19
Pwogram Tit I ak Fanmi yo

Pwogram Tit I ak Fanmi yo

  • Upload
    fancy

  • View
    68

  • Download
    0

Embed Size (px)

DESCRIPTION

Pwogram Tit I ak Fanmi yo. Objektif Reyinyon an. Dapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite: Pwogram Tit I ak egzijans li yo ki gen ladan l Plan/règleman sou patisipasyon fanmi - PowerPoint PPT Presentation

Citation preview

Page 1: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Pwogram Tit I ak

Fanmi yo

Page 2: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Objektif Reyinyon anDapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite:

Pwogram Tit I ak egzijans li yo ki gen ladan l

• Plan/règleman sou patisipasyon fanmi

• Kontra ant lekòl-paran • Dwa paran dwe konnen

Sipò adisyonèl• Kolaborasyon ant lekòl ak paran• Asosye nan biznis

Page 3: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Kisa Tit I an ye?Tit I se yon sibvansyon federal ki: bay distri lekòl yo fon siplemantè pou

ede lekòl yo dapre estati sosyo ekonomik elèv yo pou ranpli objektif akademik yo

Ede fòme kapasite paran ak pwofesè Ankouraje paran yo pou patisipe nan

edikasyon pitit yo 

Page 4: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Objektif Tit I Se pou asire tout timoun jwenn opòtinite pou yo resevwa yon bon kalite edikasyon epi atenn nivo preparasyon ak evalyasyon sou règleman akademik difisil eta a

Page 5: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Finansman Tit I Distri yo distribiye sibvansyon federal

Tit I an bay lekòl ki kalifye yo dapre kantite elèv ki kalifye pou manje gratis/apri redui

Lajan Tit I dwe yon sipleman pou fon distri a

Yon kantite byen detèmine nan sibvansyon Tit I an dwe depanse pou patisipasyon fanmi ak devlopman pwofesyonèl

Paran yo gen dwa pou bay opinyon yo konsènan fason lekòl la itilize lajan Tit I li a

Page 6: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Pwogram Tit ITout lekòl Tit I rejyon Palm Beach la suiv menm pwogram

Yo sèvi tout elèv ki nan lekòl Tit I yo men yo konsantre prensipalman sou elèv ki gen plis pwoblèm akademik yo

Tout anplwaye, resous yo ak klas yo fè pati pwogram jeneral tout lekòl la

Page 7: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Plan/Règleman Pou Patisipasyon Fanmi

Chak lekòl Tit I dwe devlope ansanm ak paran yo, dakò epi distribiye ba yo yon plan/règleman patisipasyon fanmi alekri

Plan/règleman sou patisipasyon fanmi an dekri kòman lekòl la ap konsidere egzijans patisipasyon paran an ki gen ladan l devlopman kontra ant lekòl ak paran an

Page 8: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Règleman/Plan pou Patisipasyon Fanmi Lekòl Tit I yo dwe:

• Bay paran yo enfòmasyon alè osijè pwogram Tit I an

Eksplike kourikoulòm, evalyasyon ak estanda minimòm yo mande elèv yo pou reyalize

Ofri yon kantite reyinyon, dat ak lè kote paran yo kapab vini

Page 9: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Plan/Règleman pou Patisipasyon Fanmi

• Fè paran patisipe nan pran desizyon konsènan fason lajan Tit I ki te rezève pou patisipasyon paran an dwe depanse

Bay dokiman pou montre fanmi yo resevwa enfòmasyon ki tradui nan lang natifnatal yo

Bay prèv gen kominikasyon kontinyèl ant lekòl la, fanmi yo, elèv yo, epi kominote a

Lekòl Tit I yo dwe:

Page 10: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Règleman/Plan pou Patisipasyon Fanmi

Bay enfòmasyon sou kòman lekòl la te travay ak kominote, volontè ak asosye biznis yo pou ogmante reyisit elèv

Bay anplwaye ak paran yo fòmasyon pou amelyore akonplisman elèv ak sipòte patisipasyon fanmi

Lekòl Tit I yo dwe:

Page 11: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Règleman/Plan pou Patisipasyon Fanmi Antreprann ansanm yon evalyasyon anyèl

sou kontni ak efektivite règleman/plan patisipasyon fanmi lekòl la

Kontwole ak evalye estrateji règleman/plan patisipasyon fanmi peryodikman

Itilize rezilta evalyasyon an pou kreye epi revize estrateji yo pou patisipasyon fanmi yo vin pi efektif

Lekòl Tit I yo dwe:

Page 12: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Kontra ant Lekòl-Paran

Chak lekòl dwe gen yon kontra lekòl-paran kote se komite lekòl la ak paran yo ki ekri li

Kontra a dwe defini responsablite elèv la, paran yo, epi anplwaye lekòl yo nan efò yo pou elve nivo reyisit elèv la

Yo dwe distribye kontra a nan moman konferans paran-pwofesè yo

Chak ane, paran yo, elèv yo, epi pwofesè yo dwe revize epi siyen kontra a

Page 13: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Dwa Paran pou yo Konnen

Paran yo gen dwa pou mande ak resevwa enfòmasyon alè sou kalifikasyon pwofesyonèl pwofesè ak asistan pwofesè pitit yo

Yo dwe enfòme paran an si pwofesè yo te deziye oswa ki t ap anseye a deja gen kat semèn an fonksyon san li pa gen ase kalifikasyon

Page 14: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Dwa Paran pou yo Konnen

Yo dwe bay paran yo enfòmasyon sou nivo pwogrè pitit yo pou chak evelyasyon akademik eta a lalwa egzije

Nan tout mezi sa posib, enfòmasyon an dwe nan lang paran an kab konprann

Page 15: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Rechèch montre…Kèlkeswa kondisyon sosyoekonomik yo, lè paran patisipe, elèv yo gen plis chans pou: ale lekòl regilyèman fè meyè nòt fè pibon pwen pase klas yo pase pou al nan klas siperyè adapte yo ak chanjman gen pi bon aptitid sosyal gradye kontinye edikasyon yo

(Epstein and Associates, 2009)

Page 16: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Kolaborasyon ant Lekòl ak Paran Lekòl la dwe travay ak paran yo pou fè

sèten timoun yo fè pwogrè

Lekòl la dwe mete ansanm ak paran yo pou pran desizyon ki benefik pou edikasyon pitit timoun nan

Kolaborasyon ant lekòl ak paran fèt andedan komite konsèy lekòl la, komite konsèy paran Tit I Distri a ak komite ki pran desizyon nan lekòl la

Page 17: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Lekòl la bay paran yo opòtinite pou bay tan ak talan yo kòm volontè

Lekòl la ofri paran yo atelye fòmasyon, trening ak reyinyon ant paran ak pwofesè

Kolaborasyon ant Lekòl ak Paran

Page 18: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Lekòl la bay paran yo materyèl pou ede yo travay ak pitit yo. Gen kèk lekòl Tit I ki gen sal resous ki favorize paran yo kote yo kab jwenn materyèl pou itilize lakay.

Kolaborasyonant Lekòl ak Paran

Page 19: Pwogram  Tit I  ak Fanmi yo

Fanmi + Lekòl = Siksè