30
MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY KÒDYAL NOU. ANVAN M KÒMANSE, M AP MANDE YON MOMAN SILANS POU TRAJEDI SA YO KI SEKWE KOMINOTE NOU AN DÈNYÈMAN ESPESIFIKMAN, TIRE YO NAN MARTIN LUTHER KING JR. MEMORIAL PARK LA NAN LIBERTY CITY, AK NAN AYEWOPÒ FORT LAUDERDALE LA NAN KONTE BROWARD. ANN PRAN YON TI MOMAN, SILVOUPLÈ. MÈSI. VIS-PREZIDAN AUDREY EDMONSON, KOMISYONÈ KONTE KI REPREZANTE LIBERTY CITY A, ISIT LA AVÈK NOU MATEN AN. MWEN TE NAN PARAD JOUNEN M.L.K. A NAN MATEN ANVAN TIRE KI FÈT NAN PAK LA. GADE TIMOUN NOU YO K AP RI AK JWE ANSANM DETWA ÈDTAN SÈLMAN ANVAN TRAJEDI SA A, EPI APRE SA WÈ LAJWA YO VOLE ALE POUTÈT YON LÒT ZAK VYOLANS SAN SANS, SA PA AKSEPTAB. MWEN SE MAJISTRA TOUT MIAMI-DADE, DONK LÈ VYOLANS FRAPE YOUN NAN KATYE NOU YO, LI AFEKTE NOU TOUT. DONK MWEN FÈ W PWOMÈS, VIS-PREZIDAN EDMONSON, NOU PWAL KONTINYE TRAVAY ANSANM ANTANKE KOMINOTE POU JWENN SOLISYON POU VYOLANS ZAM AFE. EPI N AP SIMONTE DEFI SA YO, MEDAM AK MESYE. PASKE, JAN NOU PWOUVE L KONBYEN FWA, NOU GEN YON KOMINOTE FÒ AK REZISTAN. SE YON PRIVILIÈJ TOUT BON POU M SE MAJISTRA NOU. EPI SE YON PRIVILÈJ TOU POU M ANSANM AVÈK NOU TOUT ISIT LA NAN SID MIAMI-DADE.

MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

  • Upload
    others

  • View
    9

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY KÒDYAL NOU.

ANVAN M KÒMANSE, M AP MANDE YON MOMAN SILANS POU TRAJEDI SA YO KI SEKWE KOMINOTE NOU AN DÈNYÈMAN – ESPESIFIKMAN, TIRE YO NAN MARTIN LUTHER KING JR. MEMORIAL PARK LA NAN LIBERTY CITY, AK NAN AYEWOPÒ FORT LAUDERDALE LA NAN KONTE BROWARD.

ANN PRAN YON TI MOMAN, SILVOUPLÈ.

MÈSI.

VIS-PREZIDAN AUDREY EDMONSON, KOMISYONÈ KONTE KI REPREZANTE LIBERTY CITY A, ISIT LA AVÈK NOU MATEN AN.

MWEN TE NAN PARAD JOUNEN M.L.K. A NAN MATEN ANVAN TIRE KI FÈT NAN PAK LA. GADE TIMOUN NOU YO K AP RI AK JWE ANSANM DETWA ÈDTAN SÈLMAN ANVAN TRAJEDI SA A, EPI APRE SA WÈ LAJWA YO VOLE ALE POUTÈT YON LÒT ZAK VYOLANS SAN SANS, SA PA AKSEPTAB.

MWEN SE MAJISTRA TOUT MIAMI-DADE, DONK LÈ VYOLANS FRAPE YOUN NAN KATYE NOU YO, LI AFEKTE NOU TOUT. DONK MWEN FÈ W PWOMÈS, VIS-PREZIDAN EDMONSON, NOU PWAL KONTINYE TRAVAY ANSANM ANTANKE KOMINOTE POU JWENN SOLISYON POU VYOLANS ZAM AFE.

EPI N AP SIMONTE DEFI SA YO, MEDAM AK MESYE. PASKE, JAN NOU PWOUVE L KONBYEN FWA, NOU GEN YON KOMINOTE FÒ AK REZISTAN.

SE YON PRIVILIÈJ TOUT BON POU M SE MAJISTRA NOU.

EPI SE YON PRIVILÈJ TOU POU M ANSANM AVÈK NOU TOUT ISIT LA NAN SID MIAMI-DADE.

Page 2: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

MAJISTRA PEGGY BELL, MWEN REMÈSYE W ANSANM AK TOUT KONSÈY VIL LA DÈSKE NOU AKEYI NOU NAN CUTLER BAY.

M ESPERE TOUT MOUN TE GEN CHANS GADE FOTO SID DADE EKIP KOMINIKASYON NOU AN TE RASANBLE YO. NOU WÈ JAN YO TE BÈL?

ANN BAT BRAVO POU YO.

FOTO SA YO MONTRE KIJAN SID DADE KONTINYE AP GRANDI AK JAN SE YON BÈL KOTE POU RETE, TRAVAY, JWE AK LEVE FANMI.

NOU NAN DISTRIK KOMISYONÈ KONTE LEVINE CAVA MATEN AN, DONK MWEN VLE REMÈSYE L POU TOUT BÈL TRAVAY LI FÈ POU REZIDAN SID DADE NOU YO.

NOU KONNEN, GEN YON PATI NAN SID DADE KI NAN DISTRIK KOMISYONÈ MOSS TOU. DONK FÒK NOU REMÈSYE L TOU – LI SE YOUN NAN DWAYEN KOMISYON KONTE NOU AN, KI TE ELI POU PREMYE FWA AN 1993 – POU TOUT BÈL PWOGRÈ A. SA GEN LADAN SOUTH MIAMI-DADE CULTURAL ARTS CENTER [SANT LA KILTIRÈL SID MIAMI-DADE LA] LI PASE ANE AP DEFANN NAN KAD PLAN LI AN POU REDINAMIZE APRE SIKLÒN ANDREW. MWEN VLE PRAN YON TI MOMAN ANFÈT POU REMÈSYE TOULÈ 13 KOMISYONÈ KONTE NOU YO AK 26,000 ANPLWAYE KONTE YO.

EPITOU MWEN TA RENMEN REKONÈT TOUT OFISYÈL ELI KI SÒTI NAN 34 MINISIPALITE TOUPATOU NAN KONTE MIAMI-DADE YO K AP TRAVAY ANSANM AVÈK NOU POU BATI YON MIAMI-DADE KI PI BON TOUJOU – AK YON SID FLORIDA KI PI BON TOUJOU – POU CHAK GRENN NAN 2.7 MILYON REZIDAN NOU YO.

TOUT SA NOU AKONPLI LANE PASE YO – AK TOUT SA NOU PWAL AKONPLI ANSANM ANE K AP VINI AN – PA TAP POSIB SAN SOUTYEN YO.

Page 3: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

EPITOU MWEN VLE REMÈSYE MANM KÒ KONSILÈ A KI AVÈK NOU MATEN AN. MÈSI DÈSKE NOU REPREZANTE PEYI NOU YO NAN KOMINOTE NOU AN.

EPI MWEN TA RENMEN REMÈSYE TOUT MOUN KI EDE RANJE SÈN NAN POU DISKOU SA A:

PÈ TRAN AK RABEN KAPLOUN– MÈSI POU ENVOKASYON TOUCHAN NOU YO.

MWEN VLE EKSPRIME APRESYASYON M TOU POU DEPATMAN ZAFÈ KILTIRÈL LA AK PÈSONÈL SANT LA POUTÈT YO OFRI NOU BÈL ESPAS SA A POU DISKOU SOU ETA KONTE A JODI A.

SKIP, MÈSI POU SÈVIS OU KÒM MÈT SEREMONI, EPI MÈSI LORETTA MARSICANO POU BÈL ENTÈPRETASYON IM NASYONAL NOU AN SA A.

MWEN GEN KÈK EGZANP DIFISIL POU M SWIV MATEN AN. MWEN VLE REMÈSYE ELÈV SOMERSET ACADEMY SOUTH HOMESTEAD ELEMENTARY AK PINE VILLA ELEMENTARY SCHOOL YO KI TE GIDE NOU NAN SÈMAN ALEJANS LA. EPI MWEN VLE BAY ELÈV GUITARS OVER GUNS [GITA PASE ZAM AFE] YO KI JWE POU NOU MATEN AN YON SALITASYON ESPESYAL: CHANTÈ SANTAMARIE AROCHO, RODY LAFRANCE SOU GITA, AK JUNIOR PIERRE SOU BAS LA.

GUITARS OVER GUNS SE YON PWOGRAM ESPESYAL ANPIL CHAD BERNSTEIN TE KÒMANSE AN 2008 NAN NORTH MIAMI MIDDLE SCHOOL, EPI KI FONKSYONE JODI A NAN 10 SIT KOMINOTÈ AK LEKÒL 1YE SIK SEGONDÈ NAN KONTE A.

MÈSI CHAD AK GUITARS OVER GUNS, EPITOU DIREKTÈ JENERAL JONO DE LEON – KI ISIT LA TOU AVÈK NOU MATEN AN – DÈSKE YO FÈ MIAMI-DADE VIN YON PI BON KOTE POU JÈN MOUN NAN KOMINOTE NOU AN. ANN BAT YON BÈL BRAVO POU YO.

Page 4: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

MWEN PANSE NOU TOUT KONNEN JAN FANMI M ENPÒTAN POU MWEN, DONK LANMOU LI, SOUTYEN LI AK PASYANS LI SE YON GWO BENEDIKSYON. MADANM MWEN DEPI 41 NAN, LOURDES, TWA PITIT NOU YO, SIS PITIT-PITIT NOU YO, SÈ M NAN, NYÈS MWEN YO AK NEVE M YO, KOUZEN MWEN YO… TOUT MOUN KI LA A…

MWEN PA TAP ISIT LA JODI A SI SE PAT POU YO. DONK, MWEN REMÈSYE FANMI M ANPIL DÈSKE L KITE M SÈVI KOMINOTE SA A ANKÒ, AK KENBE TÈT MWEN SOU ZEPÒL MWEN.

FINALMAN, MWEN DWE REKONÈT PAPA M, CARLOS, AK MANMAN M, MITZI, KI PA AVÈK NOU SOU LATÈ ANKÒ. SE PREMYE DISKOU M SOU ETA KONTE A SAN LI.

SA PA FASIL … MEN, MWEN KONNEN L AP GADE NOU DEPI ANLÈ A JODI A.

MANMAN, PAPA, AK TOUT FANMI M: MWEN RENMEN NOU TOUT ANPIL.

SE YON MOMAN EKSITAN POU M SE MAJISTRA NOU, DONK MWEN VLE REMÈSYE NOU ANKÒ POU LONÈ SÈVI NOU POU YON LÒT KATRAN.

SE YON NOUVO LANE AVÈK NOUVO OPÒTINITE K AP TANN NOU. NOU GEN YON NOUVO PREZIDAN KOMISYON KONTE – STEVE BOVO – AK YON NOUVO VIS-PREZIDAN – AUDREY EDMONSON … EPITOU KOMISYONÈ JOE MARTINEZ RETOUNEN – AP SÈVI REZIDAN DISTRIK 11 YO.

REZIDAN PARÈY MWEN YO, ETA KONTE NOU AN PI FÒ PASE JAN L JANM YE PANDAN DIS LANE KI SOT PASE YO.

EPI PRÈV NOU PI FÒ A NAN TOUT SA NOU AKONPLI ANSANM PANDAN LANE PASE, AK TOUT SA NOU FÈ – POU TOUT MOUN MIAMI.

BIDJÈ NOU AN DIRAB, REZISTAN AK ORYANTE SOU LAVNI. ANFÈT, POU PREMYE FWA DEPI SENKAN, NOU TE

Page 5: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

KAPAB REKONPANSE ANPLWAYE KONTE POU SAKRIFIS YO TE FÈ AK TRAVAY DI YO GRASA YON AJISTEMAN JENERAL KOU LAVI 4 POUSAN AN 2016.

MÈSI MAJISTRA ADJWEN ED MARQUEZ AK DIREKTÈ BIDJÈ JENNIFER MOON POU LIDÈCHIP YO PANDAN NOU T AP TRAVAY POU METE LÒD NAN FINANS MIAMI-DADE.

A 5 POUSAN, TO CHOMAJ NOU AN PI BA PASE JAN LI JANM YE DEPI PREMYE FWA MWEN TE ELI A AN 2011. LI BESE APEPRÈ 10 POUSAN, ANFÈT.

EPI MALGRE GOUVÈNMAN LOKAL LA ANBOCHE MOUN POU SÈVIS PIBLIK, OBJEKTIF PRENSIPAL LI SE EDE REZIDAN NOU YO PWOSPERE … SA GEN LADAN KREYE YON ANVIWÒNMAN POU SEKTÈ PRIVE A JENERE KWASANS EKONOMIK. NOU REYISI NAN SA, DONK TO CHOMAJ PI BA A SE YON BAGAY TOUT MOUN NAN GOUVÈNMAN KONTE NOU AN KAPAB FYÈ DE LI.

E BYENKE GOUVÈMAN LOKAL LA ANPLWAYE FONKSYONÈ PIBLIK, BI PRENSIPAL LI SE POU EDE REZIDAN YO PWOSPERE… KI VLE DI TOU, KREYE YON ANVIWONNMAN KOTE SEKTÈ PIBLIK LA KAPAB JENERE KWASANS EKONOMIK. NOU DEJA JWENN REYISIT NAN DOMÈN SA A, KIDONK LÈ NOU GEN YON TO CHOMAJ KI BA SE YON FYÈTE POU GOUVÈNMAN KONTE A.

SEKTÈ PRIVE A TE KREYE PLIS PASE 168,000 DJÒB DEPI LANE 2011, E KWASANS EKONOMIK NOU AN KONTINYE DEPASE KWASANS DEMOGRAFIK NOU… KI SE PRÈV ANPLIS KE MIAMI-DADE SE YON KOMINOTE KOTE ANTREPRIZ YO TA RENMEN KILTIVE.

E AN PATI, GRASA TRAVAY MAJISTRA ADJWEN JACK OSTERHOLT FÈ ANSANM AK EKIP LI NAN DEPATMAN RÈGLEMANTÈ AK RESOUS EKONOMIK, EKONOMI NOU AN PRAL VIN GEN PLIS FÒS ANKÒ.

EKONOMI NOU AN PRAL PI DJANM GRASA KONPAYI NBC UNIVERSAL TELEMUNDO ENTERPRISES KI PRAL DEPANSE $250 MILYON DOLA POU KONSTWI KATYE

Page 6: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

JENERAL MONDYAL LI NAN KONTE MAIAMI-DADE. TELEMUNDO PRAN ANGAJMAN POU LI KREYE 150 NOUVO ANPLWA PÈMANAN, ANPLIS 800 ANPLWAYE YO DEJA GENYEN ISIT LA, AK 3,000 DJÒB SIPLEMANTÈ NAN SEKTÈ KONSTRIKSYON.

FED-EX AP KONSTWI TOU YON NOUVO BILDING, JIS ONÒ BAZ ÈFÒS HOMESTEAD LA (HOMESTEAD AIR RESERVE BASE). ENSTALASYON SA A SIPOZE OUVÈ NAN FEN ANE SA A, E NOU ATANN NOU ASKE LI VA KREYE OMWEN 50 NOUVO ANPLWA NAN PREMYE ANE L AP FONKSYONE.

M AP REMÈSYE TOUDE GRAN KONPAYI SA YO POUTÈT YO ENVESTI NAN KONTE MIAMI-DADE. E MWEN VLE BAY REMÈSIMAN ESPESYAL A ALFREDO RICHARD DE NBC UNIVERSAL TELEMUNDO ENTREPRISES DÈSKE LI LA AVÈK NOU JODIYA POU REPREZANTE KONPAYI LI A.

NOU GEN POU N FÈ LÒT ANONS ANKÒ TANKOU SA A PITA NAN ANE A.

MWEN VLE REMÈSYE BEACON COUNCIL TOU, PATNÈ DEVLOPMAN EKONOMIK NOU YO, POU TOUT SA YO FÈ POU EDE EKONOMI LOKAL NOU AN KENBE FÒS LI.

EPI AVÈK KOMISYONÈ SOSA KI PREZIDE KOMITE DEVLOPMAN EKONOMIK AK TOURISM KONTE A, MWEN KONNEN KE EKONOMI NOU AN AP KONTINYE DEVLOPE POU L VIN ANKÒ PI DJANM.

BYENKE EKONOMI NOU AN PAT JANM GEN PLIS FÒS DEPI KÈK TAN, ANE SA A PAT SAN DIFIKILTE.

NAN ASTROLOJI CHINWA, LANE 2016 TE KABAB SE ANE MAKAK… MEN POU KONTE MIAMI-DADE, SE TE SÈTÈNMAN ANE MOUSTIK.

KÒM MAJISTRA AJWEN ALINA HUDAK KONENN TWÒ BYEN…

YON LÒT ASPÈ POZITIF, SEKE NOU TE PREMYE KOMINOTE NAN LEMONN... M AP REPETE ANKÒ…

Page 7: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

PREMYE KOTE NAN LEMONN KI METE FREN NAN SIK TRAZMISYON LOKAL VIRIS ZIKA A.

PA JIS YON GRENN FWA, MEN KAT FWA -- NAN WYNWOOD, SOUTH MIAMI BEACH, NORTH MIAMI BEACH, AK NAN ZÒN LITTLE RIVER KI NAN VIL MIAMI.

SA A SE PAT YON TI DEFI. KIDONK, M AP REKONÈT TOUT EKIP LIT KONT MOUSTIK LA, KI TE TRAVAY LAJOUNEN KOU LANNWIT PANDAN GWO SEZON MOUSTIK LA, POU PWOTEJE KOMINOTE A POU VIRIS ZIKA A PA SIMAYE LADAN.

E AN PATIKILYE, M AP REKONÈT ANPLWAYE KONTE YO KI TRAVAY SAN PRAN SOUF PANDAN SEZON MOUSTIK LA: CHALMERS VAZQUEZ, LEE CASEY, PAUL MAURIELLO, AIMEE CABRERA AK GAYLE LOVE – TANPRI KANPE POU N APLODI NOU.

LIT KONT ZIKA SA A SE TE YON LIT KI TE MANDE PATISIPASYON TOUT MOUN. KIDONK, M AP REMÈSYE ADMINISTRATÈ KAD SIPERYÒ YO, ANPLWAYE NAN DIVÈS DEPATMAN NAN KONTE A – TANKOU DLO POTAB AK EGOU, TRANSPÒ PIBLIK, AK PAK – ANSANM AK PLIZYÈ KONTRAKTÈ KI TE BAY PATISIPASYON YO. MWEN VLE EGALMAN REMÈSYE TOUT ASANBLE KOMISYONÈ KONTE A POUTÈT YO TE OTORIZE DEPANS ADISYONÈL KI TE NESESÈ POU PWOTEJE KOMINOTE NOU AN POU PA KITE VIRIS ZIKA A SIMAYE LADAN.

NOU DWE FYÈ DÈSKE LEMONN ANTYE REKONÈT REYISIT KANPAY NOU FÈ POU LITE KONT MOUSTIK YO ANNEFÈ, JOUNAL NEW YORK TIMES RAPÒTE RESAMAN, E M AP DI ANTREGIMÈ, KE “MIAMI SE SÈL KOTE KI FÈ YON ENTÈVANSYON EFIKAS… LÒT KOTE YO TE MEDYÒK OSWA PAT BON”.

E MENM AVÈK DEFI ZIKA YO, NOU TE RIVE GEN YON REKÒ NAN TOURISM ANE SA A. GRASA TRAVAY BILL TALBERT AK EKIP LI NAN GREATER MIAMI CONVENTION AND VISITORS BUREAU, KONTE MIAMI-DADE TE KASE

Page 8: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

YON REKÒ TOU POU VIZITÈ KI PASE NWIT – LI AKEYI 15,8 MILYON MOUN NAN KONTE MIAMI-DADE.

SA REPREZANTE YON OGMANTASYON DE (2) POUSAN OKOU LANE PRESEDAN AN.

MWEN VLE SOULIYE KE MALGRE NOU REYISI METE FREN NAN SIK PWOPAGASYON LOKAL LA, NOU DWE KONTINYE RETE VIJILAN. SE VRE KE NOU AN DOYÒ SEZON AN, MEN SA PA VLE DI TRAVAY NOU FIN FÈT.

PA DITOU.

N AP KONTINYE TRAVAY AK SANT POU KONTWOLE AK PREVNI MALADI A POU EKSPLORE TEKNOLOJI NOUVO AK EMÈJAN YO POU LITE KONT MOUSTIK. EPI MWEN ESPERE KE YO VA DEVLOPE YON VAKSEN NAN PWOCHEN 18 MWA YO.

DE PI GWO MOTÈ EKONOMIK KONTE MIAMI-DADE YO – AYEWOPÒ ENTÈNASYONAL MIAMI AK PORTMIAMI – TOUDE TE GEN ANE KI BAT REKÒ YON FWA ANKÒ.

SOU LIDÈCHIP DIREKTÈ EMILIO GONZALEZ, M.I.A. TE AKEYI 44.5 MILYON VWAYAJÈ, EPI LI TE BAT REKÒ TRAFIK PASAJE AYERYEN AN POU YON SETYÈM ANE KONSEKITIF.

M.I.A. AJOUTE TOU 10 NOUVO LIY AYERYEN EPI AKEYI PREMYE VWAYAJ PASAJE SAN ESKAL LI SÒTI LAZI RIVE MIAMI. EPI SOU LIDÈCHIP DIREKTÈ JUAN KURYLA, PORTMIAMI PA RETE DÈYÈ PASKE LI NON SÈLMAN AKEYI 5 MILYON PASAJE KWAZYÈ PLIZYÈ JOU – SE YON REKÒ MONDYAL, SI N PAT KONN SA – MEN NOU FINI PWOJÈ DEEP DREDGE [FOUYE FON] NOU AN TOU.

EPITOU, ROYAL CARIBBEAN PWAL ENVESTI APEPRÈ 200 MILYON DOLA NAN YON NOUVO TÈMINAL K AP PÈMÈT NOU AKOMODE NOUVO JENERASYON BATO KWAZYÈ JEYAN YO. EPI MSC CRUISES PWAL POTE DEZYÈM BATO YO NAN MIAMI-DADE AN DESANM. YON BÈL BATO

Page 9: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

KWAZYÈ KLAS MONDYAL. EPI Y AP PLANIFYE POTE YON TWAZYÈM BATO AN 2019.

TOUT SA VLE DI PLIS DJÒB AK AVANTAJ EKONOMIK TOUJOU POU REZIDAN KONTE MIAMI-DADE!

REKÒ NAN PÒ NOU YO PAT SÈL CHIF KI BAT REKÒ NAN MIAMI-DADE LANE PASE.

GRASA SIPÈVIZÈ ELEKSYON NOU AN, CHRISTINA WHITE, AK EKIP LI A, NOU KRAZE REKÒ NAN ELEKSYON. NOU TE GEN LEPLIS VOTÈ NAN ISTWA KONTE A PANDAN ANE ELEKSYON PREZIDANSYÈL SA A – PLIS PASE 997,000 VOTÈ – PRÈSKE YON MILYON VOTÈ – ANSANM AVÈK TAN ATANT MINIMÒM NAN BIWO VÒT YO AK TRETMAN REZILTA ELEKSYON KI FÈT LEPLI VIT – PASE SA JANM FÈT.

AN VERITE, 7 MILYON DOLA MIAMI-DADE TE ENVESTI POU APLIKE REKÒMANDASYON GWOUP KONSILTATIF SOU ELEKSYON AN TE FÈ YO SE TE LAJAN BYEN DEPANSE. DONK, ANN BAT BRAVO POU CHRISTINA WHITE AK EKIP LI A POU TRAVAY EKSEPSYONÈL YO NAN ELEKSYON YO.

YOUN NAN PI GWO DEFI N AP KONFWONTE NAN KOMINOTE NOU AN SE BLOKIS. SE POUTÈT SA DIREKTÈ ALICE BRAVO AK EKIP LI A, K AP TRAVAY ANSANM AVÈK PATNÈ NOU YO NAN METROPOLITAN PLANNING ORGANIZATION [ÒGANIZASYON PLANIFIKASYON METWOPOLITEN AN], MENNEN BATAY SOU PLAN S.M.A.R.T. LA POU DEVLOPE SIS KORIDÒ RAPID KOMINOTE NOU AN BEZWEN EPI, FRANCHMAN, AP MANDE. KOMISYONÈ MONESTIME TE PREZIDAN M.P.O. A LÈ KORIDÒ RAPID YO TE APWOUVE, DONK MWEN VLE REMÈSYE L DÈSKE L EDE KOMINOTE NOU AN FÈ PWOJÈ SA A LI BEZWEN DEPI LONTAN, VANSE.

EPITOU NOU LANSE APLIKASYON AK SOLISYON TANKOU EASY PAY, AK YON APLIKASYON POU SWIV TRANSPÒ PIBLIK KI FÈ ITILIZASYON TRANSPÒ PIBLIK

Page 10: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

VIN PI FASIL TOUJOU. EPI NOU MODÈNIZE SANT JESYON SIKILASYON NOU AN.

MEN, SA KI PI ENPÒTAN, NOU REYISI DIMINYE TAN POU TRAVÈSE KÈK NAN KORIDÒ KI PI ITILIZE NOU YO GRASA MODIFIKASYON TAN LIMYÈ SIKILASYON KI TE LA DEJA YO POU YO REPONN A MODÈL SIKILASYON YO.

PAREGZANP, TAN DEPLASMAN AN PANDAN LÈ KI GEN PLIS SIKILASYON YO REDWI PA APAPRÈ 25 MINIT TOTAL – NAN DIREKSYON NÒ AK SID, MATEN AK ASWÈ – NAN SEGMAN U.S. 1 KI SÒTI SOUTHWEST 152ND STREET RIVE SOUTHWEST 16TH AVENUE A.

SA BAY PLIS PASE 15 MINIT DIMINISYON NAN TAN DEPLASMAN POU VWAYAJÈ MWAYEN AN – SA KI VLE DI YON EKONOMI PRÈSKE DEZÈDTAN PA SEMÈN. EPI SE ANVAN N ENSTALE TEKNOLOJI ADAPTE KI PWAL OTOMATIKMAN RE-REGLE LIMYÈ SIKILASYON NOU YO NAN KORIDÒ KI PI ITILIZE NOU YO.

NOUVO TEKNOLOJI SA A DEJA ENSTALE SOU NORTHWEST 36TH STREET ANT 71ST AVENUE AK 84TH

AVENUE, DONK NOU GEN YON REDIKSYON 10 POUSAN NAN KORIDÒ SA A KOUNYEYA. SIYAL SA YO EKIPE AVÈK TEKNOLOJI KI PWAL KOMINIKE AVÈK MACHIN OTONÒM FITI A. EPI FITI SA A AP SIMAN RIVE NAN TWA A SENK ANE K AP VINI YO. MWEN BAY DEPATMAN NOU AN ENSTRIKSYON POU L KÒMANSE ENSTALE NOUVO SIYAL ADAPTE YO NAN TOUT KONTE MIAMI-DADE LEPLI VIT POSIB.

PASKE KÈLKESWA ENVESTISMAN NOU FÈ NAN TRANSPÒ PIBLIK NOU, MAJORITE MOUN NAN MIAMI-DADE AP KONTINYE KONDWI. DONK NOU DWE ENVESTI NAN SA. EPI NOU PWAL AKSELERE SA. EPI NOU PWAL KONTINYE CHÈCHE LÒT TEKNOLOJI ALTÈNATIF TOUJOU POU BAY REZIDAN MIAMI-DADE LEPLIS OPSYON POSIB.

ANFÈT, JODI A, NAN KONFERANS MAJISTRA LÈZETAZINI YO NAN WASHINGTON, D.C., Y AP NONMEN KONTE

Page 11: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

MIAMI-DADE ZÒN METWOPOLITEN KI PI DEVAN AN POUTÈT YON NOUVO KOLABORASYON POU INOVASYON NAN MOBILITE AVÈK MICROSOFT AK FONDASYON CITY INNOVATE LA.

SE YON GWO NOUVÈL, EPI MWEN PA KA TANN KONTINYE SÈVI AVÈK TEKNOLOJI POU AMELYORE DEPLASMAN NAN KONTE NOU AN.

EPI POU MOUN KI PITO DEPLASE SOU BISIKLÈT OSWA APYE, KONTE MIAMI-DADE ENVESTI NAN FÈ WOUT AK KORIDÒ VÈT NOU YO VIN PI FASIL POU SIKLIS AK PYETON. SEKRETÈ AMERIKEN TRANSPÒ A ANTHONY FOXX REKONÈT KONTE A DÈNYÈMAN AVÈK YON REKONPANS SAFER PEOPLE, SAFER STREETS [POU MOUN AK LARI KI PI AN SEKIRITE].

KOMISYONÈ MOSS SE YON GWO MILITAN POU AMELYORASYON SEKIRITE WOUTYE, EPI AN MENM TAN L AP ANKOURAJE REZIDAN YO MACHE, MONTE BISIKLÈT OSWA SÈVI AVÈK TRANSPÒ PIBLIK. MWEN VLE REMÈSYE KOMISYONÈ SUAREZ TOU POU TRAVAY LI FÈ POU AMELYORE SEKIRITE BISIKLÈT SOU DIG RICKENBACKER A.

GEN PLIS TRAVAY TOUJOU KI BEZWEN FÈT. NOU KONN SA. EPI SA AP EGZIJE KOLABORASYON RAPWOCHE AVÈK PATNÈ FEDERAL, ETA, AK LOKAL.

NOU BEZWEN TRAVAY ANSANM AVÈK SEKTÈ PRIVE A TOU. Y AP JWENN SOLISYON INOVATÈ POU TRANSPÒ TOU. DONK, NOU DWE TRAVAY ANSANM POU JWENN PI BON RANNMAN. PASKE PIFÒ SA KI DEPANSE NAN TRANSPÒ – NAN GAZ, MACHIN – SE SEKTÈ PRIVE A KI DEPANSE L.

REZIDAN NOU YO DWE KONNEN GOUVÈNMAN KONTE YO A AP KONTINYE TRAVAY DI POU BA YO PLIS OPSYON POU DEPLASE NAN MIAMI-DADE AK POU AMELYORE KALITE LAVI YO.

Page 12: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

EPI PANDAN N AP PALE DE AMELYORE KALITE LAVI, REZIDAN NOU YO NAN KOMINOTE LIBERTY CITY AK BROWNSVILLE YO KONNEN DIREKTÈ LOJMAN PIBLIK LA MICHAEL LIU AP MENNEN TRAVAY NOU AN POU RENOVE LIBERTY SQUARE. EPI MWEN KONTAN RAPÒTE REZIDAN KI TE POTE TÈT YO KÒM BENEVÒL YO DEJA AP BWOTE ANTRE NAN INITE TANPORÈ ANNDAN LIBERTY SQUARE POU METE AN MACH PREMYE FAZ NOUVO DEVLÒPMAN AN.

MWEN VLE REMÈSYE JORGE PEREZ AK ALBERT MILO NAN RELATED URBAN DEVELOPMENT GROUP POU PATENARYA YO AVÈK KONTE MIAMI-DADE NAN EFÒ SA A.

NOU KENBE PWOMÈS NOU TE FÈ BAY REZIDAN NOU YO. EPI MWEN KONNEN VIS-PREZIDAN EDMONSON, KI GEN TOUDE KOMINOTE YO NAN DISTRIK LI, EKSITE MENM JAN AVÈ M POUTÈT LI KAPAB AFIME ANKÒ N AP KÒMANSE FOUYE NOUVO LIBERTY SQUARE LA PI TA ANE SA A.

EPI SA K PI BON AN SE REZIDAN LIBERTY SQUARE YO AK REZIDAN ZÒN NAN K AP GEN OPÒTINITE BATI NOUVO KOMINOTE YO A … PASKE JISKA 30 POUSAN DJÒB KONSTRIKSYON SA YO, AK 75 PERCENT DJÒB PÈMANAN YO, PWAL POU LOJMAN PIBLIK AK REZIDAN KI GEN REVNI BA NAN KONTE MIAMI-DADE.

GEN PWOGRAM ESPESYAL POU ASISTANS PIBLIK AK FÒMASYON NAN TRAVAY KI KONSANTRE SOU REZIDAN LIBERTY SQUARE YO KI ANPLAS DEPI LETE DÈNYE POU GARANTI ANGAJMAN TRAVAY SA YO RESPEKTE.

ANKENN NAN BAGAY SA YO PA TAP POSIB SAN SOUTYEN KONSÈY KOMISYONÈ KONTE NOU AN, DONK MWEN DI NOU MÈSI.

PANDAN N AP PALE DE LOJMAN, MWEN VLE REKONÈT KOMISYONÈ JORDAN TOU POUTÈT LI LITE POU POTE PLIS OPSYON LOJMAN BON MACHE BAY REZIDAN KONTE MIAMI-DADE YO K AP TRAVAY DI.

Page 13: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

SE YON PWOBLÈM ENPÒTAN POU MIAMI-DADE AVÈK POPILASYON NOU AN AK BEZWEN NOU YO K AP KONTINYE GRANDI.

SEKIRITE KOMINOTE NOU AN SE YON LÒT DEFI POU NOU, DONK MWEN FYÈ PWOGRÈ NOU FÈ AN 2016.

SOU DIREKSYON MAJISTRA ADJWEN RUSSELL BENFORD, AK DIREKTÈ LAPOLIS JUAN PEREZ AK PÈSONÈL KÒMANNMAN NOU AN, NOU METE 132 AJAN NAN LARI A ANPLIS SA NOU TE GENYEN PANDAN DÈNYE ANE FISKAL LA.

NOU GRADYE AK DEPLWAYE TOUTBON 256 POLISYE PANDAN ANE FISKAL 2015-16 LA.

MEN LAPOLIS SE PA SÈL DEPATMAN NAN KONTE MIAMI-DADE K AP OGMANTE PÈSONÈL LI POU KENBE KOMINOTE NOU AN SEKIRITE. SEMÈN PASE, MWEN TE GEN LONÈ AL NAN SEREMONI PRESTASYON SÈMAN 40 NOUVO PONPYE AVÈK CHÈF DAVE DOWNEY, EPI MWEN FYÈ DI PONPYE AK SEKOURIS MIAMI-DADE GEN PWOJÈ ANBOCHE 50 LÒT ANE SA A – SA K AP FÈ KOMINOTE NOU AN VIN PI AN SEKIRITE TOUJOU.

PANDAN N AP PALE DE MEZI POU FÈ KOMINOTE NOU AN VIN PI AN SEKIRITE, NOU EKIPE PLIS PASE 1,200 POLISYE AVÈK KAMERA POU YO METE SOU YO LANE PASE. NOU KAPAB FYÈ DÈSKE POLIS MIAMI-DADE SE PI GWO DEPATMAN LAPOLIS NAN PEYI A KI DEPLWAYE KAMERA SOU KÒ – KAMERA K AP PÈMÈT DEPATMAN LAPOLIS NOU AN PI BYEN PWOTEJE AK SÈVI KOMINOTE NOU AN.

EPI MWEN KONNEN KOMISYONÈ HEYMAN – KI LITE PANDAN TOUT VI LI POU SEKIRITE PIBLIK – ESPESYALMAN FYÈ TRAVAY NOU FÈ ANE SA A POU FÈ MIAMI-DADE VIN YON KOMINOTE PI AN SEKIRITE. MÈSI, KOMISYONÈ, POU LIDÈCHIP OU.

MEN MENM AVÈK TOUT BON TRAVAY SA A POU AMELYORE SEKIRITE PIBLIK NOU, VYOLANS TIMOUN

Page 14: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

KONTINYE YON TRAKA ENPÒTAN POU NOU TOUT. N AP FÈ PWOGRÈ. ANFÈT, GOUVÈNÈ SCOTT REKONÈT SE KONTE MIAMI-DADE KI TE GEN PI GWO DIMINISYON NAN ARESTASYON TIMOUN NAN FLORIDA PANDAN DÈNYE ANE FISKAL LA.

NOU TE GEN YON DIMINISYON 12 POUSAN NAN KRIM TIMOUN NAN MIAMI-DADE. EPI YOUN NAN PWOGRAM MWEN FYÈ DE YO ANPIL YO SE YOUTH AND COMMUNITY SAFETY INITIATIVE [INISYATIV POU SEKIRITE LAJENÈS AK KOMINOTE] NOU AN. NOU VLE KONTINYE TANDANS SA A AVÈK PWOGRAM SA A.

NAN KAD INISYATIV SA A, POLISYE NOU YO AP TRAVAY AN KOLABORASYON AVÈK SÈVIS POU TIMOUN NOU YO AK DEPATMAN PAK AK REKREYASYON YO POU GIDE TIMOUN KI A RIS LAKAY YO, DETOUNEN YO DE KRIM, POTE SOUTYEN KI NESESÈ NAN FANMI YO, FÒME YO POU DJÒB, AK KENBE YO ANGAJE NAN AKTIVITE EKSTRA-ESKOLÈ SEN GRASA PWOGRAM TANKOU “FIT 2 LEAD.”

GRASA TRAVAY DI JACK KARDYS AK EKIP LI A, FIT 2 LEAD VIN YON MODÈL NASYONAL POU PWOGRAM NAN PAK K AP SÈVI TIMOUN KI A RIS. EPI GEN KÈK NAN ADMINISTRATÈ PWOGRAM FIT 2 LEAD NOU YO AK ESTAJYÈ LEKÒL SEGONDÈ NOU YO KI AVÈK NOU ISIT LA JODI A …

MANADJÈ PLANIFIKASYON REKREYASYON AK DEVLÒPMAN PWOGRAM NAN ERIC HANSEN, CHÈF SANTE AK KONDISYON FIZIK LA RENAE NOTTAGE [PWONONSE RENEE NOT-EDGE], KOWÒDONATÈ PWOGRAM ESTAJ NAN PAK LA CAITLIN ALFONSO…. AK KAT NAN ESTAJYÈ PAK NOU YO:

JESUS GONZALES, K AP FÈ ESTAJ POU NOU NAN WEST PERRINE PARK.

JARRID HALL, YON ESTAJYÈ NAN MODELLO PARK…

Page 15: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

ASHANTI PATERSON, YON ESTAJYÈ NAN DEERWOOD PARK…

AK JAQUAN WAGNAC K AP FÈ ESTAJ POU NOU NAN OLINDA PARK.

ESTAJYÈ YO AP PÈSONÈL LA, ÈSKE NOU TA KA KANPE POU YO REKONÈT NOU? ANN BAT BRAVO POU SA Y AP FÈ POU KOMINOTE NOU AN.

YON LÒT GWO INISYATIV KOMINOTE NOU AN TE LANSE AN 2016 POU SISPANN SIK VYOLANS TIMOUN NAN SE “ TOGETHER FOR CHILDREN” [ANSANM POU TIMOUN YO]. KONTE MIAMI-DADE TRAVAY PRE AVÈK LEKÒL PIBLIK KONTE MIAMI-DADE YO, BIWO PWOKIRÈ ETA A, THE CHILDREN’S TRUST [FON POU TIMOUN NAN] AK PLIZYÈ MILYE MOUN NAN KOMINOTE NOU AN POU KREYE PLAN AKSYON KATYE KI PWAL OKIPE KÒZ VYOLANS TIMOUN NAN DEPI NAN RASIN.

PLAN AKSYON SA YO BAZE SOU DONE. PAREGZANP, KÈK FAKTÈ RIS KI ASOSYE AVÈK VYOLANS TIMOUN SE ABSANTEYIS ELÈV, PWOBLÈM KONPÒTMAN AK MOVE REZILTA AKADEMIK.

SI NOU KAPAB IDANTIFYE ELÈV KI GEN FAKTÈ RIS SA YO EPI BA YO PLIS SÈVIS SOUTYEN, TANKOU PREVANSYON LEKÒL BISONYÈ AK PWOGRAM TERAPI, NOU KAPAB ANPECHE YO VON PRAN NAN VYOLANS AME… ANPECHE YO PRAN ZAM AFE POU TÈT PA YO, OSWA VIN VIKTIM YOUN.

DONK SE EGZAKTEMAN SA N AP PLANIFYE FÈ.

NOU KONNEN PA GEN FASON RAPID POU REZOUD PWOBLÈM VYOLANS TIMOUN NAN. MEN NOU GEN YON PWOGRAM ANPLAS POU SISPANN VYOLANS LA ANVAN LI FÈT.

EPI N AP DEVLOPE PWOGRAM SA YO AVÈK PATISIPASYON PARAN AK VWAZEN TIMOUN KI A RIS,

Page 16: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

POLISYE, KLÈJE A, ÒGANIZASYON KOMINOTÈ YO AK JÈN MOUN NAN KOMINOTE NOU AN.

EPI MWEN VLE REMÈSYE DIREKTÈ REJYONAL ANSÈYMAN AN ALBERTO CARVALHO, PWOKIRÈ ETA A KATHERINE FERNANDEZ-RUNDLE, PREZIDAN AK DIREKTÈ JENERAL FON POU TIMOUN NAN JAMES HAJ [DI: HAHGE], DIREKTÈ SÈVIS POU TIMOUN NAN MORRIS COPELAND, AK KOWALISYON ENTIRE TOGETHER FOR CHILDREN [ANSANM NÈT POU TIMOUN NAN] POU TRAVAY Y AP FÈ POU BATI YON MIAMI-DADE PI AN SEKIRITE POU TOUT TIMOUN NOU YO. MÈSI.

FÒMASYON MOUN MIAMI POU YO ANTRE NAN MENDÈV LA KONTINYE TE RETE YON LÒT PRIYORITE POU NOU AN 2016. SE POUTÈT SA MWEN KONTAN KONSA DÈSKE N AP SELEBRE 2YÈM ANIVÈSÈ INISYATIV EMPLOY MIAMI-DADE [ANPLWAYE MIAMI-DADE] NOU AN.

DEPI LANSMAN LI, EMPLOY MIAMI-DADE METE 557 REZIDAN KOMINOTE NOU AN – KI RETE NAN KATYE KI GEN PLIS CHOMAJ YO – AP TRAVAY NAN DJÒB KONSTRIKSYON, JESYON KILINÈ, AK OTÈL AK TOURIS.

DJÒB KONSTRIKSYON SA YO NAN LIBERTY SQUARE MWEN TE MANSYONE PI BONÈ A? GRADYE EMPLOY MIAMI-DADE YO AP RESEVWA FÒMASYON POU DJÒB SA YO POU YO KAPAB ANBOCHE YO SOU PLAS.

POUTÈT PWOGRAM TANKOU EMPLOY MIAMI-DADE – AK LIDÈ KOMINOTE TANKOU LEROY JONES – N AP OFRI FÒMASYON AK TRAVAY POU METE REZIDAN NAN DJÒB.

YOUN NAN REZIDAN SA YO ISIT LA AVÈK NOU JODI A. ERROL [PWONONSE TANKOU EARL] SAWYER SE YON JÈN GASON KI SÒTI OVERTOWN KI TE YOUN NAN PREMYE GRADYE EMPLOY-MIAMI DADE YO. KOU LI TE FINI PWOGRAM NAN, YO TE ANBOCHE ERROL POU L EDE BATI PANORAMA TOWER SOU BRICKELL AVENUE –

Page 17: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

KI PWAL BILDING REZIDANSYÈL KI PI WO SOU BÒDMÈ LÈS LA, NAN SID NOUYÒK.

EPI POUTÈT LI MONTRE POTANSYÈL SA A, KOUNYEYA ERROL AP RESEVWA FÒMASYON POU YON PI BON PÒS TOUJOU NAN ENDISTRI KONSTRIKSYON AN.

Page 18: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

ERROL AK LEROY, ÈSKE NOU TA KA KANPE SILVOUPLÈ POU YO REKONÈT NOU?

ANN BAT BRAVO POU YO.

GRASA LEROY AK ÒGANIZASYON TANKOU NEIGHBORS AND NEIGHBORS ASSOCIATION [ASOSYASYON VWAZEN AK VWAZEN] AK CIRCLE OF BROTHERHOOD [SÈK FRÈ], REZIDAN TANKOU ERROL AP BATI YON PI BON MIAMI-DADE POU TÈT YO, POU FANMI YO AK POU KOMINOTE NOU AN.

KOMINOTE KLAS MONDYAL TANKOU MIAMI-DADE NON SÈLMAN OFRI BÈL KOTE POU RETE AK TRAVAY, MEN YO OFRI TOU BÈL KOTE POU AMIZMAN.

DONK SE POUTÈT SA, SOU DIREKSYON KONSEYE ANCHÈF MICHAEL SPRING, NOU TE KONTINYE ENVESTI NAN AKTIVITE ATISTIK, KILTIRÈL AK REKREYATIF NOU YO AN 2016.

DIREKTÈ SÒTAN JACK KARDYS, NOUVO DIREKTÈ A GEORGE NAVARRETE AK DIREKTÈ ADJWEN MARIA NARDI KONTINYE EGZEKITE PLAN DIREKTÈ PAK AK ESPAS OUVÈ A. PAMI BANN AKONPLISMAN NOU YO, NOU OUVÈ PREMYE MINI PAK DLO KONTE A TOUPRE ISIT LA, WEST PERRINE PARK FAMILY AQUATIC CENTER.

NOU TE DEPASE ETAP YON MILYON VIZITÈ A TOU NAN ZOO MIAMI. EPI AVÈK 52 MILYON DOLA NOU TE ENVESTI NAN NOUVO PLAS ANTRE NOU AN AK EKSPOZISYON FLORIDA: MISSION EVERGLADES NOU AN, MWEN ATANN ASKE N AP WÈ PLIS VIZITÈ TOUJOU AN 2017.

SI W PA VIZITE ZOO MIAMI DÈNYÈMAN, OU TE MÈT KWÈ M: MENNEN FANMI AN VIN GADE ZOU NOU AN. N AP AMIZE NOU NÈT.

SE YON ATRAKSYON KLAS MONDYAL.

ANPLIS ENVESTISMAN SA YO, SOU LIDÈCHIP DIREKTÈ SÒTAN GIA ARBOGAST AK DIREKTÈ PWOVIZWA RAY

Page 19: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

BAKER, NOU OUVÈ 50YÈM SIKISAL BIBLIYOTÈK NOU AN TOU NAN BAY HARBOR ISLANDS EPI NOU PWOLONJE LÈ OUVÈTI YO NAN SISTÈM BIBLIYOTÈK NOU AN. EPITOU N AP TRAVAY SOU LAJI ETABLISMAN KILTIRÈL NOU YO RIVE NAN ZÒN KI PA ASE REPREZANTE NAN KOMINOTE NOU AN AVÈK OUVÈTI SANDRELL RIVERS THEATER NAN LIBERTY CITY, EPI N AP PREPARE POU BATI WESTCHESTER CULTURAL ARTS CENTER NAN TROPICAL PARK.

KOMISYONÈ SOUTO SE YON GWO PATIZAN PWOGRAM PAK AK ZAFÈ KILTIRÈL KOMINOTE NOU AN, DONK MWEN PA KA TANN POU M WÈ TOUT SA LI PWAL EDE NOU REYALIZE KÒM PREZIDAN NOUVO KOMITE SA A.

MWEN ESPESYALMAN PA KA TANN NOUVO MIZE SYANS FROST LA PI TA ANE SA A – KI PWAL, PANDAN N AP PALE DE SA, OUVÈ. N AP POTE YOUN NAN MIZE SYANS AK TEKNOLOJI – SI SE PA LI SÈL – KI PI AVANSE AK ESPEKTAKILÈ NAN NASYON AN VIN NAN KONTE MIAMI-DADE. MWEN FYÈ DESIZYON NOU PRAN AN KÒM KONTE POU NOU FÈ SA FÈT.

OKIPE ZANNIMO NAN KOMINOTE NOU AN SE YON LÒT GWO PRIYORITE NAN MIAMI-DADE. EPI GRASA LIDÈCHIP ALEX MUÑOZ, 2016 TE MAKE OUVÈTI NOUVO SANT KLAS MONDYAL AK DÈNYE KRI POU ADOPSYON AK PWOTEKSYON ZANNIMO AN NAN DORAL.

ANFÈT SE PI GWO REFIJ POU ZANNIMO KI GEN LÈ KONDISYONE NAN PEYI A, EPI NOU KWÈ SE PI BON REFIJ POU ZANNIMO NAN LEMONN.

KOMISYONÈ DIAZ SE YON PATIZAN KI DEPI LONTAN AP LITE POU ZANNIMO NAN KOMINOTE NOU AN. SOUTYEN KONTINYÈL LI TE JWE YON WÒL ENPÒTAN NAN POTE ETABLISMAN MODÈL SA A NAN KOMINOTE NOU AN. EPI MWEN FYÈ TRAVAY NOU TE FÈ AN 2015 – LÈ, POU PREMYE FWA NAN LISTWA KONTE MIAMI-DADE, NOU TE KAPAB SOVE 90 POUSAN CHEN AK CHAT. EPI NOU

Page 20: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

PWAL KONTINYE TRAVAY POU SOVE PLIS ZANNIMO TOUJOU ANE SA A.

GEN YON DIKTON KI DI TÈS MORAL YON GOUVÈNMAN SE KIJAN LI TRETE MANM KI PI FRAJIL LI YO … SA VLE DI, TIMOUN LI YO, VYE GRANMOUN LI YO AK MOUN KI GEN ANDIKAP. MWEN PANSE NOU KAPAB FYÈ TRAVAY N AP FÈ POU FÈ MIAMI-DADE VIN PI BON POU MOUN KI PLIS BEZWEN ÈD NOU.

SOU DIREKSYON LUCIA DAVIS-RAIFORD, DEPATMAN AKSYON KOMINOTÈ AK SÈVIS SOSYAL NOU AN TE LIVRE PRÈSKE 250,000 REPA LANE PASE BAY MANM KOMINOTE NOU AN KI MALAD, KI OBLIJE RETE LAKAY YO EPI KI GEN ANDIKAP. SE YON OGMANTASYON 66 POUSAN PA RAPÒ A LANE ANVAN AN.

DEPATMAN AN NON SÈLMAN JWE YON WÒL ENPÒTAN NAN MENNEN BATAY LA POU AMELYORE KALITE LAVI REZIDAN VYE GRANMOUN NOU YO, MEN LI EDE TIMOUN AK FANMI NAN KOMINOTE NOU AN TOU GRASA LIVREZON PLIS PASE 3 MILYON DEJENE, MANJE MIDI AK GOUTE BA YO LANE PASE NAN PWOGRAM HEAD START LA.

NOU OUVÈ YON NOUVO TRIBINAL VETERAN TOU NAN MIAMI-DADE SEMÈN PASE A POU OFRI SWEN MANTAL AK TRETMAN PWOBLÈM DWÒG AK ALKÒL POU VETERAN LAGÈ KI BEZWEN PLIS ÈD POU REMETE LAVI YO NAN LÒD. YO BAY TOUT SA YO GENYEN POU PEYI YO, DONK NOU DWE PEYE YO AN RETOU.

SOU DIREKSYON LESTER SOLA, PI GWO PWOJÈ AMELYORASYON IMOBILIZASYON KÒPORÈL MIAMI-DADE LA AP KONTINYE. DEPATMAN DLO POTAB AK EGOU NOU AN DEJA ENVESTI PLIS PASE 772 MILYON DOLA PANDAN TWA PREMYE LANE PWOGRAM SA A. NOU FINI 775 PWOJÈ ALÈ, EPI N AP TRAVAY SOU 861 LÒT PWOJÈ POU AMELYORE AK METE ENFRAKSTRITI NOU AJOU, OGMANTE KAPASITE SÈVIS NOU,

Page 21: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

AMELYORE BON FONKSYÒNMAN AK DIRABILITE NOU, AK ADAPTE A DEFI MONTE NIVO LANMÈ A POZE YO.

TRAVAY REZISTANS KOMINOTE NOU AN ESANSYÈL TOU POU KWASANS AK PWOSPERITE NOU NAN LAVNI. EPI NOU KAPAB FYÈ DÈSKE YO TE CHWAZI KONTE MIAMI-DADE LANE PASE KÒM MANM REZO PRESTIJYE ROCKEFELLER 100 RESILIENT CITIES [100 VIL REZISTAN ROCKEFELLER YO].

RESPONSAB KAPASITE REZISTANS NOU AN, JIM MURLEY, AP TRAVAY DI SOU YON PLAN REZISTANS POU PREPARE TOUT REJYON NOU AN POU L ADAPTE A PI GWO DEFI KOMINOTE NOU AN AP KONFWONTE YO POU NOU KAPAB KREYE YON PI BON MIAMI-DADE POU PITIT NOU AK PITIT-PITIT NOU.

ANN KLÈ: MONTE NIVO LANMÈ A SE YON ENKYETID SERYE ANPIL POU KONTE MIAMI-DADE AK TOUT SID FLORIDA.

SE PA YON “TEYORI.” SE YON FÈ.

NOU VIV LI CHAK JOU. DONK SE POUTÈT SA ADMINISTRASYON M NAN FÈ ADAPTASYON A LI YON PRIYORITE.

N AP FÈ FAS A DEFI SA YO AK LÒT TOUJOU MONTE NIVO LANMÈ A AK CHANJMAN KLIMA POZE.

MEN REZISTANS SE PLIS PASE OKIPE ENKYETID NOU SOU ANVIWÒNMAN AN. SE POUTÈT SA N AP KONTINYE TRAVAY TOU SOU OKIPE TOUT DEFI NOU YO SAN DETOU – GRASA TRAVAY POU AMELYORE TRANSPÒ, GRASA TRAVAY POU AMELYORE SEKIRITE PIBLIK, AK GRASA PLIS DJÒB NAN KONTE MIAMI-DADE, EPI FINALMAN GRASA REZOLISYON PWOBLÈM LOJMAN BON MACHE NOU AN.

Page 22: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

SE ANGAJMAN NOU ANVÈ REZIDAN NOU YO.

EPI KOUNYEYA LÈ N FIN GADE DÈYÈ KÈK NAN BAGAY NOU TE AKONPLI ANSANM YO AN 2016, LI TAN POU N KONSANTRE SOU DEVAN SOU TRAVAY NOU PWAL FÈ NAN ANE K AP VINI AN POU BATI YON PI BON MIAMI-DADE POU TOUT MOUN MIAMI.

NOU DEJA YON KOMINOTE KLAS MONDYAL, MEN LI TAN POU N MONTE NIVO A PI WO TOUJOU. DONK JAN M TE DI L PI BONÈ A, SE YON NOUVO LANE, AK YON NOUVO OPÒTINITE POU N TRASE AVNI NOU.

EPI NOU KAPAB DESIDE KOUNYEYA KI WÒL NOU VLE JWE.

NOU SE YON KOMINOTE FÒ AK REZISTAN, MEN NOU GEN DEFI -- PRENSIPALMAN, DEVLÒPMAN EKONOMIK NOU K AP KONTINYE, TRANSPÒ, AK SEKIRITE PIBLIK. EPI BAGAY SA YO SE TWA DOMÈN M AP MANDE TOUT REZIDAN MIAMI-DADE POU YO JWE WÒL AKTIF NAN YO POU CHANJE POU VIN PI BON.

POU EKONOMI NOU, SE YON DEFI POU BIZNIS LOKAL NOU YO ANPLWAYE REZIDAN MIAMI-DADE.

SI W POKO FÈ SA, ENSKRI POU EMPLOY MIAMI-DADE ANLIY. EPITOU KONTINYE POUSE KOMINOTE NOU AN KÒM KOTE POU FÈ BIZNIS.

NOU SENPLIFYE PWOSEDI PÈMI NOU AN EPI FÈ L VIN PI FASIL POU FÈ BIZNIS ISIT LA NAN KONTE MIAMI-DADE.

GEN YON REZON KI FÈ KONPAYI TANKOU TELEMUNDO/NBC UNIVERSAL AK FED-EX AP ENVESTI NAN MIAMI-DADE. SE POUTÈT KONTE NOU AN SE PWOCHEN GWO KOMINOTE NAN LEMONN.

WI, MWEN DI L. PASKE MWEN KWÈ L.

SE KONSA YO PWAL WÈ KONTE MIAMI-DADE PANDAN N AP KONTINYE BATI SOU PWOGRÈ NOU FÈ DEJA.

Page 23: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

KÒM NOU TOUT KONNEN POUTÈT ANPIL NAN NOU CHITA NAN BLOKIS PANDAN SEMÈN AN, TRANSPÒ SE YON LÒT DEFI NOU DWE OKIPE AN 2017. BYENTO NOU PWAL KÒMANSE ETID NESESÈ YO POU SIS KORIDÒ RAPID NOU YO. EPI MWEN GEN MENM FRISTRASYON AK ANPIL NAN NOU, PREZIDAN BOVO LADAN TOU, SOU TAN SA PRAN POU N KAPAB VANSE AVÈK PLAN S.M.A.R.T. LA.

MEN MWEN KONNEN TOU ETAP SA YO NESESÈ POU N KAPAB VANSE – JWENN LEPLIS FINANSMAN FEDERAL AK ETA POSIB.

RANJE PWOBLÈM TRANSPÒ NOU YO SE YON PWOMÈS NOU FÈ REZIDAN YO – ANPIL FWA. EPI MENM JAN AVÈK RENOVASYON LIBERTY SQUARE LA, SE YON PWOMÈS NOU GEN LENTANSYON KENBE.

PAREGZANP, KORIDÒ SA YO NESESÈ POU AMELYORE DEPLASMAN TOULEJOU ISIT LA NAN SID DADE POU REZIDAN KI PWAL ANBALAVIL AK LÒT KOTE NAN MIAMI-DADE POU Y AL TRAVAY CHAK JOU.

DONK NOU ATANN NOU ASKE N AP KÒMANSE AVÈK OMWEN YOUN NAN KORIDÒ SA YO TRÈ BYENTO.

ANFÈT, GEN OMWEN YON VIL KI DEJA KONSAKRE FINANSMAN POU SOUTNI KONSTRIKSYON YON ESTASYON NAN KORIDÒ NÒDÈS LA. MEN NOU PWAL BEZWEN ASISTANS TOUT PATNÈ MINISIPAL NOU YO POU PLAN SA A KAPAB POTE FWI.

NOU VLE REMÈT MOUN YO TAN YO DEPANSE KOLE NAN BLOKIS POU YO KAPAB PASE L AP FÈ BAGAY KI PWODIKTIF – TANKOU PASE TAN AVÈK FANMI YO.

NOU GEN PWOJÈ KONTINYE AMELYORE BAGAY YO. PAREGZANP, PREMYE NAN NOUVO TREN METRORAIL NOU YO AP VIN ANLIY ANE SA A POU FÈ DEPLASMAN W LAN PI KONFÒTAB – YON BAGAY MWEN KONNEN KOMISYONÈ BARREIRO, AN PATIKILYE, AP POUSE DEPI YON BON MOMAN.

Page 24: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

MEN POU AMELYORE SITIYASYON BLOKIS NOU AN TOUTBON, MWEN TA RENMEN MANDE TOUT REZIDAN NOU YO KI KAPAB, POU YO PWOMÈT PRAN TRANSPÒ PIBLIK LEPLI SOUVAN POSIB. SI W PA PRAN TRANSPÒ PIBLIK DEPI LONTAN, ESEYE L. PLIS GEN NAN NOU K AP PRAN TRANSPÒ PIBLIK, MWENS AP GEN MACHIN SOU WOUT LA. EPI W GEN DWA WÈ OU PÈDI MWENS TAN AK DEPANSE MWENS LAJAN.

SEKIRITE KOMINOTE NOU AN SE YON LÒT DEFI PRESAN NOU DWE KONTINYE OKIPE ANSANM AN 2017. NOU KAPAB FYÈ DÈSKE TRAVAY MENTYEN LÒD KI ORYANTE SOU KOMINOTE NOU AN RESEVWA ANPIL REKONESANS. ANFÈT, YO AKÒDE NOU 6 MILYON DOLA SIBVANSYON FEDERAL POUTÈT BÈL TRAVAY NOU FÈ A. MEN PANDAN TO KRIM DIMINYE NAN TOUT KONTE A – EPI KONTINYE AP DIMINYE – NOU BEZWEN FÈ PLIS TOUJOU POU SISPANN VYOLANS AME NAN KOMINOTE NOU AN.

SA KI RIVE LENDI NAN M.L.K. MEMORIAL PARK LA SE YON LÒT PRÈV BAGAY YO DWE CHANJE. NOU DWE 8 VIKTIM TIRE A SA – 5 LADAN YO SE TE TIMOUN – POU N ABÒDE PWOBLÈM SA A YON FASON REZOLI… POU NOU KAPAB DI EPIDEMI VYOLANS AME A SE YON BAGAY PASE.

NAN BI SA A, PI TA NAN ANE A, POLIS MIAMI-DADE PWAL DEPLWAYE TEKNOLOJI “SHOT SPOTTER” LI FÈK GENYEN AN POU JWENN EGZAKTEMAN KI KOTE YO TANDE KOUT ZAM AFE AN TAN REYÈL. Y AP METE DISPOZITIF YO NAN ZÒN KOMINOTE NOU AN KI GEN PLIS BEZWEN, EPI SA AP PÈMÈT POLISYE YO KONTWOLE DONE YO NAN SANT KRIM AN TAN REYÈL NOU AN, AK ENTÈVNI SOU SÈN NAN PI VIT TOUJOU.

MEN JAN NOU APRANN SA NAN TAN PASE, SE NOU TOUT TOUTBON KI POU PWOTEJE NOU TOUT.

EPI NOU TOUT KAPAB JWE WÒL PA NOU NAN EDE LAPOLIS PWOTEJE KOMINOTE NOU YO. SE POUTÈT SA

Page 25: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

JODI A, M AP MANDE CHAK GRENN REZIDAN MIAMI-DADE POU LI PATISIPE.

SI W WÈ YON BAGAY, DI YON BAGAY.

RAPÒTE L BAY DEPATMAN LAPOLIS LA OSWA CRIME STOPPERS [PWOGRAM KONT KRIM NAN] NAN NIMEWO 305-471-TIPS. SE 305-471-8477.

EPI KÒM KOUNYEYA NOU GEN CRIME STOPPERS KIDS [PWOGRAM KONT KRIM SOU TIMOUN] NAN KONTE MIAMI-DADE, NOU AJOUTE REKONPANS LAJAN POU NOU KAPAB KENBE PLIS NAN MOUN KI RESPONSAB KOMÈT KRIM KONT TIMOUN NOU YO.

NOU KAPAB PATISIPE TOU NAN EDE KONBAT KRIM NAN KONTE MIAMI-DADE LÈ NOU FÈ DON BAY FON REKONPANS “STOP YOUTH GUN VIOLENCE” [SISPANN VYOLANS AME KONT TIMOUN NAN] KI FÈT POU LEVE LAJAN REKONPANS POU ANKOURAJE ENFÒMASYON K AP MENNEN ARESTASYON NENPÒT KI MOUN KI KOMÈT KRIM VYOLAN KONT TIMOUN.

NOU TE FÈ PATI PA NOU NAN GOUVÈNMAN KONTE AN GRASA ALOKASYON 20,000 DOLA POU PWOGRAM KONT KRIM SOU TIMOUN NAN LANE PASE. EPI NOU TE BAY YON LÒT 20,000 DOLA YÈ POU JWENN MOUN KI RESPONSAB TIRE LENDI A NAN LIBERTY CITY.

M ANKOURAJE TOUT MOUN VIZITE WWW.CRIMESTOPPERSKIDS.ORG POU FÈ DON KOUNYEYA.

NOU SENPLEMAN DWE KONTINYE TRAVAY ANSANM KÒM YON KOMINOTE POU SISPANN VYOLANS LA. SE DEVWA NOU ANTANKE MOUN MIAMI – DEVWA NOU ANVÈ JENERASYON SA A, AK JENERASYON FITI TIMOUN NAN MIAMI-DADE.

MWEN KONFYAN SI NOU TOUT FÈ PATI PA NOU, N AP FÈ EPIDEMI VYOLANS AME A FÈ BAK ISIT NAN MIAMI-DADE.

Page 26: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

GEN YON EPIDEMI OPYOYID TOU K AP RAVAJE PLIZYÈ REJYON NAN KONTE NOU AN. ANNIK MANDE EKSPÈ MEDIKO-LEGAL NOU AN, DTÈ. EMMA LEW, AK EKIP LI A, KI WÈ KANTITE LANMÒ OPYOYID KOZE – SA GEN LADAN EWOYIN, MEDIKAMAN POU DOULÈ KI BEZWEN ÒDONANS, AK OPYOYID SENTETIK TAKOU FENTANIL – GRENPE MÒN LANE PASE.

NAN SID FLORIDA, LANMÒ POUTÈT OPYOYID DEPASE LANMÒ POUTÈT AKSIDAN MACHIN KOUNYEYA. ANFÈT, SELON YON RAPÒ DEPATMAN ENTERYÈ FLORIDA, LANMÒ POUTÈT EWOYIN TE SOTE PA 100 POUSAN NAN KONTE MIAMI-DADE PANDAN PREMYE MWATYE 2015 LA KONPARE AVÈK MENM PERYÒD LA NAN ANE ANVAN AN.

SA VIN YON KRIZ SEKIRITE PIBLIK ENKYETAN NAN KOMINOTE NOU AN. DONK POUTÈT SA, NOU DWE KONTINYE AJI.

SE POUTÈT SA MWEN BAY MAJISTRA ADJWEN BENFORD ENSTRIKSYON POU L MENNEN YON GWOUP TRAVAY POU DEVLOPE YON PLAN AKSYON K AP OKIPE REDIKSYON ADIKSYON A OPYOYID AK EWOYIN, AK ANPECHE LANMÒ POUTÈT OVÈDÒZ. MWEN REMÈSYE PREZIDAN BOVO DÈSKE LI PARENNEN REZOLISYON KI MENNEN KREYASYON GWOUP TRAVAY LA.

KONTE MIAMI-DADE AP ANTRE AN PATENARYA AVÈK PWOKIRÈ ETA FERNANDEZ-RUNDLE, DEPATMAN TIMOUN AK FANMI FLORIDA, EPITOU DEPATMAN SANTE NAN GWOUP TRAVAY SA A POU METE TOUT KOMINOTE NOU AN ANSANM POU DEVLOPE YON PLAN AKSYON POU RETIRE DWÒG ILEGAL SA YO AK VANDÈ DWÒG YO NAN KOMINOTE NOU AN. EPITOU PLAN AN AP OFRI ALTÈNATIV POU MOUN DEPANDAN AK ESTRATEJI PREVANSYON K AP ANPECHE TIMOUN NOU YO TONBE VIKTIM EPIDEMI SA A.

MALGRE EPIDEMI SA A AK VYOLANS SOU TIMOUN NAN SE DEFI, KONTE MIAMI-DADE AP REYISI OKIPE YO SI NOU KONTINYE TRAVAY ANSANM.

Page 27: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

ZANMI M YO, MWEN PA KA TANN WÈ TOUT TRAVAY NOU PWAL FÈ ANSANM AN 2017.

NOU PWAL FÈ KOMINOTE NOU VIN PI AN SEKIRITE, DIVÈSIFYE EKONOMI NOU PLIS. NOU CHAK PWAL JWE WÒL PA NOU NAN DIMINYE BLOKIS, EPI N AP KONTINYE TRAVAY ANSANM POU PREPARE POU LAVNI POU MIAMI-DADE K AP VIN YON PI BON KOTE TOUJOU POU CHAK NAN REZIDAN NOU YO.

NOU GEN YON PLAN SOLID AN PLAS, EPI NOU GEN BON MOUN YO ISIT LA NAN GOUVÈNMAN KONTE A, KE MWEN KONSIDERE KÒM EWO.

WI, EWO.

PASKE YO FÈ PLIS PASE SA DEVWA YO MANDE YO POU EDE LÒT MOUN MIAMI. DONK YO MERITE POU NOU REKONÈT YO.

EWO TANKOU AJAN EDWARD BROCHU JOSEPH VALLEJOS, GEPSY PEREZ AK YOVANI SOSA…KAT POLISYE MIAMI-DADE YO KI RALE YON JÈN GASON SÒTI NAN YON MACHIN KI T AP BENYEN NAN DIFE POU METE L AN SEKIRITE DETWA JOU ANVAN NWÈL.

KOUNYEYA, AJAN SA YO TWÒ ENB POU WÈ TÈT YO KÒM EWO, YO DI YO TE SÈLMAN “AP FÈ TRAVAY YO.” MEN, KÒM ANSYEN PONPYE, MWEN KONNEN TOUT MOUN KI METE LAVI L AN DANJE POU SOVE YON LÒT SE YON EWO.

AJAN YO, ÈSKE N TA KAPAB KANPE SILVOUPLÈ?

MÈSI ANPIL. ANN BAT BRAVO POU YO.

EPITOU NOU GEN YON KALITE EWO NAN GOUVÈNMAN KONTE A KI FÈ BAGAY EKSTRAWÒDINÈ KI DEPASE WÒL TRADISYONÈL YO …EWO TANKOU JENNIFER MOON.

JAN MWEN TE MANSYONE L PI BONÈ A, JENNIFER SE DIREKTÈ BIDJÈ NOU, EPI L AP TRAVAY NAN KONTE MIAMI-DADE DEPI 22 ZAN.

Page 28: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

LI FÈ BÈL TRAVAY POU KENBE NOU SOU YON CHIMEN DIRAB, AVÈK YON BIDJÈ K AP GADE DEVAN.

MEN SA ANPIL MOUN PA KONNEN SOU JENNIFER SE LI VIN DÈNYÈMAN MANMAN DAKÈY YON JÈN FI KI NAN MENM KLAS SEGONDÈ AVÈK PITIT FI LI A. EKSPERYANS LI AVÈK SISTÈM FWAYE DAKÈY LA ENSPIRE L KÒMANSE YON PWOGRAM AVÈK PITIT FI L LA ANGELA POU ANKOURAJE LÒT ANPLWAYE KONTE A PATISIPE NAN SISTÈM SOUTYEN FWAYE DAKÈY LA AK FÈ YON DIFERANS NAN LAVI JÈN MOUN NAN KONTE MIAMI-DADE.

PWOGRAM JENNIFER A RELE “MOONS AND STARS” [LALIN AK ZETWAL]. EPI LI MENM AK PITIT FI L LA AP TRAVAY DI POU AJOUTE 100 MOUN NAN SISTÈM SOUTYEN FWAYE DAKÈY LA DISI OKTÒB. SA AP EDE ANPIL 2,800 TIMOUN NAN KONTE MIAMI-DADE YO KI BEZWEN ÈD NOU.

MWEN KONNEN ANPIL MOUN NAN KOMINOTE NOU AN DEJA SÈVI KÒM PARAN DAKÈY AK GADYEN, EPI SOUTNI PWOGRAM POU TIMOUN YO ANPIL JAN. MEN NOU TOUT KAPAB FÈ PATI PA NOU AN POU EDE TIMOUN YO VIN MANM PWODIKTIF NAN KOMINOTE NOU AN POU ANE K AP VINI YO – KESESWA LÈ OU PRAN YON TIMOUN LAKAY PA W OSWA OFRI SÈVIS POU GIDE YO. DONK, SI W TA RENMEN PATISIPE, VOYE YON IMÈL BAY JENNIFER NAN [email protected] EPI L AP EDE W KÒMANSE.

JENNIFER AK ANGELA, KOTE NOU? TANPRI KANPE. ANN BAT BRAVO POU JENNIFER AK PITIT FI L LA POU TRAVAY EKSTRAWÒDINÈ Y AP FÈ POU EDE TIMOUN NAN KOMINOTE NOU AN.

YON LÒT ANPLWAYE KONTE A K AP EDE JÈN MOUN NAN KOMINOTE NOU AN SE ELVIS CAINES. ELVIS SE SIPÈVIZÈ ADMISYON AK EVALYASYON LANNWIT NAN DEPATMAN SÈVIS POU TIMOUN MIAMI-DADE LA. GRASA TRAVAY LI AVÈK BIG BROTHERS BIG SISTERS [GRAN

Page 29: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY

FRÈ GRAN SÈ], LI FÈ YON GWO DIFERANS NAN LAVI YON ELÈV MIAMI LAKES MIDDLE SCHOOL, STEPHEN KELLY.

ELVIS SE GRAN FRÈ STEPHEN DEPI KATRAN, EPI STEPHEN DI SE ELVIS KI MOTIVE L VIN NON SÈLMAN YON PI BON MOUN, MEN EPITOU YON PI BON ELÈV.

MWEN TA DI ELVIS FÈ YON TRÈ BON TRAVAY… PASKE DÈNYÈMAN STEPHEN GENYEN YON BOUS 5,000 DOLA AK YON NOUVO LAPTÒP POU YON REDAKSYON LI TE EKRI SOU WÒL POZITIF ELVIS JWE NAN LAVI L.

ELVIS AK STEPHEN ISIT LA AVÈK NOU MATEN AN. ÈSKE NOU TA KAPAB KANPE SILVOUPLÈ?

KONPLIMAN, STEPHEN, EPI MWEN REMÈSYE W, ELVIS, POU TOUT SA W FÈ POU MIAMI-DADE VIN YON PI BON KOTE POU JÈN MOUN NAN KOMINOTE NOU AN.

AVÈK ANPLWAYE KONSA, N AP BATI YON PI BON MIAMI-DADE. EPI MWEN KONFYAN KOMINOTE NOU AN AP KONTINYE VIN PI FÒ.

PASKE Y AP METE SÈVIS LÒT MOUN ANVAN TÈT PA YO. SE TE GRAN DTÈ. MARTIN LUTHER KING JR. KI TE DI, “TOUT MOUN KAPAB GRAN, PASKE NENPÒT KI MOUN KAPAB SÈVI.”

EPI SA VRE POU CHAK GRENN REZIDAN KONTE MIAMI-DADE.

SI NOU TOUT FÈ PATI PA NOU AN POU SÈVI KOMINOTE NOU AN, N AP BATI YON MIAMI-DADE KI PI BON TOUJOU.

MEDAM AK MESYE, KONTE NOU AN NAN YON ETA SOLID, EPI ANSANM, N AP FÈ L PI SOLID TOUJOU.

MWEN SWETE BONDYE BENI NOU TOUT AK KONTINYE

BENI KONTE MIAMI-DADE AK LÈZETAZINI! MÈSI ANPIL.

Page 30: MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A ......2017/01/01  · MÈSI. MÈSI ANPIL POU PREZANTASYON EMAB SA A, KOMISYONÈ LEVINE CAVA, EPI M AP REMÈSYE NOU TOUT ANPIL POU AKÈY