11
Pwogram Egzamen Leta Nouyòk La Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou evalye elèv k ap aprann lang angle kòm dezyèm lang NYSESLAT Yon Gid pou paran yo Atenn ekselans nan edikasyon Nan travay tèt ansanm, paran yo, pwofesè yo ansanm ak elèv yo kapab monte nivo akonplisman nan lekòl nou yo. Si w bezwen plis enfòmasyon, kontakte Depatman Edikasyon Leta Nouyòk nan adrès imel li, ki se [email protected]. Ou gen dwa ekri nou tou nan adrès sa a : New York State Education Department Office of State Assessment, 7th Floor EBA 89 Washington Avenue Albany, New York 12234

Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou ......egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase

  • Upload
    others

  • View
    1

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou ......egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase

Pwogram Egzamen Leta Nouyòk La

Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou evalye elèv k ap aprann lang

angle kòm dezyèm lang

NYSESLAT

Yon Gid pou paran yo

Atenn ekselans nan edikasyon

Nan travay tèt ansanm, paran yo, pwofesè yo ansanm ak elèv yo kapab monte nivo akonplisman nan lekòl nou yo.

Si w bezwen plis enfòmasyon, kontakte Depatman Edikasyon Leta Nouyòk nan adrès imel li, ki se [email protected].

Ou gen dwa ekri nou tou nan adrès sa a :

New York State Education Department Office of State Assessment, 7th Floor EBA 89 Washington Avenue Albany, New York 12234

Page 2: Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou ......egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase

Rive gen ekselans nan edikasyon

Konsèy Administrasyon (Regents) Leta Nouyòk etabli baz pou Lang e Literati pou tout elèv k ap frekante lekòl Leta Nouyòk yo, menm elèv ki pa fò nan angle (Limited English Proficiency – LEP). Selon Lwa federal Pa kite okenn timoun ret dèyè (No Child Left Behind – NCLB), lekòl yo dwe teste chak ane nivo elèv yo nan li oswa nan Lang e Literati angle pou asire ke elèv yo ranpli baz Leta a etabli. Epitou, NCLB mande pou tout lekòl

Tit III evalye chak ane konpetans nan lang angle tout elèv LEP ki patisipe nan pwogram Tit III yo. Pou satisfè egzijans sa a, Depatman Edikasyon Leta Nouyòk te kreye e l ap jere Egzamen Leta Nouyòk bay pou evalye elèv k ap aprann angle kòm dezyèm lang (New York State English as a Second Language Achievement Test – NYSESLAT) ba tout elèv ki enskri nan Jadendanfan rive nan 12yèm Klas nan lekòl Leta Nouyòk yo.

Tiliv enfòmasyon sa a dekri NYSESLAT la ak kijan li mezire pwogrè elèv LEP yo. Gras a tiliv sa a, paran yo pral aprann tou

1

Copyright © 2009 New York State Education Department.

Permission is hereby granted to New York State school administrators and educators to

reproduce this publication in the quantities necessary for their school's use, but not for

sale, provided copyright notices are retained as they appear in this publication.

Pearson is a trademark, in the U.S. and/or other countries, of Pearson Education, Inc. or

its affiliate(s).

Portions of this work were previously published.

Printed in the United States of America.

Page 3: Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou ......egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase

NYSESLAT la

NYSESLAT la fèt pou mezire konpetans nan lang angle elèv yo te konsidere ki pa fò nan lang angle (LEP). Depatman an kreye egzamen sa a an kolaborasyon avèk Pearson, yon konpayi ki konpoze egzamen, e avèk kolaborasyon pwofesè nan tout Leta a.

Yo distribye NYSESLAT la chak ane ba tout elèv LEP yo k ap frekante Jadendanfan rive 12yèm Klas. Rezilta chak elèv pou egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase nivo konpetans nan lang angle elèv la swa debitan, entèmedyè, avanse oswa konpetan. Klasifikasyon sa a gen dwa sèvi pou founi kantite enstriksyon nesesè nan Lang e Literati ki obligatwa selon Pati 154 nan Règlemantasyon Komisè Edikasyon an. Pati 154 se manda jiridik Leta a ki etabli egzijans pou mete an pratik pwogram ak sèvis edikasyon pou elèv LEP nan Leta Nouyòk.

NYSESLAT gen ladann senk (5) pati : Jadendanfan rive 1ye Klas, 2yèm Klas rive 4yèm Klas, 5yèm Klas rive 6yèm Klas, 7yèm Klas rive 8yèm Klas, e 9yèm Klas rive 12yèm Klas. Chak pati sa yo teste kat (4) modalite lengwistik: tande, pale, li ak ekri. NYSESLAT se yon egzamen ki pa baze sou tan li dire.

Kesyon yo poze souvan

➢ Pouki sa gen NYSESLAT la?

NCLB egzije pou yo evalye tout elèv LEP depi jadendanfan rive 12yèm Klas chak ane pou mezire konpetans yo nan tande, pale li ak ekri lang angle; NCLB egzije pou yo swiv elèv yo pou kapab evalye pwogrè ànyèl yo pou yo rive gen bonjan konpetans. NYSESLAT ede lekòl yo detèmine sou ki fòm enstrikyon yo dwe konsantre pou elèv LEP yo devlope bon jan konesans nan lang angle, sa ki pral prepare yo pou reyisi nan saldeklas.

➢ Ki kalite repons yo pral mande elèv yo?

Yo pral mande elèv yo reponn kat (4) tip kesyon diferan— chwa miltip, repons kout alekri, repons long alekri ak repons aloral. Tablo ki anba a montre divès tip kesyon ki genyen pou chak sou-egzamen.

Sou- egzamen

Tip kesyon

Chwa miltip Repons kout alekri

Repons long alekri

Repons aloral

Tande ✔

Pale ✔

Lekti ✔

Ekriti ✔ ✔ ✔

2 3

Page 4: Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou ......egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase

➢ Kilè yo pral bay egzamen an?

Yo bay elèv yo NYSESLAT an prentan chak ane.

➢ Kijan nou fè konnen NYSESLAT se yon bon fason pou mezire estanda Leta Nouyòk yo?

Se pwofesè Leta Nouyòk ki ekri kesyon egzamen yo pou mezire espesifikman estanda Pwogram Angle kòm dezyèm lang (New York State English as a Second Language – ESL) yo. Plizyè edikatè Leta Nouyòk repase chak kesyon egzamen an avèk atansyon. Se sèlman kesyon egzamen yo jije ki gen yon kalite akseptab epi san patipri y ap mete nan egzamen yo.

Epitou, tout kesyon egzamen yo deja teste sou teren an nan saldeklas elèv LEP yo pou asire ke esplikasyon yo klè e fasil pou swiv, matyè a enterese elèv yo e kesyon yo se yon bon mwayen pou konnen sa elèv yo aprann.

➢ Kimoun ki pral korije egzamen yo?

Se pwofesè nan Leta Nouyòk ki resevwa yon fòmasyon espesyal pou korije repons aloral e alekri elèv yo k ap korije kesyon yo ki nan sou-egzamen Pale a ak nan yon pòsyon sou-egzamen Ekriti a. Pearson ap sèvi ak yon machin pou korije kesyon ak chwa miltip ki nan NYSESLAT la.

➢ Kisa yo pral fè ak rezilta NYSESLAT yo?

Rezilta egzamen an founi elèv, pwofesè ak paran yo yon rapò objektif konsènan fòs ak feblès chak elèv nan lang angle nan domèn tande, pale, li ak ekri. Rezilta yo pral ede detèmine si elèv sa yo ap fè pwogrè ki rezonab ase pou rive genyen bon jan konpetans nan lang angle. Rezilta egzamen yo pral ede lekòl la tou konsantre sou fason pou amelyore enstriksyon an pou elèv LEP yo ka vini pi avanse nan lang angle. Sa pèmèt yo konprann enstriksyon sou lòt matyè tankou matematik ak syans.

4 5

Page 5: Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou ......egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase

➢ Èske gen aranjman pou elèv ki andikape?

Yo òganize aranjman pou egzamen an dapre bezwen endividyèl elèv yo.

Y ap prepare aranjman pou elèv ki andikape pandan egzamen an. Se Komisyon Edikasyon Espesyal ki rekòmande aranjman sa yo e yo endike nan chak Pwojè edikasyon endiviyèl (IEP) elèv yo, oswa nan Plan aranjman Seksyon 504 (Plan 504) li.

Gen kèk aranjman yo pa pèmèt pou sèten seksyon egzamen yo paske aranjman sa yo ka chanje sa egzamen an bezwen mezire a. Pa egzanp, yo pa pèmèt aranjman kote yon moun ap li pou elèv la pòsyon nan sou-egzamen Lekti a, paske egzamen sa a sipoze mezire konpetans elèv la nan Lekti. Yo pa pèmèt okenn aranjman pou egzamen NYSESLAT pou elèv yo pa t idantifye kòm elèv ki andikape.

Kijan paran yo kapab ede

Paran yo kapab jwe yon wòl enpòtan pou ede pitit yo aprann byen lekòl e pou yo pare pou pase egzamen sa yo.

Men kèk bagay ou kapab fè:

■ Aprantisaj kòmanse depi lakay. Timoun aprann pale lè yo tande, li e yo pale lang la. Plis ou kapab ekspoze pitit ou avèk lang angle, se pi vit l ap devlope konesans ki nesesè nan lang nan.

■ Pale avèk pwofesè pitit ou. Yon fason ekselan pou w konnen pwogrè pitit ou lekòl se pou kontre avèk pwofesè pitit ou. Patisipasyon nan konferans paran¬pwofesè ak nan aktivite lekòl la ap òganize se yon bon fason pou kenbe kontak regilyèman avèk pwofesè pitit ou.

■ Ankouraje pitit ou pandan tout ane a. Asire w ke pitit ou vini lekòl la tou pare pou aprann, ke li ale lekòl regilyèman e ke li fè tout devwadmezon yo. Poze pitit ou kesyon osijè pèfòmans li lekòl, e pa ezite fè li konpliman.

■ Ankouraje bon abitid travay. Ou kapab ede piti ou pran bon abitid travay lakay li e lekòl. Esplike li enpòtans ki genyen pou li swiv esplikasyon yo avèk atansyon, pou li evite fè erè inatansyon e pou l tcheke travay li pou l asire ke li fèt kòrèkteman.

6 7

Page 6: Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou ......egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase

■ Pran yon atitid ki pozitif pou egzamen an. Fè pitit ou konnen ke ou gen konfyans nan kapasite li. Esplike li ke sèten nan kesyon egzamen an gen dwa difisil e sa pa fè anyen si lòt elèv yo fini anvan. Fè pitit ou konnen pa gen pwoblèm pou li travay selon pwòp ritm pa li.

■ Asire w ke pitit ou fizikman pare jou egzamen an. Yon timoun bezwen tout atansyon li pou fè yon egzamen, kifè pitit ou dwe byen dòmi lannwit anvan egzamen an. Asire w pitit ou manje sa ki bon pou li nan maten ak nan manje midi pandan jou egzamen an.

Egzanp kesyon yo poze nan NYSESLAT la

Echantiyon ki pi ba la yo reprezante jan de kesyon ki parèt pou tout senk (5) pati ak kat (4) sou-egzamen NYSESLAT yo. Egzanp kesyon sa yo sòti nan Echantiyon NYSESLAT yo, yo gen dwa itilize nan saldeklas anvan vre egzamen an. Echantiyon NYSESLAT yo ansanm ak Direktiv pou pwofesè yo disponib sou Entènèt nan http://www.p12.nysed.gov/apda/nyseslat/samplers/2007/.

➢ Jadendanfan-1yè Klas Tande

Spoken script: Which picture shows what the dog did first? Now listen. “The dog ran out the door, ran by a man, and then sat under a tree.” Which picture shows what the dog did first?

98

Page 7: Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou ......egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase

➢ Jadendanfan–1yè Klas Lekti

➢ Jadendanfan–1yè Klas Ekriti

Spoken script: This is a picture of a school. Write the word “school” on the line.

➢ 2yèm Klas–4yèm Klas Koute

Spoken script: Where will you go after you talk to your mother? Now listen. “I know that you like to jump off the diving board, but you will need to wait until the lifeguard says it’s OK to go into the deep end of the pool. You can go play on the slide until you are able to go on the diving board.” Where will you go after you talk to your mother?

What do you see?

bus ball boat

10 11

Page 8: Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou ......egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase

➢ 2yèm Klas–4yèm Klas Pale

➢ 5yèm Klas–6yèm Klas Lekti

➢ 7yèm Klas–8yèm Klas Koute

Spoken script: Where will you get a map?

A From the librarian B From the Internet C From a teacher D From a book

Now listen to the teacher. “Today we’re going to start our research project about explorers. Each group will choose one explorer from the list, and then we’ll go to the library. First, you’ll look for information about the explorer’s life. Next, you need to print a map from the Internet and draw the explorer’s route on it. Finally, you will each write a paragraph about some important discoveries the explorer made.” Where will you get a map?

What can you tell about thegrandmother after reading thepoem?

A She is a patient listener.B She once lived in a large city.C She has detailed memories of her

youth.D She does not like to talk much

anymore.

Which words from the poemcontain a simile?

A . . . as it ran past her village.B Then my grandmother starts . . .C When my grandmother tells

tales . . .D . . . her hands wave like the tree

branches . . .

Where will you get a map?

A From the librarianB From the InternetC From a teacherD From a book

12 13

DIRECTIONS Read the poem and each question. Fill in the correct circle on your answer sheet.

Homeby Nancy Beaulieu

When my grandmother tells tales of when she was my age,her hands wave like the tree branches outside her childhood window, andshe chatters like the river as it ran past her village.But when my grandmother finishes,she grows still as a summer’s night when she was young.So I listen and I see with my grandmother’s eyes.Then my grandmother starts a new tale about a garden she is growing.Her brown eyes are as warm as the earth where she is planting seeds.So I listen and I see with my grandmother’s eyes.

5-6PoemHome

Page 9: Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou ......egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase

➢ 7yèm Klas–8yèm Klas Ekriti ➢ 9yèm Klas–12yèm Klas Ekriti

➢ 9yèm Klas–12yèm Klas Pale

14 15

DIRECTIONS Write an essay about how the lessons that young people learn from theirpeers in school and in sports can help them when they grow up. Makesure your essay is well organized and of sufficient length. You may useyour ideas from the Pre-Writing questions to help you write.

3516579 3516579_AR1 to AR2

1

Since joined the Chess Club,Tracy has improved her game.

Which answer is correct?

A joiningB to joinC joinD Correct as is

What is the woman doing, and what might she be thinking?

Page 10: Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou ......egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase

Glosè ekspresyon ak mo ki nan tès la e yo itilize nan Gid sa a

Repons detaye alekri Yon devwa kote elèv yo dwe ekri yon repons detaye pou yon kesyon, olye yo chwazi pami plizyè repons. Egzamen sou teren an Vèsyon preliminè yon egzamen yo bay elèv yo pou ranmase enfòmasyon sou kesyon egzamen yo. Y ap bay egzamen an nan sèten lekòl sèlman.

Pwojè edikasyon endividyèl (Individualized Education Pwogram – IEP) Yon pwojè edikasyon pou elèv ki andikape. Yon IEP se yon modifikasyon pwogram edikasyon nòmal la ki gen ladann enstriksyon espesyal ki baze sou bezwen akademik, sosyal e konpòtmantal elèv sa a sèlman.

Etidyan ki gen konpetans limite nan lang angle (Limited English Proficient – LEP) Elèv, akòz yo fèt aletranje oswa ansèt yo sòti lòt peyi, ki pale yon lòt lang ki pa angle oswa ki konprann oubyen ki pale angle enpe oubyen ki pa pale angle menm, oswa ki resevwa yon nòt ki pi ba pase nivo konpetans Leta a apwouve pou egzamen konpetans nan lang angle kòm dezyèm lang.

Kesyon ak chwa miltip Yon kesyon egzamen kote elèv la chwazi, olye li ekri, repons lan. Elèv yo chwazi repons ki kòrèk la pami twa (3) oswa kat (4) chwa repons.

Konsèy Administrasyon (Regents) Leta Nouyòk Kreye nan lane 1784, Konsèy Administrasyon Inivèsite Leta Nouyòk se antèt edikasyon kontinye ki pi ansyen Ozetazini. Regents responsab pou sipèvizyon jeneral tout aktivite edikasyonèl andedan Leta a, e li sipèvize Inivèsite ak Depatman Edikasyon Leta Nouyòk.

Estanda pou aprann Angle kòm dezyèm lang nan Eta Nouyòk Deskripsyon Leta a preskri osijè kapasite ak konpetans elèv LEP yo dwe genyen pou resi fè pati nan klas nòmal akademik yo.

16 17

Page 11: Jadendanfan–12yèm Klas Egzamen Leta Nouyòk bay pou ......egzamen sa a ap sèvi kòm baz pou deside si y ap kontinye klase elèv la kòm LEP. Sou baz rezilta egzamen an, y ap klase

Pa kite okenn timoun ret dèyè (No Child Left Behind – NCLB) Lejislasyon federal k ap chèche amelyore kalite edikasyon nan nivo nasyonal gras a amelyorasyon responsabilite Eta yo, distri lekòl ak lekòl yo. Lwa a mande pou tout Eta k ap resevwa finansman federal dwe teste chak ane nan lang angle elèv k ap frekante lekòl Ozetazini pandan plis ke yon ane e lwa a egzije pou Eta yo teste chak lane nan lang angle konpetans tout elèv LEP k ap patisipe nan pwogram Tit III.

Repons alekri ki kout Yon devwa kote elèv yo dwe ekri yon repons tou kout pou yon kesyon olye yo chwazi yon repons nan plizyè chwa.

Tit IIIYon seksyon nan 2001 NCLB a ki pou enstriksyon elèv LEP ak imigran yo.

Si w bezwen plis enfòmasyon

Si w vle gen plis enfòmasyon osijè tèm espesifik ki anrapò ak Pwogram tès NYSESLAT la, tanpri konsilte sit Wèb ki pi ba la yo:

Pwogram tès NYSESLAT http://www.p12.nysed.gov/apda/nyseslat/home.html

Biwo evalyasyon Eta a http://www.p12.nysed.gov/apda/

Enfòmasyon jeneral sou aranjman pou egzamen yo pou elèv ki andikape

http://www.p12.nysed.gov/specialed/publications/policy/testaccess/policyguide.htm

18 19