Upload
o2-web-solutions-inc
View
232
Download
8
Embed Size (px)
DESCRIPTION
http://haiti.o2web.biz/sites/default/files/PSDH_synthese-Creo.pdf
Citation preview
GWO CHANTYE POU RELÈVMAN AK DEVLÒPMAN AYITI YO
10 KESYON KI BAY YON LIDE DE LI
PLAN STRATEJIK Pou DEVLoPMAN AYITI>> PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030GOUVÈNMAN
REPIBLIK DAYITIMinistè planifikasyon akkowoperasyon ekstèn
MEXIQUE
CUBA
ÉTATS-UNIS
BAHAMAS
PORTO RICOJAMAÏQUE
RÉPUBLIQUE DOMINICAINE
HAÏTI
BÉLIZE
GUATEMALA
HONDURAS
EL SALVADOR
NICARAGUA
COSTA RICA
PANAMACOLOMBIE VÉNÉZUELA
GUYANE
TRINIDADET TOBAGO
MARTINIQUE
BARBADE
GUADELOUPE
MEKSIK
KIBA
ETAZINI
BAHAMAS
PUERTO RICOJAMAYIK
REPIBLIK DOMINIKÈN
AYITI
BELIZ
GWATEMALA
ONDIRAS
EL SALVADOR
NIKARAGWA
KOSTA RIKA
PANAMAKOLONBI VENEZYELA
GIYÀN
TRINIDAD AK TOBAGO
MATINIK
BARBAD
GWADLOUP
Apwi teknik
10 KESYON KI BAY YON LIDE DE LI
PLAN STRATEJIK Pou DEVLoPMAN AYITI>> PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030GOUVÈNMAN
REPIBLIK DAYITIMinistè planifikasyon akkowoperasyon ekstèn
Péninsule de Baradères
Grande Cayemite
Île-à-la-Tortue
La Gonâve
Île-à-Vache
Île de la Navase
Mer des Caraïbes
Mer des Caraïbes
Océan AtlantiqueCUBA
RÉPUBLIQUEDOMINICAINE
Port-au-Prince
Hinche
Jacmel
Jérémie
Gonaïves
Miragoâne
Les Cayes
Saint-Marc
Mirebalais
Cap-Haïtien
Port-de-Paix
Fort-LibertéLimbé
Aquin
Borgne
Bainet
Corail
Léogâne
Arcahaie
Vallières
Marmelade
Plaisance
Baradères
Belle-Anse
Lascahobas
Dessalines
Gros-Morne
Port-Salut
Ouanaminthe
Les Côteaux
Anse-à-Veau
Trou-du-Nord
Acul-du-Nord
Anse-à-Galets
Saint-Raphaël
Chardonnières
Cerca La Source
Anse-d’Hainault
Môle Saint-Nicolas
Croix-des-Bouquets
Saint-Louis-du-Nord
Grande-Rivière-du-Nord
DÉPARTEMENTDE L'ARTIBONITE
DÉPARTEMENTDE L'OUEST
DÉPARTEMENTDU CENTRE
DÉPARTEMENTDU SUD
DÉPARTEMENTDU NORD
DÉPARTEMENTDU NORD-EST
DÉPARTEMENTDU SUD-EST
DÉPARTEMENTDU NORD-OUEST
DÉPARTEMENTDE LA GRANDE-ANSE
DÉPARTEMENTDES NIPPES
Carte générale d'Haïti
0 25 5012.5 Kilomètres
LimitesNationaleDépartementArrondissement
Département
Arrondissement
Chefs-lieux
Source :CNIGS en collaboration avec le Groupe IBI/DAA Inc. Projection : UTM Zone 18 N. Datum : WGS84
Chefs-lieux Département
Arrondissement
Limites Nationale Département Arrondissement
Source :Groupe IBI/DAA, à partir d’informations du CNIGSProjection : UTM Zone 18N. Datum : WGS84
1. Pouki n bezwen yon Plan Stratejik pou Devlopman Ayiti?2. Ki vizyon pou Ayiti?3. Ki strateji devlopman pou peyi a?4. Sou ki chwa fondamantal refondasyon Ayiti chita?5. Kisa ki gwo chantye kote Plan Stratejik la pral entèvni yo?6. Kisa gwo chantye refondasyon teritoryal la gen ladan l?7. Kisa gwo chantye refondasyon ekonomik la gen ladan l?8. Kisa gwo chantye refondasyon sosyal la gen ladan l?9. Kisa gwo chantye refondasyon enstitisyonèl la gen ladan l?
10. Kòman n ka reyisi yon pwojè refondasyon ki kalte gwosè sa?
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030
10 KESYON KI BAY YON LIDE DE LI
1
GOUVERNEMENT DE LA RÉPUBLIQUE D’HAÏTI
PLAN D’ACTION POUR LE RELÈVEMENT ET LE DÉVELOPPEMENT NATIONAL
Les grands chantiers pour l’avenirMars 2010
2
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030
31 Mas 2010, nan Nouyòk, patnè entènasyonal Ayiti yo te aksepte prensip pou yo akonpaye peyi a, alontèm, sou wout rekonstriksyon an, sou baz Plan Aksyon pou Relèvman ak Devlopman Ayiti (PARDA). Plan sa te vize definisyon bezwen imedya rekonstriksyon an, men nan yon pèspektiv lon tèm.
Kounye a, men Plan Stratejik Devlopman Ayiti a (PSDA), ki limenm detaye epi al pi fon nan pèspektiv lon tèm yo.
Ayiti deja manke plizyè randevou l te gen ak listwa, epi gaspiye plizyè nan potansyèl li te genyen. Jodi a li esansyèl pou n bay peyi a yon plan stratejik pou 3 rezon:
» Tou dabò òganize aksyon an: trase epi eksplike wout pou peyi a swiv pou l sòti nèt de sitiyasyon sou devlopman li ladan jodi a;
» Epi tou mobilize, rasanble tout moun otou yon strateji; epi
» Anfen koòdone, garanti ke gen plis koyerans/koòdinasyon ant pakèt inisyativ kap pran pou devlopman peyi a.
Plan Stratejik Devlopman Ayiti a antre nan kad Deklarasyon Pari a ki te fèt sou efikasite èd pou devlopman an dwe genyen, epi ki prevwa patikilyèman:
» peyi yo dwe vreman metrize politik ak strateji devlopman yo epi asire koòdinasyon aksyon pou apiye devlopman yo; epi
» donatè yo ap fè an sòt pou asistans yo a chita sou strateji nasyonal devlopman yo sèlman.
>> POU KI N BEZWEN YON PLAN DEVLOPMAN STRATEJIK POU AYITI?no 1
3
4
Vizyon alontèm pou devlopman Ayiti a, se refondasyon nasyon ayisyèn lan, pou transfòme katastwòf 12 janvye 2010 la, epi fè l tounen yon opòtinite pou Ayiti vin yon peyi emèjan disi 2030. Refondasyon sa ap materyalize l nan:
» yon sosyete ki ekitab, jis, solidè epi amikal, kap viv nan bonjan amoni ak anviwonman l, kilti l, yon sosyete modèn kote Leta de dwa, libète asosyasyon ak pawòl ak amenajman teritwa byen chita;
» yon sosyete ki gen yon ekonomi modèn, varye, solid, dinamik, konpetitif, ouvè, enklizif ak yon baz teritoryal laj;
» yon sosyete kote tout bezwen de baz popilasyon an jwenn satisfaksyon yo nan kantite tankou nan kalite;
» yon sosyete kap aprann, epi kote aksè inivèsèl pou jwenn edikasyon de baz, kote yon fòmasyon pwofesyonèl konsekan pèmèt metrize kalifikasyon li bay yo, kote nouvo lide syantifik ak teknik ki alimante pa yon sistèm inivèsitè modèn ak efikas, ap fabrike nouvo tip sitwayen peyi a bezwen pou refondasyon l;
» tout sa byen kore pa ankadreman yon Leta kap rasanble moun, ki fò, responsab, kap garanti aplikasyon lwa ak enterè sitwayen yo, epi trè dekonsantre ak desantralize.
Objektif li se fè Ayiti tounen yon peyi emèjan nan lane 2030.
>> KI VIZYON POU AYITI?no 2
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 5
6
Egzekisyon Vizyon alontèm devlopman Ayiti an chita sou yon seri mezi teritoryal, ekonomik, sosyal, enstitisyonèl ak demografik ki pou pran ofiamezi, ak sou jan yo ka travay ansanm pou kreye richès ak bese nivo diferan degre vilnerablite nou. Leta gen yon wòl enpòtan pou l jwe grasa sipò patnè ekonomik ak finansye li yo, epi sitwayen yo se aktè kle refondasyon nasyonal nap vize a, otan pa apò endividyèl yo sou plan travay ak envestisman, ke pa chwa nan fason yap viv, fason yap òganize tèt yo, fason yap konsome, ak angajman sivik yo. Menm jan ak Leta, yap montre ke yo dakò ak chwa sosyete k fèt la, nan jan yap metrize konpòtman yo ak oryantasyon aksyon yo, nan sans enterè kolektif la.
Strateji devlopman an egzije:
» ke yo detèmine kondisyon debaz ki nesesè pou kwasans ekonomik nasyonal la reprann yon fason rapid ak dirab;
» ke yo idantifye faktè devlopman pou yo aji sou yo, pou rive gen maksimòm enpak pozitif, pou yon majorite popilasyon an, sou tout teritwa a;
» ke gradyèlman yo divèsifye itilizasyon faktè devlopman sa yo; epi
» ajiste regilyèman dozaj yo, an fonksyon de rezilta ke yo jwenn yo, yon fason pou kreye yon dinamik pwogrè teknik, ekonomik ak sosyal.
>> KI STRATEJI DEVLOPMAN POU PEYI A?no 3
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 7
REFONDASYON TERITORYAL
REFONDASYON EKONOMIKREFONDASYON
SOSYALREFONDASYONENSTITISYONÈL
VIZYON ALONTÈM LAN
GWO CHANTYE POU RELÈVMAN AK DEVLÒPMAN AYITI YO
Avril 2010
Oktòb 2012
Peryòd enplantasyon PARDA Peryòd pou rekonstriksyon ak refondasyon Ayiti ak pou fèl tounen yon peyi emèjan
NOUVO KAD PLANIFIKASYON,PWOGRAMASYON AK JESYON DEVLÒPMAN PSDH
Oktòb 2033
PIP 2010-2011
PIP 2011-2012
KADTRIYENAL
PTI 2024-2027
PIP ANYÈL
KADTRIYENAL
PTI 2027-2030
PIP ANYÈL
KADTRIYENAL
PTI 2030-2033
PIP ANYÈL
KADTRIYENAL
PTI 2015-2018
PIP ANYÈL
KADTRIYENAL
PTI 2018-2021
PIP ANYÈL
KADTRIYENAL
PTI 2021-2024
PIP ANYÈL
KADTRIYENAL
PTI 2012-2015
PIP ANYÈL
8
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030
Anplis, strateji devlopman an egzije ke yo aji prese prese sou kwasans demografik aktyèl la, kap mete yon presyon enposib sou resous nou, sou enfrastrikti ak ekipman ak lòjman. Kwasans demografik sa ralanti anpil, nou ta ka menm di konpwomèt, pataj benefis ke yon kwasans ekonomik ki ta menm trè wo ta ka bay, keseswa akoutèm amwayen tèm ak alontèm. Li enpòtan pou:
» yo jwenn yon pi bon ekilib nan repatisyon popilasyon an ak aktivite yo;
» yo idantifye faktè kap kontribye nan ralanti kwasans demografik la epi aktive yo; epi
» aji anfavè yon meyè entegrasyon popilasyon kap travay la nan kreye richès ak anplwa, epi nan chanjman sosyete n vle a, nan mete plis efò pou gen egalite ant gason ak fanm epi anfavè jèn yo.
Chwa global yo konsènen fason pou teritwa a striktire, patenarya ekonomik yo, aksè a sèvis sosyal de baz yo, pwoteksyon ak mizanvalè gran eleman nan patrimwann kiltirèl ak natirèl nou, osibyen ke mizanplas yon anviwonman enstitisyonèl kòrèk. Chwa sa yo nesesè epi dwe fèt avan tout ekzekisyon, de fason ke emèjans Ayiti vin yon siksè. Yo dwe idantifye kèk sib transvèsal ke yo dwe atenn tou, ki ka garanti redrèsman sosyoekonomik, jesyon risk ak lit kont eksklizyon, epi mobilize tout aktè yo sou sa yo chak dwe reyalize bò pa yo.
9
0 25 5012.5 KilomètresSource :MPCE en collaboration avec le Groupe IBI/DAA Inc. Fond de carte réalisé à partir d’informations du CNIGSProjection : UTM Zone 18 N. Datum : WGS84
Limite de Département Limite d’Arrondissement
Pôle national de développement
Grand pôle régional de développement
Pôle régional de développement
Pôle local de développement
DÉPARTEMENTDU NORD-OUEST
DÉPARTEMENTDU NORD
DÉPARTEMENTDU NORD-EST
DÉPARTEMENTD’ARTIBONITE
DÉPARTEMENTDU CENTRE
DÉPARTEMENTDE L’OUEST
DÉPARTEMENTDU SUD-EST
DÉPARTEMENTDES NIPPES
DÉPARTEMENTDU SUD
DÉPARTEMENTDE LA GRANDE-ANSE
Môle-Saint-Nicolas
Île-de-la-Tortue
La Gonâve
Saint-Louis-du-Nord
Borgne
Gros Morne
Limbé
Acul-du-Nord
Plaisance
Dessalines
LascahobasArcahaie
Anse-à-Galets
Croix-des-Bouquets
Léogâne
Belle-Anse
Bainet
Aquin
Port-Salut
Les Côteaux
Anse-d’Hainault
Corail
Baradères
Saint-Raphaël
Grande-Rivière-du-Nord
Vallières
Trou-du-Nord
RépubliqueDominicaine
Île-à-Vache
Île de la Navase
Chardonnières
Marmelade
Cerca La Source
Pointe-à-Raquette
Port-de-Paix
CAP-HAÏTIEN
Mirebalais
Saint-Marc
PORT-AU-PRINCE
Jacmel
LES CAYES
Jérémie
Anse-à-VeauMiragoâne
GONAÏVES
HINCHE
Fort-Liberté
Ouanaminthe
PÒL DEVLÒPMAN AYITI
10
Plan Stratejik Devlopman Ayiti a deside fè:
» chwa kreyasyon richès ak djòb, 2 bagay si yo pa fèt, pwoteksyon anviwonman ak devlopman sosyal ap difisil pou reyalize;
» chwa sektè prive (nasyonal, rejyonal ak entènasyonal) kòm prensipal ajan ki pou kreye richès ak anplwa sa yo;
» chwa pou l ofri sèvis debaz yo bay popilasyon an, e sa vle di tou ke kreyasyon richès ak djòb ap chita sou sa tou;
» chwa de pòl rejyonal pou devlope, kidonk chwa rejyon yo, pou striktire ak ekilibre devlopman sosyoekonomik la ak amenajman teritwa nasyonal la;
» chwa Chèf Lye Awondisman yo pou sèvi kòm pòl devlopman lokal, kidonk chwa Awondisman yo pou striktire devlopman ak amenajman lokal teritwa a;
» chwa enklizyon sosyal sou tout fòm li, patikilyèman pou ofri kèk opòtinite bay jèn yo, fanm yo ak peyizan yo;
» chwa yon strateji devlopman ak yon kwasans ekonomik ki solid epi ki ka dire pou sipòte efò aktè nasyonal ak lokal yo; epi
» chwa konstriksyon yon Leta fò, dekonsantre epi desantralize, ki endispansab pou n kreye nouvo akò nasyonal sa.
>> SOU KI CHWA FONDAMANTAL REFONDASYON AYITI CHITA?no 4
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 11
12
Plan Stratejik Devlopman Ayiti an ap ekzekite atravè kat Gwo Chantye :
REFONDASYON TERITORYAL
REFONDASYON EKONOMIK
REFONDASYON SOSYAL
REFONDASYON ENSTITISYONÈL
Chak chantye gen ladan 7 a 9 pwogram, epi chak pwogram detaye an soupwogram. Antou Plan Stratejik la konte 32 pwogram ak 150 soupwogram antou.
>>
>>
>>
>>
>> KISA GWO CHANTYE ENTÈVANSYON PLAN STRATEJIK LA YE? no 5
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 13
1. REFONDASYON TERITORYAL LA
2. REFONDASYON EKONOMIK LA
pwogram 1.1 : Amenaje ak devlope teritwa a
pwogram 1.2 : Jere anviwonnman an
pwogram 1.3 : Jére basen vèsan yo
pwogram 1.4 : Renove iben an
pwogram 1.5 : Mete sou pye rezo transpò nasyonal la
pwogram 1.6 : Ogmante elektrifikasyon peyi a
pwogram 1.7 : Kontinye ak ekstansyon kominikasyon ak mayaj nimerik teritwa a
pwogram 1.8 : Etann sèvis alimantasyon dlo potab ak asenisman an
pwogram 2.2 : Modènize ak dinamize agrikilti ak elvaj
pwogram 2.3 : Modènize ak dinamize lapèch
pwogram 2.4 : Apiye devlòpman endistriyèl
pwogram 2.7 : Valorize resous mineral ak enèjetik yo
pwogram 2.1 : Mete sou pye yon gouvènans aktif pou yon kwasans ekonomik akselere ak ekilibre
pwogram 2.5 : Modènize ak dinamize sektè sèvis yo
pwrogram 2.8 : Asire devlòpman anplwa
pwogram 2.6 : Apiye dévlòpman tourism
GWO CHANTYE YO PWOGRAM YO
GWO CHANTYE AK PWOGRAM POU RELÈVMAN AK DEVLÒPMAN AYITI
14
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030
3. REFONDASYON SOSYAL LA
4. REFONDASYON ENSTITISYONÈL LA
pwogram 4.2 : Ranfòse enstitisyon demokratik nasyonal yo
pwogram 4.3 : Modènize administrasyon santral la
pwogram 4.4 : Modènize administrasyon dekonsante a
pwogram 4.5 : Desantralize
pwogram 4.6 : Ranfòse sosyete sivil la
pwogram 4.7 : Ranfòse administrasyon lajistis ak sekirite a
pwogram 4.1 : Revize kad legal la
pwogram 3.1 : Ranfòse ansèyan siperyè ak fòmasyon pwofesyonèl ak teknik
pwogram 3.2 : Akwat aksè pou edikasyon preskolè, fondamantal ak segondè
pwogram 3.3 : Akwat aksè pou sèvis sante
pwogram 3.4 : pwoteje ak valorize byen kiltirèl epi soutni kreyasyon kiltirèl
pwogram 3.5 : Ogmantet aksè pou lòjman
pwogram 3.6 : Asire devlòpman aksyion sivik, spò, lwazi ak jenès
pwogram 3.7 : Mete sou pye yon sistèm asirans sosyal pou tout travayè
pwogram 3.8 : Òganize solidarite sosyal
pwogram 3.9 : Asire egalite gason ant fi
GWO CHANTYE YO PWOGRAM YO
15
Chantye sa ap pèmèt itilizasyon tè yo fèt nan lòd nan zòn riral yo ak nan vil yo, mizanplas enfrastrikti ak ekipman ki endispansab pou devlopman ekonomik nasyonal, rejyonal ak lokal, an menm tan ak devlopman sosyal la, pandan lap garanti ke devlopman sa ap kapab dire tou. Annefè, fason aktivite ekonomik yo ak ibanizasyon an ap fèt kounye a konpwomèt tout posiblite devlopman atèm, si tèlman yo ka koze dega nan anviwonman an ak resous natirèl yo, epi si tèlman yo rann konsekans ekonomik ak sosyal katastwòf natirèl yo pi grav.
>> KISA KI GWO CHANTYE REFONDASYON TERITORYAL LA? no 6
16
Gwo Chantye refondasyon teritoryal la prevwa de travay ki pou fèt nan chapit amenajman teritwa, ibanism, devlopman lokal, pwoteksyon anviwonman, koreksyon basen vèsan yo ak renovasyon ibèn, mizanplas yon rezo transpò nasyonal, mete elektrisite nan tout peyi a, elajisman sistèm kominikasyon yo epi mizanplas rezo entènèt nasyonal la, ak tout ogmantasyon kapasite asenisman ak alimantasyon peyi a ak dlo potab, san bliye tretman dechè solid yo.
Refondasyon teritoryal la
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 17
18
GWO CHANTYE REFONDASYON TERITORYAL LA PREVWA MIZANNÈV (8) PWOGRAM:
1. Amenaje epi devlope teritwa yo Itilizasyon kòrèk sòl yo, ak lokalizasyon ekilibre aktivite yo, mande ke gen de zouti planifikasyon ak jesyon ki adapte a diferan kontèks teritoryal yo. Apa Plan Stratejik Devlopman Ayiti a, yon strateji entèvansyon pou tout zile a, yon shema nasyonal amenajman teritwa, yon seri strateji devlopman rejyonal, de shema lokal devlopman ak amenajman teritwa, de plan ibanism; de plan amenajman riral, ak yon meyè konesans teritwa a, ak de risk natirèl epi risk ki rezilta move aksyon moun, fèt pou gide aksyon kap antreprann yo, epi fasilite fason yap defini priyorite yo.
2. Jere anviwonman an Gwo degradasyon anviwonman peyi a nwizib pou agrikilti, elvaj ak lapèch, konpwomèt devlopman ekonomik la, limite potansyèl touristik la, afekte sante, abita ak kondisyon vi popilasyon an. Aksyon ke yo chwazi fè yo vize pwoteksyon anviwonman ak sekirite milye a (kontwòl polisyon), mizanplas yon rezo zòn ki pwoteje, restorasyon de sèten milye natirèl ak jesyon fason yo itilize bwa.
3. Jere basen vèsan yoNan peyi a gen apeprè 30 zòn idwografik kote fason dlo yo koule desann, jesyon forè yo ak eksplwatasyon tè yo, makònen youn ak lòt. Depi youn nan resous sa yo mal jere, li afekte lòt yo negativman, avèk de konsekans dramatik pou popilasyon yo, enfrastrikti yo ak ekonomi an, sizoka gen katastwòf natirèl. Priyorite yo idantifye yo se pwoteksyon basen vèsan yo, konstriksyon de ouvraj ki pou kontwole rivyè yo lè yo desann, dragaj rivyè yo ak kannal drenaj yo, epi preparasyon pou sezon lapli ak siklòn.
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 19
4. Renove vil yoDefi sa doub: rekonstwi vil sinistre yo, ak amelyore kondisyon vi moun, nan objektif pou rebalanse ekilib demografik la, pou fè presyon sou kapital la bese. Kidonk travay la se renove pòl devlopman rejyonal ak lokal yo, vil ki ka tanponnen mouvman popilasyon an yo, sèten sektè patrimwann la ak vil ki sou fwontyè a yo.
5. Mete rezo transpò nasyonal la anplas Feblès rezo wout yo ak enfrastrikti waf ak ayewopò yo (entèkoneksyon, kalite, antretyen), se de fren ki jennen sikilasyon byen ak moun epi echanj ekonomik entèn ak ekstèn yo. Rezo wout nasyonal la dwe fini, se pou yo entegre rezo woutye lokal yo ladann, amelyore sikilasyon iben ak entèìben an, etabli de lyezon solid ak prensipal zile peyi a yo, epi reyabilite ouben konstwi enfrastrikti ayewopò ak pò yo.
6. Ogmante elektrifikasyon peyi aYoun nan pi gwo obstak a devlopman ekonomik la, ak lavi sitwayen yo, se mank aksè a elektrisite. Anvan tranblemantè a, kantite kouran ki te genyen an te deja pat ase ditou, pa rapò ak demann ki te genyen an; epi l te konsantre nan kèk zòn nan peyi a. Apre dènye tranblemantè a, kapasite sa yo vin bese anpil nan zòn sinistre yo. Aksyon ke yo chwazi yo ap pèmèt ogmante kapasite pwodiksyon, transpò ak distribisyon enèji elektrik la, epitou amelyore lavant kouran an. Sèten aksyon va favorize mizanvalè potansyèl enèji renouvlab yo.
20
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 21
22
7. Kontinye agrandi rezo kominikasyon an ak rezo koneksyon entènèt la sou teritwa aTelefòn mobil ak sèvis entènèt yo ofri de gwo opòtinite pou devlopman ekonomik ak sosyal peyi a (enklizyon sosyal ak teritoryal, jesyon risk, konesans mache yo nan tan reyèl, kondisyon klimatik yo ak transpò yo, komès elektwonik, aksèpou jwenna sèvis piblik, fòmasyon a distans, demokrasi, eks.). Objektif la se ogmante konektivite teritwa a, devlope entènèt nan sèvis piblik ak kominotè yo, se kreye yon rezo sant miltimedya epi apiye pwodiksyon ak difizyon de sijè/pwogram/aktivite ki nasyonal.
8. Elaji sèvis alimantasyon dlo potab ak sèvis asenisman yo Sitiyasyon sektè dlo potab, asenisman ak jesyon dechè solid yo an Ayiti te deja enkyetan avan tranblemantè a. Eksplozyon demografik 20 dènye lane yo kreye yon demann enpòtan, patikilyèman nan milye iben yo kote ibanizasyon spontane ak anachik vin de bagay ki sanble nòmal. Pwogram sa prevwa tou konstriksyon ak reyabilitasyon rezo dlo potab ak rezo asenisman yo (drenaj ak dlo sal) epi ranfòsman oubyen mizanplas de sistèm jesyon dechè solid.
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 23
Pou disi ven tan revni pa abitan peyi Dayiti rive atenn mwayèn pa lòt peyi ki gen « revni mwayen enferyè », selon klasifikasyon Bank Mondyal, fòk kwasans anyèl revni nasyonal li sitiye ozalantou 10 %, lè n konsidere kwasans demografik li (anviwon 1,5 % pa ane ant 2011 ak 2031). Yon seri Refòm striktirèl nesesè pou yon kwasans ekonomik djanm epi dirab. Anplis politik stabilizasyon makwoekonomik ak refòm gouvènans ekonomik, fòk yo ajoute yon seri efò enpòtan nan domèn modènizasyon filyè yo, kreyasyon richès ak anplwa, ogmantasyon revni patikilye ak ranfòsman sektè prive a. Efò yo pral favorize stabilizasyon popilasyon an, akwat sekirite alimantè epi pèmèt diminye presyon sou anviwonman ak resous natirèl yo.
>> KISA GWO CHANTYE REFONDASYON EKONOMIK LA GEN LADAN L ?no 7
24
Gwo Chantye refondasyon ekonomik la prevwa mizannèv yon politik makwoekonomik kap fasilite devlopman, sipò pou envestisman prive, modènizasyon ak dinamizasyon agrikilti, elvaj ak lapèch, valorizasyon sektè konpetitif ekonomik ayisyen, patikilyèman sa endistri manifaktirye an ak sa tourism lan, mizanplas yon veritab endistri konstriksyon, devlopman sektè sèvis, eksplwatasyon dirab resous jeyolojik ak mizannèv pwojè ki vize devlopman anplwa.
Refondasyon ekonomik lan
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 25
26
GWO CHANTYE REFONDASYON EKONOMIK LA PREVWA MIZANNÈV 8 PWOGRAM :
1. Mete sou pye yon gouvènans aktif pou yon kwasans ekonomik akselere ak ekilibre Aksyon Leta endispansab pou yon kwasans ekonomik akselere epi ekilibre. Nan optik sa a, fòk yo kontwole enflasyon an patikilyèman, ogmante revni Leta yo ak yon taksasyon pi efikas, amelyore kalite depans piblik yo epi stimile envestisman prive. Aksyon ki pwopoze yo vize ouvèti ak patenarya, oryantasyon politik bidjetè, fiskal ak monetè, ranfòsman sistèm finansye ak sipò pou envestisman prive.
2. Modènize ak dinamize agrikilti ak elvajAgrikilti founi katreven pousan anplwa nan milye riral la epi apò l nan PEB (Pwodi Enteryè Brit) a anviwon vensenk pou san. Men pwodiktivite sektè a fèb, epi peyi a pa otosifizan ankò sou plan alimantè. Priyorite yo se divèsifikasyon ak entansifikasyon pwodiksyon vejetal ak animal, distribisyon materyèl ak entran agrikòl, oubyen èd finansyè pou akizisyon, konstriksyon ak reyabilitasyon sistèm irigasyon, mizanplas yon chenn antrepozaj pou entran ak pwodi agrikòl, ak mizanplas abatwa ak chanm fwad pou elvaj.
3. Modènize ak dinamize lapèchLapèch kontribye nan stabilite plizyè ekonomi lokal. Se yon mwayen tou pou amelyore bilan alimantè sou plan kantite ak kalite. Fòk yo modènize pratik yo, asire yon aksè pou jwenn materyèl ak entran pèch, enplante dispozitif konsantrasyon pwason, amenaje lak kolinè, enplante fèm elvaj pwason ak akwakòl, epi tou mete sou pye yon rezo chanm fwad nan yon pèspektiv devlopman dirab, sèl mwayen pou anpeche resous la fini.
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 27
4. Apiye DEVLOPMAN endistriyèlPlizyè pwodwi agrikòl manke transfòme sou plas, sa limite posiblite mete plis valè ajoute sou yo an patikilye, ak opòtinite pou n ta ekspòte yo. Divès akò komèsyal, ki gen ladan lwa HELP la, ofri yon gwo potansyèl kreyasyon anplwa, sitou nan tekstil, epi rekonstriksyon peyi a pèmèt yo anvizaje mizanplas antrepriz konstriksyon ki solid. Kidonk entèvansyon sible yo ta donk plis vize devlopman endistri agwoalimantè, amenajman zònn endistryèl/faktori, devlopman yon endistri konstriksyon ak mizanplas de fasilite pou garanti kredi pou antreprenè yo.
5. Modènize ak dinamize sektè sèvis yoSektè sa, ki gen yon mendèv entansif, pa twò efikas. Li evolye nan yon anviwonman ki souvan enfòmèl. Aksè pou jwenn sèvis yo pa fasil epi souvan espas yo itilize yo sal oubyen pa konvni. Priyorite yo pòte sou aksè pou jwenn asirans, mizanplas yon santral nasyonal pou acha pwodi agrikòl, konstriksyon sant kongrè ak ekspozisyon, konstriksyon oubyen reyabilitasyon mache piblik, amenajman zònn ak wout komèsyal ak sipò pou relokalizasyon ak fòmalizasyon sèvis ki bay nan lari yo.
6. Apiye DEVLOPMAN tourismAyiti gen menm potansyèl ak lòt destinasyon solèy nan Karayib yo, ak pwòp pèsonalite pa l. Se sèl sektè kwazyè yo ki vreman aktif aktyèlman. Gen gwo defi ki pou leve si peyi a vle asire devlopman yon tourism bò lanmè, mizanplas yon rezo ekotourism, etnotourism ak tourism avanti, devlopman navigasyon plezans ak sektè kwazyè yo.
28
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 29
30
7. Mete resous mineral ak enèjetik an valèSanble sòl ak sousòl Ayiti genyen resous mineral ak enèjetik ki, si yo ta fè mizanvalè rasyonèl yo, ta reprezante yon kontribisyon enpòtan nan emèjans peyi a. Fòk yo ankouraje pwospeksyon, eksplorasyon ak eksplwatasyon minyè, epitou anpeche eksplwatasyon spontane ak anachik karyè yo. Fòk yo pouswiv eksplorasyon pou evantyèl eksplwatasyon chabon mineral ak petwòl.
8. Asire devlopman anplwaKreyasyon anplwa se yon defi majè pou devlopman. Sa ki enpòtan, fòk mache travay la striktire ak ranfòse akoutèm ak amwayentèm, de fason pou gen anbojach anpil travayè regilye pou soulaje mizè yo. Priyote yo pote sou mizanplas yon Fowòm ak tout patnè mache travay la, itilizasyon plis mendèv posib nan reyalizasyon travo piblik yo, reyalizasyon travo ki mande itilizasyon anpil mendèv ak ogmantasyon pwodiktivite travay la, ak kapasite pou mendèv la jwenn travay.
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 31
Si angwo te gen yon amelyorasyon nan nivo sèten endikatè sosyal ane ki sot pase yo, nivo yo rete twò ba, epitou tranblemantè a te vin agrave sitiyasyon an. Nan objektif pou ogmante kondisyon ak kalite jeneral lavi tout moun, fòk aksè ak kalite òf sosyal ak kiltirèl la ogmante anpil epi fòk yo ka garanti yon entegrasyon pi ekitab pou divès segman sosyete a. Deplwaman sèvis debaz yo dwe kouvri tout teritwa a. Tout aksyon ki pou fèt nan chantye sa, dwe pèmèt ede kontribye nan mizanplas pòl devlopman, amelyore kondisyon lojman, favorize enklizyon sosyal, konstitiye aks kreyasyon richès ak anplwa, epi akselere agrandisman klas mwayenn lan.
>> KISA GWO CHANTYE REFONDASYON SOSYAL LA GEN LADAN L?no 8
32
Gwo Chantye refondasyon sosyal la dwe prevwa kreyasyon rezo modèn sante ak edikasyon atravè tout peyi a, kap gen ladan ansèyman siperyè ak fòmasyon pwofesyonèl ak teknik, pwoteksyon byen kiltirèl ak sipò pou kreyativite kiltirèl, yon meyè aksè pou jwenn lojman, devlopman aksyon sivik ak òf spòtif ak lwazi, mizanplas yon sistèm asirans sosyal pou tout travayè, òganizasyon solidarite sosyal ak yon pwogram ki favorize egalite gason ak fi.
Refondasyon sosyal
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 33
34
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030
GWO CHANTYE REFONDASYON SOSYAL LA PREVWA MIZANNÈV NÈF (9) PWOGRAM :
1. Ranfòse ansèyman siperyè ak fòmasyon pwofesyonèl ak teknik Yon restriktirasyon total sektè a dwe anvizaje pou adapte l ak bezwen emèjans peyi a, kap vin konplete ranfòsman pòl devlopman yo. Fòk yo vize mizanplas rezo sant inivèsitè nan pòl sa yo, rezo rejyonal sant fòmasyon pwofesyonèl teknik, yon Fon kap apiye rechèch ak inovasyon, ak yon finansman pou bous spesyalize.
2. Ogmante aksè pou edikasyon preskolè, fondamantal ak segondèKarans nan nivo sa enpòtan : òf ensifizan, kalite edikasyon mwayen, anseyan ki pa motive, eks. Fòk yo mete sou pye yon rezo edikasyon preskolè, lekòl fondamantal, lise ak Lekol Aplikasyon ak Sètifikasyon Aptitid Pwofesyonèl pou ansèyman, klas fòmasyon pou elèv ki twò gran ak timoun ki deyò sistèm lan ak tou sèvis kantin skolè. Fòk gen yon prizanchaj ti anfans la, eradike analfabetism, epi pwomouvwa egalite sèks nan edikasyon.
3. Ogmante aksè pou sèvis santeSitiyasyon sanitè peyi a kritik. To mòtalite enfantil ak matènèl yo elve, epi plizyè tip maladi frape yon gwo pati sosyete a. Sistèm sante a gen kòm karakteristik yon kouvèti swen ensifizan, agrave pa yon move distribisyon resous imèn. Priyorite yo se mete kanpe Sant Ospitalye Inivèsitè, Lopital Referans, Lopital Kominotè Referans, Sant Sante avèk Kabann ak san Kabann, lit kont maladi andemik ak epidemi, mizanplas yon pwogram sante skolè, idantifikasyon moun ki gen difikilte, ak ranfòsman politik sante ak popilasyon.
35
4. Pwoteje ak valorize byen kiltirèl epi soutni kreyasyon kiltirèlKilti fèt pou fè pati entegralman de devlopman nasyonal ak lokal. Li gen yon valè sou plan sosyal ak ekonomik ki bay avantaj. Entèvansyon ke yo prevwa yo se mizannèv yon plan pwoteksyon ak valorizasyon byen kiltirèl yo, kreyasyon biwo rejyonal achiv nasyonal, ak diferan rezo ekipman ak tout mizanplas yon fon devlopman kiltirèl.
5. Ogmante aksè pou lojmanAksè pou lojman limite pa yon fèb kapasite finansyè ak yon kad legal ki pa adapte, men tou, pa yon seri pratik an rapò ak ibanizasyon, pwopriyete tè, fason pou konstwi, posiblite finansman ak demach administratif. Priyorite yo pòte sou relojman moun sinistre yo, ogmantasyon òf tè nan vil yo, mete kanpe djanm epi devlopman yon dispozitif finansye pou lojman.
6. Asire DEVLOPMAN aksyon sivik, spò, lwazi ak jenèsEdikasyon sitwayènn, spò, lwazi ak devlopman jenès enpòtan pou entegrasyon sosyal ak amelyorasyon kondisyon ak kalite lavi a. Priyorite yo pòte sou devlopman aksyon sivik, devlopman spò wo nivo, konstriksyon sant miltispò ak lwazi, devlopman spò skolè ak minisipal, pwomosyon spò pou tout moun ak devlopman spò ki jwe ak men, Fòk tou pwoteksyon ak ankadreman jenès la priyorize.
36
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 37
38
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030
7. Mete sou pye yon sistèm asirans sosyal pou tout travayèFòk yo anvizaje mizanplas yon sistèm asirans sosyal elaji pou travayè yo ki nan sektè fòmèl ak enfòmèl yo. Pwoteksyon sosyal la dwe pèmet yo fè fas ak risk ki genyen sou mache travay la (maladi pwofesyonèl, aksidan travay, chomaj, retrèt ak mòtalite) oubyen pou amòti depans sosyal ki pa kouvri pa lòt fason yo. Se yon fason pou prevwa risk de pèdi revni travay, oubyen peryòd inaktivite. Epi tou, se pou rann mache fòmèl travay la pi atiran ak pi fleksib.
8. Òganize solidarite sosyalSolidarite sosyal ak moun ki pi demini yo dwe garanti, lè yap fè fas tanporèman oubyen an pèmanans ak difikilte patikilyè. Nan sans sa, fòk yo prevwa konstriksyon sant dakèy pou ensèsyon sosyal timoun, sant edikasyon spesyalize ak etablisman medikososyal pou timoun a pwoblèm, atelye travay pwoteje pou moun andikape, sant dakèy pou adilt depandan, ak sant ebèjman pou fanm ak timoun ki viktim vyolans.
9. Asire egalite gason ak fiEgalite sèks ak endepandans fanm endispansab pou devlopman sosyal, redrèsman ekonomik ak diminisyon povrete. Entèvansyon yo pòte patikilyèman sou mizannèv yon politik egalite sèks, ranfòsman kad legal, pwodiksyon ak difizyon enfòmasyon sou egalite gason ak fi, ranfòsman patisipasyon fi nan devlopman ak lit kont vyolans sou fanm ak jèn fi.
39
Enstitisyon ak administrasyon Ayiti yo ki te deja frajil paske yo te mal ekipe, mal òganize, pat ase enplante nan sosyete a ak sou tout teritwa a, te sibi anpil domaj nan seyis la. Defi yo konsènen kondisyon materyèl fonksyonman yo, men tou disponiblite pèsonèl konpetan, òganizasyon ak ranfòsman kapasite politik ak administratif. Fòk yo konstwi yon Leta fò, dekonsantre ak desantralize, etabli yon kilti transparans ak redisyon kont kap kwape koripsyon sou tout teritwa a, regle kad legal ak reglemantè bezwen yo, asire yon meyè jesyon fonsye, garanti pwoteksyon pwopriyete ak fasilite devlopman sosyoekonomik ak tout amenajman teritwa a. Anfen, patenarya ant aktè sektè piblik ak aktè sosyete sivil òganize yo fèt pou ranfòse tou.
>> KISA GWO CHANTYE REFONDASYON ENSTITISYONÈL LA GEN LADAN L?no 9
40
Gwo Chantye refondasyon enstitisyonèl la prevvwa revizyon kad legal, ranfòsman administrasyon pouvwa lejislatif, pouvwa jidisyè ak enstitisyon endepandan, modènizasyon administrasyon piblik, ak modènizasyon administrasyon jistis ak sekirite an patikilye, ogmantasyon kantite anplwaye fonksyon piblik dekonsantre, ranfòsman Kolektivite Teritoryal ak sosyete sivil la.
Refondasyon enstitisyonèl la
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 41
42
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030
GWO CHANTYE REFONDASYON ENSTITISYONÈL LA PREVWA MIZANNÈV SÈT PWOGRAM:
1. Revize kad legal laAnpil pratik inefikas, disfonksyonèl oubyen akayik toujou ap fèt onivo gouvènans politik, sosyal, ekonomik ak teritoryal peyi a. Revizyon kad legal la pral genyen kòm priyorite dwa pou gen sitwayennte, kad legal pou fè biznis, kad legal sosyete sivil la, ak pa amenajman teritwa ak devlopman lokal la. Anplis, mizanplas yon pwosesis kontini revizyon konstitisyon an ta dwe pèmèt ke, atèm, gen yon meyè ekilib ant twa gran pouvwa Leta yo a ak yon meyè gouvènans administratif.
2. Ranfòse enstitisyon demokratik nasyonal yoInstitisyon peyi a te sibi gwo pèt imènn ak domaj materyèl enpòtan nan tranbleman tè a, anpil ladan yo te deja ap fonksyone nan kondisyon difisil. Fòk yo retabli yon fonksyònman nòmal Palman ak Institisyon Endepandan yo, men tou fòk yo ranfòse kapasite politik ak administratif yo. Fòk tou yo asire finansman pwogram eleksyon yo epi ranfòse Ofis Nasyonal Idantifikasyon an ak Ofis Eta Sivil la.
3. Modènize administrasyon santral laAvni Ayiti chita sou nivo pwofesyonèl administrasyon piblik li. Nan yon premye tan, fòk yo asire relojman pèmanan ak ekipman strikti li yo. Fòk tou, paralèlman, yo pouswiv rekonstriksyon administrasyon piblik la otou twa fonksyon (planifikasyon stratejik, regilasyon ak prestasyon sèvis), fòk yo akeselere refòm fonksyon piblik la (plan fòmasyon, pwogram ensèsyon dyaspora, rekritman) epi asire yon ranfòsman enstitisyonèl administrasyon sentral la.
43
4. Modènize administrasyon dekonsantre aFòk yo asire popilasyon ak antrepriz yo genyen yon meyè aksè pou jwenn sèvis piblik sou tout teritwa a. Konsa, fòk yo ogmante dekonsantrasyon Leta ak modènizasyon administrasyon teritoryal li yo onivo 12 pòl devlopman rejyonal yo ak 42 pòl devlopman lokal yo, dapre fonksyon yo chak. Priyorite yo konsènen konstriksyon ak ekipman sant administratif, dotasyon pèsonèl strikti dekonsantre yo ak ranfòsman konpetans yo.
5. DesantralizeMizanplas kolektivite teritoryal yo fè fas ak yon pakèt obstak malgre yon konsansis sou mizanplas yo. Fòk poutan yo asire patisipasyon yo nan efò devlopman epi tou nan bay sèvis piblik ak nan rezolisyon pwoblèm yo ki relve de konpetans spesifik yo, oubyen ki pataje ak administrasyon piblik la. Priyorite yo konsènen konstriksyon ak ekipman sant administratif, ogmantasyon kantite pèsonèl, mizanplas komite lokal devlopman ak amenajman teritwa a, ogmantasyon resous finansyè lokal ak ranfòsman konpetans yo.
6. Ranfòse sosyete sivil laMobilize epi koòdone tout aktè sektè piblik ak sosyete sivil òganize a (sektè prive, ONG, fondasyon, kooperativ, asosyasyon) esansyèl pou devlopman peyi a. Patenarya yap chèche a chita sou planifikasyon ak finansman devlopman ak amenajman, epi tou sou mizanplas ak jesyon enfrastrikti, ekipman ak sèvis. Priyorite yo konsènen striktirasyon ak jesyon patnè sosyete sivil ak finansman inisyativ devlopman.
7. Ranfòse administrasyon jistis ak sekirite aRanfòsman administrasyon jistis ak sekirite a detèminan pou emèjans Ayiti. Priyorite yo pòte sou ranfòsman rezo tribinal ak enfrastrikti mentyen lòd, ijans ak dife, epi tou sou ranfòsman rezo prizon ak mezon darè yo. Yo vize tou mizanplas yon nouvo lame, deplwaman yon sistèm asistans legal nasyonal, sètifikasyon pwofesyon jidisyè yo ak garanti dwa propriyete.
44
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 45
46
Konsansis. Siksè Plan Stratejik la chita sou yon kondisyon: Fòk aktè nasyonal, piblik ak prive, ak tou tout patnè entènasyonal devlopman Ayiti yo pataje gwo chwa Plan Stratejik an ki se :
» yon striktirasyon teritwa a an pòl rejyonal ak pòl lokal devlopman, kap pèmèt yon meyè repatisyon devlopman ak yon meyè amenajman espas ayisyen an;
» yon volonte pou kreye kondisyon favorab pou envestisman prive, pou kreyasyon anplwa ak angajman sosyal grasa yon amelyorasyon rapid anviwonman biznis, jistis ak sekirite yo atravè mizannèv pwosesis lejislatif kap leve blokaj legal ak administratif yo akoutèm;
» yon repons rapid pou bezwen sosyal de baz ak bezwen pwoteksyon dènye gwo ansanm patrimwann natirèl ak kilirèl yo, atravè yon angajman an pwofondè patnè entènasyonal yo nan finansman ak jesyon yo; epi
» yon amelyorasyon rapid epi byen chita gouvènans la, nan tout nivo teritoryal yo, akonpaye ak yon dekonsantrasyon administrasyon piblik la, yon desantralizasyon ak yon enplikasyon sosyete sivil la kap ogmante tout tan.
Volonte pou chanjman. Pou leve defi refondasyon Ayiti a, aktè ak patnè devlopman li yo dwe fè plis, dwe fè vit, dwe fè pi byen epi tou fè yon lòt jan. Chak moun pral kontribiye konsa, selon wòl yo, nan rezilta eskonte yon aksyon volontaris epi konsète. Fòk yo mete sou pye òganizasyon administratif ki nesesè yo, aliyen politik piblik, finansman devlopman ak pwogramasyon bidjetè sou oryantasyon Plan Stratejik Devlopman Ayiti yo.
>> KÒMAN N KA REYISI YON PWOJÈ REFONDASYON KI GEN KALTE GWOSÈ SA?no 10
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 47
Finansman. Siksè Plan Stratejik la repoze tou sou mizannèv yon strateji finansman ki koresponn ak oryantasyon ak objektif yap chèche yo. Annefè, fiskalite a fèt pou an amoni ak objektif stratejik yo. Anplis de sa, asyèt fiskal la pral elaji epi pèsepsyon enpo yo pral pi efikas. Yo pral oblije tou konstitiye nouvo levye finansye yo ak yon ogmantasyon ak yon striktirasyon eksplwatasyon potansyèl ekonomik rekoni yo, tankou resous mineral, fonsye, tourism. Efò sa yo pral ajoute sou sa ki konsanti pou devlopman sektè manifaktirye a. Epi tou, san sa pa deranje enterè piblik yo, volim envestisman prive etranje ak nasyonal nan domenn ekipman ak enfrastrikti, dwe ogmante yon fason pou mobilize plis resous finansyè. Kèk eksperyans ki te byen fini te fèt deja nan peyi Dayiti nan sans sa. Anfen, yon ogmantasyon sipò bidjetè pou Ayiti nesesè akoutèm ak amwayentèm, pou asire yon minimòm solidarite sosyal vizavi pi demini yo ak pwoteje dènye gran blòk ki konstitye patrimwann natirèl ak kiltirèl peyi a.
Swivi. Swivi mizannèv Plan Strategik la pral reyalize sou baz endikatè ekonomik ak sosyal ki pral lajman pataje ak patnè yo epi pibliye. Anplis de reyalizasyon divès pwogram, aktè devlopman yo dwe rekonèt enpòtans ki genyen pou atenn sib pi transvèsal yo, ki vize eliminasyon kòz eksklizyon (anplwa, lojman, sekirite alimantè, egalite fi ak gason, entegrasyon lajenès ak moun andikape), jesyon risk ak jesyon fonsye. Tout pwojè yo dwe konsidere aspè sa yo nan faz konsepsyon yo.
Konsiltasyon. Vèsyon konsiltasyon piblik Plan Stratejik Devlopman Ayiti a soumèt aktyèlman bay pèp ayisyen, manm dyaspora ak patnè entènasyonal ki enplike nan devlopman li. Pwosesis konsiltasyon an ki inisye a reyalize pa etap epi pral kontinye sou plizyè mwa. Li pral pèmèt patisipasyon tout moun asire nan pwochen desizyon gouvènmantal kap pran sou aksyon ki pou ekzekite pou refondasyon peyi a. Pwosesis konsiltasyon an pral debouche sou revizyon Plan Stratejik an sou baz pwopozisyon ki fèt yo.
Veritab plan-pwogram, vèsyon final Plan Stratejik Devlopman Ayiti a pral pèmèt otorite nasyonal jodi ak demen yo oryante devlopman epi afekte envestisman piblik yo anfonksyon priyorite respektif yo. Li pral sèvi kòm kad pou pwogramasyon envestisman nan kou tèm, mwayen tèm ak lon tèm. Kidonk, pwogram ak sou-pwogram yo pral gen priyorite anndan pwogram envestisman chak 3 zan yo.
48
1. Abita – mo sa vle di kay nan sans diferan kalite ouben stil kay moun rete ladan yo. Kankou w ta di “stil kay sa” ou taka di stil “abita” sa. Stil toujou mache ak mo kay la pou l vle di menm bagay ak “abita”.
2. Agwoalimantè – Se sektè ki transfòme pwodi agrikòl ak machin ouben nan izin yon fason pou moun ka konsome yo pa ekzanp rekòlte pistach la, moulen li epi fèl tounen manba.
3. Ajiste regilyèman dozaj yo – Sa vle di ofiamezi aktivite yo ap fèt, responsab yo ap kontwole dòz chak eleman enpòtan ladan yo, epi la chanje yo pou tout bagay mache kòrèk youn ak lòt nan sistèm nan.
4. Afekte – manyen, touche, gen efè sou yon bagay, yon aksyon, eks.
5. Akayik – Ansyen, ki depase, pa a la mòd ankò.
6. Akoutèm – Pou yon ti bout tan kout (1 an rive 4 an).
7. Aks kreyasyon richès – Se wout, se chimen ki mennen yon sosyete nan nivo pi rich la. Se yon lide ki vle pale de seri aktivite ekonomik ki mete ansanm pou yon peyi vin pi rich : yo se aks kreyasyon richès la.
8. Akwakòl – se aktivite ki konsène elvaj bèt ki viv nan dlo, sètadi pwason, semans pwason, ak tout sak ka patisipe nan reyalizasyon elvaj sa. Yo ka pale tou de akwakilti.
9. Akwat – Li vle di ogmante.
10. Alontèm – pou yon tan ki ase long kankou (9 an rive 15 zan).
11. Amwayentèm – pou yon tan ki ant koutèm ak lontèm, sètadi (5 an rive 8 an).
12. An fonksyon de – Depandan de, selon.
13. Asenisman – Aktivite pou trete dlo sal, twalèt, yon fason pou yo pa retounen vin anpwazonnen moun ni gate anviwonman natirèl la, ke se swa an deyò ouben la vil.
Pèsonn pa fèt tou konnen. Moun ki save yo, se li yo te li, se etidye yo te etidye, menm si gen de bagay yo aprann anba bouch ak nan eksperyans travay.
Se pou sa, lè nap fè Dokiman Plan Stratejik Devlopman sa an kreyòl, nous deside fè yon lis mo ak tout eksplikasyon yo. Plizyè nan mo sa yo soti nan lòt lang peyi ki pi devlope pase Ayiti, kidonk ki devlope plis konesans teknik epi syantifik. Se konsa tout lang vanse, se konsa tout lang vin pi rich. Lang Kreyòl la ap gen pou l pase nan chimen sa tou, depi Ayisyen dakò pou yo chita epi bali ankadreman l bezwen an : diksyonè, gramè, ak lòt liv ki sanse pote règleman sou fason yon lang ekri ak fason yo sipoze pale l.
Nou remèsye tout lektè yo pou kolaborasyon yo ak konpreyansyon yo.
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030
TI DIKSYONÈ KREYÒL POU KÈK MO NAN DOKIMAN STRATEJI JENERAL LA
49
14. Atèm – Apre yon tan, apre yon sèten tan.
15. Bezwen de baz – Se bezwen ki pi enpòtan, pi nesesè pou moun fonksyone, tankou manje, bwè dlo pwòp, edikasyon, swen lasante, kote pou rete, eks.
16. Debaz – ki nesesè, pi enpòtan, ou pasa fè anyen san li ou san yo, si w pa genyen ou konnen yo.
17. Dechè solid – Dechè se fatra. Dechè solid se tout fatra ki di yo, ki ta mande pou yo kraze yo.
18. Demografik – Ki konsène popilasyon, ki gen rapò ak popilasyon, kantite moun. Eksplozyon demografik la se lè manm sosyete a ap fè pitit san kontwòl, san planin familyal. Lè sa vin gen twòp moun pou kantite lekòl, manje ak travay sosyete a ka bay.
19. Destinasyon solèy – Se konsa yo rele peyi ki gen plis solèy yo nan ane a, ki pa gen fredi ni la nèj nan sezon yo. Se moun peyi kote ki gen fredi ak la nèj yo ki vin ak non sa.
20. Dinamik – Ki gen yon enèji an dedanl, yon mouvman ouben yon fòs ki ka rale lòt eleman ki bò kote l.
21. Disfonksyonèl – yon aktivite ouben yon pwogram kap mal mache, ki pap byen fonksyone, ki pap fonksyone ditou.
22. Divèsifye – Chanje, pa sèvi ak menm bagay yo chak fwa ouben tout tan.
23. Dotasyon an pèsonèl - se kantite anplwaye ak fonksyonè ke yo nonmen nan leta a.
24. Dragaj – Aktivite ki pèmèt wete sab, wòch ak lòt depo nan fon rivyè yo ak nan fon lanmè.
25. Edikasyon debaz – se edikasyon ki pèmèt ou konnen sak pi enpòtan nan zafè lekòl : li aprann ou li, ekri, konte.
26. Ekitab – Ki respekte dwa ouben pòsyon chak moun nan yon sistèm ouben yon sosyete, travay, aktivite.
27. Ekotourism – Se aktivite touris ki deplase pou ya l gade richès natirèl (mòn, forè, lak, kaskad, plant ak flè, eks) yon peyi ki gen yon klima yo pa jwenn lakay pa yo.
28. Eksplozyon Demografik – si w gade nan demografik wap kole 2 mo sa yo pou w sa wè yo vle di ke kantite moun ki nan yon peyi ogmante si tèlman vit ke se kòm kwa se ta yon bonm ki sote, chif moun nan vin wo nèt nan yon fason twò rapid.
29. Emèjan – Sa vle di yon peyi ki rive nan yon nivo devlopman endistri, agrikilti, bank ak komès ki ka mete l sou chimen yon bon devlopman ekonomik. Peyi emèjan yo se peyi ki modènize fason yo fè biznis lakay yo tou pou mete l sou yon nivo ki pa lwen pa gwo peyi devlope yo. Plan stratejik la ap chache mwayen pou ta mete Ayiti a nivo sa yo nan lane 2030 swa nan 18 an.
30. Endikatè – Yon bagay (eleman, faktè, aktivite, randman) ki pèmèt wè si gen pwogrè ouben si se bak kap fèt nan yon biznis ouben yon aktivite.
31. Endistri manifaktirye – Izin ki fabrike pwodi. Izin ki transfòme de eleman, de matyè, pou fè yo tounen yon bagay moun ka itilize. Se tout izin, tout faktori sa yo ki fòme endistri a.
50
32. Enflasyon – nan yon peyi, se lè lajan yon moun ap touche pa sa kenbe ak lavichè; menm lè yo bay travayè ak lòt anplwaye ogmantasyon salè se kòm si yo pat fè anyen pou yo, sitèlman pri tout bagay monte; transpò, lwaye, gazolin, sik, farin, diri, lèt, eksetera …
33. Enpak – Efè ouben konsekans yon bagay o sinon yon aktivite, yon zak, sou yon lòt aktivite ouben sou yon lòt bagay.
34. Enklizif – Ki rale lòt moun ouben lòt bagay antre andedan tou; se gen dwa yon desizyon ki pran, yon lwa ki vote, eks. Kontrèman a yon bagay eksklizif ki kenbe ouben pouse lòt moun deyò.
35. Entansifikasyon – se ogmantasyon kantite ak vitès yon travay kap fèt, ouben kantite leson yo bay etidye, ouben kantite medikaman yo bay pou konbat yon maladi, eks…
36. Entegrasyon – Ki fè yon eleman antre nan yon lòt eleman ki te pi gran ouben menm gwosè ak li; sa aplike nan ka moun tou lè yo antre nan yon travay, yon lòt milye, nan yon aktivite.
37. Eksplorasyon – Se aktivite chèche yon bagay yon kote, swa anba lanmè, anba tè, nan yon gwòt, yap chèche yon bagay ke yo sispèk ki ka la men ke yo pa sèten a 100% ki la.
38. Eksplwatasyon – Apre yo fin chèche yon bagay, si yo jwenn li, yo ka eksplwate l lè sa; eksplwatasyon an vini apre eksplorasyon an.
39. Etablisman (medikososyal) – Mo a vle di yon kote, yon lokal, yon sant. Medikososyal la vle di ke medsin yap fè nan sant sa yo ale pi lwen ke senp tretman medikal moun nan; li chèche konn ki pwoblèm ekonomik ouben familyal pasyan yo ka genyen pou l ka pi byen rezoud pwoblèm medikal yo a.
40. Ethnotourism – Etnotourism – Se de aktivite touristik kote touris plis enterese vin gade kijan sèten gwoup moun ap viv. Yo gen dwa dòmi leve nan menm stil kay ak moun yo, manje menm manje yo manje a, pou yo sa pi byen konprann popilasyon an. Se donk obsèvasyon ouben pataj fason de viv lòt pèp ke mòd touris sa yo ap chache.
41. Faktè devlopman – yon aksyon, yon aktivite ki fasilite ke devlopman ekonomik la fèt.
42. Fòmasyon a distans – Yon sistèm kote moun ka aprann nan radyo ouben nan televizyon. Pwofesè ta mèt Jeremi epi elèv yo Okap, yap ka tande ouben gade epi aprann sa lap di osinon montre yo a.
43. Fonsye – Tè, pwopriyete tè, ki konsène zafè tè.
44. Fowòm – Yon konferans ki reyini plizè moun ki enterese pa yon seri kesyon, ki konsantre l sou yon sektè ouben yon aktivite trè presi , kote yo eseye fouye kesyon yo byen fon pou yo soti ak nouvo bagay sou kesyon sa yo.
45. Global – Swa yon bagay ke yo konsidere nan tout aspè li genyen, swa yon aktivite ki konsène tout planèt la nèt, tout kote dan le mond.
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 51
46. Gradyèlman – Ofiamezi, pezape, ti kal pa ti kal.
47. Ibanism – se yon syans, yon metye save anpil ki pèmet yon spesyalis fè plan yon vil ouben yon bouk avèk tout sa vil la dwe genyen pou l byen mache epi byen mikse: jan wout trase, kote dlo ap sòti, kote l prale, kouran elektrik, fatra, lekòl, zòn pou fè biznis, zòn pou moun rete, eksetera…
48. Ibanizasyon – Aktivite ki konsène bati ouben devlope yon vil selon tout règleman teknik kòrèk ki ekziste; trase bon wout, fè bon drenaj, mete dlo, elektrisite, lekòl, pak pou moun relaks yo,sant spòtif, eksetera. Chak zòn byen defini selon aktivite ki sanse gen ladann.
49. Ibanizasyon spontane – Se lè yap bati kay san plan, san reflechi. San zatann ou wè kay ap monte. Li anachik lè yap monte an dezòd: wout pa trase, pa gen plas pou drenaj, eks.
50. Iben, entèiben – Kap fèt nan yon vil, ki konsène lavil. Entèiben konsène relasyon ant 2 vil.
51. Idwografik – ki konsène tout kesyon ki rapòte yo a dlo nan yon peyi : rivyè, lanmè, lak, rezèv dlo anba tè, eks. Zòn idwografik yo se de zòn kote anpil dlo (lapli, rivyè) pase, dlo sa yo ka bay ou konn bay inondasyon.
52. Inefikas – Ki pa bay bon randman, bon rezilta.
53. Jesyon – Administrasyon
54. Jesyon risk – Se fason ou fè fas a risk yo, a danje k ka rive yo, malè pandye yo, fason w prepare w sizoka yo ta rive fèt tou.
55. Kad legal – Tout lwa ak dekrè ki ekziste sou yon sektè aktivite ouben nan yon domèn.
56. Klimatik – Ki gen rapò ak klima, tanperati, tan, sezon.
57. Konpetitif – Ki ka fè fas kare ak yon lòt pwodi ouben sèvis ouben aktivite menm nivo, ke yon lòt moun, ouben yon lòt konpayi, ouben yon lòt peyi ap fè tou.
58. Konpwomèt – Gate, deranje, defèt, anpeche vanse pi lwen ouben pi byen.
59. Konsansis – Akò, yon desizyon tout moun nan yon reyinyon pran kote yo tout dakò sou menm bagay yo.
60. Kontèks – Kote, anviwonman, milye kote yon bagay sitye, yon evenman ap fèt, yon pawòl ap pale, yon mo ekri, eks.
61. Kou tèm – Sou yon ti bout tan, pou yon ti bout tan : 6 mwa – 3 lane.
62. Koyerans – fason pou diferan eleman nan yon bagay fèt pou òganize pou yo fè sans pou tout moun, pou yo byen mikse youn ak lòt.
63. Kwasans ekonomik – Ogmantasyon richès ekonomik yo : plis izin, plis pwodiksyon agrikòl, plis aktivite bay sèvis, plis komès, plis moun ap travay, eks.
64. Kwazyè – Yon vwayaj, le pli souvan sou yon gwo batiman osnon bato, kote yo fè plizyè skal nan yon seri peyi ke yo chwazi a lavans, epi touris ki pasajè yo peye pou vizite lis peyi sa yo ke yo te di yo ke batiman an ta pral vizite. Vwayaj sa yodire de 3-4 jou a 15-22 jou sou lanmè.
52
65. Mendèv entansif – Kote se a la men pi fò travay ouben aktivite yo fèt, se plis moun ki fè travy la ke machin.
66. Makwoekonomik – Ki konsène enfòmasyon jeneral sou ekonomi a, ki konsidere gwo sektè ekonomi an sèlman, tankou sitiyasyon tout sektè komèsyal la, tout sektè endistri a, ki pran chif yo an gwo.
67. Lokalizasyon ekilibre – Nan yon pozisyon byen balanse de chak eleman youn pa rapò ak lòt.
68. Lon tèm – Yon peryòd tan ki trè long, 10-15-20 lane.
69. Miltimedya – Ki gen eleman diferan medya yo reyini ladann : jounal, televizyon, radyo, entènèt, CD, DVD. Ki sèvi ak yon konbinezon de tout eleman sa yo nan yon menm aktivite ouben aksyon.
70. Mwayen tèm – Yon tan ki plis ke 3-4 lane men pa depase 7 lane.
71. Navigasyon plezans – Batiman ouben yatch prive ke mèt yo ap sèvi pou plezi tèt yo, kal vizite tout kalite peyi yo deside al vizite. Se yon gwo aktivite touris li ye tou.
72. P.E.B. (Pwodi Enteryè Brit) – se valè tout travay ki fèt andedan ekonomi yon peyi ke yo kole boutabout pou kalkile nivo richès peyi sa. Yo konn divize total travay sa yo pa kantite moun ki gen nan peyi a, lè sa yo di yo kalkile PEB pou chak grenn sitwayen ki nan peyi sa.
73. Patenarya – Asosyasyon, patnèship.
74. Patrimwan – Tout sa yon peyi, yon moun, yon pèp posede (byen, moniman istorik, kay, tablo penti, machin, eks.).
75. Planifikasyon – se zouti ki pèmèt ou reflechi a lavans sou jan w pral fè yon aktivite, yon pwojè ou nenpòt ki bagay menm pou dirije tout yon peyi; se menm jan ou fè planin pou w pa fè pitit.
76. Pòl – nan dokiman sa se kote, pwen, vil ke leta chwazi pou l mete yon seri aktivite ekonomik. Vil Caracol vin tounen yon pòl devlopman a kòz de faktori, lojman, izin kouran, eks. Ke yap mete ladann.
77. Potansyèl – Posiblite kapasite ki gen nan yon moun, yon biznis, yon aktivite, yon peyi, eks.
78. Pwospeksyon – Yon kalte rechèch ki pa al fon nan fouy li, men ki ka pèmèt moun kap fè l la jwenn enfòmasyon kap itil li pi devan, pa ekzanp pou yon eksplorasyon lè sa.
79. Redisyon kont – Se lè yon Minis, yon Direktè jeneral, yon Majistra ouben yon Kazèk fè rapò sou fason l te depanse lajan ki te sou responsablite l. Yo rann kont bay Koudèkont ouben ULCC.
80. Redrèsman sosyoekonomik – Se yon aksyon ki remete kanpe sosyal la (sante, edikasyon,) ak ekonomik la (aktivite komès, endistri, sèvis, pwodiksyon) ansanm.
81. Renove – Refè, repare.
82. Repatisyon – Yon fason yo pataje sèten bagay ant sèten kote ouben sèten moun.
10 KESYON POPU BAY YON LIDE SOU PLAN STRATEJIK DEVLÒPMAN AYITI A - PEYI EMÈJAN NAN LANE 2030 53
83. Rezo wout – Se makònaj wout yo youn ak lòt nan tout peyi a, yon fason pou pèmèt sikilasyon byen fèt de yon Depatman rive nan yon lòt, de yon vil ouben yon bouk rive nan yon lòt vil.
84. Shema – se yon plan ki reprezante pa yon desen, se desen sa kika bay kijan yon wout ye, kijan yon manman tiyo dlo konekte ak lòt tiyo pi piti.
85. Sib transvèsal – Yon sib se yon bagay yap “tagèt”, yap vize. Lè li transvèsal, sa vle di lè w manyen sib sa, ou tou manyen plizyè lòt sektè ke l gen efè ouben enpak sou yo.
86. Soupwogram – Yon pwogram pi piti ki pran sous li nan yon pwogram ki pi enpòtan.
87. Strateji – Strateji se ansanm aksyon ki pèmèt yon moun oswa yon oganizasyon atenn yon objektif oswa yon bi spesifik.
88. Stratejik – yon bagay ki stratejik se yon bagay ki gen gwo limpotans ki fe yo itilize teknik strateji yo ladan l pou pèmèt rive nan objektif la. Yo konn di tou ke yon posisyon stratejik paske li pèmèt moun ki nan pozisyon sa fè sal vle a pi fasilman e li bali yon gwo avantaj sou lot ki pa ladanl yo.
89. Tanponnen – Ki la pou bese fòs oswa amoti enpak (efè) yon aksyon sou yon lòt bagay ouben yon lòt aksyon.
90. Tan reyèl – Nan menm moman aksyon an, bagay la ap fèt. Yap kapab konn pri danre yo (kafe, kakawo, vetivè) an menm tan ke etranje kap viv nan lòt peyi ki achte bagay sa yo nan men Ayiti.
91. Tourism avanti – Yon kalite tourism kote touris yo ap chache bagay lòt moun poko wè, ouben ke pa gen anpil moun ki te deja wè, ki gen yon ti sansasyon danje ladann tou.
92. Vilnerabilite – Se yon sitiyasyon kote yon moun, yon bagay, yon aktivite ekspoze a sèten danje ki ka frape l. Se degre ekspozisyon sa tou.
54