popilasyon sa a frajilize konfyans moun te gen nan moun e pakonsekan inite sosyal la. Fòk nou di mank konfyans youn nan lòt sa a an Ayiti pa yon konsekans tranbleman tè a, men se pito prèske yon sistèm. « Ayiti afiche pousantaj konfyans moun nan moun ki pi fèb pami tout peyi ou ka jwenn kalite enfòmasyon sa a sou yo »; dapre rezilta ankèt la, 78% moun ki te reponn kesyon yo estime moun k ap viv nan vwazinaj yo « pa vreman merite konfyans » e menm « pa merite konfyans ditou ». Epoutan, konfyans youn nan lòt la, se limenm ki pou simante lyen sosyal la, solidarite a, men tou estabilite a. Plizyè etid abòde kesyon fèb konfyans entèpèsonèl la ak nan enstitisyon yo sou yon plan istorik ak sosyolojik tou : « Konfyans pou lòt la ak pou enstitisyon yo ki estriktire rapò sosyal endividi yo angaje yo konsidere kòm youn nan varyab kiltirèl ki pi detèminan nan fòmasyon lyen sosyal yo lè w kite ti sèk fèmen fanmi an »12. Rezilta etid Alain Gilles te reyalize nan depatman Sid la13 konfime ankèt LAPOP la nan fason l montre kijan prèske mwatye nan moun ki te reponn kesyon yo « pa ditou » genyen konfyans nan sosyete a epitou plis pase yon tyè « pa ditou » genyen konfyans nan moun ki abite pwòp katye yo.

11

26% nan moun yo kesyone yo deklare yo viktim yon zak kriminèl déjà pandan 12 dènye mwa yo avan ankèt la. 12

« Regards sur la violence : Résultats d’enquête », Rachelle Charlier Doucet / Alain Gilles, 2012 13

« The Social Bond, Conflict and Violence in Haiti », Alain Gilles, PRIO, 2012

Page 7: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n° 4 7

Tablo n°1 : Konfyans nan rapò sosyal yo ak nan enstitisyon yo Rapò sosyal ak enstitisyon Modalite Pousantaj

Konfyans nan moun Anpil 28.1% (1670) Enpe 41.6 Ditou 30.3

Konfyans ant moun nan katye a Anpil 11.1% (1575) Enpe 51.5 Ditou 37.4

Konfyans nan sosyete a Anpil 16.6 (1528) Enpe 36.1 Ditou 47.3

Konfyans nan leta Anpil 27.2% (1609) Enpe 23.2 Ditou 49.6

Konfyans nan ONG yo Anpil 12.8% (1606) Enpe 26.7 Ditou 60.5

Konfyans nan MINUSTAH Anpil 11.9% (1615) Enpe 23.5 Ditou 64.6

Konfyans nan legliz Anpil 68.4% (1632) Enpe 15.9 Ditou 15.6

(enfòmasyon tire nan rapò Charlier/Gilles la) Dapre analiz otè a, lyen sosyal la pa sispann depafini nonpa akòz twò gran vitès ibanizasyon an, men pito akòz pwosesis bidonvilizasyon an ki konsène tout vil nan peyi a kèlkeswa grandè li. Kidonk, genyen alafwa faktè demografik yo (egzòd riral) ak faktè sosyal yo (twò gwo inegalite ak apovrisman klas mwayèn nan). Si, anjeneral, pa gen korelasyon evidan ki egziste ant tay popilasyon vil yo ak nivo krim yo nan milye iben yo, nivo inegalite yo (koyefisyan Gini)14, bò kote pa yo, gen yon lyen byen sere ak kriminalite a. Ò, Ayiti konsidere tankou peyi nan rejyon an kote gen pi gwo inegalite nan zafè posesyon lajan15 epitou kote degre konfyans nan enstitisyon yo pi fèb. Konjonksyon diferan karakteristik sa yo kapab abouti nan yon fòm regilasyon doub nivo : yon rekou pi frekan ak vyolans pou regle konfli yo nan vwazinaj la epi yon reseptivite egzajere pou kontestasyon politik atravè patisipasyon nan 14

Koyefisyan Gini an mezire inegalite revni yo nan yon peyi : chif 0 a reprezante yon egalite pafè (tout revni yo menm) epi chif 1an yon inegalite total (1 sèl moun resevwa tout revni an). 15 Menmsi pa genyen enfòmasyon resan koyefisyan Gini an (= 0.65 nan lane 2005 dapre Ministè Ekonomi ak Finans). Pou konpare, Koyefisyan an plizoumwen 0.49 anmwayèn pou Amerik Laten an ak Karayib yo epi 0.34 pou peyi OCDE yo

manifestasyon yo16. Selon Charlier, « estatistik yo egziste, ki pwouve kontrèman ak diskou y ap fè mache sou Ayiti yo, pa genyen plis zak vyolans nan peyi sa a, ni kriminalite pase lòt kote yo, anpatikilye lòt peyi nan Krayib la oswa nan kontinan ameriken an. Diferans la egziste nan fason yo abòde kesyon sa yo epi nan estrikti ki mete anplas pou jere yo ». Nòmalman, gen lòt fòm vyolans ki egziste an Ayiti, ki gen sitou arevwa ak politik oswa trafik ilegal yo, oswa ankò defans enterè prive (fonsye, komès, lidèchip). Li esansyèl pou analis yo rive disosye yon fason byen klè diferan tip kriminalite yo ak moun ki pi ekspoze ak chak fòm kriminalite sa yo. Yon pi bon lekti t ap pèmèt yon remiz ankesyon fondamantal fason òganizasyon imanitè yo apresye kesyon sekirite a. Kriminalite a, nan yon kontèks tankou pa Ayiti a, pa yon fenomèn avèg; dekripte rasin li yo t ap pèmèt rejte tèz yon « detèminis istorik epi kiltirèl ki ta ap kondui tankou yon fòs envizib, mennen [nasyon ayisyen an] nan vyolans ak krazebrize » [Charlier, 2012].

16

Enstrimantalizasyon politik kontestasyon an t ap mennen [nasyon ayisyen an] toudwat nan vyolans ak destriksyon [Charlier, 2012].

Page 8: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n° 4 8

Imanitè : Sosyològ oswa responsab sekirite? Sekirite a an Ayiti fè pati sijè pi gwo polemik ak divèjans nan mitan epi pami òganizasyon entènasyonal yo. Pèsepsyon yo sou ensekirite a, annefè, sibi gwo varyasyon soti sou yon aktè pou rive yon lòt, sa ki mennen kesyon fondman menm diferan pèsepsyon sa yo sou vyolans ak kriminalite, epitou, pou ale pi lwen, byenfonde mezi ki mete an plas yo pou reponn ak santiman ensekirite sa a. Nan yon kontèks konsa, kote pran chemen vyolans lan mare solidman ak demantibilizasyon lyen sosyal la, ki vle di tou konfyans la, li vin sanble lejitim pou poze kesyon sou kalite mezi sekirite kèk òganizasyon entènasyonal ap aplike. Annefè, retablisman yon konfyans youn nan lòt ta dwe privilejye yon konpreyansyon fen estrikti a ak òganizasyon sosyal la nan katye yo epitou privilejye dyalòg pou kapab pi byen jere tansyon yo. Ò, apwòch sekiritè pi fò òganizasyon entènasyonal yo devlope, depi tranbleman tè a anpatikilye, plis akse sou yon prensip izolman ki kreye yon distans ak yon mefyans ant pèsonèl la ak popilasyon lokal la. Kidonk, apwòch sa yo pa adapte pou mete anplas dyalòg sa a ki, limenm sèl, kapab retabli relasyon konfyans youn nan lòt la. Izolman sa a vin parèt tankou yon repwodiksyon sosyete ayisyen an ki byen klete mobilite sosyal la, kote elit yo refijye yo nan yon geto dore. Kidonk demach sa a sanble li kondane pou l sèlman ranfòse distans yo epi nouri pi plis santiman enjistis ak fristrasyon popilasyon sa yo ki majinalize epi rete deyò yon fwa ankò. Kòm egzank, pifò òganizasyon entènasyonal yo sèvi ak klasifikasyon MINUSTAH a pou referans, yon klasifikasyon ki kadriye zòn Metwopoliten Pòtoprens la anfonksyon menas ensekirite yo ta estime reprezante, separe l fè diferan zòn (wouj, jòn, vèt). Dekoupaj sa a destine avantou pou operasyon « sekirizasyon » MINUSTAH, sa vle di pou operasyon militè oswa polisye. Pakont, li parèt difisil pou admèt « zonaj » sa a ta kapab byen mache ak manda òganizasyon imanitè yo, oswa fòk omwen yo ta anmezi pou remete l tanzantan anpèspektiz pa rapò ak prensip imanitè yo. Yon klasifikasyon konsa pa kapab inosan paske li p ap pa pwodui efè, kit konsyan, kit enkonsyan, lè y ap drese baryè atifisyèl. Èske pa genyen yon kontradiksyon fondamantal ant mete Lòt la sou kote sa a ak kèk prensip imanitè tankou nondiskriminasyon, kontak dirèk ak popilasyon an oswa ankò prensip netralite a?

Epoutan lejitimite dekoupaj sa a, pifò òganizasyon entènasyonal yo pran pou referans la, ta kapab konteste san difikilte, nan fason li pa ofri okenn diferans. Se pa yon kesyon katye ankò, se yon kesyon « zòn » ki reprezante tankou yon mas difòm, san imanite. Ensekirite a sanble li vin asosye sèlman ak yon kesyon geto delimite nenpòt kijan, tankou si vyolans lan te konfine anndan geto sa yo e fè pati lavi menm moun k ap viv ladan yo. Ò, jan sa te montre pi wo a, inite sosyal la se yon eleman detèminan pou estabilite sosyal la e se pa sèlman yon kesyon resous li ye. Katye rezidansyèl Petyonvil la, malgre li retwouve l nan « zòn vèt », pa ditou pwoteje kont yon seten fòm kriminalite ki ta kapab lye ak twòp inegalite. Yon lòt kote, gen katye popilè ki ta kapab annafè ak mwens kriminalite sou baz yon pak sosyal. Anplis, katye yo pa janm sanble sou tout aspè, okontrè yo reyini popilasyon ki genyen divès nivo lavi, sa ki fè nosyon « zòn » nan pa mache. Konsa li ta kapab itil pou poze kèk kesyon avan adopsyon dekoupaj sa a tankou yon referans pou regile mobilite moun yo, oubyen, pi mal ankò, pou kondisyone yon entèvansyon imanitè. Lis sa a pa konplè men li pèmèt louvri deba a piplis sou kesyon sekirite a ak kèk lòt ekleraj :

- Ki fondman dekoupaj pa zòn diferan rejyon metwopoliten Pòtoprens lan epi sitou ki enplikasyon sosyal ak ekonoik dekoupaj sa a?

- Selon ki kritè epi kijan endikatè ki patisipe nan dekoupaj sa a evolye? Kisa analiz yo ye?

- Ki reprezantasyon mantal ki asosye ak dekoupaj sa a, pou popilasyon yo yomenm epi pou òganizasyon imanitè yo?

- Èske gen danje pou mete sou kote yon pati popilasyon an, sitou nan sa k ap viv nan katye popilè ki nan « zòn wouj » yo, alòske se yo ki ta dwe nan pwen santral atansyon an?

Kidonk, li vin parèt.esansyèl pou kesyon sekirite a nan mitan òganizasyon imanitè yo pa sèlman ekstènalize, sa vle di pou l pa rete sèlman nan domèn rezève « responsab sekirite » yo. Sekirite a pa kapab evalye yon fason izole san yon anrasinman pwofon nan yon analiz politik, sosyetal, anviwonnmantal oswa ankò ekonomik. Yon chanjman apwoch t ap pèmèt deplase kesyon sekirite a pou l soti nan estad yon seri ensidan rive nan yon analiz ki genyen yon pòte reyèlman sosyolojik. Règ jesyon sekirite a ta dwe evalye tou pa mwayen efè yo jenere sou popilasyon yo yomenm ak sou relasyon ant popilasyon yo ak òganizasyon entènasyonal yo.

Page 9: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n° 4 9

Sa ki parèt pi enpòtan, se pa chèche nye pwoblèm sekirite yo an Ayiti, men 1) relativize yo epi kapab kalifye danje reyèl k ap menase òganizasyon imanitè yo, tout sa san egzajerasyon paranoyak, epi 2) mare sere kesyon sekirite a ak entèvansyon yo epi ak kontèks yo. Annefè, konfyans nan lòt la « kapab revele l desizif pou reyalize objektif kolektif, ki egzije nonsèlman anpil resous materyèl, men tou yon vizyon pataje sou sa objektif sa yo ye » [Charlier, 2012]. Apwopriyasyon entèvansyon etranje yo pa popilasyon yo pa kapab anvizaje andeyò konfyans pataje sa a. Li enplike konpreyansyon rapò pouvwa yo nan katye yo ak anje ki lye ak yon entèvansyon imanitè etranje. Kidonk li enplike pou evite drese fwontyè ki baze sou a priori. Se prensip aseptasyon an menm ki ankesyon la, youn nan pilye jesyon sekirite a nan mitan ONG yo ki kapab konstwi sèlman atravè yon prezans konstan bò kote popilasyon yo. Konklizyon Kesyon kriminalite a an Ayiti pa inosan e li enpòtan pou kesyon poze sou itilizasyon vyolans la ak menas li prezante nan peyi a. Annefè, li sèvi alafwa enterè politik, ekonomik, sosyete.Tandans pou kriminalize kontestasyon an, sa vle di pou konsidere revandikasyon sosyal oswa politik yo tankou yon fòm enstabilite, e menm ensekirite pèmèt, pa egzanp, pou kenbe rapò sosyal tradisyonèl yo epi jistifye itilizasyon represyon pou frennen manifestasyon popilè yo. Vyolans kòmandite a, jan l ap pratike nan peyi a depi plizyè dizèn lane, epi ki parèt ap pran plis anplè depi plizyè mwa, limenm tou se yon fòm entimidasyon e li enpòtan pou konnen motivasyon l yo. Lekti sa a sou kriminalite a ak estrikti anfòm piramid li a pèmèt yon pi bon sènay veritab responsab vyolans la an Ayiti epi pran konsyans kijan dekoupaj Pòtoprens pa zòn anfonksyon nivo ensekirite sipoze yo a patisipe tou nan konstriksyon mantal yon klwazònman alafwa sosyal ak ekonomik. Li ta ka pèmèt souliye tou, nan kontèks ayisyen an, moun ki pi ekspoze anba kriminalite se pa anplwaye òganizasyon imanitè yo. Yon bon valè òganizasyon devlope kèk apwoch yo rele kominotè nan jou ki te suiv tranbleman tè 12 janvye 2010 la pou yo te kapab fè fas ak konpleksite kontèks iben an. Si nosyon kominotè sa a ta merite yon bemol nan yon anviwonnman iben tankou pa Pòtoprens la kote okipasyon espas la pa enskri nan okenn plan amenajman epi kote estrikti sosyal la fin dezentegre nèt, demach sa a pèmèt omwens yon pi bon dekriptaj

estrikti sosyal yo anndan katye yo. Konsa, kesyon ki gen rapò ak sekirite yo dwe entegre nan demach sa a olye yo sèvi l kouvèti. Yon chanjman apwòch t ap petèt pèmèt ranvèsman apresyasyon ONG yo pa rapò ak yon popilasyon ki deklare a 60,5% yo « pa fè yo konfyans ditou », dapre echantiyon ki te reponn kesyon yo. Li t ap pèmèt remete tou anpèspektiv prensip ki afime jesyon sekirite a pa yon fen pou limenm, men li vize avantou delivrans èd imanitè a san okenn paspouki : « Managing security is not an end in itself. The primary concern is to be able to deliver humanitarian assistance in an impartial manner, which may require establishing and maintaining a presence in highly insecure contexts […]. Security management is therefore a means to an operational end »17. Nosyon enpasyalite sa a te dwe kesyone tousuit apre seyis la lè yon gran majorite ONG18 te gen rekou ak yon apui militè ((Lame US, MINUSTAH, PNH) pou ankadre distribisyon manje yo ak lòt pwodui ki pa manje. Pwoblèm nan se pa fòseman paske apui sa a te solisite, men se paske yo pa t konsidere te genyen lòt mòd entèvansyon ki te posib, ni evalye enplikasyon distans sa a ki te tabli a sou yon tan pi long. Nan respè diyite moun ak prensip Do no harm nan, modalite entèvansyon yo, menmlè se nan yon kontèks ijans, genyen menm valè ak èd materyèl la limenm. Bibliyografi • LAPOP : « Haïti en détresse : impact du séisme

de 2010 sur la vie et les opinions des citoyens », Mars 2011, 264 pages.

• ICG : « Vers une Haïti post-Minustah : Mener la transition à bien », Août 2012, 41 pages.

• IGARAPE : « Haiti’s Urban Crime Wave ? Results from Monthly Households Surveys – August 2011-February 2012 », March 2012, 9 pages.

• IGARAPE : The economic costs of violent crime in urban Haiti : Results from Monthly Households Surveys – August 2011-July 2012 », September 2012, 13 pages.

17

« Operational Security management in violent environments », ODI, December 2010, http://www.securitymanagementinitiative.org/index.php?option=com_docman&task=doc_details&gid=391&lang=fr&Itemid=28 18

Dapre enfòmasyon ki egziste deja, sèl ACF ak MSF pa t genyen rekou ak yon prezans militè oswa polisye pou ankadre distribisyon yo fè nan Pòtoprens.

Page 10: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n° 4 10

• CERDECS : « Regards sur la violence : Résultats d’enquête », Rachelle Charlier Doucet/Alain Gilles, 40 pages.

• ODI : « Operational Security management in violent environments », December 2010, 309 pages.

Pour en savoir plus sur le sujet :

PRIO: « The Social Bond, Conflict and Violence in Haiti », Alain Gilles, 2012, 77 pages.

• Ranfòsman kominote yo Ranfòsman kominote yo nan jes yon anviwonnman katye yo nan Bristou-Boben : pwoblematik estati leg al kominote yo nan jesyon teritwa iben an

Richener NOEL, Septanm 2012

Premye eleman rekòmandasyon yon rechèch ki te reyalize sou tèm « Anviwonnman ak rekonstriksyon nan rejyon metwopoliten Pòtoprens la : ka Bristou-Boben an » (katye nan komin Petyonvil la) » te montre enpòtans kominote a nan jesyon anviwonnman katye sa yo. Nan yon kontèks feblès Leta ak kolektivite teritoryal yo, kominote a ta kapab sèvi tankou yon atou pou anvizaje, omwen pou kounyeya, yon efò sitwayen yo yomenm nan amelyorasyon kad ki sèvi anviwonnman pou katye mizerab sa yo. Dayè, nan Pwogram pou kore rekonstriksyon an, ONU-Habitat ak gouvènman ayisyen an te deside pou kreye Sant Resous Kominotè yo (CRC) kòm mwayen pou soutni rekonstriksyon katye yo, yon fason pou te ranfòse kominote yo. Kesyon estriktirasyon kominote yo pran nesans prensipalman nan yon malèz ki te soti nan pwoblèm fondamantal ki parèt aklè kounyeya nan vil yo epi anpatikilye nan deteryorasyon espas iben an. Karaktè obligatwa desizyon yo, definisyon ak delimitasyon katye iben an nan espas teritoryal iben an, limit ak kalite rapò ki prevwa pou devlope ak antite kolektivite etabli yo, se kèk, pami lòt, nan aspè pwoblematik fonksyon kominote yo nan jesyon nan jesyon anviwonnman katye yo. Pou kounyeya, se sèlman mizanplas yon kad patisipasyon nan pami sitwayen yo ki reprezante yon sous lejitimite pou kominote yo.

1. Sitiyasyon jeneral katye a nan kontèks post-seyis la

Tankou nan pifò katye enfòmèl ki anndan rejyon metwopoliten Pòtoprens la, popilasyon katye Bristou-Boben yo ap viv nan malpwòprete. Sitiyasyon sa a afekte non sèlman kan yo men tou katye yo anjeneral etandone espas sa a se alafwa katye orijin, kan refij epitou katye retou. Melanj sa a nan peyizaj katye a, apre tranbleman tè a, prensipalman akoz sitiyasyon amenajman plizyè kan vin kreye a, vin ogmante danje yo epi rann popilasyon an pi vilnerab. Dechè domestic solid ak likid yo epi matyè fekal yo, polisyon an, okipasyon pant ravin yo, kontwòl konstriksyon yo se kèk nan gwo defi jesyon anviwonnman an nan kan/katye Bristou-Boben yo. Yon etid Fondation Architectes de l’Urgence et Solidarités International19 montre maladi ki plis gaye nan katye/kan sa yo gen yon lyen ak sitiyasyon malpwòprete sa a (kolera, malarya, tifoyid, dyare, enfeksyon vajinal, ets.)

2. Dinamik kominotè

Katye a fè eksperyans estriktirasyon tout yon seri òganizasyon kominotè. Pami lòt, nou jwenn: Komite pou Devlopman Kominotè Bristou (CODCOB), Inyon Tèt-ansanm pou Devlopman Boben, Mouvman Jèn Ini pou Devlopman Petyonvilwa yo (MOJUB). Apre tranbleman tè a, yon lòt estrikti-platfòm pran nesans, li vin regwoupe komite diferan kan yo (reprezantan Blòk) ak lòt òganizasyon kit e egziste menm avan seyis la. Estrikti sa a ki rele Komite Kowòdinasyon Jeneral Bristou-Boben (CCGBB) vin ranfòse tèt li pi djanm e se li menm ki te kanal prensipal pou

19

Fondasyon Architectes de l’Urgence et Solidarités International (2011). Profil quartier de Bristout et Bobin. San non otè.

Page 11: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n° 4 11

tout distribisyon Fondation Architectes de l’Urgence et Solidarités International (2011) yo. Profil quartier de Bristout et Bobin. Sann non otè.

Èd imanitè a nan katye yo ak kan yo. Li te vin ranfòse ak apui yon Sant Resous Kominotè (CRC) ki te kreye nan kad konpozant 3 pwogram apui pou Rekonstriksyon lojman ak katye ONU-Habitat te reyalize a. CCGBB jwe tou yon wòl entèlokitè ak facilitate pou entèvenan yo nan de katye yo. Anreyalite, li milite pou reyalizasyon anpil travay anfavè kominote a, tankou betonnaj kèk lari, enstalasyon lanp solèy, òganizasyon aktivite kiltirèl ak espòtif, jesyon teren espò, ets. Kidonk CCGBB a rive, apre tranbleman tè a, afime lejitimite l bò kote popilasyon yo gras ak fason li rive enplike l epi efikasite li montre nan pote asistans bay victim katastwòf la epitou federe tout aktè ki t ap entèvni nan katye a. Genyen yon inite aksyon ki fò anpil nan nivo òganizasyon kominotè yo, nan fason yo pran konsyans pwoblèm anviwonnman yo k ap menase katye a, ak revandikasyon sible pou otorite piblik yo (jesyon dechè ak asenisman, aksè ak dlo potab, pwoteksyon bèj yo). Wòl estrikti sa a rive jwe a ap genyen pou l vin pi enpòtan toujou nan kontèks retrè aktè imanitè yo.

Pa rapò ak absans enplikasyon otorite piblik yo (nasyonal, lokal), kominote a rive mete anplas k`k aksyon priyoritè pou rezoud kèk pwoblèm kle : aksyon sansibilizasyon bò pa komite katye yo ak komite kan yo pou yon minimòm bon jesyon dechè yo nan nivo katye a; operasyon konbit ranmase fatra.

Rechèch la montre nesesite pou kominote yo ale pi lwen nan pwopoze aksyon kominotè dirab pou fè fas ak pwoblèm anviwonnman ki te souliye yo.

Ranfòsman kapasite kominotè yo nan rechèch solisyon ak pwoblèm anviwonnman yo nan katye a ta dwe touché, pami lòt :

• kapasite pou apresye ak evalye diferan faktè danje degradasyon anviwonnman an ak move konsekans yo pou popilasyon yo.

• Kapasite pou evalye danje ki gen rapò ak yon dansite popilasyon egzajere (vyolans, kondisyon sanitè, fasilite pou viktim tranbleman tè)

• Kapasite pou sansibilize popilasyon an sou vijilans li dwe montre vizavi move konpòtman endividyèl (ki kapab ogmante danje yo nan anviwonnman an) ak konsekans tètchaje yon anviwonnman degrade sou moun ak kominote, sou plan sante, sosyal, prevansyon katastwòf.

• Kapasite pou defini aksyon priyoritè jesyon anviwonnman an fanmi yo ak kominote yo dwe mete anplas.

Kominote yo nan estrateji rekonstriksyon katye yo

Pwogram pou apiye rekonstriksyon an tou fè kominote yo tounen yon pilye nan rekonstriksyon an ak nan relojman an atravè CRC a. Òganis sa a reprezante espas fòmasyon, enfòmasyon ak apui pou kominoteyo nan pwojè retou yo, rekonstriksyon ak relojman. Piplis toujou, sant yo ap pèmèt gaye bay sitwayen yo enfòmasyon ki sòti nan kolektivite a oswa nan Leta santral la epitou y ap fasilite dialog ant lidè kominotè yo, aktè ki angaje nan rekonstriksyon y oak meri yo.

3. Ki estati pou kominote yo nan jesyon teritoryal katye yo?

Sepandan, si asosyasyon yo ak gwoup kominotè yo gen libète pou fè fas ak pwoblèm yo pou kont yo, se vre, yon lòt kote, pa gen okenn lwa ki egziste ki ta mansyone estrikti sa yo nan jesyon teritoryal iben an.

Delimitasyon katye yo nan dekoupaj teritoryal iben an. Katye a pa yon antite administrative iben fòmèl. Pa gen okenn dokiman legal ki mansyone l. Dapre konstitisyon ayisyen 1987 la, teritwa Repiblik Ayiti a divize epi redivize pa Depatman, Awondisman, Komin, Katye ak Seksyon kominal. Katye a, jan konstitisyon an antann li an, koresponn ak yon ase gwo regwoupman popilasyon k ap viv plizoumwen youn pre lòt, men ki pa rive nan nivo yon vil20.

Nan katye a, kay yo pi byen òdone pase nan seksyon kominal la, men pa ase agreje pou l vin yon vil; se yon vilaj ki genyen plis moun. Anpil komin jodiya se katye yo te ye avan sa (Kafou, Lagonav, Dèlma, ets.) Pi lwen toujou, nan peryòd kolonyal franse a, mo katye a te konn site pou nonmen yon regwoupman pawas21.

20

Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik defini vil kounyeya yo tankou chèflye kominal yo, se definisyon sa a ki fòmèl pou Ayiti. Konsa ou kapab wè kèk chèflye komin ak pi piti pase 1 000 abitan konsidere tankou vil alòske kèk katye ki genyen plis pase 1 000 abitan pa genyen estati sa a. 21

Thomas, Louis C. 1988. Section rurale ou section communale, subdivision géographique uniquement haïtienne, Editions Henry Deschamps, Port-au-Prince, p. 24.24

Page 12: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n° 4 12

Konsèy Elektoral ayisyen an tabli yon dekoupaj sant iben yo ki baze sou blòk. Blòk sa yo se regwoupman katye yo ye menmjan yo abitye nonmen yo nan vil yo Chak blòk delege pa eleksyon yon reprezantan nan Asanble minisipal la ki se yon estrikti opoze ak pouvwa pa rapò ak Konsèy minisipal la. Asanble sa a, menmjan ak sa ki tabli nan seksyon kominal yo (ASEC), ap jwe wòl yon palman lokal e yo sanse reprezante may ki lye Leta ak sosyete sivil la (Castor : 1997, rapòte pa Dorner)22.

Katye iben yo, kòm antite, menmlè yo genyen yon fondman jewografik ak sosyolojik, sa pa fè yo genyen yon valè legal pou sa. Limit yo pa defini epitou pa genyen okenn estrikti teritoryal pou jere yo. Okenn estrikti administrative espesifik apre Meri a epi delege yo pa t prevwa nan vil yo. Kidonk, tèm « otorite kominotè » a parèt enpwòp sou plan legal.

Karaktè legal desizyon kominote yo?

Li endispansab pou bay desizyon kominote yo yon fòs legal, depi yo ase reprezantatif… Kijan kominote a ap fè jwe wòl vijilans li pou l kontre aksyon endividi yo (ki riske ogmante danje pou anviwonnman an) nan katye yo si desizyon l yo pa gen yon karaktè obligatwa, ki menm kapab chita sou kontrent? Nan kontèks esklizyon ki tabli nan moman sa a ak absans sèvis piblik nan katye defavorize yo, estrikti reprezantatif (klasik) legal la, ki fòme ak Konsèy minisipal la epi reprezantan blòk yo nan Asanble a pa sanble l anmezi pou l fè fas ak pwoblèm katye Bristou-Boben ak konfwonte la yo.

Anfèt, egzistans estrikti pouvwa kominotè sa yo kapab konsidere tankou yon priz konsyans sitwayen sitiyasyon katye sa yo, epitou tankou repons popilasyon an ap fòmile pou l satisfè bezwen l yo. Responsab kowòdinasyon an afime kan sa yo pa janm (depi tranbleman tè a) atire atansyon otorite leta yo : « Okenn èd pa janm vini la sòti bò kote Leta ak Meri Petyonvil la depi tranbleman tè a, se sa kèk responsab òganizasyon afime nou ». Repons ijan ak seyis la vini sèlman atravè kolaborasyon ant aktè kominotè sa yo ak imanitè a.

Nou ta kapab entèprete yon pwosesis antame k ap vize mete anplas yon antite teritoryal pi laj, sou yon nechèl katye “kominotè”, tankou yon tantativ pou fè rive jis anba nèt nan dekoupaj espas iben 22

Véronique Dorner, « La Décentralisation en Haïti », Bilten APAD [sou entènèt], 15 | 1998, mete sou entènèt nan dat 20 desanm 2006, konsilte nan dat 20 avril 2012. URL : http://apad.revues.org/565.

an, kèk relè Meri a ki ta kapab pèmèt li atenn katye sa yo ki chita dayè nan kè vil la menm.

Kalite rapò ak kolektivite preetabli yo

Fòk yon mòd ajansman katye sa yo ta defini nan kad jesyon vil la pa Meri a. Nan kèk peyi (tankou Lafrans), estrikti kominotè yo pran non Konsèy katye; se yon estrikti fòme ak volontè ki reprezante abitan katye yo devan Meri a, yo pa eli men yo admi ak tout lejitimite nan kominote yo. Men, pwoblèm vil yo pa toujou menm, nan ka pa nou, paske kominote yo bezwen anbrase plis responsablite. Mizanplas CRC yo ak ATL (Ajans Teknik Lokal) yo te deja reyalize pou yo te sèvi kanal ant Meri a ak katye yo. Men, menm lè nou riske redui rapò ant CRC ak ATL yo nan yon dimansyon teknik senpman, fòk nou klarifye, ajansman ant Meri a ak kominote yo, jan li pwopoze la, dwe pran fòm yon konsansis ki pi laj (pi politik) ant de antite sa yo nan objektif yon vizyon pataje anviwonnman an nan katye sa yo, e nan yon pi gran mezi, rezoud pwoblèm katye yo anjeneral.

4. Konklizyon :

Bay kominote yo yon fòm legal nan jesyon anviwonnman katye yo se yon pa nan yon pwosesis ki vize pou konsakre katye a kòm yon divizyon administrative nan vil la. Se yon reyamenajman antite teritoryal yo, estrikti pouvwa yo ak responsabilite yo ki gen pou li bay kòm rezilte yon pi bon jesyon espas iben an ak yon rapwochman sitwayen yo nan sant desizyon yo ak yon valorizasyon efò yo pou pote solisyon ak pwoblèm jesyon vil la. Refòm sa a dwe sèvi tankou yon levye pou korije, nan yon tan ki pi long, pwoblèm gouvènans lan ak esklizyon katye defavorize yo. Demach sa a, pou l reyisi, ap bezwen pran tan nesesè a epi fòk li rankontre yon reyèl volonte politik bò kote Leta. Mete anplas nan katye yo de veritab platfòm patisipatif se sèl sous lejitimite epi sèl mwayen pou lejitime aksyon kominotè a nan moman an. PS. Refleksyon sa yo te rive fèt nan kad etid gwoup URD a sou « Anviwonnman ak Rekonstriksyon : ka Pòtoprens la ». Pou plis detay : http://www.urd.org/IMG/pdf/Etude_Environnement_Reconstruction.pdf

Page 13: Erreur ! Signet non défini. - urd.org · dwe nonsèlman garanti sou plan ekonomi, aseptab pou sosyete a, apwopriye sou plan teknik ak entitisyonèl, men ki dwe tou pwoteje anviwonnman

Lèt obsèvatwa Ayiti – n° 4 13

Le Groupe URD (Urgence – Réhabilitation – Développement) est un institut associatif de recherche, d'évaluation, de production méthodologique et de formation travaillant à l'amélioration des pratiques humanitaires en faveur des populations affectées. Pour en savoir plus : www.urd.org

Le Groupe URD Contacts

Pour s’abonner à la lettre de l’Observatoire: www.urd.org/haiti Si vous souhaitez proposer des articles : Contacter Caroline Broudic [email protected]

La Lettre de l’Observatoire Haïti ‘Evaluer pour évoluer’ vise à partager les résultats d’évaluations et d’études sur des problématiques liées à des interventions d’urgence ou à des programmes de développement. Nous faisons régulièrement appel à des plumes extérieures et/ou le lien avec d’autres publications. Nous vous invitons donc à nous contacter si vous souhaitez proposer des articles. Retrouvez sur le site Internet (www.urd.org/haiti) des compléments de lecture et les articles détaillés des auteurs.

Les activités de l’Observatoire Haïti sont soutenues par :