�
Esplikasyon sou kijan pou komanse yon vizit nan Ekran inisyal VisiTraxx App la
Apre ou fin konekte nan VisiTraxx App la, w’ap wè ekran inisyal la, gen anpil bagay ou ka fè
ladan’l. Gid sa a bay esplikasyon sou kijan pou ou komanse yon vizit.
1. Ekran inisyal VisiTraxx App la
Sa a se ekran inisyal VisiTraxx App la ➤
Ou ka fè plizyè bagay ladan’l. Tankou:
Gade orè vizit ou
Tcheke antre / soti nan yon vizit
Kontakte kliyan ou
Rele biwo ajans ou a
Sèvi ak Sekirite Administratè Chat
Gade vizit nòt yo
Revize notifikasyon ou yo
© CareTraxx 2018 Page � of �1 8
�
2. Orè vizit ou
VisiTraxx toujou gen yon prezantasyon tou aktyalize ki
montre orè ou genyen k’ap vini yo. Orè sa yo parèt
aprè ou fin konekte. Tape sou kazye ki make ‘My
Schedule' la si ou bezwen retounen nan lis sa a➤
Vizit ki pi pre pou rive yo parèt
an premye, ak tout dat epi lè yo
pwograme a ➤
3. Alèt Vizit yo
Pafwa ajans ou an ka mete yon nòt nan yon vizit ki
deja pwograme. W’ap wè yon alèt chak fwa ajans ou
an resevwa nouvo enfòmasyon sou eta sante yon
pasyan, oswa si gen yon bagay enpòtan ou ta dwe
konnen de vizit la.
Pou wè nòt sa a, tape bouton jon abriko ki make
"Alert" la ki sou bò gòch nan ekran an ➤
© CareTraxx 2018 Page � of �2 8
�
Alèt la ap parèt nan yon ti fenèt ki detache ak ekran
inisyal la. Tape 'OK' pou ou ka fèmen fenèt alèt la. Sa
wap gade a la se yon egzanp ➤
4. Opsyon Kontakte Kliyan
VisiTraxx bay plizyè opsyon trè itil ki rann li fasil pou
kontakte kliyan, oswa aprann plis bagay sou plan
laswenyay ke yo ap resevwa a. Pou ou ka jwenn aksè
ak opsyon sa yo, tape bouton … la ki sou bò dwat non
kliyan an.
© CareTraxx 2018 Page � of �3 8
�
Lè ou tape bouton sa a, plizyè opsyon ap parèt. Ki fè li
fasil pou:
rele kliyan ou,
jwenn direksyon pou kondwi ale kote kliyan an ye a
oswa gade plan laswenyay kliyan an ap resevwa. ➤
5. Rapò sou Anreta / Absan nan yon vizit
VisiTraxx fè li fasil pou ou mete ajans ou okouran de si
ou ta pral rive anreta nan yon vizit ki te deja
pwograme, oswa si ou pa ta kapab prezante nan vizit
la ditou.
Si ou Tape bouton “Report Late / Can’t Make It” ki
anba non kliyan an, l’ap ba ou opsyon pou ou rele
ajans ou a➤
© CareTraxx 2018 Page � of �4 8
�Lè ou tape sou lyen sa a yon ti fenèt ki detache ak
ekran inisyal la dwe parèt. Tape 'Yes' pou rele ajans ou
a pou w kapab mete yo okouran de sitiyasyon w.
6. Mesaj Prive ak Ajans ou
VisiTraxx bay yon opsyon ki pèmèt ou resevwa ak voye
mesaj bay biwo ajans ou a an tout sekirite.
Tape bouton “Chat” la pou w ka louvri bwat mesaj la,
epi komanse voye ak resevwa mesaj an tout sekirite➤
© CareTraxx 2018 Page � of �5 8
�
Apre ou fin tape bouton chat la, w’ap wè ekran
Administrator Chat la. Bwat mesaj sa fonksyone menm
jan ak voye tèks, oswa lòt aplikasyon messaj ke ou
abitye itilize yo.
Enpòtan! Chat sa a pa la pou kesyon ki mande
repons imedya oswa pou èd imedya. Nan jan de
sitiyasyon sa yo, ou dwe toujou rele biwo ajans ou
a.
7. Kòmanse / Kanpe Vizit
Ou ka kòmanse pwochèn vizit ou a byen fasil (oswa
fini yon vizit kit e deja komanse) lè w sèvi avèk bouton
ki sou bò dwat nan ekran inisyal la.
Tape bouton vèt ki make 'START' la pou tcheke nan
vizit ke w ap pare pou w al kòmanse a ➤
© CareTraxx 2018 Page � of �6 8
�Se yon vizit gentan komanse, w ap wè li limen epi lap
make ‘In Progress' sou ekran inisyal la. ➤
Tape bouton jon abriko ki make 'Stop' la pou w tcheke
soti nan yon vizit ke ou te gentan komanse ➤
Remak: Tanpri, gade Gid VisiTraxx la pou w ka
jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou Kòmanse /
Kanpe yon Vizit lè w ap sèvi ak VisiTraxx App la.
8. Revize Notifikasyon
Pou w ka revize notifikasyon nan VisiTraxx, tape sou
'Notificaitons' tab la➤
Kantite nouvo notifikasyon ke w pat gentan li deja yo
ap parèt nan yon ti etikèt ble. Egzanp sa a montre ke
gen 1 nouvo notifikasyon.
© CareTraxx 2018 Page � of �7 8
�Paj notifikasyon an montre tout notifikasyon ke ou
resevwa yo. Nouvo notifikasyon yo parèt nan tèt lis la
➤
Notifikasyon ke ou poko li yo fasil idantifye. W ap wè
yon etikèt ki make "NEW" bò kote yo.
Remak: Tanpri, gade VisiTraxx Gid la pou w ka
jwenn plis detay sou kijan pou w fonksyone ak
Notifikasyon sou VisiTraxx yo.
© CareTraxx 2018 Page � of �8 8