40
Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape Depatman Edikasyon nan Eta Maryland Divizyon Edikasyon Espesyal /Sèvis Entèvansyon Bonè

Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

  • Upload
    others

  • View
    23

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

1

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Gid Planifikasyon Tranzisyon pou

Moun Andikape

Depatman Edikasyon nan Eta Maryland

Divizyon Edikasyon Espesyal /Sèvis Entèvansyon Bonè

Page 2: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

2

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Depatman Edikasyon nan Eta Maryland Divizyon Edikasyon Espesyal /Sèvis Entèvansyon Bonè Rekonesans Depatman Edikasyon nan Eta Maryland lan, Divizyon Edikasyon Espesyal /Sèvis Entèvansyon Bonè (DSE/EIS) vle rekonèt kontribisyon moun ak gwoup sa yo, epitou remèsye yo pou sipò kontinyèl yo avèk enterè yo nan tranzisyon segondè.

Marcella E. Franczkowski, Asistan Eta Sipè-Entandan, Depatman Edikasyon nan Eta Maryland lan, Divizyon Edikasyon Espesyal /Sèvis Entèvansyon Bonè. Christy Stuart, Chèf Tranzisyon Segondè, Depatman Edikasyon nan Eta Maryland lan, Divizyon Edikasyon Espesyal /Sèvis Entèvansyon Bonè. Responsab Komite Tranzisyon Segondè pou Eta a: Li te gen ladan li kowòdonatè tranzisyon segondè yo nan 24 sistèm lekòl lokal yo, Lekòl Maryland pou Avèg, Lekòl Maryland pou Moun ki Soud, Lekòl Maryland SEED, Lekòl Sèvis pou Edikasyon Jivenil, avèk lekòl ki pa piblik yo nan Maryland. Konsèy Komite Edikasyon Espesyal Eta Maryland Kowalisyon Defansè Edikasyon Maryland Espè tranzisyon segondè yo ki te founi dokiman revize dapre enplikasyon pratik ak legal aktyèl yo, avèk prèv baze sou pratik ak prediksyon nan tranzisyon segondè

George Tilson, Tilson, Diaz & Associates

Ruth Allison, Sant Nasyonal TA sou Tranzisyon

Caroline MaGee, Sant Nasyonal TA sou Tranzisyon

Elizabeth Tornquist, Kowalisyon pou Edikasyon Enklizif nan Maryland

Mark Trexler, Sant pou Teknoloji nan Edikasyon Inivèsite Johns Hopkins a

Page 3: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

3

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Depatman Edikasyon nan Eta Maryland Divizyon Edikasyon Espesyal /Sèvis Entèvansyon Bonè Kòman pou Itilize Gid sa a Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun yo ki Andikape Depatman Edikasyon nan Eta Maryland lan founi enfòmasyon bay elèv yo, paran/gadyen, edikatè, ak ajans kominote yo sou pwosesis tranzisyon an. Menmsi chak elèv pral genyen objektif ak rezilta tranzisyon endividyèl pa yo, gid sa ap bay enfòmasyon "preliminè" sou kondisyon pwosesis tranzisyon an dapre Lwa sou Moun ki Andikape yo (Individuals with Disabilities Act (IDEA)) ansanm ak estrateji ak resous ki rekòmande pou abouti a yon rezilta pozitif. Gid sa ap bay detay sou topik sa yo:

• Planifikasyon Tranzisyon (k ap mennen a anbochaj avèk rezilta edikasyon apre lekòl segondè, dapre IDEA)

• Wòl avèk Patisipasyon Patnè yo • Kondisyon pou Diplòm Lekòl Segondè nan Maryland avèk Sètifika Fen Pwogram Lekòl

Segondè nan Maryland • Kanè Pèfòmans Maryland (ki te rele anvan Dokiman Soti Maryland) • Dwa vs. Elijiblite • Laj Majoritè • Sèvis Ajans Adilt Maryland

1. Divizyon Sèvis pou Reyabilitasyon (Division of Rehabilitation Services (DORS)) 2. Administrasyon Devlòpmantal pou Andikap (Developmental Disabilities

Administration (DDA)) 3. Administrasyon Sante Konpòtmantal (Behavioral Health Administration (BHA)) 4. Depatman Travay, Lisans ak Règleman (Department of Labor, Licensing and

Regulation (DLLR)) – Divizyon Devlopman Mendèv ak Aprantisaj Adilt • Avantaj • Edikasyon apre lekòl Segondè/Sèvis Sipò Andikap • Fòmasyon sou Transpò/Vwayaj • Swen Sante • Aksè nan Kominote

1. Rekreyasyon/Lwazi 2. Gadyen Legal 3. Sekirite Sosyal 4. Planifikasyon Finansye/Fondasyon pou Bezwen Espesyal yo/Planifikasyon Imobilye

• Pwosesis Tranzisyon: Koneksyon ak Ajans Dokiman Siplemantè A: Kalandriye (yo) Rekòmande Dokiman Siplemantè B: (FAQs) Kesyon sou Edikasyon apre lekòl Segondè/Sèvis Sipò Andikap Dokiman Siplemantè C: Popilasyon/Resous Espesifik yo Dokiman Siplemantè D: Glosè pou Tèm avèk Akwonim yo

Page 4: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

4

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Kisa Planifikasyon Tranzisyon an ye?

Gid Planifikasyon Tranzisyon Depatman Edikasyon Eta Maryland lan, Divizyon Edikasyon Espesyal/ Sèvis Entèvansyon Bonè konsantre sou rezilta avansman moun ki andikape depi nan lekòl jis apre lekòl segondè. Yon majè pati nan planifikasyon tranzisyon segondè se aktivite ak sèvis tranzisyon sekansyèl ki konsantre sou moun epi ki mennen Pwogram Edikasyon Endividyèl la (Individual Education Program (IEP)). Pou elèv yo kite lekòl segondè avèk siksè byen prepare pou kolèj, karyè ak kominote, yon planifikasyon bonè enpòtan. Nan Maryland, planifikasyon tranzisyon avèk sèvis prestasyon tranzisyon yo kòmanse depi nan ane IEP kote elèv la vin gen laj 14 zan.

Lwa sou Edikasyon pou Moun ki Andikape yo (Individuals with Disabilities Education Act (IDEA)) deklare objektif lejislasyon an se "pou garanti tout timoun ki gen andikap jwenn edikasyon piblik apwopriye gratis ki konsantre sou edikasyon espesyal avèk sèvis deziyen ki gen rapò avèk yo pou satisfè bezwen inik yo epi pou prepare yo pou travay pi devan ak yon vi endepandan." Lwa a ensiste sou nesesite pou edikatè yo, paran, avèk ajans kominotè yo travay ansanm pou sipòte elèv yo tankou yap travay sou objektif ak reyisit apre lekòl segondè. Yo dwe bay sèvis tranzisyon yo pou ede elèv la nan reyalizasyon ladrès ki nesesè pou atenn objektif li yo apre lekòl segondè.

IDEA 2004 defini sèvis tranzisyon yo tankou yon seri aktivite kowòdone pou yon elèv ki gen andikap ki:

• Deziyen pou li nan yon pwosesis rezilta oryante, konsantre pou amelyore rezilta akademik ak fonksyonèl pou yon moun ki gen yon andikap pou fasilite avansman aktivite yo depi nan lekòl epi apre lekòl, tankou edikasyon apre lekòl segondè; edikasyon pwofesyonèl; travay entegre, nan pouswit edikasyon adilt; sèvis adilt yo, yon vi endepandan oswa patisipasyon kominotè;

• Baze dapre bezwen endividyèl yo, baze sou konsiderasyon fòs yo, preferans avèk enterè yo; epi;

• Deziyen pou genyen enstriksyon ladan li, sèvis asosye yo, eksperyans kominotè yo, devlopman travay avèk lòt objektif lavi adilt apre lekòl epi lè li apwopriye, akizisyon ladrès lavi chak jou ak evalyasyon fonksyonèl pwofesyonèl.

Page 5: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

5

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Planifikasyon Tranzisyon Objektif planifikasyon tranzisyon an se pou sipòte elèv ki gen andikap yo pandan yo ap pwogrese lekòl epi pou prepare yo pou lavi nan monn adilt la. Sa gen ladan li planifikasyon pou kolèj, travay, transpò, mòdvi, sante avèk lavi chak jou. Aktivite adilt yo ta kapab yon konbinezon ak nenpòt nan sa yo:

• Detèminasyon Pèsonèl ak Defans • Patisipasyon kominotè • Edikasyon apre lekòl segondè • Fòmasyon pou travay • Travay konpetitif • Viv endepandan • Koneksyon sèvis pou adilt

Planifikasyon tranzisyon pou avni yon elèv kòmanse bonè depi nan lekòl elemantè nan aktivite konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan epi kontinye l nan devlopman IEP a. Elèv yo ki gen sipò paran ak edikatè yo, idantifye objektif apre lekòl segondè yo nan domèn travay, edikasyon apre lekòl segondè oswa fòmasyon pou travay: epi si l apwopriye, lavi endepandan. Objektif apre lekòl segondè yo baze dapre rezilta evalyasyon laj tranzisyon apwopriye yo.

Pou kisa yo bezwen yon plan tranzisyon? Plan tranzisyon an fèt pou garanti elèv la ap jwenn ladrès ak sèvis nesesè yo pou fè yon tranzisyon fasil de lekòl a lavi adilt. Pou elèv yo ki gen yon IEP, sistèm lekòl piblik ak lekòl ki pa piblik yo bay sipò edikasyonèl ki ta ka genyen ladan l teknoloji asistans, fòmasyon pou travay, asistans pèsonèl ak lòt sipò ekip IEP a twouve ki apwopriye. Lè yon elèv kite lekòl segondè, yo pa bay sipò sa yo otomatikman, menm lè yo te disponib pandan ane lekòl yo. (Gade Seksyon sou Elijiblite ak Privilèj)

Kisa planifikasyon tranzisyon genyen ladan l? Pwosesis planifikasyon tranzisyon an kòmanse lè elèv ki gen IEP yo idantifye kisa yo pral fè apre gradyasyon epi konsidere ladrès, fòmasyon, edikasyon, avèk/oswa resous nesesè pou atenn objektif sa yo. Li genyen ladan li tou:

• Idantifye epi aplike pou ajans sèvis adilt ki apwopriye yo. • Kolekte dokiman ki nesesè pou kolèj alavni, anplwayè oswa founisè sèvis yo. • Detèmine aktivite yo pou fòmasyon tranzisyon an ak sipò nesesè pou ede elèv la

pratikman reyalize objektif sa yo.

Page 6: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

6

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Kilè planifikasyon tranzisyon an kòmanse?

Planifikasyon tranzisyon an kòmanse nan ane elèv la vin genyen 14 zan, si se pa pi bonè. Nan lè sa a, yon Plan Tranzisyon fòmèl ki genyen objektif apre lekòl segondè elèv la ak sèvis tranzisyon yo ta dwe devlope epi mete li nan IEP a. Sa ka sanble twò bonè, men li nesesè pou planifye avèk prekosyon si elèv yo ta dwe aprann ladrès ak eksperyans nesesè yo pou ede yo reyalize objektif apre lekòl segondè yo. Kòmanse planifikasyon tranzisyon an apati laj 14 zan bay elèv yo tan pou eksplore chwa objektif yo apre lekòl segondè epi pou modifye oswa chanje yo baze dapre eksperyans tranzisyon yo epi dapre konesans yo te pran. Li ap bay yo tou tan pou aplike pou sèvis yo apre lekòl segondè ak sipò tankou: sipò akademik nan kolèj, antrènman pou travay, asistans pou swen pèsonèl, lojman sibvansyone, oswa lòt sèvis pou adilt yo.

Page 7: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

7

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Wòl ak Patisipasyon Patnè yo Menm jan idantifikasyon objektif apre lekòl segondè yo enpòtan, se konsa divès aktè yo ki ta ka sipòte pwosesis tranzisyon an epi sipòte elèv la nan reyalize objektif ki idantifye yo. Aktè yo pote sou tab planifikasyon tranzisyon an divès wòl ak responsablite. Wòl ak responsablite sa yo kapab varye atravè sistèm lekòl lokal yo.

Patnè yo Wòl /Responsablite

Elèv ● Patisipe nan planifikasyon tranzisyon ● Idantifye pwoblèm avèk difikilte yo ● Eksprime enterè avèk priyorite yo ● Idantifye objektif apre lekòl segondè yo ● Patisipe nan aktivite tranzisyon yo ki idantifye nan IEP a

Paran/Gadyen ● Patisipe nan reyinyon IEP ak planifikasyon tranzisyon yo

● Pataje kalite elèv yo, enterè yo epi sipòte bezwen yo avèk ekip IEP ● Ede elèv jwenn aksè avèk lòt patnè tranzisyon yo ● Defann objektif elèv yo ● Pataje kontak ak rezo pou potansyèl opòtinite pou djòb ● Fè kòmantè avèk patnè tranzisyon yo ● Revize kalandriye tranzisyon an epi mande sipò li gen bezwen ● Ranpli aplikasyon nan ajans leta apwopriye yo dapre kalandriye ajans lan

Sistèm Lekòl yo ● Mande pèmisyon nan men paran/gadyen pou kominike avèk ajans eta/kominote yo

● Envite patnè yo nan reyinyon IEP yo lè yap diskite sou tranzisyon ● Ede paran/gadyen yo lè yap aplike pou sèvis apre lekòl segondè nan ajans leta

yo tankou nan Divizyon Sèvis yo pou Reyabilitasyon (Division of Rehabilitation Services (DORS)), Administrasyon Devlòpmantal pou Andikap (Developmental Disabilities Administration (DDA)), ak Administrasyon Sante Konpòtmantal (Behavioral Health Administration (BHA))

● Founi enstriksyon avèk eksperyans travay nan yon anviwònman otantik si li endike nan IEP elèv yo

● Travay an kolaborasyon avèk DORS pou garanti elèv ki elijib yo idantifye epi pou jwenn fòmasyon pou preparasyon pou travay

● Prepare reyinyon enfòmasyonèl pou paran yo konsènan aspè planifikasyon tranzisyon avèk pwosesis/kalandriye aplikasyon nan ajans leta yo ki kapab bay elèv la sèvis lè li soti nan sistèm lekòl la

● Dokimante epi rapòte pwogrè elèv la avèk estati li apre li soti nan sistèm lekòl la

Page 8: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

8

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Patnè Wòl/Responsablite Divizyon Sèvis yo pou Reyabilitasyon (Division of Rehabilitation Services (DORS))

● Patisipe nan reyinyon planifikasyon tranzisyon/asiste reyinyon IEP lè sa posib ● Kòmanse travay avèk elèv ki elijib yo anvan dènye ane lekòl segondè yo pou

devlope Plan Endividyèl pou Travay (Individualized Plan for Employment (IPE))

● Idantifye sèvis ki nesesè yo pou yon tranzisyon avèk siksè nan edikasyon apre lekòl segondè avèk /oswa travay

● Fè kontra avèk Kominote Founisè Reyabilitasyon yo (Community Rehabilitation Providers (CRPs)) pou sipòte elèv yo nan devlopman pou travay ak sèvis pou travay

● Bay Sèvis Fòmasyon Anvan-Travay (Provide Pre-Employment Training Services (Pre-ETS)) ak elèv segondè ki elijib yo ki gen laj 14-22 nan domèn Konsèy Eksplorasyon Djòb , Eksperyans Aprantisaj baze sou Travay, Enstriksyon sou Otonomi, Konsèy sou Opòtinite nan Edikasyon apre Lekòl Segondè, avèk Fòmasyon sou Preparasyon nan Plas Travay

Administrasyon Devlòpmantal pou Andikap (Developmental Disabilities Administration (DDA))

● Patisipe nan planifikasyon tranzisyon ● Kolabore avèk lòt patnè tranzisyon yo pou garanti elèv yo gen dokimantasyon

apwopriye pou kalifye epi pou jwenn aksè ak sèvis yo ● Bay finansman alontèm pou moun ki elijib apre yo soti lekòl ● Fè kontra avèk yon Kowòdonatè nan Sèvis Kominote yo (Coordinator of

Community Services(CCS)) pou ede avèk tranzisyon de lekòl a monn adilt la

Founisè Sèvis pou Adilt /Founisè Reyabilitasyon Kominotè (Community Rehabilitation Providers (CRPs))

● Patisipe nan planifikasyon tranzisyon ● Rantre annakò kontraktyèl avèk sistèm lekòl yo avèk DORS pou fasilite

eksperyans baze sou travay epi pou bay devlopman pou djòb avèk antrènman pou djòb anvan epi apre yo soti lekòl

● Bay sèvis ak sipò pou kliyan DORS ak DDA yo pou founi devlopman pou travay avèk antrènman apre yo soti lekòl segondè

Kolèj /Pwogram Fòmasyon Edikasyon Apre Lekòl Segondè

● Angaje avèk elèv pou idantifye bezwen pou akomodasyon ak sipò an kolaborasyon avèk Sèvis Sipò pou Andikap nan kanpis kolèj la.

● Bay aksè ak sipò pou aktivite sou kanpis, nan klas avèk nan travay

Page 9: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

9

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Kondisyon yo pou Diplòm Lekòl Segondè Maryland lan ak pou Sètifika Finisman Pwogram Lekòl Segondè Maryland lan

Diplòm Lekòl Segondè Maryland (Gade COMAR 13A.03.02.09) • Yo ta dwe akòde Diplòm Lekòl Segondè Maryland lan bay yon elèv ki:

(a)Ranpli kondisyon enskripsyon, kredi yo, avèk sèvis yo. (b)Sistèm lekòl lokal yo kapab etabli kondisyon kredi adisyonèl oswa ajoute apui nan diplòm nan kòm ankourajman pou elèv yo pou satisfè kondisyon ki etabli lokalman ki depase minimòm Eta a espesifye yo.

• Pou plis enfòmasyon, vizite http://www.marylandpublicschools.org/programs/Documents/Testing/GradRegFAQ051517.pdf

Sètifika Finisman Pwogram Lekòl Segondè Maryland (Gade COMAR 13A.03.02.09D) • Yo ta dwe akòde Sètifika Finisman Pwogram Lekòl Segondè a bay elèv yo ki genyen andikap ki pa

kapab satisfè kondisyon pou yon diplòm, men ki satisfè estanda ki swiv yo: (a) Elèv la ki te enskri nan yon pwogram edikasyon pandan omwen 4 tran apre klas 8yèm ane oswa ki gen laj ekivalan, epi yon ekip IEP te detèmine, avèk akò paran elèv ki gen andikap yo, pou te devlope ladrès apwopriye yo pou moun nan pou rantre nan monn travay la, pou aji avèk responsablite antan yon sitwayen, epi pou jwi yon vi okonplè ki gen omwen sa ki swiv yo:

• Travay byen peye; • Edikasyon apre Lekòl Segondè ak Fòmasyon; • Travay sipò; avèk • Lòt sèvis ki entegre nan kominote a; oswa

(b) Elèv la te enskri nan yon pwogram edikasyon pandan 4 tran apre klas 8yèm ane oswa ki gen laj ekivalan epi ta pral genyen laj 21 an avan premye jou nan pwochen ane lekòl la.

• Yon Dokiman de Sòti (Kanè Pèfòmans Maryland) ki dekri ladrès elèv la ap akonpaye Sètifika Finisman Pwogram Lekòl Segondè Maryland lan.

• Yo pa pral ka pran yon desizyon final pou akòde yon elèv ki gen andikap yon Sètifika Finisman Pwogram Lekòl Segondè Maryland jis apre kòmansman dènye ane lekòl segondè a.

• Yon elèv ki genyen andikap konsiderab pou aprann ka pa kapab satisfè kondisyon pou gradyasyon nan lekòl segondè si elèv la:

(a)Patisipe nan yon Evalyasyon Altènatif ki baze sou Estanda Akonplisman Akademik Altènatif (Alternative Academic Achievement Standards (AA-AAAS)); epi (b) Kontinye resevwa enstriksyon ki baze sou Estanda Akonplisman Akademik Altènatif pandan lekòl segondè.

• Si yon elèv patisipe nan yon seremoni gradyasyon anvan finisman pwogram edikasyon elèv la, pandan seremoni an, sistèm lekòl la ap bay elèv la yon Sètifika Finisman oswa lòt sètifika ki gen menm tit nan plas yon diplòm.

Page 10: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

10

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Kanè Pèfòmans Maryland (Maryland Summary of Performance (MSOP)) Maryland bay elèv ki gen IEP yo yon Kanè Pèfòmans (MSOP) anvan yo fè tranzisyon de lekòl a aktivite apre lekòl yo. Yo egzije SOP la dapre re-otorizasyon Lwa Edikasyon pou Moun ki Gen Andikap 2004 la. Nan Maryland, yo bay dokiman sa a tout elèv ki gen IEP yo anvan yo soti avèk yon Diplòm Lekòl Segondè Maryland oswa Sètifika Finisman Pwogram Lekòl Segondè Maryland (Gade COMAR 13A.03.02.09E (2).)

Pou kisa Kanè Pèfòmans Maryland lan (Maryland Summary of Performance (MSOP)) enpòtan? Kanè Pèfòmans Maryland lan bay elèv kap soti ki gen IEP yo enfòmasyon enpòtan yo ka bezwen lè yo nan tranzisyon de aktivite lekòl a aktivite apre lekòl yo. Aktivite sa yo genyen ladan yo travay, edikasyon apre lekòl segondè, ankouraje travay, oswa komite founisè sèvis reyabilitasyon yo bay abitasyon endepandan. Yap pwodui MSOP a kòm pati IEP elèv la. Epi enfòmasyon ki te kolekte a baze dapre kontribisyon elèv la, fanmi an, avèk ekip IEP a.

MSOP la kapab founi patwon potansyèl yo, enstitisyon edikasyon apre lekòl segondè yo, epi enfòmasyon enpòtan de founisè sèvis adilt yo sou ladrès jenn adilt yo, fòs yo, epi nenpòt sipò yo ka bezwen pou reyisi. Genyen 4 pati nan Kanè Pèfòmans Maryland la. Chak pati liste anba a.

Pati 1- Enfòmasyon Debaz Pati 2- Objektif Elèv yo Apre Lekòl Segondè Pati 3- Kanè Pèfòmans Summary (Akademik, Koyitif, avèk Nivo Fonksyonèl yo) Pati 4- Rekòmandasyon nan Reyinyon Objektif Apre Lekòl Segondè yo Ki kote nou kapab jwenn plis enfòmasyon ? Pou plis enfòmasyon sou Kanè Pèfòmans Maryland lan, tanpri vizite: https://marylandlearninglinks.org/maryland-summary-performance-msop/.

Dwa vs. Elijibilite

Konprann diferans ki genyen ant dwa pou edikasyon lekòl piblik avèk elijibilite pou sèvis adilt yo kapab trè difisil. Nan Maryland, you jenn adilt avèk yon andikap kap resevwa sèvis edikasyon espesyal yo GEN DWA a yon edikasyon gratis, apwopriye nan ane lekòl la kote yo vin genyen 21 an laj oswa te satisfè kondisyon pou yon Diplòm Lekòl Segondè Maryland oswa Sètifika Finisman Pwogram Lekòl Segondè Maryland. Sèvis sa yo te dokimantè nan Plan Edikasyon Endividyèl (Individualized Education Plan (IEP)) jan ekip IEP a te detèmine epi se sistèm lekòl lokal la ki finanse l.

Yon elèv ki kite sistèm lekòl la avèk yon Diplòm Lekòl Segondè Maryland oswa Sètifika Finisman Pwogram Lekòl Segondè Maryland pa gen dwa a sèvis sa yo ankò. Nan pwen sa moun sa yo dwe aplike pou sèvis adilt yo pou wè si yo ELIJIB pou resevwa yo. Anplis pou satisfè kondisyon elijiblite a, finansman dwe disponib pou resevwa sèvis avèk sipò yo nan ajans sèvis adilt yo (e.g. DORS, DDA, and BHA). Gade tablo anba a.

Page 11: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

11

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Privilèj

(Pandan te enskri nan lekòl) Elijiblite (ADA & Seksyon 504)

(Apre kite lekòl oswa a laj 21 an)

Lwa Edikasyon Pou Moun ki Gen Andikap (Individual with Disabilities Education Act (IDEA)) se yon lwa "privilèj" ki te gen objektif pou garanti moun ki andikape yo gen yon edikasyon primè ak segondè gratis ki apwopriye.

Lwa pou Ameriken yo ki gen Andikap (Americans with Disabilities Act (ADA)) la konsantre sou aksè. Objektif Seksyon 504 la avèk ADA a se pou retire baryè yo epi se pou garanti akomodasyon rezonab yo. Moun yo ki gen andikap yo vin tounen sèl pwen de kontak, se pa ni paran ni fanmi an.

• Edikasyon piblik apwopriye gratis (Free, appropriate public education (FAPE))

• Anviwònman ki mwen Restriktif (Least Restrictive Environment (LRE))

• Enstriksyon ki Espesyalman Deziyen (Specially Designed Instruction (SDI))

• Sèvis Asosye yo • Preparasyon pou edikasyon pi devan, travay

avèk yon mòdvi endepandan • Te gen dwa a sèvis yo ki ap ede elèv yo

reyisi nan lekòl • Sèvis yo aksesib atravè sistèm lekòl la

• Elijiblite pou sèvis yo apre lekòl segondè pa garanti • Moun yo dwe kalifye pou sèvis yo • Sèvis depan sou finansman avèk disponiblite

• Sèvis yo apre lekòl segondè sèlman garanti yo bay aksè egalego

• Responsablite pou jwenn sèvis yo depan de moun/paran/gadyen

• Yo kapab bay sèvis yo SI gen ase manm estaf, kapasite nan lokal la epi/oswa finansman pou bay sèvis yo

• Otonomi nesesè pou jwenn akomodasyon yo

Laj Majorite Laj Majorite a se laj ki defini legalman kote yon moun konsidere kòm yon adilt, avèk tout dwa ak responsablite laj adilt. Lè yo sèvi avèk mo laj majorite, li refere jeneralman a lè yon jenn moun rive nan laj kote li konsidere tankou yon adilt. Nan Maryland, laj sa a se 18 tan. Omwen yon ane anvan ou atenn laj 18 tan, yo dwe enfòme yon moun sou dwa li yo dapre IDEA. Nan Maryland, pran desizyon edikasyonèl pa otomatikman retonbe sou yon elèv ki gen yon andikap ki rive nan laj majorite eksepte anba sikonstans ki limite (gade COMAR 13A.05.01.07C (7).)

Page 12: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

12

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Ajans Sèvis Adilt yo nan Eta Maryland

Seksyon ki swiv la dekri kat ajans eta yo ki ka bay sèvis oswa sipò pou moun ki elijib yo. Moun sa yo dwe satisfè kondisyon elijiblite espesifik pou chak ajans. Yo founi yon rezime anbrèf kat ajans eta yo avèk kondisyon elijiblite yo anba a.

Sèvis Divizyon pou Reyabilitasyon (Division of Rehabilitation Services (DORS)) http://www.dors.maryland.gov • Kisa DORS fè? DORS administre pwogram reyabilitasyon pwofesyonèl nan kap ankouraje travay,

endepandans, avèk otonomi pou moun ki gen andikap ki grav. Konseye tranzisyon yo ki travay espesyalman avèk elèv yo ki gen andikap ki grav bay sèvis yo pou ede yo jwenn epi kenbe travay. Konseye tranzisyon DORS yo travay avèk elèv ki kalifye yo pandan de dènye ane lekòl yo pou bay epitou pou mete aranjman pou sèvis yo tankou konseye pou karyè avèk kijan pou pran desizyon, asistans nan teknoloji, preparasyon pou djòb, asistans edikasyon apre lekòl segondè (fòmasyon pwofesyonèl, kolèj kominotè, oswa inivèsite), sèvis plasman nan djòb, avèk sèvis antrènman pou djòb. DORS mentni akò ko-operasyon avèk chak distri lekòl lokal nan Maryland epi deziyen yon konseye tranzisyon DORS bay chak distri piblik lekòl segondè nan tout eta a. Dapre Lwa sou Inovasyon Travay & Opòtinite (Workforce Innovation & Opportunity Act (WIOA)), genyen yon pi gwo wòl pou DORS jwe pou moun yo ki an tranzisyon. An reyalite, yo bay sèvis tranzisyon anvan-travay yo (pre-employment transition services (Pre-ETS)) elèv segondè ki andikape yo apati laj 14 an.

• Kiyès ki elijib? Moun yo kalifye pou sèvis DORS yo si yo (1) genyen yon andikap fizik oswa

twoub mantal, ki reprezante oswa lakòz yon obstak enpòtan pou travay, (2) kapab benefisye de sèvis yo nan objektif pou jwenn travay, epi (3) oblije jwenn sèvis pwofesyonèl pou jwenn travay. Akòz limitasyon resous yo, DORS bay sèvis sèlman a moun yo ki genyen andikap ki "grav" epi ki " pi enpòtan". Sa yo se moun kap bezwen anpil sèvis pandan yon peryòd tan ki pi long epi andikap yo limite seryezman youn oswa plis kapasite fonksyonèl yo tankou mobilite, kominikasyon, swen pwòp tèt yo, otonomi, ladrès entè-pèsonèl oswa ladrès pou travay. Ka genyen yon lis datant pou sèvis yo.

• Kilè ou ta dwe aplike? DORS ankouraje referans pandan sezon ete a nan avan dènye ane lekòl pou elèv sa yo kap travay pou diplòm, epi nan sezon ete ane pwochèn nan dènye ane nan lekòl segondè pou sa yo kap travay pou yon sètifika. Travay avèk elèv yo pandan de dènye ane lekòl segondè yo bay konseye tranzisyon DORS yo ase tan pou bay planifikasyon tranzisyon epi pou ede garanti yon tranzisyon fasil de lekòl a edikasyon apre lekòl segondè oswa travay. *Apati ane 2014 jiska lejislasyon federal, DORS oblije bay sèvis tranzisyon anvan travay (Pre-ETS) a elèv ki andikape yo ki gen yon IEP oswa yon plan Seksyon 504 apati laj 14 an. Pre-ETS gen ladan li aktivite yo tankou otonomi, konsèy pou eksplorasyon travay, aprantisaj eksperyans baze sou travay,

Page 13: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

13

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

konsèy sou opòtinite pou enskri nan pwogram tranzisyon konpreyansif oswa pwogram edikasyonèl apre lekòl segondè, preparasyon pou travay. Pou plis enfòmasyon vizite:

http://dors.maryland.gov/Brochures/Pre-ETS_Fact_Sheet.pdf

• Ki kote pou aplike? Ou kapab ranpli yon referans aplikasyon DORS sou entènèt nan: http://www.dors.maryland.gov/consumers/Pages/referral.aspx oswa rele nan 1-888-554-0334 pou plis enfòmasyon.

Administrasyon Devlòpmantal pou Andikap (Developmental Disabilities Administration (DDA)) https://dda.health.maryland.gov/Pages/home.aspx

• Kisa DDA fè? DDA finanse sèvis abaz kominote epi sipòte moun ki gen andikap devlòpmantal yo. Sèvis ak sipò sa yo ka gen ladan yo sipò pou travay, pwogram lajounen, transpò, teknoloji asistans, sèvis sipò pou fanmi, pwogram sibzistans abaz kominote ak rezidansyèl yo, epi asistan swen pèsonèl. DDA bay tou sèvis espesyalman deziyen pou jenn andikape ki an tranzisyon, tankou travay ki gen asistans, pwogram lajounen, avèk sipò kominote yo.

• Kiyès ki elijib? • Moun elijib pou sèvis DDA yo si yo genyen yon andikap devlòpmantal ki:

• Lakòz domaj fizik oswa mantal, • Te kòmanse anvan moun nan te gen 22 zan, • Pèmanan; • Anpeche moun nan viv endepandan san asistans, • Kalifye pou Medicaid.

• Pou plis enfòmasyon sou elijibilite pou DDA, vizite https://dda.health.maryland.gov/Pages/eligibility.aspx

• Kilè pou aplike? • DDA ankouraje tout jenn ki kapab kalifye ki genyen yon andikap devlòpmantal pou

aplike pou sèvis yo apati 14yèm anivèsè nesans yo. Si elèv la depase 14 an, li ta dwe aplike anvan laj 18 an.

• Ki kote pou aplike? Vizite https://dda.health.maryland.gov/Pages/apply.aspx e.aspx oswa rele

DDA nan 410-767-5600 pou plis enfòmasyon. Administrasyon Sante Konpòtmantal (Behavioral Health Administration (BHA)) https://bha.health.maryland.gov/Pages/Home.aspx

• Kisa BHA fè? BHA se pati nan Depatman Sante Nan Maryland (Maryland Department of Health (MDH) ki sèvi moun ki gen maladi mantal avèk/oswa pwoblèm avèk itilizasyon alkòl ak dwòg. Atravè ajans lokal li yo, ki te rele (Ajans Sèvis Debaz) Core Service Agencies, BHA finanse epi administre pwogram yo tankou swen sikyatri ki entène, tretman rezidansyèl, swen woutin ak

Page 14: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

14

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

entansif pou malad ki pa entène, sèvis kriz, sèvis reyabilitasyon, sipò pou fanmi, asistans nan lojman ak travay pou moun ki gen maladi mantal. Kèk pwogram espesyalman pou jenn nan laj tranzisyon yo disponib nan kèk rejyon.

• Kiyès ki elijib? Moun ki gen bezwen swen mantal ki kalifye pou Medicaid. Nan kèk ka, moun ki

bezwen anpil swen mantal ki pa kalifye pou Medicaid poutèt rezon finansyè kapab toujou kalifye pou asistans.

• Kilè pou aplike? BHA bay kèk sèvis pou timoun ak jenn epi sèvis pou adilt apati laj 18. Ale nan

https://mmcp.health.maryland.gov/Pages/home.aspx pou plis enfòmasyon. • Kijan pou aplike? Sonje byen si w deja enskri nan Medicaid, ou pa bezwen enskri separeman pou

sèvis sante mantal yo. Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo pou Zafè Konsomatè BHA a nan 410-402-8447 oswa Ajans Sèvis Debaz lokal ou a. Ou ka jwenn lis ajans yo nan Asosyasyon Ajans Sèvis Debaz nan Maryland lan, www.marylandbehavioralhealth.org.

Biwo pou Mendèv ak Devlopman ak Aprantisaj pou Adilt, Depatman Travay, Lisans ak Règleman (Department of Labor, Licensing and Regulation (DLLR)) http://www.dllr.state.md.us/ • Kisa DLLR fè? Biwo Divizyon Sèvis pou Devlopman Mendèv Jenès bay pwogram ak sèvis pou

ede jenn adilt yo reyalize objektif edikasyonèl ak travay yo. Atravè lokal DLLR Sant Djòb Ameriken avèk Konsèy Envestisman Mendèv, DLLR bay konsiltasyon pou karyè, fòmasyon, aksè a konpitè avèk lòt sèvis sipò. Atravè finansman akòz Lwa sou Inovasyon Travay & Opòtinite la (Workforce Innovation and Opportunity Act (WIOA)), Depatman Travay, Lisans ak Règleman (Department of Labor, Licensing and Regulation (DLLR)) an kolaborasyon avèk Sant Djòb Ameriken bay yon seleksyon sèvis pou travay epi konekte konsomatè yo avèk opòtinite pou fòmasyon abaz travay avèk opòtinite pou edikasyon. WIOA konfime angajman Depatman an pou bay bon jan kalite sèvis pou jenn avèk jenn adilt pou kòmanse eksplorasyon karyè avèk sipèvizyon, sipò kontinyèl pou reyalizasyon edikasyonèl, opòtinite pou fòmasyon pwofesyonèl nan domèn ki an demann, enskripsyon nan edikasyon apre lekòl segondè, epi reyalizasyon kalifikasyon ki rekonèt nan direksyon yon karyè ki ap fasilite travay.

• Kiyès ki elijib? Divizyon Sèvis Jenès la sèvi jenn adilt yo, avèk oswa san andikap, laj 14-24. Sant

Gichè Inik pou Karyè a (One Stop Career Centers) disponib a moun kap chèche travay a tout laj avèk oswa san andikap.

• Kijan pou jwenn aksè a sèvis yo? Pou aprann plis sou eksplorasyon karyè, fòmasyon avèk djòb, tanpri, vizite sitwèb DLLR's nan http://www.dllr.state.md.us/county oswa rele 410-767-2173 pou jwenn yon lokal Sant Djòb Ameriken oswa vizite sitwèb Maryland Workforce Exchange : https://mwejobs.maryland.gov/vosnet/Default.aspx

Page 15: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

15

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Avantaj yo

Medicaid avèk Egzanpsyon Medicaid Depatman Sante nan Maryland (Maryland Department of Health (MDH)) lan administre Medicaid oswa Asistans Medicaid (MA). Toulède pwogram Medicaid avèk Egzanpsyon Medicaid kapab yon sous enpòtan pou asirans sante, asistans siplemantè, swen alontèm, epi sipò nan kay/abaz kominote pou moun ki andikape. • Kisa Medicaid fè?

• Bay asirans sante. • Bay finansman adisyonèl atravè pwogram Egzanpsyon Medicaid pou sèvis swen pèsonèl

tankou ijyèn pèsonèl avèk kwafi, twalèt, manje, abiye, deplasman, swen medikal nan kay, avèk aksè pou randevou medikal yo.

• Kiyès ki elijib pou Medicaid? • Anjeneral, moun sa yo ki:

• andikape • avèg • ap pran swen yon timoun ki gen paran ki pap travay, malad, oswa mouri oswa, • satisfè kondisyon pwogram revni an.

• Se Depatman Sèvis Sosyal lokal ki detèmine elijiblite pou Medicaid nan Maryland • Pou plis enfòmasyon vizite:

https://mmcp.health.maryland.gov/Pages/Am%20I%20Eligible.aspx https://www.medicare.gov/people-like-me/disability/disability.html

• Pwogram Egzanpsyon Medicaid yo Yo ofri sèvis Medicaid nan kay avèk nan kominote yo nan Maryland atravè pwogram regilye Medicaid avèk pwogram Medicaid yo ki rele "egzanpsyon." Yon egzanpsyon mete akote kondisyon elijibilite yo pou paran yon timoun ki gen andikap epi li konsidere sèlman revni timoun an.

• Chak egzanpsyon genyen diferan kondisyon pou elijiblite epi vize yon popilasyon diferan,

tankou granmoun yo oswa moun ki gen yon sèten andikap. • Sèvis yo se pa yon dwa. • Dwe rezidan Maryland pou aplike epi pou detèmine elijiblite pou sèvis DDA. • Gen de gwoup moun ki elijib pou sèvis yo.

• Sila yo ki gen andikap devlòpmantal epi; • Sila yo ki gen yon grav, kwonik andikap akòz yon kondisyon fizik oswa mantal

apa de yon sèl dyagnostik de maladi. • Pou plis enfòmasyon vizite

https://mmcp.health.maryland.gov/Pages/Am%20I%20Eligible.aspx

Page 16: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

16

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

• Pou aprann plis sou pwogram Egzanpsyon Medicaid yo tankou Chwa Kominote Anpremye, Chwa Kominote, Asistans Pèsonèl Medicaid (Community First Choice, Community Options, and Medical Personal Assistance) rele 410-767-1739, oswa vizite https://mmcp.health.maryland.gov/waiverprograms/Documents/Bluebook_032516_PROOF.pdf

• Pou enfòmasyon sou Sèvis Nan Kay avèk Baz Kominote yo vizite, visit https://mmcp.health.maryland.gov/waiverprograms/Pages/Home.aspx

• Kijan pou aplike?

• Pou aplike pou Medicaid, rezidan nan Maryland yo ale nan konte oswa nan Depatman Sèvis Sosyal nan vil yo. Kote sa a, se la yo fè entèvyou epi soumèt yon aplikasyon.

• Vizite https://medicaid-help.org/Primary-Information pou ede w reponn kesyon yo, pou tcheke elijiblite epi pou ede w aplike pou Medicaid

Avantaj Administrasyon Sekirite Sosyal pou Moun Andikape yo

Asirans Sekirite Sosyal pou Andikape avèk pwogram andikap Revni Sekirite Siplemantè yo, se pi gran nan plizyè pwogram Federal ki bay asistans a moun ki andikape yo. Malgre pwogram sa yo diferan nan anpil fason, se Administrasyon Sekirite Sosyal (SSA) ki administre toulède epitou se sèlman moun ki gen yon andikap epi ki ranpli kondisyon yo ki ka kalifye pou avantaj yo anba chak pwogram. Vizite Disability Secrets pou plis enfòmasyon avèk asistans sou lè w ap aplike pou avantaj Sekirite Sosyal yo oswa sou lè w ap konteste yon desizyon aplikasyon. Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income (SSI))

• Kisa Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income (SSI)) fè?

Pwogram Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income (SSI)) la peye avantaj yo pou adilt avèk timoun ki andikape yo ki gen revni ak resous ki limite. SSI se yon pwogram Federal revni siplemantè ke jeneral revni taks finanse (se pa taks Sekirite Sosyal yo):

• Ki deziyen pou ede moun andikape ki aje, avèg ki pa gen ase revni oswa pa gen revni. • Bay lajan pou satisfè bezwen debaz yo pou manje, rad avèk lojman

• Bay benefisyè yo asistans medikal (Medicaid) pou peye pou lopital, bòdwo doktè, preskripsyon medikaman avèk lòt freq sante.

• Benefisyè SSI yo kapab tou kalifye pou asistans manje

• Kiyès ki elijib pou Avantaj SSI yo? • Andikape; Avèg; oswa moun ki Aje (65 ak pi plis); epi ki gen revni avèk resous ki limite. • Yo konsidere revni avèk byen fanmi timoun ki andikape yo lè yap detèmine elijibilite

finansyè. • A laj 18 tan, SSA konsidere sèlman revni avèk byen moun nan, se pa revni ak byen paran

yo.

Page 17: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

17

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

• Si yo te rejte aplikasyon pou SSI yon timoun sou baz revni, re-aplike pou avantaj yo apre 18yèm dat nesans li lè yo pap konsidere revni paran ankò kòm kondisyon pou kalifikasyon.

• Moun yo ki resevwa Revni Sekirite Siplemantè yo (Supplemental Security Income (SSI) ap otomatikman kalifye pou resevwa Asistans Medikal.

• Kijan pou Aplike? • Ranpli yon Aplikasyon nan lokal Depatman Sèvis Sosyal ou a ki nan vil oswa konte kote

w ap viv la. • Telechaje yon Aplikasyon lè ale nan sitwèb:

https://mydhrbenefits.dhr.state.md.us/dashboardClient/#/home. • Pran yon aplikasyon nan lokal Depatman Sèvis Sosyal ou an avèk Depatman Sante lokal

ou a. Yo kapab voye youn pa lapòs lè w rele 1-800-456-8900. • E si yo refize aplikasyon mwen an?

• Si yo fèk fin refize aplikasyon ou a, Kontestasyon sou Entènèt la se premye kote pou mande yon revizyon sou desizyon konsènan kalifikasyon w pou avantaj pou andikap yo.

• Si yo te refize aplikasyon w lan akòz: • Rezon medikal yo, ou kapab ranpli epi soumèt demann Kontestasyon avèk Rapò

pou Kontestasyon pou Andikap yo mande a sou entènèt. • Rezon ki pa medikal, ou ta dwe kontakte lokal Biwo Sekirite Sosyal pou mande

revizyon an. Ou kapab tou rele nan nimewo gratis la, 1-800-772-1213, pou mande yon kontestasyon. Moun ki soud yo oswa ki gen difikilte pou tande yo kapab rele nan nimewo gratis TTY la, 1-800-325-0778.

• Asirans Sekirite Sosyal pou Andikape (Social Security Disability Insurance (SSDI))

• Kisa Asirans Sekirite Sosyal pou Andikape (Social Security Disability Insurance (SSDI)) fè? Asirans Sekirite Sosyal pou Andikape (Social Security Disability Insurance SSDI)) peye avantaj pou ou oswa pou kèk moun nan fanmi si w "gen asirans," ki vle di ou te travay lontan ase epi te peye taks Sekirite Sosyal.

• Kiyes ki elijib pou Avantaj SSI yo? • Pou kalifye pou SSDI yon moun dwe gen mwens pase laj 65 ane epi gen andikap grav ki

kalifye dapre Administrasyon Sekirite Sosyal la. • Yon timoun ki pa marye kapab kalifye pou resevwa avantaj sou dosye travay yon paran

si: • Timoun nan gen mwens pase 18 tan, avèk oswa san andikap; oswa • Timoun ki gen laj 18-19 an avèk elèv lekòl aplentan (ki pa depase klas 12yèm

ane); oswa • Timoun ki gen laj 18 tan oswa plis ki gen yon andikap ki kòmanse anvan laj 22

zan epi ki satisfè definisyon andikap pou adilt yo.

Page 18: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

18

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Edikasyon Apre Lekòl Segondè /Sèvis Sipò Pou Andikap Li enpòtan pou konprann diferans ki genyen ant eksperyans lekòl segondè ak kolèj, espesyalman konsènan lwa yo. Lè w nan lekòl segondè, se Lwa sou Amelyorasyon Edikasyon Moun Andikape (Individuals with Disabilities Education Improvement Act (IDEA)) ki defini kijan pou yo bay sipò edikasyonèl yo. Sa se atravè pwosesis IEP a. Lè yon elèv antre nan kolèj, (edikasyon apre lekòl segondè), Lwa sou Ameriken yo ki Andikape (Americans with Disabilities Act (ADA)) avèk seksyon 504 nan Lwa Reyabilitasyon 1973 la garanti dwa moun yo ki andikape yo pou resevwa akomodasyon rezonab yon fason pou yo ka reyisi nan edikasyon apre lekòl segondè. Tablo anba a montre diferans ant lekòl segondè avèk kolèj.

Li enpòtan pou elèv yo konnen dwa yo ak responsablite yo, kòm IDEA pa aplike nan kolèj yo, lekòl pwofesyonèl oswa inivèsite yo. Tablo Akomodasyon Edikasyon apre Lekòl Segondè a ki nan Dokiman Siplemantè A nan gid sa a rezime kèk kesyon òdinè sou sèvis akomodasyon ak Andikap nan Enstitisyon Edikasyon apre Lekòl Segondè yo.

Lekòl Segondè Kolèj

Legal • Lwa sou Amelyorasyon Edikasyon Moun

Andikape (IDEA) bay elèv andikape yo dwa a yon edikasyon gratis epi apwopriye.

• IDEA se sou SIKSÈ li konsantre.

• Lwa sou Ameriken yo ki Andikape (ADA) avek Seksyon 504 garanti akomodasyon rezonab yo.

• ADA se sou AKSÈ li konsantre.

Dokiman Nesesè ● Plan Edikasyon Endividyèl (IEP) ● Dokiman yo konsantre pou detèmine si elèv la

kalifye pou sèvis yo baze sou kategori andikap espesifik nan IDEA.

• IEP Lekòl Segondè kapab pa ase. • Elèv kapab bezwen pou pran yon evalyasyon (yo) pou

peye avèk pwòp lajan li. • Dokiman yo dwe bay enfòmasyon sou limitasyon

fonksyonèl espesifik yo epi demontre bezwen akomodasyon rezonab espesifik yo

Defans • Paran yo ki aktivman enplike nan

revandikasyon pou sèvis apwopriye yo avèk sipò pou piti yo.

• Lekòl yo dwe enplike paran yo nan patisipasyon nan pwosesis IEP a.

• Paran yo pale dirèkteman avèk pwofesè pitit yo regilyèman.

• Yo atann elèv yo pou defann pwòp tèt yo. Yo pa toujou chèche patisipasyon paran, epi yo ka dekouraje sa kèk fwa.

• Kolèj pwofesè ak anplwaye yo òdinèman pa kominike dirèkteman avèk paran yo san konsantman elèv.

Pwogram Edikasyon Endividyèl avèk Sipò yo ● Ekip IEP a, ki gen elèv, paran(yo) ak distri lekòl

, devlope Pwogram Edikasyon Endividyèl (Individual Education Program (IEP)) epi yo dwe swiv dokiman legal sa a pou sèvis yo.

● Paran gen aksè a dosye elèv yo epi li kapab patisipe nan pwosesis akomodasyon an.

• Pa genyen IEPs nan kolèj. • Biwo Sèvis pou Andikape a ap devlope yon plan

akomodasyon baze sou dokiman andikape yo elèv la te bay la.

• Elèv dwe mande Biwo Sèvis pou Andikape kolèj la akomodasyon yo chak semès.

• Paran pa genyen aksè nan dosye elèv yo san konsantman elèv la alekri.

Page 19: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

19

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Transpò/Fòmasyon Konsènan Vwayaj

Transpò bay aksè a opòtinite tankou travay, edikasyon, ak rekreyasyon. Moun andikape yo ki pa kondi oswa ki pa gen yon veyikil disponib a yo menm ap genyen pou òganize transpò pou travay, sèvis kominote avèk aktivite rekreyasyon yo. Sèvis transpò yo varye atravè tou eta a. Lyen ki swiv yo bay enfòmasyon konsènan Administrasyon Tranzit nan Maryland (Maryland Transit Administration (MTA)) avèk pwogram Taksi yo pou moun ki andikape yo: • Pwogram pri redui MTA nan Maryland

https://mta.maryland.gov/disabled-reduced-fare-program • Pwogram MTA nan Maryland Mobilite/Para-tranzit

https://mta.maryland.gov/mobility • Sèvis Taksi yo nan Maryland

http://mdod.maryland.gov/transport/Pages/Taxi-Services.aspx • Biwo Pòtay sou Politik Transpò Politik pou Travay pou Andikape

https://www.dol.gov/odep/topics/Transportation.htm Moun yo ki kalifye pou konekte avèk yon founisè sèvis pou adilt ta dwe mande ki chwa transpò ki ta disponib. Pou plis enfòmasyon sou fòmasyon konsènan deplasman, tanpri gade http://mdod.maryland.gov/employment/Documents/job%20seeker%20documents/Travel%20Training.pdf.

Fòmasyon Konsènan Vwayaj Fòmasyon konsènan vwayaj se yon enstriksyon ki konplè, entansif ki fèt pou anseye elèv andikape yo kijan pou itilize transpò piblik pou kont yo epi san danje. Elèv andikape yo dwe konnen ki sistèm transpò ki disponib, kijan pou jwenn aksè a yo, epi kijan pou planifye vwayaj yo. Paske yo bay fòmasyon konsènan vwayaj nan anviwònman natirèl kote elèv la planifye pou vwayaje a, yo aprann ladrès ak teknik ki nesesè yo pou negosye transpò piblik nan fason ki san danje epi ki endepandan. Fòmasyon sou vwayaj lakòz ogmantasyon otonomi, konfidans ak abilte pou viv, aprann, travay epi jwe nan kominote yo. Asosyasyon Kominote Transpò (Community Transportation Association) 1341 G St., NW Suite 600 Washington, DC 20005 Vwa: (202) 628.1480 Faks: (202) 737.9197 Sitwèb: www.ctaa.org Yon òganizasyon defans nasyonal ki konsantre sou transpò pou moun yo ki pa genyen aksè a transpò piblik oswa otomobil prive.

Page 20: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

20

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Administrasyon Tranzit Federal (Federal Transit Administration (FTA)) TCR-1, Room 7412 Biwo Dwa Sivil 400 7th Street, SW Washington, DC 20590 Vwa: (202) 366-366-0153 oswa (888) 446-4511 TTY/FIRS: (800) 877-8339 Sitwèb: www.fta.dot.gov Yon bon sous pou detèmine dwa moun ki andikape yo konsènan transpò piblik, ki gen ladan l règleman sou sistèm para-tranzit yo. Remak: FTA gen enfòmasyon sou sibvansyon pou ede moun ki gen revni ki ba yo (enkli moun andikape yo) avèk transpò. Enfòmasyon sa a disponib nan www.fta.dot.gov/wtw/uoft.html. FTA ofri tou pwogram sibvansyon ki vize a diminye pwoblèm transpò lè yo devlope sèvis transpò deziyen a moun ki resevwa byennèt yo ak moun ki gen revni ki ba pou fè ale retou nan djòb yo epi li devlope sèvis transpò pou rezidan nan sant iben yo avèk zòn riral e zòn banlye yo pou fasilite opòtinite travay. Yo mete aksan sou pwojè ki itilize sèvis transpò an mas. Aksyon Pwojè Aksyon Pwojè Easter Seals 1425 K Street NW, Suite 200 Washington, DC 20005 Vwa: (800) 659-6428 or (202) 347-3066; Faks: (202) 347-3066 Sitwèb: www.projectaction.org Imèl: [email protected] Aksyon Pwojè se yon pwogram nasyonal ki ankouraje sèvis transpò pou moun andikape. Se Sosyete Nasyonal Easter Seal ki administre li epi Administrasyon Tranzit Federal finanse li Ansanm Nou Vwayaje (United We Ride) Depatman Transpò a, avèk patnè li yo nan depatman Sèvis Imen ak Sante, Travay, ak Edikasyon lanse Ansanm Nou Vwayaje (United We Ride)--yon nouvo inisyativ senk-pati- pou kraze baryè nan mitan pwogram yo epi louvri sèn nan pou patenarya lokal pou jenere solisyon ki fè sans epi pou delivre pèfòmans A-plis pou tout moun ki bezwen transpò. Sitwèb la gen ladan li enfòmasyon sou opòtinite sibvansyon nan sektè transpò, aktivite eta yo, resous, avèk estrateji pou kowòdinasyon transpò atravè ajans yo. Gen yon bilten ki disponib tou. Sitwèb: www.fta.dot.gov/CCAM/www/index.html Depatman Transpò U.S (U.S. Department of Transportation) 400 Seventh Street SW Washington, DC 20590 Vwa: (202) 366-4011; TTY: (202) 366-2979 Faks: (202) 366-7951 Website: www.dot.gov/accessibility Yon varyete enfòmasyon sou règleman ak resous ki konsène transpò pou moun andikape yo.

Page 21: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

21

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Swen Sante

Aksè a swen sante se yon konsiderasyon enpòtan pou elèv kap kite sistèm lekòl la. Lè jenès la ap fè tranzisyon de lekòl segondè a vi adilt, li enpòtan pou yo mentni yon mòdvi ansante pou reyalize objektif apre lekòl segondè yo. Sa ka gen ladan li jere swen sante avèk medikaman yo, kominike avèk pwofesyonèl swen sante yo, epi konprann chwa sou asirans sante yo. Moun andikape yo ka wè pedyat yo jiska laj 21 an, men a kèk pwen, li enpòtan pou fè tranzisyon de pedyat a yon doktè ki espesyalize nan adilt. Lyen yo ki swiv yo bay enfòmasyon sou sante avèk tranzisyon a swen sante adilt pou moun andikape yo:

• Biwo kote pou Jwenn Resous pou Jenetik avèk Moun ki gen Bezwen Espesyal yo: http://specialneeds.dhmh.maryland.gov/

• Sant Nasyonal pou Enplemantasyon Medikal Lakay: https://medicalhomeinfo.aap.org/Pages/default.aspx

• Tranzisyon Swen Sante Jenès a Sante Adilt: https://phpa.health.maryland.gov/genetics/Pages/Health_Care_Transition.aspx

• Te gen Tranzisyon: http://www.gottransition.org/ Aksè a Kominote Rekreyasyon ak Lwazi

• Maryland Learning Links bay yon resous konpreyansif ki konsène pwogram rekreyasyon ak lwazi, ansanm avèk aktivite yo atravè Maryland. https://marylandlearninglinks.org/resource/recreation-organizations/

• Aksè pou Tout Moun - Depatman Resous Natirèl Maryland la (Maryland Department of Natural Resources (DNR)) ap travay pou garanti bèl resous natirèl eta a aksesib a tout sitwayen avèk vizitè yo. Depi nan konsepsyon avèk plan jiska konstriksyon ak enplemantasyon, yo te pran tan epi fè atansyon ak zòn kan yo, kabin, lapèch ak waf pou bato, sant pou vizite, santye, ak lòt ekipman lwazi deyò pou rann li posib pou moun andikape pran plezi yo nan bèl espas natirèl Maryland yo. DNR la toujou kontinye travay pou elaji aksesibilite pou enkli moun andikape yo. http://dnr.maryland.gov/Publiclands/Pages/accessforall.aspx

Resous pou Vi Kominote yo (Community Living Resources)

• Centers for Independent Living-bay sèvis yo pou ede moun andikape yo kapab dirije pwòp destine yo, pwòp vi endepandan e pwodiktif yo nan kominote a. Vizite http://www.msilc.org/map.html pou plis enfòmasyon.

• Service Access & Information Link (SAIL) -zouti aplikasyon baze sou entènèt ki pral pèmèt abitan Maryland yo pou aplike, renouvle oswa aprann sou sèvis sosyal yo Eta Maryland la te ofri yo. Vizite https://mydhrbenefits.dhr.state.md.us/dashboardClient/#/home pou pli enfòmasyon.

Page 22: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

22

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

• Redbook Administrasyon Sekirite Sosyal-yon sous referans rapid konsènan pwovizyon sou travay pou Asirans Sekirite Sosyal pou Andikape (Social Security Disability Insurance (SSDI)) avèk pwogram avantaj Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income (SSI)). Vizite https://www.ssa.gov/redbook/eng/main.htm pou plis enfòmasyon.

• Premyèman, Rele pou Èd -Jwenn yon referans gratis epi konfidansyèl pou sèvis sante avèk imen nan Maryland lè w rele 410-685-0525 nan fon zòn Baltimore a oswa (800) 492-0618 andeyò Baltimore.

Sèvis avèk Sipò Nan Kay

• Pwogram Kominote Premye Chwa (Community First Choice (CFC)) bay sèvis ak sipò kominotè pou ede granmoun avèk moun andikape yo viv nan kay pa yo. Kèk sipò yo genyen ladan yo: sèvis asistans pèsonèl, sistèm repons ijans pèsonèl, teknoloji asistans, adaptasyon aksesibilite, fòmasyon konsomatè avèk livrezon manje lakay. Moun yo dwe satisfè yon nivo swen enstitisyonèl epi kalifye pou finansman Medicaid kominotè. Pou plis enfòmasyon, kontakte Swen Alontèm Medicaid avèk Sèvis Egzanpsyon yo nan: 410‐767‐ 1739 o swa 1‐877‐ 463‐ 3464 o swa pou sèvis Relay MB 1‐800‐ 735‐ 2258. Vi zite Depatman Sante Maryland lan pou plis enfòmasyon.

• Pwogram Swen Pèsonèl la (Maryland Personal Care (MAPC)) bay swen pèsonèl lakay planifikasyon sipò avèk sèvis sipèvizyon enfimyè pou moun andikape yo oswa moun ki gen kondisyon medikal kwonik yo ki kalifye pou Medicaid. Yo ka bay sèvis sa yo nan espas travay la. Se atravè depatman sante lokal la yo administre pwogram sa a. Pou plis enfòmasyon, kontakte depatman sante lokal ou a oswa Depatman Sante Maryland nan: 410‐767‐ 1739 o swa 1‐877‐ 463‐ 3464 o swa 1‐800‐ 735‐ 2258 pou sèvis Relay MD .

• Se Administrasyon Devlòpmantal pou Andikap (Developmental Disabilities Administration

(DDA)) ki administre Community Pathways Waiver atravè Depatman Sante Nan Maryland (Maryland Department of Health (MDH). Egzanpsyon an ofri yon pakèt sèvis pou moun elijib yo ki gen yon andikap entèlektyèl oswa devlòpmantal kote se ajans founisè lisansye yo avèk founisè endepandan ki bay sèvis otonòm yo. Genyen yon lis datant pou resevwa sèvis yo epi disponiblite finansman baze dapre bezwen. Pou plis enfòmasyon oswa pou aplike pou lis datant la, kontakte biwo jeneral DDA a sou entènèt nan https://dda.health.maryland.gov/Pages/home.aspxor pa telefòn nan 410‐767‐ 5600. Pou jwenn enfòmasyon kontak biwo rejyonal DDA yo, vizite https://dda.health.maryland.gov/Pages/Regional%20Offices.aspx

• Se Administrasyon Devlòpmantal pou Andikap (Developmental Disabilities Administration (DDA)) la ki administre pwogram Sèvis Sipò Entansite Nivo Ba (Low Intensity Support Services (LISS) yo anba Depatman sante Maryland epi ki bay aplikan ki kalifye yo jiska $2.000 pou sipò sèvis pou moun ki andikape avèk fanmi yo. DDA distribiye lajan LISS de (2) fwa pa ane fiskal la an de(2) volè (ant jiyè 1-31 avèk janvye 1-31). Yo bay lajan LISS baze sou seleksyon owaza epi baze sou kondisyon elijiblite yo. LISS bay lajan pou divès sèvis sipò avèk sèvis sipò fanmi tankou: swen pèsonèl epi asosye, swen lakay, avèk lòt sèvis pou maksimize otonomi, pwogrè, avèk entegrasyon nan kominote a. Aktyèlman, genyen kat (4) ajans LISS nan eta a ki responsab pou trete aplikasyon yo. Pou plis enfòmasyon, vizite, https://dda.health.maryland.gov/Pages/liss.aspx

Page 23: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

23

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Resous pou Lojman ● Baz done pou chèche Lojman Maryland - Baz done pou chèche lojman ki abòdab nan

Depatman Lojman Maryland avèk Depatman Kominote Devlopman. ● Rechèch pou Apatman Abòdab nan Maryland - Depatman Lojman US ak Devlopman Iben pou

apatman ki jere baz done ki resevwa finansman nan HUD pou ofri sibvansyon bay lokatè ki gen revni ba yo.

● GoSection8.com – baz done pou lojman ki disponib pou moun yo ki resevwa koupon Seksyon 8 Pwogram Sibvansyon pou Lwaye

• Maryland genyen anpil pwogram ki ede moun yo ki gen yon revni ba pou peye lwaye nan kominote yo. Men, lis datant lan long, kidonk, li pi bon pou aplike osito posib.

• MDOD ede administre de(2) pwogram pou moun andikape yo ki gen revni ba yo: ● Opòtinite pou Lojman Lwaye ki Abòdab pou Inisyativ Moun Andikape yo Harry &

Jeanette Weinberg ● Pwojè Asistan Lwaye Seksyon 811 pou Moun andikape yo

Moun ki genyen ak sa ki pa genyen andikap kapab aplike tou pou lojman piblik oswa pou asistans pou lwaye atravè pwogram Koupon Chwa Lojman (Seksyon 8). Kontakte Ajans Lojman Piblik ki nan konte ou la pou chèche konnen ki asistans ki disponib nan zòn ou an. Remak: Pou rezidan ki nan rejyon Lès Shore a, Konte Garrett, Allegany, ak Frederick, kontakte Depatman Lojman ak Devlopman Kominote a, ki sèvi zòn ou an kòm Ajans Lojman Piblik. Responsablite Legal avèk altènatif

Tout moun ki gen laj 18 tan oswa plis gen dwa pou pran desizyon konsènan lavi yo. Men, gen kèk moun ki kapab bezwen asistans lè yap pran desizyon ki enpòtan yo. Reponsab legal avèk pouvwa avoka dirab bay solisyon altènatif posib pou garanti yo jere zafè moun andikape yo jan sa dwa. Genyen diferans enpòtan ant de(2) chwa yo. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale nan manyèl la, Responsablite Legal avèk Solisyon: http://www.disabilityrightsmd.org/wp-content/uploads/2011/12/Guardianship-Handbook-2011.pdf.

Planifikasyon Finansye/Fidisi Bezwen Espesyal/ Planifikasyon Imobilye

Planifikasyon Finansye se kapasite pou konprann kijan lajan fonksyone nan lemonn, kijan yon moun opere pou gen oswa fè li, kijan moun sa a jere li, kijan yo fè li vin pi plis epi kijan moun sa bay li pou ede lòt moun. Pi espesyalman, sa fè referans a jan de ladrès ak konesans ki pèmèt yon moun pran desizyon enfome epi efektif konsènan finans yo. Li rekòmande pou konsilte yon planifikatè finans ki abitye avèk règleman inik yo pou moun andikape yo. Planifikasyon Finansye pou moun ki pwòch yo ka yon tach ki lou pou yon fanmi, espesyalman pou moun ki gen manm fanmi yo ki andikape. Moun andikape yo viv pi lontan kounye a epi yo pi aktif nan lavi yo pase avan. Poutèt sa, li enpòtan pou paran avèk/oswa gadyen yo prepare planifikasyon finansye pou yo yon fwa yo pa ka pran swen tèt yo pou kont yo. Yon enstriman finansye anpil moun sèvi pou planifye pou swen alavni se yon Fidisi/Fondasyon.

Page 24: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

24

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Yon fidisi se yon aranjman legal kote yon pati kenbe pwopriyete pou avantaj finansye yon lòt pati. Nan lòt mo, li kapab konsidere tankou yon jan de depo, kote yon sedantè (grantor) pati ki kreye fidisi a, ap kenbe byen yo anvan yo distribiye yo bay benefisye deziyen yo. Sedantè (Grantor) yon fidisi gen dwa se yon paran, granparan, gadyen legal oswa tribinal la. Anplis de sa, genyen anpil diferan kalite fidisi yo kapab itilize pou diferan sikonstans fanmi. Fidisi Bezwen Espesyal (Special Needs Trusts (SNTs)) se yon jan de fidisi ki konplike, anpil fanmi itilize pou bay estabilite finansye pou fanmi yo ki andikape oswa ki gen bezwen espesyal yo. Fidisi sa yo vize espesyalman to prezève elijiblite fanmi yo pou èd gouvènman pandan l ap pèmèt yo mentni yon estanda mòdvi estanda ki te ka pa posib avèk èd gouvènman sèlman, Kòm pati nan Planifikasyon pou Lavni, kote li fè referans a yon avni anvizaje pou tèt ou, yon manm fanmi, oswa yon zanmi, epi anmenmtan idantifye jan de sèvis ak sipò yap bezwen, planifikasyon imobilye se yon aspè kote yo fè referans nan pwosesis planifikasyon sou kijan ou vle transfere lajan oswa byen yo a lòt moun pandan w ap viv oswa lè w mouri. Pwosesis sa a mande preparasyon byen reflechi epi moun ki sipòtan epi ki gen konesans pou ede nan plan ou an epi sèvi avèk dokiman ki bon pou sa. Genyen gid ki sèvi kòm resous valab lè manm fanmi yo ap konsidere chwa epi kòmanse pwosesis planifikasyon an. Vizite sitwèb anba yo pou wè egzanp alavni epi gid ak manyèl yo pou planifikasyon imobilye:

• http://www.md-council.org/wp-content/uploads/2014/03/PlannGuide-v10_FINAL.pdf • http://www.thearcofpgc.org/pdfs/Planning%20Now%20Guide.pdf • http://www.friendshipcircle.org/blog/2012/10/16/when-your-child-turns-18-a-guide-to-special-

needs-guardianship/ • https://www.realeconomicimpact.org/public-policy/able-act.aspx • http://www.md-council.org/wp-content/uploads/2015/05/ABLE-Fact-Sheet-June-2015.pdf

http://ablenrc.org/ • http://www.brainline.org/content/2009/09/financial-planning-for-special-needs-care-special-

needs-trusts-snts.html

Konklizyon Planifikasyon pou tranzisyon se yon pati entegral nan lavi yon elèv de lekòl a vi adilt. Lè w kite yon anviwònman lekòl ki te konsistan pandan plis pase 12 an epi w ap antre nan monn vi adilt enkoni, li kapab enkyetan pou elèv avèk fanmi yo. Avèk anpil atansyon, planifye tranzisyon an a monn adilt la ap ede redui laperèz sa yo atravè travay an ekip avèk elèv la, estaf lekòl, fanmi, avèk kominote Li pa janm twò bonè pou kòmanse planifikasyon nan kijan lavi ap sanble pou elèv yo lè yap antre nan monn adilt la. Gid sa a fèt pou sèvi kòm yon resous pou fanmi yo ak pwofesyonèl yo ki ap asiste yo pandan yap fè tranzisyon de lekòl segondè a yon karyè, edikasyon apre lekòl segondè, avèk vi kominotè. Li fèt kòm yon pwen depa ak enstriman planifikasyon pou sèvi ansanm avèk yon ekip IEP pou planifye epi garanti sèvis ak sipò nesesè yo ki ap fasilite yon tranzisyon fasil epi ki san pwoblèm.

Page 25: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

25

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Pwosesis Tranzisyon: Ajans Koneksyon

Elèv andikape yo ka oblije gen sèvis adilt yo pou reyalize objektif apre lekòl segondè yo nan travay, edikasyon apre lekòl segondè, fòmasyon, avèk mòdvi endepandan (Lè li apwopriye). Kidonk, elèv avèk fanmi yo bezwen fè bon jan koneksyon anvan yo kite lekòl yon fason pou pa gen tou vid nan sèvis. Avèk pèmisyon w, yon reprezantan lekòl ap ede konekte elèv la konekte avèk ajans apwopriye yo. Se responsablite elèv la avèk fanmi li pou konplete pwosesis aplikasyon an pou garanti sèvis yo resevwa sèvis yo bezwen yo si yo detèmine elèv la kalifye.

Gid planifikasyon tranzisyon an bay enfòmasyon sou sèvis adilt ki potansyèl yo. Gid la genyen enfòmasyon sou kondisyon elijiblite ajans lan avèk pwosesis koneksyon espesifik. Enfòmasyon sa a ap ede w avèk pitit ou lè w kòmanse pwosesis tranzisyon an avèk koneksyon pou sèvis adilt yo.

Revize Gid Planifikasyon Tranzisyon an se premye etap nan pwosesis koneksyon avèk ajans ki apwopriye. Gid la bay enfòmasyon yo bezwen pou chwazi ajans ki kòrèk pou asistans. Manm estaf nan lekòl elèv ou a kapab bay enfòmasyon lokal konsènan pwosesis aplikasyon an.

Resi Gid Planifikasyon Tranzisyon an sèvi kòm koneksyon inisyal avèk sèvis ajans adilt yo. Distribisyon Gid sa se pati pwosesis planifikasyon tranzisyon an epi siyati w nan fòm sa ap verifye resi w pou Gid la.

Non Elèv: __________________________________________________________________

Siyati Elèv: _______________________________________________________________

Siyati Paran/Gadyen: ________________________________________________________

Dat: _________________________________________________________________________

Sistèm Lekòl Lokal: _________________________________________________________

Page 26: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

26

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Dokiman Siplemantè A

Kalandriye Tranzisyon Pou Elèv Ki Ap Ki ap Kite Sistèm Lekòl la a Laj 21 an epi ki Kalifye pou Sèvis yo

Laj 14/15 (oswa pi jenn si apwopriye) • Kòmanse idantifye kapasite, fòs, avèk obstak yo. • Aprann sou andikap epi kijan li afekte aprantisaj avèk lòt aktivite yo nan lavi.

https://www.youthhood.org/hangout/km_disability.asp • Kòmanse defann pwòp tèt ou. Ale epi patisipe nan reyinyon IEP yo.

www.marylandlearninglinks.org, • Kòmanse patisipe nan evalyasyon tranzisyon anyèl yo (i.e. kantite demann ki genyen karyè ki enterese w yo ,

entèvyou elèv). http://nsttac.org/content/age-appropriate-transition-assessment-toolkit-3rd-edition

• Kòmanse idantifye karyè ki enterese w yo avèk objektif apre lekòl segondè yo. • Aprann kijan yo bay sipò tranzisyon nan distri lekòl. Idantifye manm aktè nan tranzisyon. • Devlope plan tranzisyon inisyal la nan reyinyon anyèl IEP a. Yo devlope plan tranzisyon an nan ane IEP elèv

la vin gen laj 14 tan epi yo fè mizajou chak ane. http://www.mdtransition.org/

• Aplike pou Administrasyon Devlòpmantal pou Andikap (Developmental Disabilities Administration (DDA)). http://dda.dhmh.maryland.gov/SitePages/Home.aspx

Si w anrejistre nan lekòl segondè, envestige sou Sèvis Tranzisyon Anvan-Travay yo (Pre-Employment Transition Services (PreETS)) atravè Divizyon Sèvis pou Reyabilitasyon (Division of Rehabilitation Services (DORS)). • Bay lekòl la konsantman alekri pou l pataje enfòmasyon sou edikasyon avèk DDA oswa DORS si elèv la avèk

fanmi an enterese nan aplike pou sèvis yo. • Kòmanse ale nan fwa ak atelye tranzisyon yo nan kominote a. • Kreye yon dosye plan tranzisyon lakay. • Eksplore epi patisipe nan enstriksyon sou opòtinite nan kominote a yo ofri nan lekòl ou.

Laj 16/17 • Eksplore epi patisipe nan fòmasyon sou opòtinite travay yo ofri nan distri lekòl ou. • Fè kat Idantite Eta Maryland lan nan Administrasyon Motè Veyikil.

http://www.mva.maryland.gov/Driver-Services/apply/id-card.htm • Konsidere pran fòmasyon konsènan vwayaj. Itilize transpò piblik pou vwayaje nan kominote w.

http://www.cmrtransit.org/travel-training/ • Soumèt Fòm Aplikasyon pou sèvis Mobilite /pare-tranzit yo

http://mta.maryland.gov/mobility • Konsidere fè yon lisans pou kondi.

http://www.mva.maryland.gov/drivers/apply/apply.htm http://dors.maryland.gov/consumers/WTC/Documents/Driving.pdf

• Kreye rezo sosyal. Fè koneksyon avèk zanmi pou amizman avèk aktivite sosyal yo ki kapab kontinye apre w kite lekòl segondè.

Page 27: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

27

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Laj 17/18 • Kreye yon rezo sipò. Devlope yon lis moun pou rele pou èd. • Kreye koneksyon nan zafè sante. Devlope yon plan pou chanje de sistèm sante pedyat a sistèm sante

pou adilt . • Konsidere pale avèk yon avoka pou bezwen planifikasyon alavni yo. • Envestige bezwen pou feq pouvwa avoka oswa gadyen legal. Manyèl sijere: Guardianship and Its

Altènatif. http://www.aging.maryland.gov/egov/Documents/GuardianshipHandbookRev2011.pdf • Kontakte Biwo Rejyonal DDA pou verifye estati elijiblite ak kategori priyorite. • Ou kapab jwenn enfòmasyon sou kontak Biwo Rejyonal DDA yo nan:

https://dda.health.maryland.gov/Pages/coordination%20of%20community%20services.aspx • Eksplore epi chwazi yon Founisè pou Kowòdonatè Sèvis Kominotè yo. Pou jwenn aktyèl Founisè pou

Kowòdonatè Sèvis Kominotè nan rejyon w, vizite http://dda.dhmh.maryland.gov/SitePages/rescoordination.aspx

• Eksplore chwa teknoloji asistan (si apwopriye) yon fwa w ap soti nan sistèm lekòl la Laj 18 • Eksplore opòtinite pou travay ki sipòte avèk fòmasyon sou travay yo ofri yo atravè distri lekòl.Ale nan

fwa avèk atelye yo sou tranzisyon nan kominote a. Aplike pou Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income (SSI)). http://ssa.gov

• Aplike mou Asistans Medikal. http://www.dhr.state.md.us/blog/?p=96

• Konsidere konseye sou avantaj avèk planifikasyon, http://www.mdod.maryland.gov/Jobseekers.aspx?id=2108

• Kòmanse planifikasyon finansye epi pou lavni. • Si li poko konplete, chwazi yon Founisè pou Kowòdonatè Sèvis Kominotè (Coordination of Community

Service (CCS)). • Rankontre avèk Kowòdonatè Sèvis Kominotè w (Coordinator of Community Service(CCS)) pou

devlope yon plan pou lavni. • Enskri pou Sèvis Selektif (si gason).

http://www.sss.gov • Enskri pou vote. • Eksplore chwa aranjman jan w vle viv. (Endepandan, ko-lokasyon, viv an gwoup, elatriye.) • Eksplore lojman sibvansyone nan kominote w

http://portal.hud.gov/hudportal/HUD?src=/states/maryland

Page 28: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

28

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Laj 19-20 (ane anvan w soti) • Kontakte Administrasyon Devlòpmantal pou Andikap (Developmental Disabilities Administration

(DDA)) pou estati elijibilite si li pa ko detèmine deja. • Aplike pou Divizyon Sèvis pou Reyabilitasyon an (Division of Rehabilitation Services (DORS)) nan

sezon ete anvan ane w ap soti a. http://dors.maryland.gov/Pages/default.aspxKonsidere yon Evalyasyon Karyè nan Divizyon Sèvis pou

Reyabilitasyon (Division of Rehabilitation Services (DORS)). • Kòmanse vizite kominote founisè sèvis pou adilt yo.

http://dda.dhmh.maryland.gov/SitePages/services.aspx • Vizite Self-Directed Services si w enterese aprann konsènan sèvis oto-dirije yo.

https://dda.health.maryland.gov/Pages/sdforms.aspx • Si w chwazi Sèvis Oto-Dirije yo, chwazi yon sipò yon koutye avèk yon sèvis jesyon. • Eksplore edikasyon apre lekòl segondè avèk chwa pou fòmasyon. • Eksplore sante mantal pou adilt si nesesè.

Laj 20/21 (oktòb/novanm nan ane final) • Aplike pou plizyè founisè ki satisfè bezwen pi byen yo. • Finalize seleksyon pou yon founisè adilt. • Envite founisè adilt nan reyinyon soti IEP. • Travay avèk resous kowòdonatè resous ou yo avèk founisè adilt ou pou devlope yon plan sèvis finans

pou soumèt bay Administrasyon Devlòpmantal pou Andikap (Developmental Disabilities Administration (DDA)).

• Si w chwazi Sèvis Oto-Dirije yo, kòmanse ekri yon plan oto-dirije avèk sipò koutye w. • Devlope yon plan ijans an ka finansman nan Administrasyon Devlòpmantal pou Andikap la

(Developmental Disabilities Administration (DDA)) pa ta disponib imedyatman. • Eksplore chwa transpò yo (kijan pou ale nan travay epi kijan pou deplase nan kominote a, elatriye.)

Laj 20/21 (prentan ane final) • Travay avèk manm anplwaye tranzisyon nan lekòl, founisè adilt avèk Kowòdonatè Resous Kominote

pou kreye yon tranzisyon san pwoblèm de sistèm lekòl a sistèm livrezon sèvis adilt la.

Page 29: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

29

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Kalandriye Tranzisyon Pou Elèv Ki Ap Gradye a Laj 18 tan

Age 14/15 (dènye ane nan lekòl pre-segondè) • Kòmanse idantifye kapasite, fòs, avèk obstak yo. • Aprann sou andikap epi kijan li afekte aprantisaj avèk lòt aktivite yo nan lavi.

https://www.youthhood.org/hangout/km_disability.asp • Kòmanse aprann defann pwòp tèt ou. Ale epi patisipe nan reyinyon IEP yo.

www.marylandlearninglinks.org • Kòmanse patisipe nan evalyasyon tranzisyon anyèl yo (i.e. kantite demann ki genyen karyè ki enterese w

yo, entèvyou elèv). http://nsttac.org/content/age-appropriate-transition-assessment-toolkit-3rd-edition

• Kòmanse idantifye karyè ki enterese w yo avèk objektif apre lekòl segondè yo • Aprann kijan yo bay sipò tranzisyon nan distri lekòl. Idantifye manm aktè nan tranzisyon. • Devlope plan tranzisyon inisyal la nan reyinyon anyèl IEP a. Yo devlope plan tranzisyon an nan ane IEP

elèv la vin gen laj 14 an epi yo fè mizajou chak ane.. http://www.mdtransition.org/

• Konsidere yon plan 5-ane pou diplome. • Aplike pou Administrasyon Devlòpmantal pou Andikap (Developmental Disabilities Administration

(DDA)) si li nesesè. http://dda.dhmh.maryland.gov/SitePages/Home.aspx

• Si w anrejistre nan lekòl segondè, envestige sou Sèvis Tranzisyon Anvan-Travay yo (Pre-Employment Transition Services (PreETS)) atravè Divizyon Sèvis pou Reyabilitasyon (Division of Rehabilitation Services (DORS)).

• Bay lekòl la pèmisyon pou l pataje enfòmasyon sou edikasyon avèk DDA avèk/oswa DORS. • Kreye yon dosye plan tranzisyon lakay.

Page 30: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

30

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Kalandriye Tranzisyon Pou Elèv Ki Ap Gradye a Laj 18

Premye Ane nan Lekòl Segondè (9yèm Ane) • Rankontre avèk konseye pedagojik pou chwazi kou pou yon disiplin nan lekòl segondè (pwogram

konplè) . http://www.marylandpublicschools.org/NR/rdonlyres/F8A34712-B21E-4DC2-A186-9144565375F2/34007/CTEBlueBook2012Web.pdf

• Chèche familiarize w avèk akomodasyon ki nesesè nan salklas yo. • Kreye rezo sosyal ak sipò. • Revize kondisyon gradyasyon avèk konseye pedagojik.

Dezyèm Ane nan Lekòl segondè (10yèm Ane) • Fè rechèch sou karyè ki enterese w yo. Vizite biznis yo. Fè aranjman pou obsèvasyon nan travay. • Fè yon kat Idantifikasyon Eta Maryland la nan Administrasyon Veyikil Motè.

http://www.mva.maryland.gov/Driver-Services/apply/id-card.htm • Rankontre avèk ekip lekòl la pou aplike pou Akomodasyon Komite Kolèj yo.

https://www.collegeboard.org/students-with-disabilities/request-accommodations • Pran egzamen PSAT a. • Revize kondisyon gradyasyon avèk konseye pedagojik. • Eksplore chwa transpò yo. Konsidere pran fòmasyon konsènan vwayaj. Itilize transpò piblik pou

vwayaje nan kominote w. • Soumèt yon Fòm Aplikasyon pou Mobilite pou sèvis mobilite/para-tranzit yo

http://mta.maryland.gov/mobility • Konsidere fè yon lisans pou kondi.

http://www.mva.maryland.gov/drivers/apply/apply.htm http://dors.maryland.gov/consumers/WTC/Documents/Driving.pdf

Page 31: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

31

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Kalandriye Tranzisyon Pou Elèv Ki Ap Gradye a Laj 18 tan

Dènye Ane nan Lekòl Segondè (11yèm Ane) • Aplike pou Divizyon Sèvis pou Reyabilitasyon la (Division of Rehabilitation Services (DORS)) nan

sezon lotòn anvan ane soti pou sèvis reyabilitasyon pwofesyonèl. http://dors.maryland.gov/Pages/default.aspx

• Konsidere pran yon Evalyasyon pou Karyè nan Divizyon Sèvis pou Reyabilitasyon lan (Division of Rehabilitation Services (DORS)).

• Rankontre avèk ekip lekòl la pou aplike pou Akomodasyon Komite Kolèj yo. https://www.collegeboard.org/students-with-disabilities/request-accommodations

• Pran egzamen PSAT a. • Konsidere fè yon lisans pou kondui.

http://www.mva.maryland.gov/drivers/apply/apply.htm http://dors.maryland.gov/consumers/WTC/RTS/Pages/driving.aspx

• Konsidere fè djòb atan pasyèl/ nan sezon lete a. • Fè rechèch sou kolèj yo, lekòl pwofesyonèl yo, pwogram fòmasyon yo, militè, avèk opòtinite pou

travay. Pale avèk konseye pedagojik avèk/oswa manm anplwaye tranzisyon. • Amelyore objektif apre lekòl segondè yo. • Vizite kolèj yo, lekòl pwofesyonèl yo avèk/oswa pwogram fòmasyon yo apre lekòl. • Si w ap konsidere chwa militè yo, rankontre avèk yon rekritè militè epi pran egzamen ASVAB an.

http://official-asvab.com/ http://www.military.com/join-armed-forces/asvab

• Si w ap kòmanse travay yon fwa w fin gradye, chèche opòtinite pou travay yo. Konekte avèk fanmi ak zanmi konsènan djòb ki disponib nan konpayi yo.

• Chèche konnen ki diferans ki genyen ant pwogram kolèj kominotè avèk pwogram 4-an inivèsite. • Konsidere chwa enskripsyon atan pasyèl oswa aplentan nan pwogram apre lekòl segondè yo. • Kòmanse chèche pwogram èd finansyè federal ak eta avèk bousdetid apre lekòl segondè pou. • Eksplore/patisipe nan pwogram tranzisyon lekòl segondè a kolèj yo. • Revize kondisyon gradyasyon avèk konseye pedagojik.

Page 32: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

32

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Kalandriye Tranzisyon Pou Elèv Ki Ap Gradye a Laj 18 tan

Dènye Ane nan Lekòl Segondè (12yèm Ane) • Pare pou pran egzamen SAT a avèk/oswa ACT a

http://sat.collegeboard.org/home?affiliateld=nav&bannerld=g-cbh-sat http://www.actstudent.org/ https://www.collegeboard.org/students-with-disabilities/request-accommodations

• Si w ap enskri nan kolèj kominotè, pare pou pran egzamen Accuplacer a. si w te kategorize kòm yon elèv ratrapaj (pa “pare pou kolèj”), kontakte sèvis akademik yo pou enstriksyon avan-kolèj. http://accuplacer.collegeboard.org/students

• Aplike pou pwogram kolèj oswa pwogram apre lekòl segondè yo enskri nan militè. • Si w ap aplike pou lekòl apre lekòl segondè, kontakte Sant Sipò pou Andikape (Disability Support

Center). • Si w ap kòmanse travay, kòmanse soumèt aplikasyon. • Aplike pou bousdetid avèk sibvansyon. • Rankontre avèk konseye DORS pou diskite finansman pou pwogram apre lekòl segondè yo oswa

opòtinite yo pou. • Aplike pou Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income (SSI)) a laj 18 an si w kalifye.

http://ssa.gov • Moun yo ki resevwa SSI avèk SSDI elijib pou aplike pou egzanpsyon ekolaj kolèj kominote a.

http://www.mhec.state.md.us/financialaid/ProgramDescriptions/prog_disabilities.asp • Aplike pou èd finansye federal avèk eta ant 1ye janvye a 1ye mas.

https://fafsa.ed.gov/ • Eksplore swen sante mantal adilt si nesesè. • Eksplore chwa teknoloji asistan (si apwopriye) yon fwa w ap kite sistèm lekòl la. • Aplike pou Asistans Medikal si w kalifye.

http://www.dhr.state.md.us/blog/?p=96 • Enskri pou sèvis selektif (si gason) a laj 18 tan.

http://www.sss.gov • Enskri pou vote a laj 18 tan. • Chanje sistèm sante pedyat a yon sistèm sante pou adilt. • Yon fwa ou aksepte nan kolèj, konekte avèk sèvis Sipò pou Andikape yo.

Page 33: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

33

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Dokiman Siplemantè B

Akomodasyon Edikasyon Apre Lekòl Segondè (FAQ) Lwa Edikasyon Pou Moun ki Gen Andikap 2004 la (Individuals with Disabilities Act of 2004 (IDEA)) mande pou yon elèv Andikape pou gen yon IEP. Men, lwa IDEA pa aplikab pou kolèj lekòl pwofesyonèl oswa inivèsite yo. Se yon seri de lwa federal tankou Lwa pou Ameriken yo ki gen Andikap (Americans with disabilities Act (ADA)) ak Seksyon 504 nan Lwa Reyabilitasyon Pwofesyonèl ki gouvène lekòl sa yo.

“KI DIFERANS KI GENYEN NAN KÒMAN POU JWENN AKSÈ POU AKOMODASYON APRE LEKÒL SEGONDÈ YO?”

Èske mwen ap toujou kontinye gen yon Pwogram Edikasyon Endividyèl (Individualized Education Program (IEP))? Non. Pa gen IEP (yo) nan yon anviwònman kolèj. Responsablite yo nan kolèj, lekòl pwofesyonèl, ak inivèsite yo diferan anpil avèk sa nan lekòl segondè yo. Yon lòt gwo diferans se paske lekòl apre lekòl segondè yo sèlman travay avèk jèn adilt, se pa avèk paran an. Jèn adilt la genyen pi gwo responsablite antan yon elèv ki nan kolèj. Lwa sa yo fè se responsablite jenn adilt la ki pou mande sèvis yo epi ki pou bay dokimantasyon apwopriye sou andikap la. Jèn adilt la dwe kòmanse pwosesis la epi patisipe aktivman nan demann akomodasyon apwopriye yo.

Èske mwen ap jwenn menm akomodasyon jan mwen te konn resevwa nan lekòl?

Pa nesesèman. IEP a pa transfere apre lekòl segondè. Lekòl apre lekòl segondè pral detèmine ki akomodasyon elèv la ap bezwen apre lè yo fin jwenn epi revize dokimantasyon an.

POU JWENN AKSÈ POU AKOMODASYON NAN LEKÒL YO APRE LEKÒL SEGONDÈ

Ki kote pou mwen ale pou jwenn sèvis yo?

Tout lekòl apre lekòl segondè gen moun ki pou ede elèv andikape yo. Moun sa yo se nan Biwo Sèvis Sipò pou Andikap (Disability Support Services Office (DSS)) yo ye. Pou jwenn sèvis akomodasyon akademik avèk/oswa lòt sèvis yo, jèn adilt la dwe premyèman Oto-Idantifye nan biwo DSS la. Se responsablite jèn adilt la pou pale avèk lekòl apre lekòl segondè a konsènan sipò lap bezwen yo.

Kilè mwen ta dwe mande sèvis yo?

Menm lè jèn adilt la ka mande akomodasyon nan lekòl apre lekòl segondè yo nenpòt ki lè, li rekòmande pou li pran yon randevou avèk biwo DSS la sito posib epi pa pita pase yon mwa anvan semès la kòmanse. Fè aranjman pou sèvis ak akomodasyon pran tan. Gen kèk ajisteman akademik ki ka pran plis tan pou yo bay pase lòt. Yo pa janm fè akomodasyon yon fason retro-aktif. Pa janm rete tann jistan difikilte akademik yo rive.

Page 34: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

34

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

POU JWENN AKSÈ POU AKOMODASYON NAN LEKÒL YO APRE LEKÒL SEGONDÈ

Ki Dokimantasyon m ap bezwen pou bay? Lekòl etabli estanda rezonab pou dokimantasyon. Kèk lekòl ka mande plis dokimantasyon pase yon lòt , men tout lekòl yo pral mande jèn adilt la pou bay dokimantasyon yon pwofesyonèl lisansye prepare. Se jèn adilt la ki pral responsab pou peye nenpòt kòb ki asosye pou jwenn dokimantasyon yo mande a. eleman prensipal dokimantasyon an gen ladan li:

• Yon deklarasyon dyagnostik ki idantifye andikap la.

• yon deskripsyon: • metòd dyagnostik yo te itilize a. • limit fonksyonèl aktyèl yo jan li asosye avèk ni anviwònman akademik avèk rezidansyèl. • pwogresyon oswa estabilite andikap la ki espere.

• akomodasyon aktyèl avèk anvan yo, sèvis avèk/oswa medikaman yo.

● Rekòmandasyon pou akomodasyon yo, aparèy pou adaptasyon yo, sèvis asistans yo, estrateji konpansatwa, avèk/oswa sèvis sipò kolektif kolateral yo.

JWENN AKOMODASYON NAN LEKÒL YO APRE LEKÒL SEGONDÈ

Ki akomodasyon yo bay? Akomodasyon se modifikasyon nan kondisyon akademik yo ki nesesè pou garanti aksè egalego pou jèn adilt ki andikape yo. Akomodasyon rezonab gen ladan li:

● Tan pwolonje nan egzamen yo ● Liv yo ki nan fòma altène ● Entèpretè langaj siy yo ● Lektè nan ekran ● Rekonesans vwa ● Lòt teknoloji asistan Biwo DSS la pral travay avèk jèn adilt yo pou kreye akomodasyon rezonab yo. Yo pa kapab bay yon akomodasyon si li kreye yon modifikasyon fondamantal nan kou a. Yo pa pèmèt pou fè egzanpsyon nan yon kou ki obligatwa. Elèv andikape yo dwe satisfè kondisyon pwogram etid yo yon fason pou gradye.

Page 35: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

35

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Dokiman Siplemantè C Popilasyon espesifik yo

Gen lòt sipò ak sèvis pou asosye a tranzisyon kote moun andikape nan popilasyon espesifik yo kapab bezwen lè pou jwenn aksè a travay, edikasyon apre lekòl segondè, avèk aktivite yo nan kominote. Yo pale de kèk nan yo anba pou plis enfòmasyon konsènan popilasyon espesifik yo (tankou Otis, Soud/Difikilte pou Tande, Avèg/Vizyon Limite) vizite Sitwèb Tranzisyon Maryland lan : www.mdtransition.org *Pou plis enfòmasyon konsènan sipò espesifik pou fanmi yo, kontakte Sant Resous pou Paran ki nan lokal sistèm lekòl ou an. Otis

• Twoub Espèk Otis (Autism Spectrum Disorder (ASD)), yo defini ASD tankou yon seri konpòtman epi kòm yon "kondisyon espèk" ki afekte moun yo yon fason diferan epi an nivo diferan. Karakteristik sa yo an jeneral evidan avan laj twa(3) an epi afekte pèfòmans edikasyonèl yon fason negatif. Timoun ki gen twoub sa a varye de yon konpòtman fonksyonèl trè wo (prèske enposib pou fè diferans avèk timoun ki pa gen otis) a gravman andikape. Kèk nan konpòtman yo asosye avèk otis gen ladan yo reta pou aprann pale; difikilte pou fè kontak avèk zye oswa pou kenbe yon konvèsasyon; difikilte pou fonksyònman egzekitif, ki asosye avèk rezònman avèk planifikasyon; enterè etwat, enterè entans, kapasite pou bouje ki pa avanse avèk konpòtman ensansib. Ankò, yon moun nan espèk la kapab swiv konpòtman sa a yo oswa jis kèk ladan yo, oswa anpil lòt yo ki pa di la yo. Dyagnostik pou twoub espèk otis yo sèvi a baze sou analiz tout konpòtman yo avèk gravite

• Pou plis enfòmasyon epi pou aprann sou resous ki disponib yo, vizite: http://www.autismconnectmd.org/ http://www.pathfindersforautism.org/ https://www.autismspeaks.org/resource-guide/state/MD

Soud/Difikilte pou Tande

• Soud • Definisyon ofisyèl sidite dapre Lwa Edikasyon Pou Moun ki Gen Andikap la (Individual

with Disabilities Education Act (IDEA)) se "yon twoub pou tande ki tèlman grav timoun nan gen pwoblèm pou trete enfòmasyon lengwistik apati tande, avèk oswa san anplifikasyon" fraz " avèk oswa san anplifikasyon" enpòtan akòz li endike yon èd pou tande pa pral bay ase akomodasyon pou elèv la ka reyisi nan salklas la.

• Difikilte pou Tande • Elèv yo idantifye kòm moun ki gen difikilte pou tande genyen pèt nan tande nan nivo ki

pa grav a yon nivo ki grav. Sila yo ki gen difikilte pou tande yo kapab benefisye de itilizasyon aparèy èd pou tande yo oswa lòt aparèy pou asistan pou tande yo. Yo depann an jeneral si yo pale Angle avèk lot moun nan kominote yo.

• Pou plis enfòmasyon epi pou aprann sou resous ki disponib yo, vizite: www.nationaldeafcenter.org http://pepnet.org/

Page 36: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

36

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Avèg /Vizyon Fèb • Dapre IDEA, yon twoub vizyèl se yon vizyon ki menm avèk koreksyon afekte negativman

pèfòmans edikasyonèl yon timoun. Tèm lan gen toulède ladan li ni vizyon pasyèl, ni sesite. Vizyon pasyèl ka fè referans a vizyon ki fèb ( pa ka li nan yon distans lekti ki nòmal menm avèk lantiy korektif). Sesite ka fè referans a oswa ou legalman avèg (mwens pase vizyon 20/200 nan zye ki pi bon an) yon chan vizyon ki limite, oswa sesite total (pa gen vizyon).

• Elèv ki gen twoub vizyèl yo bezwen aprann menm sijè ak ladrès akademik avèk kamarad yo ki gen pwoblèm vizyon, menmsi yo pral fè menm jan nan fason ki adapte. Yo dwe aprann tou yon seri de ladrès elaji ki klèman gen rapò avèk vizyon

• Pou plis enfòmasyon epi pou aprann sou resous ki disponib yo, vizite:

• Divizyon Sèvis pou Reyabilitasyon yo Gid pou Sèvis ak Resous pou Reyabilitasyon pou Moun ki Aveg oswa ki Gen Twoub Vizyèl Grav- Sitwèb -http://dors.maryland.gov/Brochures/blind_guide.pdf

• Lekòl pou Moun Avèg nan Maryland la 3501 Taylor Avenue Baltimore, MD 21236 Telefòn Lokal: (401) 444-5000 Sitwèb https://www.marylandschoolfortheblind.org/

• Asosyasyon Ameriken pou Moun ki Soud-Avèg

8630 Fenton Street, Suite 121 Silver Spring, MD 20910-3803 Telefòn Lokal: (301) 495-4403 TDD/TTY Telephone: (304) 495-4402 Imèl: [email protected] Sitwèb http://www.aadb.org/

• Columbia Lighthouse pou Moun Avèg

8720 Georgia Avenue Suite 210 Silver Spring, MD 20910 301-589-0894 Sitwèb http://www.clb.org/

• Federasyon Nasyonal pou Moun Avèg 200 East Wells Street nan Plas Jernigan Baltimore, MD 21230 Telefòn: 410-659-9314 Faks: 410-685-5653 Sitwèb https://nfb.org/

Page 37: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

37

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

Dokiman Siplemantè D

Glosè pou Tèm avèk Akwonim yo

• ADA - (Americans with Disabilities Act) Lwa pou Ameriken yo ki gen Andikap - Lwa sou dwa sivil yo pou moun andikape yo disabilities.

• ASD- (Autism Spectrum Disorders)- Twoub Espèk Otis

• ASVAB- Armed Services Vocational Aptitude Battery- Tès Aptitid Pwofesyonèl pou Fòs Lame

• AT - Assistive Technology--Teknoloji Asistan- Aparèy Ba nivo- oswa Teknoloji avanse (tankou

swish oswa pwogram konpitè) pou ede moun kominike oswa pou fè travay.

• BHA- Behavioral Health Administration- Administrasyon Sante Konpòtmantal

• CCS- Coordinator of Community Services - Founisè Kowòdonatè Sèvis Kominotè

• CIL- Centers for Independent Living- Sant pou Viv Endepandan

• Kominote debaz - Sèvis yo bay nan kominote a kote moun avèk oswa san andikap travay, viv, epi pase tan lwazi yo, olye de yon anviwònman separe kote tout moun ki ladan li a genyen yon andikap.

• Travay Konpetitif - Travay ou jwenn nan yon anviwònman nan kominote a ki pa mande sipò

anplis

• CRP- Community Rehabilitation Partner- Kominote Patenarya pou Reyabilitasyon (Vandè ki nan sistèm adilt yo ki ka bay sèvis ak sipò a moun andikape yo apre yo kite lekòl, si yo detèmine yo kalifye.)

• DDA- Developmental Disabilities Administration- Administrasyon Devlòpmantal pou Andikap

• DORS- Division of Rehabilitation Services - Divizyon Sèvis pou Reyabilitasyon

• DLLR- Department of Labor, License, and Regulation - Depatman Travay, Lisans ak Règleman

• DSS- Department of Social Services- Depatman Sèvis Sosyal yo

• Elijib- Dwe kalifye pou sèvis lè w satisfè kondisyon espesifik yo

• Gen dwa a - Sèvis yo garanti

Page 38: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

38

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

• Gadyen legal - Yon desizyon tribinal ki bay yon lòt moun otorite pou pran desizyon pou yon

adilt ki genyen yon andikap koyitif grav (egzanp, yo bay paran pouvwa pou pran desizyon nan finans pitit yo).

• IDEA- Individuals with Disabilities Education Act - Lwa Edikasyon Pou Moun ki Gen Andikap

Lwa federal yo gouvène edikasyon espesyal

• IEP- Individual Education Plan- Plan Edikasyon Endividyèl

• Enterè sou Kapasite Konpetans- egzèsis aloral, alekri oswa sou konpitè ki ede yon moun idantifye ki djòb ki kapab bon pou li baze sou bagay li renmen fè avèk nan ki aktivite yo renmen patisipe.

• IPE- Individualized Plan for Employment- Plan Endividyèl pou Travay

• MA- Medical Assistance- Asistans Medikal

• MTA- Maryland Transit Administration- Administrasyon Tranzit nan Maryland

• Pre-ETS- Pre- Employment Transition Services- Sèvis Tranzisyon Anvan-Travay dapre Lwa

sou Inovasyon Travay & Opòtinite (Workforce Innovation and Opportunity Act (WIOA) -

• Defansè Pwòp tèt ou- Pwosesis pou degaje w pou jwenn sèvis ou bezwen yo pou kont ou.

• Oto-Detèminasyon- Yon pwosesis kote yon moun konsantre planifikasyon sou preferans li, enterè, kapasite avèk souwè li epi li adopte aktivite pou reyalize yo.

• SGA- Substantial Gainful Activity- Repriz Aktivite Konsiderab

• SSA- Social Security Administration- Administrasyon Sekirite Sosyal

• SSDI- Social Security Disability Insurance- Asirans Andikap Sekirite Sosyal

• SSI- Supplemental Security Income - Revni Sekirite Siplemantè

• VR- Vocational Rehabilitation- Reyabilitasyon Pwofesyonèl

• WIOA- Workforce Innovation and Opportunity Act - Lwa sou Inovasyon Travay & Opòtinite

Page 39: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

GID PLANIFIKASYON POU TRANZISYON SEGONDÈ

39

Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/ Entèvansyon Bonè MSDE

© 2017 DEPATMAN EDIKASYON ETA MARYLAND

Karen B. Salmon, Ph.D Sipè-Entandan Lekol Leta yo

Andrew R. Smarick Prezidan, Konsèy Edikasyon Eta Maryland

Marcella E. Franczkowski, M.S. Asistan Sipè-Entandan Leta Divizyon Edikasyon Espesyal/Sèvis Entèvansyon Bonè Larry Hogan Gouvènè Depatman Edikasyon Eta Maryland Divizyon Edikasyon Espesyal/Sèvis Entèvansyon Bonè 200 West Baltimore Street Baltimore, Maryland 21201-2595 marylandpublicschools.org Se Depatman Edikasyon Eta Maryland Divizyon Edikasyon Espesyal/Sèvis Entèvansyon Bonè, atravè Depatman Edikasyon Ameriken, Biwo Sèvis Edikasyon Espesyal ak Reyabilitasyon , Biwo Pwogram Edikasyon Espesyal yo, Lwa sou Edikasyon pou Moun Andikape, Pati B (Sibvansyon H027 A090035), an ko-operasyon avèk Kowòdonatè Tranzisyon Segondè nan Maryland ki te prepare epi devlope Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape a. Depatman Edikasyon Eta Maryland Divizyon Edikasyon Espesyal/Sèvis Entèvansyon Bonè a jwen finansman nan men Depatman Edikasyon Ameriken Biwo Sèvis Edikasyon Espesyal ak Reyabilitasyon, Biwo Pwogram Edikasyon Espesyal yo. Men, apwòch yo ki eksprime nan gid pa nesesèman reflete apwòch pa Depatman Edikasyon Ameriken an oswa tout lòt ajans federal oswa pwogram. Moun yo ki pataje dokiman sa a dwe bay kredi a Depatman Edikasyon Eta Maryland Divizyon Edikasyon Espesyal/Sèvis Entèvansyon Bonè a, Marcella E. Franczkowski, Asistan Sipè-Entandan Leta. Pou jwenn pèmisyon pou repwodui kèk oswa tout sa ki kontni ladan li, tanpri, kontakte Divizyon Edikasyon Espesyal/Sèvis Entèvansyon Bonè a nan 410-767-0238. Depatman Edikasyon Eta Maryland an pa fè diskriminasyon baze sou ras, koulè, sèks, laj, orijin nasyonal, relijyon, andikap, oswa oryantasyon seksyèl nan zafè ki gade travay oswa nan bay aksè a pwogram yo. Pou kesyon sou règleman Depatman an, kontakte Branch Konfòmite avèk Asirans Ekite, Biwo Depite Sipè-entandan Eta pou Administrasyon, Depatman Edikasyon Eta Maryland, 200 West Baltimore Street, 6yèm Etaj, Baltimore, Maryland 21201-2595, telefòn: 410-767-0433, Faks: 410-767-0431, TTY/TDD: 410-333-6442, www.MarylandPublicSchools.org.

Page 40: Gid Planifikasyon Tranzisyon pou Moun Andikape · konpreyansyon ak eksplorasyon yo. Planifikasyon tranzisyon fòmèl la kòmanse atravè pwosesis IEP a nan ane elèv la gen 14 zan

Depatman Edikasyon Eta Maryland Divizyon Edikasyon Espesyal/Sèvis Entèvansyon Bonè

200 West Baltimore Street Baltimore, Maryland 21201