33
Jwen 2009 Jwen 2009 Pawòl Pawòl Lavi a Lavi a

Jwen 2009

  • Upload
    lyris

  • View
    74

  • Download
    3

Embed Size (px)

DESCRIPTION

Pawòl Lavi a. Jwen 2009. « Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen » (Jn 15,5). Eske w kapab imajine yon branch ki separe ak pye rezen an?. - PowerPoint PPT Presentation

Citation preview

Page 1: Jwen  2009

Jwen 2009Jwen 2009

PawòlPawòl

Lavi aLavi a

Page 2: Jwen  2009

« Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab

fè anyen » (Jn 15,5).

Page 3: Jwen  2009

Eske w kapab imajine yon branch ki separe ak pye

rezen an?

Li pap kenbe, li pa gen espwa, li pa bay anyen sèl sa ki pou fèt se koupe l epi

jete l nan dife.

Page 4: Jwen  2009

Sonje kalite lanmò lespri a k-ap tann ou si tankou kretyen ou pa rete nan

Kris la. Sa fè kè w sote !

Page 5: Jwen  2009

Menm si w-ap travay depi nan maten jous nan aswè, Menm si w-ap travay depi nan maten jous nan aswè, menm si w kwè w itil moun yo, menm si zanmi w yo menm si w kwè w itil moun yo, menm si zanmi w yo bat men pou w, menm si w gen anpil lajan, bat men pou w, menm si w gen anpil lajan,

menm si w-ap fè yon pakèt jefò, sa pap bay menm si w-ap fè yon pakèt jefò, sa pap bay anyen.anyen.

Page 6: Jwen  2009

Tout bagay sa yo kapab gen sans sou tè a men yo pa gen okenn valè pou Kris la epi pou lavi ki pap janm fini an. Epi se sila a ki

pi konsekan.

Page 7: Jwen  2009

« Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab

fè anyen. »

Page 8: Jwen  2009

Kijan ou kapab rete nan Kris la Kijan ou kapab rete nan Kris la epi Kris la nan ou menm? epi Kris la nan ou menm? Kijan pou w se yon branch vèt ki Kijan pou w se yon branch vèt ki gen fòs epi ki fè youn avèk pye gen fòs epi ki fè youn avèk pye

rezen an?rezen an?

Page 9: Jwen  2009

Anvan tout bagay, ou bezwen Kwè nan Kris la. Men se pa kont. Lafwa w dwe parèt nan lavi w. Sa vle di w dwe viv dapre lafwa sa a nan fason w-ap mete pawòl Jezi yo an

pratik.

Page 10: Jwen  2009

Konsa w pa kapab neglije mwayen Kris la te ba w pou w kapab ret nan tèt ansanm avè-l oubyen refè

tèt ansanm sa a. Anplis Kris la pap santi w byen mare sou li si w pap fè jefò

pou w byen djanm nan kòminote legliz la.

Page 11: Jwen  2009

« Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li,

moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. »

Page 12: Jwen  2009

« Si yon moun ret nan « Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li »mwen, epi mwen nan li »

Ou wè kijan Kris la pale Ou wè kijan Kris la pale sou tèt ansanm sou tèt ansanm

ou menm avèk li menm ou menm avèk li menm epi li menm avèk ou menm epi li menm avèk ou menm tou? tou? Si w nan tèt ansanm Si w nan tèt ansanm avèk li epi li menm avèk avèk li epi li menm avèk ou, li prezan nan ou, li prezan nan fen fon kè w. Se sa kap fen fon kè w. Se sa kap

tabli yon bon jan tabli yon bon jan relasyon nan youn relasyon nan youn

renmen lòt epi nan renmen lòt epi nan fè yon ti pale ak lòt, yon tèt fè yon ti pale ak lòt, yon tèt ansanm ant Kris la epi ou ansanm ant Kris la epi ou

menm ki se patizan li. menm ki se patizan li. E kisa k ap rive: pote anpil E kisa k ap rive: pote anpil

fwi tankou yon branch fwi tankou yon branch ki byen mare sou pye a ki byen mare sou pye a

pote grap rezen ki gen pote grap rezen ki gen bon gou.bon gou.

Page 13: Jwen  2009

« Anpil fwi »  vle di w-ap tounen yon bon jan temwen kote w ye « Anpil fwi »  vle di w-ap tounen yon bon jan temwen kote w ye a, w-ap kapab louvri je anpil moun pou yo resevwa Pawòl Kris a, w-ap kapab louvri je anpil moun pou yo resevwa Pawòl Kris

la kap chanje lavi moun yo epi w va kapab ba yo fòs la kap chanje lavi moun yo epi w va kapab ba yo fòs pou yo viv yo.pou yo viv yo.

Page 14: Jwen  2009

« Anpil fwi »« Anpil fwi » vle di tou vle di tou

w-ap kapab fè w-ap kapab fè

oubyen ede fè oubyen ede fè

anpil bagay, anpil bagay,

kit yo piti kit yo gwo, kit yo piti kit yo gwo,

pou w soulaje pou w soulaje

bezwen moun yo bezwen moun yo

dapre kado dapre kado

Bondye te ba w.Bondye te ba w.

Page 15: Jwen  2009

« Anpil fwi »  vle di « anpil » pa « tikal ». Sa kapab vle di w-ap « Anpil fwi »  vle di « anpil » pa « tikal ». Sa kapab vle di w-ap kapab pote moun ki bò kote w yo yon kouran bonkè, tèt ansanm kapab pote moun ki bò kote w yo yon kouran bonkè, tèt ansanm

ak renmen.ak renmen.

Page 16: Jwen  2009

« Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab

fè anyen. »

Page 17: Jwen  2009

Men « anpil fwi » pa vle di sèlman byen lespri Men « anpil fwi » pa vle di sèlman byen lespri ak kò lòt moun yo men pa w yo tou. ak kò lòt moun yo men pa w yo tou.

Sèke sé tèt ansanm ou genyen avèk Kris la Sèke sé tèt ansanm ou genyen avèk Kris la k-ap fè w grandi anndan kè w pou w ka vin sen. k-ap fè w grandi anndan kè w pou w ka vin sen.

Page 18: Jwen  2009

Vin sen. Vin sen. Petèt pawòl sa yo Petèt pawòl sa yo

nan tan n-ap viv la nan tan n-ap viv la ou kapab panse ou kapab panse se kichòy ki depase, se kichòy ki depase, ki pa itil, ki pa itil,

ki se yon rèv. ki se yon rèv.Se pa konsa. Se pa konsa.

Tan n-ap viv la Tan n-ap viv la va pase va pase

ansanm avèk fason pou n wè ansanm avèk fason pou n wè ki pa kòrèk, ki pa kòrèk, ki nan èrè, ki nan èrè,

ki kapab chanje. ki kapab chanje. Se sèl laverite Se sèl laverite

k-ap rete.k-ap rete.

Page 19: Jwen  2009

Sa fè demil lane, Sa fè demil lane,

Apòt Pòl Apòt Pòl

te di aklè te di aklè

sa Bondye vle sa Bondye vle

se pou tout kretyen se pou tout kretyen

yo vin sen.yo vin sen.

Page 20: Jwen  2009

Terèz Davila, Terèz Davila,

moun save nan Legliz la, moun save nan Legliz la,

li te sèten nenpòt li te sèten nenpòt

moun, menm sila ki sot moun, menm sila ki sot

nan lari a, li kapab rive nan lari a, li kapab rive

byen wo nan lapriyè byen wo nan lapriyè

a.a.

Page 21: Jwen  2009

Konsil Vatikan II di konsa Konsil Vatikan II di konsa se tout pèp la Bondye rele pou l vin sen. Sa se vwa w mèt se tout pèp la Bondye rele pou l vin sen. Sa se vwa w mèt

swiv.swiv.Se poutèt sa, chache jwenn nan lavi w « anpil fwi » k-ap fè w Se poutèt sa, chache jwenn nan lavi w « anpil fwi » k-ap fè w vin sen. Sa posib sèlman si w nan tèt ansanm avèk Kris la.vin sen. Sa posib sèlman si w nan tèt ansanm avèk Kris la.

Page 22: Jwen  2009

« Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab

fè anyen. »

Page 23: Jwen  2009

Eske w te byen gade Jezi pa mande dirèk pou w pote fwi, men li wè se

yon bagay k-ap vini si w-ap « rete » nan tèt ansanm avèk li?

Page 24: Jwen  2009

Sa ki ka rive sèke w-ap tonbe ou menm tou nen menm ère ak anpil kretyen : fè anpil bagay, anpil bagay, yon pakèt bagay pou w ede lòt yo san ou pa pran tan pou w gade

si bagay sa yo, yo fèt nan tèt ansanm avèk Kris la.

Page 25: Jwen  2009

Se yon èrè, si w kwè w kapab pote fwi

si se pa Kris la nan ou menm, si se pa Kris la

ansanm avèk ou menm k-ap pote yo.

Pou w kapab pote fwi k-ap dire, ki

sanble ak Bonbye, ou bezwen rete nan tèt ansanm ak Kris la. Pi plis w-ap rete nan tèt ansanm ak Jezi, pi

plis w-ap pote fwi.Anplis, vèb « rete »

Jezi sèvi avè l la pa si tèlman fè w sonje

moman w-ap fè kichòy men se yon fason pou w viv k-ap pote fwi.

Page 26: Jwen  2009

Sèke, si w konnen moun k-ap viv konsa, petèt w-ap wè ak yon ti souri, yon sèl ti pawòl, fason y-ap konpòte

chak jou-a, fason y-ap reyaji devan tout sitiyasyon la vi a, yo reyisi touche kè moun yo jous yo rive kèk fwa fè yo

rejwenn Bondye.

Page 27: Jwen  2009

Se konsa sen yo te ye.

Men ou pa bezwen

dekouraje. Tout kretyen yo kapab pote fwi.

Ou konprann.

Page 28: Jwen  2009

Se nan peyi Pòtigal istwa sa te pase. Maria do Socorro, apre lise a fini, t ale nan inivètite a.

Anbyans lan difisil. Anpil moun ap lite dapre lide pa yo epi yo vle rale dèyè yo etidyan yo ki poko pran

pozisyon.

Page 29: Jwen  2009

Maria konnen byen chemen li vle swiv la menm si li pa fasil esplike l: swiv Jezi epi rete

nan tèt ansanm avè l.

Kèk fwa li te wont lè li te rantre legliz la men li kontinye ale paske li santi li bezwen rete nan tèt ansanm ak Jezi.

Kondisip ki pa rekonèt li yo di se kannannan li

ye san li pa gen lide.

Page 30: Jwen  2009

Fèt Nwèl la ap vini. Maria wè nan pami yo gen moun ki pa

kapab retounen lakay paske yo rete two lwen. Li

pwopoze lòt konpanyon li yo fè moun ki pa kapab ale lakay yon kado.

Li sezi wè tout moun aksèpte

touswit.

Page 31: Jwen  2009

Pita, yo fè eleksyon nan lise a epi, mèvèy, se li menm menm yo chwazi pou reprezante moun ki menm lane

avè-l. Men sa k te fè l pi sezi se lè li tande moun yo di : “ Se yon bagay ki nòmal dèske yo te chwazi w paske se w menm sèl ki gen yon lide ki klè : ou konnen kisa w vle

epi kijan pou w rive jwenn li.”

Page 32: Jwen  2009

Koulye a, gen kèk moun ki gen menm lide avè l epi ki vle viv tankou li menm.

Se yon bèl fwi Maria do Socorro te pote paske li te rete nan tèt ansanm avèk Jezi.

Page 33: Jwen  2009

“Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari.Testo di: Chiara Lubich, gennaio 1979.

Grafica di Anna Lollo in collaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)

« Se mwen menm ki pye rezen an, nou menm se branch yo nou ye. Si yon moun ret nan mwen, epi mwen nan li, moun sa a pote anpil fwi paske san mwen menm nou pa kapab

fè anyen » (Jn 15,5).